Ayiti: Defi Nan Batay Kont Lamizé, Volim I (Haitian Creole edition)
Full Description
The Haitian Creole edition of the World Bank's 1998 poverty assessment (Report No. 17242-HA), Volume I, August 1998. The most frequently cited work on the citation-chase hunting list, and a rare Creole-language Bank report.
Full Document Text
Extracted text from the original document for search indexing.
Public Disclosure Authorized
Rapò No. 17242-HA
Ayiti
Defi Nan Batay Kont Lamizé
Volirn I
Daout 1998
Public Disclosure Authorized
Batay Kont Larnizé ak Jesyon Ekonomik
inite lesyon Peyi Karayib
Rejyon Arnerik Latin ak Karayib
Public Disclosure Authorized
Public Disclosure Authorized
Dokiman Bank Mondyal Fil F r'D"
1. A KI SA LAJAN PEYI DAYITI KORESPONN
Inite lajan: Goud (G)
16.046 goud = 1 dola ameriken
(3 daout 1998)
2. ANE FISKAL
1 janvye - 31 desanm
3. SIG AK ABREVYASYON
PGC Pwogram Gouvènans Kominal
FONHEP Fondasyon peyi dayiti pou ansèyman prive
PIB Richès peyi dayiti pwodui pou tout peyi a
PNB Richès peyi dayiti pwodui pou tout peyi a
HIMO Travay ki fet ak anpil moun
ONG Oranizasyon non gouvènmantal
PCE Pwojè pou kreye djob
PRECJ Pwogram pou rebati lekòl, sant sante ak tribinal
PRH[UE Pwogram pou remete ayiti kanpe/Inyon peyi lewòp
PURE Pwogram ijans pou remete ekonomi a kanpe
UNICEF Fon Nasyonzini pou timoun
USAID Ajans entènasyonal devlopman peyi etazini
Prezidan an apre Shahid Javed Burki
Direktè pou peyi a Orsalia Kalantzopoulos
Direktè pou sektè Guillermo Perry
Responsab pwojè Judy Baker
PREFAS
Evalyasyon sa a ki sou kesyon lamizè te fèt pou ede gouvènman peyi dayiti, peyi k ap ba 1
bourad lajan yo ak sosyete sivil la konprann ki sa ki lakòz peyi a nan lamizè konsa, ki mak fabrik
mizè sa a, epi chache wè sou ki sektè pou yo chita an premye pou soti anba 1. Premye chapit la ap
pale de kondisyon lavi pov yo. Chapit 2 a ap ekzaminen kesyon ki gen pou wè ak estabilite
politik, ak leta, ansanm ak avansman ekonomi an. Chapit 3 a ap chita sou gwo wòl sektè piblik
la dwe jwe pou pote solisyon a pwoblèm lamizè a. Chapit 4 la bay yon amôs sou enpòtans
envesti nan moun. Epi Chapit 5 la ap ekzamine keyson ki gen pou wè ak transfè epi tou ak
pwogram pwoteksyon sosyal pou ede sa ki pi pôv yo. Dokiman teknik ki te sèvi pou analize pifô
enfômasyon ki nan rapô sa a twouve yo nan volim II a. Enfômasyon ki manke nan peyi a, lakòz
nou pa rive fè yon analiz ki pi fen sou yon seri sektè. Sa fè wè nesesite pou ranfôse sistèm
enfòmasyon fondamantal k ap itil lôt travay analiz ki va gen pou fèt pi devan sou lamizè nan peyi
Dayiti. Anplis de rapô sa a, nou kapab jwenn ankô lôt enfòmasyon sou kèk sektè nan dokiman
Bank Mondyal te fè nan mwa mas 1997, kote 1 ekzaminen depans leta yo.
Anpil moun te bay kolaborasyon yo pou pare rapô sa a. Se Judy Baker ki te responsab
pwojè sa a ak yon gwo kolaborayon ke Edgardo Favaro te bay tou. Dokiman referans ki nan
anèks teknik (Volim II) se lis moun nou pral site la yo ki te pare yo: Garry L. Charlier (pwogram
ijans), Maria Correia (kesyon ki mare ak pwoblèm fanm ak gason), John Currelly
(mikwoantrepriz), Edgardo Favavro (gouvènans ak ogmantasyon richès), Gerard Gagnon
(sekirite nan zafè manje), Lora lannotti ak James Levinson (fason pou moun byen manje), John
Panzer (ekzamen envestisman piblik) Myriam Schneidman ak Ruth Levine (lasante), Jamil
Salmi (edikasyon), Thomas Wiens ak Carlos Sobrado (lamizè nan milye riral), ak Andy White
(lamizè andeyò ak sa moun yo posede) Alice Morton te responsab etid sou sektè ONG. Lôt moun
ankô ki te pote kole pou fè rapô sa a, se: Robert Ayres, Maria Elena Castro ak Glen Smucker.
Deborah Trent, Gladys Guerricagotia ak Anne Pillay te pote konkou yo pou fin prepare dokiman
an. Direktè a se te Orsalia Kalantzopoulos, Ekonomis prinsipal la se te Edgardo Favaro epi
espesyalis prensipal nan keksyon la mizè a se Norman Hicks.
LIS SA NOU JWENN NAN DOKIMAN SA A
VOLIM I
PREFAS
YON RANMASE-ANALIZ ......................................................................................................................................... i
1 KONDISYON LAVI POV YO ............................................................................................................................... I
LA M IZÉ NA N Zó N RIRA L Y O................................................ ................................................... .............................. 2
LA M IZÉ NA N V IL YO ................................................................................................................................................... 8
M OUVMAN PCýPILASYON YO (M IGRASYON).............................................................................................................. ii
PRESYON POPILASYON AN K AP OGMANTE AK KONSEKANS SA GENYEN SOU ANVIWONMAN AN............................. 12
2 POUKISA MOUN KI POV YO RETE POV: GOUVENANS, ESTABILITE AK KWASANS.................14
Ki SA KI DETÉMINEN KWASANS EKONOMIK PEYI A ................................................................................................ 15
KWASAN EKONOMIK AK DIMINISYON LAMIZÉ ............................................. ............ ......................... 17
3 SEKTE PIBLIK AK BATAY KONT LAM IZE ............................................................................................ 20
Kj SA K] POU FÉT Pou GOUVÉNMAN AN TA VIN Pi EFIKAS .................................................................................... 20
KOWODONASYON JEFó ENSTITISYON ÉD YO AK ONG YO .................................................................................... 23
4 ENVESTI NAN RESOUS MOUN ....................................................................................................................... 26
E DIKA SY O N ........................................................................................................................................................... 26
LASANTE AK NITRISYON ....................... .............................................................................................. 28
D LO AK A SENISM AN .................................... ........ ...................................... .............................................. .......29
5 TRANSFE AK ESTRIKTI PROTEKSYON SOSYAL ................................................................................. 31
PWOGRAM POU KREYE DJOB AK REVNI LAJAN, REPARE ENFRAESTRIKTI AK RANFóSE ENSTITISYON YO. ................ 31
A SISTAN S A LIM AN TE .............................................................................................................................................. 34
ANEKS I: KI SA Kl DETEMINE PEFOMANS KWASANS NAN PEYI DAYITI ................................. 36
List Tablo ak Figi
Tablo 1.1. Konparezon chif sou popilasyon nan divés peyi nan Amerik Latin ak nan Karayib la, 1996 .................... I
Tablo 1.2. Kantite lajan fanmi yo depanse an mwayén nan chak gwoup.................................... 2
T ablo 1.3. T é ak kalite té, pa gw oup ........................................................................................................................... 3
Tablo 1.4. Estimasyon lam izé nan zòn riral, pa rejyon............................................................................................ 4
Tablo 1.5. Komposition revni lajan ak depans fanmi zòn riral, pa gwoup .............................................................. 4
Tablo 1.6. Salé ak lavant kash, san konte lajan larevant, pa gwoup ........................................................................ 5
Tablo 1.7. Pwodiksyon ak pwodiktivite agrikol, pa gwoup...................................................................................... 5
Tablo 1.8. Kategori sistém distribisyon laté, pa gwoup........................................... 6
Tablo 2.1. Gouvénman peyi Dayiti, 1957-97........................................' .......................................... ...... 15
Tablo 2.2. Koefisyan kwasans ak envestisman, 1967-97...................................................................................... 16
Tablo 3.1. Chif ekonomik kèk peyi kiGen nivo revni ki ba nan Amerik latin ak nan Karayib la ........................... 21
Tablo 4.1. Depans dirék pou lekól pa ane pa elév, pa kategori lekòl ................................................................... 27
Tablo 4.2. Eka ant andeyó-lavil nan depans dirék pa ane pa elév .......................................................................... 27
Tablo 5.1. Djòb ak revni ki kreye, depi 1996 ........................................................................................................ 32
Tablo 5.2. D istribisyon pw ojé yo pa depatm an ..................................................................................................... 33
Tablo 1.1. To kwasans veritab peyi a pa abitan, 1965-90 ..................................................................................... 38
Andakreman 1. Kwasens ekonomik ak devlopman resous moun ........................................................................ 17
Grafik 2.1. Projeksyon dim insyion povrete nan zon riral....................................................................................... 18
VOLIM II. DOKIMAN TEKNIK
I. LAMIZÉ NAN ZóN RIRAL YO
2. LAMIZÉ AK KESYON GASON AK FANM
3. ZAFÉ SEKIRITÉ ALIMANTÈ
4. DEVLOPMAN MIKWO ANTREPRIZ AK KREYASYON JOB AN AYITI
5. SEKTÈ SANTE AK NUTRISYON
6. BALANS NAN DISTRIBISYON AK KALITÉ NAN EDIKASYON PRIVE A
7. RANMASE SOU EMPAK AK RANMAN PROGRAM REDIKSYON LAMIZÉ YO
8. ETID SOU SEKTÉ ONG
9. KAPITAL SOSYAL
YON RANMASE-ANALIZ
Ayiti se peyi ki pi pév pami peyi emisfe oksidantal yo e se youn nan peyi ki pi pòv pami
peyi ki ap chache rout devlopeman yo. Revni peyi a pa abitan (250 dola ameriken) plis que dis
fwa pi piti pase mwayén pa lòt peyi nan Amerik Latin nan. Sou san moun nan popilasyon k ap
viv nan milye riral yo, genyen apepré katreven k ap viv nan lamizé. Anplis de sa, olye bagay yo
amelyore, nan dénye dis lane ki såt pase yo, sitiyasyon lamizé a an Ayiti pa sispann vin pi grav.
Sòti 1985 pou rive 1995, chak lane ki pase, sa peyi a pwodui pa abitan (PNB pa abitan) bese nan
5,2 pousan.
Gwo nivo lamizé sa a ann Ayiti ki bay moun ké sote ale lamen nan lamen ak yon seri chif
sou popilasyon an ki choke moun anpil tou. An Ayiti, yon moun ka espere viv 57 lane, alòske
nan lót peyi Amerik Latin la se yon mwayén 69 lane moun rive viv. Mwens pase la mwatye
popilasyon an pase sou ban lekòl. Sou chak 5 timoun ki gen laj pou ale nan lekòl segondè, se yon
grenn sélman ki rive ale tout bon vre. Menm jan an tou, kondisyon lasante yo move anpil; pa
ekzanp, se sélman yon ka lavalé timoun yo ki vaksinen. Se sélman yon ka lavalè nan popilasyon
an ki rive jwenn dlo potab. Kidonk, pi fò moun nan popilasyon Ayiti ap viv nan move kondisyon
lamizé. Devan reyalite malouk sa a, popilasyon peyi dayiti ap kontinye ogmante ak tout vites ak
anviwon 200.000 moun en plis chak lane, sa ki represante yon chif kwasans ki wo anpil.
Ki sa ki eksplike lamizé malouk sa a nan peyi dayiti? Ane pase, ane vini, anpil moun k ap
obséve sitiyasyon an te pote divès repons sou kesyon difisil sa a. Rapò sa a ap montre kék nan
eleman kle ki kapab responsab pwoblém lamizè a.
• Enstabilite politik, move konduit nan zafè Leta ak koripsyon. Yon enstabilite politik ki
chita sou yon tradisyion ki la depi diknantan e ki makonen ak mankman ki genyen nan
gouvénans peyi a, se yo ki alabaz pwoblèm lamizè ki pa janm sispann ann Ayiti. Koripsyon
ak fason de grenn gòch y ap sévi ak lajan Leta vin pa mennen yon bès nan kalite tout sèvis
Leta ofri, menm nan nivo responsablite piblik ki plis fondamantal yo tankou lapolis, sistém
lajistis ak enfraestrikti debaz. Malgre demokrasi ki retounen ann Ayiti a reprezante yon pa
tout moun akeyi ak anpil satisfaksyon, e ki menne pwogré ki bay ampil ankourajman, kesyon
fondamantal gouvénans ak sou jan y ap mennen bak peyi a toujou rete nan ké pwoblém
lamizè nan peyi a.
• Nivo kwasans ki pa kont ase, e ki se yon resilta dezekilib ki genyen nan nivo
makwoekonomi ak nivo envestisman prive ki dyanm ase. Eleman politik nou site anvan
yo te gen yon konsekans negatif serye sou envestisman prive, kit yo sòti andedan peyi a oswa
låt bò dlo. Ann Ayiti, pousantay envestisman ki fet parapò a valé byen ak sévis ki pwodi
pandan yon lane (pousantay envestisman ki fet parapò a sa yo rele PIB a), se sélman anviron
10 pousan li ye - ki se sélman yon tyé lavalé pa peyi Chili pa ekzanp. Rapò sa a konsidere
Ayiti ta dwe rive nan nivo kwasans ki ta fet poii omwens 5 pousan chak lane pou I kapab fe
pwogré ki gen sans e pou I ka make pwen nan batay kont lamizé. Olye se sa ki fet, jan nou di
sa piwo a, peyi a sibi a lopose yon kwasans negatif nan menm valé pousantay sa a pandan
dénye ane yo. E pa gen okenn bon péspektiv amelyorasyon nan keksyion kwasans sa a.
• Mankman nan envestisman nan moun kòm resous ak move kalite depans I'Eta. Nan
sektè piblik la, se sélman 20 pousan nan resous yo ki ale nan zén andeyé yo, kote anviwon de
tyé lavalé popilasyon an ap viv. Depans piblik kou prive ki fèt nan sekté sante pou chak
moun egal apepré 21 dola, alòske se 38 dola yo depanse nan peyi Afrik ki nan zén sid dezé
Sahara yo, ak 202 dola nan peyi Amerik Latin yo.
• Yon "pélen Iamizé". Relasyon alevini ant divès eleman sa yo, ajoute sou gwo vites
ogmantasyon popilation an vin bay yon espiral tét chaje k ap rale peyi a desann, sa yo ka rele
yon "pélen lamizé" ki ampil fwa parét tankou li pap kite ni jwen ni espwa pou peyi a ta rale
kéw I soti ladan 1. Pami kék nan aspé pélen sa a ki diskite nan rapå sa a ou jwenn: yon gwo
pousantay moun k ap fe pitit yo pa t anvi genyen; anviwonman an kontinie degrabe san
kontwole, sitou andeyé; krim ak vyolans k ap reparét an fòs; abi san gade déyé sou zafe dwa
moun; epi mouvman moun k ap kite peyi a pou chape anba yon lavi lamizé. Pou nou rezime,
poutét ampil mankman nan bon jan kalite gouvénans peyi a, paske nivo kwasans ak
envestisman yo trå feb, paske manke konsiderasyon pou bezwen fondamantal moun, epitou
poutét konsekans yon seri konpòtman moun ka konprann men ki parét regretab vin jwenn yo
aji youn sou lòt nan divés fason konplike, ebyen tout sa nou sét di la yo se eleman ki mennen
nan menm rezilta a: yon sitiyasyon lamizé k ap symaye an fés ak tout konsekans ki mache
avé I yo, sétadi moun an degraba, espas an degraba, sosyete an degraba ak anviwonman ki ap
depafini.
Si eleman nou site anwo yo se kòz dilém lamizé ayisyen an, ki sa k kapab fet pou aleje
sitiyasyon an epi amelyore kondisyon lavi tout popilasyon an? Rapå ki suiv la bay detay sou yon
mannyé ki ta bon pou etidye kesyon an, san toutfwa li pa sispann rekåmande modesti ak pridans.
Fòk sa byen klé, lamizé pa pwal rale yon bak ann Ayiti konsa nan yon sél jou. Pa gen "solisyon
majik" ki ekziste. Chimen ki pou suiv la chaje ak pikan kwenna epitou pwogré yo, omye, ap fèt
tipa tipa e se sélman yon ponyen moun a la fwa k ap ka jwenn ak benefisye pwogré sa yo. Men,
demokrasi ki retounen an, pép ayisyen ki toujou manifeste volonte I anfavé kondisyon lavi miyé
pou yo menm ak pou timoun yo, leson ki deja ranmase nan yon seri pwogram ak inisyativ pwojé
ki deja sou wout (yo diskite de sa nan tout rapå a), san nou pa bliye sipé dyanm san lachét,
kominote enténasyonal ki ap bay bourad lajan ak ONG yo, tout sa pémét gen yon lespwa kit se
ak yon bon dòz pridans kanta péspektiv batay kont lamizé ann Ayiti.
Defi pou moun k ap okipe zafe devlopman Ayiti leve jwenn jounen jodi a, se rive
idantifye yon seri priorite tout patné nan keksyon devlopman konséte sou yo ki fe sans yon ak
lòt, e ki pou sévi kòm baz pou tou jefò konsantre epitou ekzekite yon jan pi efikasak. Pani
priyorite ki ta konsidere pou amelyore sò ayisyen pòv yo, anyen p ap pi enpétan pase refåm ki
vle kraze baryé tradisyonél ki toujou ap fe ravaj nan peyi a, tankou baryé politik, baryé nan
enstitisyon, baryé nan gouvénans. Refòm sa yo si télman enpòtan ke si yo pa fet, tout låt kalite
refòm ki ta pwopoze - kélkanswa enpòtan yo ta enpòtan de pa yo menm - gen anpil chans pou
yo pa tonbe daplon ak pou yo pa pote bon jan rezilta yo te sipoze bay yo.
ii
i 'I 'i
Lè sa a, ki sa k dwe fét?
" Bay enstitisyon piblik fondamantal yo jarkt, amelyore kowödinasyon ak konsiltasyon
nan pami Gouvènman an, remete estabilite politik la kanpe sou de pye epitou ba 1jarét.
Lè nou konsidere kapacite Leta ki limite, fòk nou rekonèt ke wòl Leta dwe chanje. Nan sans
sa a, nesesite pou Leta rekonsantre ròl Ii nan kote aksyon 1pi plis necesè parèt a klè. Kote sa
yo ke Leta dwe entèvni nesesèman, se sitou nan asire löd piblik ak estabilite ekonomik, fe
respekte dwa pwopriyete, tabli reglemant pou kèk sektè, epi tabli yon kad ki pou ede
ogmante sèvis lasante ak edikasyon prim, envestisman ak sèvis antretyen pou kenbe
enfraestrikti yo nan bon kondisyon. Modénizasyon Bank Santral ak bon jan rezilta ki jwenn
deja nan mete kanpe yon fós polis nasyonal pou peyi dayiti epi tou amelyorasyon sistém
prizon a, tout sa yo se bon pwen referans pou modénize Leta a. Modénizasyon sa a pral ekzije
tou, pou yo ranfòse wöl sekté prive a nan bay sévis, 1 ap ekzije tou pou asire patisipasyon
sosyete sivil nét alkole nan zafe planifikasyon ak pran desizyon ki konsénen tél osnon tél
sekté. Nan domén sa a, genyen anpil pwogré ki ap fet nan estrateji gouvénman an nan sekté
ledikasyon. Pou rive nan objektif ekilib politik la, Ii pral nesesé pou tabli yon pi bon dyalög
ak yon kominikasyon k. pi louvri ant pouvwa ekzekitif ak Palman, e li pral nesesé tou pou
tout patné yo gen bon jan volonte pou reyisi.
• Ranfòse estabilite makwoekonomik la, diminye distösyon ak dezekilib yo yon fason pou
ankouraje envestisman prive, epitou ogmante kapasite ak randman pwodiksyon moun
yo. Bay envestisman prive an ankourajman ak bourad, se sa ki pral pémét ogmante pi devan
kwasans ekonomik peyi dayiti. Premye pa enpötan ki pou fét nan sans sa a, se reyalize
pwogram kapitalizasyon an, espesyalman nan Teleko, Elektrisite d Ayiti, sekté dlo potab, pö
ak ayewopò. Privatizasyon sekté sa yo va pémèt ogmante kapasite pwodiksyon nan ekonomi
a, epi se ap yon siyal klé sou angajman gouvénman an pran pou redefini wòl Leta ak pou
lanse ekonomi peyi a sou chimen modénizasyon. Nan sans sa a, fók yo kontinye epi ranfóse
gwo jefó gouvènman an ap fé pou kenbe estabilite makwoekonomik la.
• Amelyore kalite depans Leta ap fè yo, envesti nan bay sévis pou bezwen fondamantal
moun, epitou ogmante nivo resous moun ky genyen yo. Pi gwo defi gouvénman ayisyen an
dwe leve, se pral pou ogmante kantite lajan 1 ap mete nan bidjé pou bay sévis sosyal, epitou
se pral pou mete sou pye yon òganis ki va kolabore, sou baz regleman, ak ONG ansanm ak
sekté prive, yon fason pou ogmante kantite ak amelyore kalite sévis sa yo. Nan zafé
edikasyon, lasante, dlo potab ak asenisman, tankou tou nan zafé planing familyal, gouvénman
an ta dwe, otan sa posib, kite sekté prive a oswa ONG yo bay sévis sa yo, alöske limenm Leta
Ii t ap pito chita fòs Ii sou zafé amelyorasyon regleman, fasilite inisyativ ki fé kowödinasyon
ant pwöp aktivite pa 1,aktivite pa sekté prive o benefis pòv yo. Fòk yon kantite lajan Leta ki
limite ta dwe ale nan pwogram k ap fét pou moun ki pi pòv yo, espesyalman pou moun k ap
viv nan zòn riral ke yo toujou neglije depi lontan. Pwogram transfé ki byen vise ak pwogram
pwoteksyon sosial pral rete enpötan pou popilasyon ayisyèn nan ka toujou viv, jiskaske
envestisman a long tém ki fét nan moun yo ta kòmanse pote resilta.
• Oganize pi byen ed ki soti nan bb peyi etranje yo. Ed k ap soti löt bò kontinie trè enpòtan
pou relanse ekonomi peyi d Ayiti ak pou mennen batay kont lamizé. Ed sa a te reprezante
apepré 15 pousan PIB lane 1997 la ann Ayiti. Men, rapò sa a fé lalimyé sou yon seri pwoblém
iii
serye ki konsénen mankman nan kowòdinasyon éd patné peyi etranje yo e ki anpeche éd sa a
bay pi bon rezilta. Pakét patné enténasyonal sa yo ak pakét pwogram yo chak genyen nan
préske tout sektè yo, vin konplike jefò gouvénnan ak jefò patné sa yo nan asire yon
kowådinasyon nan planifikasyon ak ekzekisyon aksyon yo. Malgre ke nan yon seri sekté,
patné enténasyonal yo rive fòme kék gwoup travay ki ta dwe pémét éd ki soti låt bå yo bay pi
bon jan rezilta, gwoup sa yo pa t trò aktif depi koumansman dénye kriz politik mwa jen 1997
la. Epi tou, sa pa si ke jefó sa yo kapab bay bon jan rezilta si Gouvénman an pa la pou jwe
wòl kowodinasyon ke I genyen an.
iv
1
KONDISYON LAVI POV YO
Ayiti se peyi ki pi pòv pami peyi emisfé oksidantal yo e se youn nan peyi ki pi pòv sou
laté. Mwayén revni peyi dayiti pa abitan nan yon lane ki monte 250 dola ameriken sélman pi piti
pase sa yon pakèt peyi afriken fé, e li ba anpil pa rapò a mwayén sa peyi Amerik Latin yo rantre
ki se 3.320 dola ameriken (gade tablo 1.1). Nan milye riral la, sou 100 moun genyen anviwon 80
ki nan yon sitiyasyon ki pi malouk toujou pase sa yo konsidere kòm séy lamizé'. Lamizé nan peyi
dayiti makònen ak move péfòmans ekomik la: revni lajan peyi a pa tét abitan pa ogmante pandan
40 dénye lane yo e ki piréd li bese nan 5.2 pousan chak lane pandan dis lane ant 1985 pou 1995
(Bank Mondyal 1997).
Fenomèn lamizé nan peyi Dayiti parèt a klé na chif sou popilasyon peyi a. Chif sa yo pi
ba anpil pase pa lòt peyi ki nan zòn nan. Ann Ayiti yon moun ka espere viv 57 lane alòske
mwayén nan se 69 lane pou peyi Amerik Latin yo. Valé pousantaj fé timoun la se 4,8 pousan,
alòske mwayén nan rejyon an se 2,8. Sou 1000 timoun, gen plis pase 72 ki mouri, sa vle di de
fwa mwayén timoun ki mouri nan zòn nan. Genyen 6 fanm sou 1000 ki mouri nan akouchman e
se youn nan chif ki pi wo sou laté. Gen mwatye timoun ki gen mwens pase senk lane ki soufri
malnitrisyon, e preske lamwatye granmoun yo pa kòn ni li ni ekri.
TABLO 1.1. KONPAREZON CHIF SOU POPILASYON NAN DIVES PEYI NAN AMERIK LATIN AK NAN
KARAYIB LA, 1996
PNB pa Tan yon Pousantaj Pousantaj Pousantaj Chifsou
abitan moun ka granmoun ki timoun ki total nanfe devlopman
Peyi espere viv pa kòn li mouri timoun moun
Ayiti 250 57 55 72 4.8 0.338
Nikaragua 380 68 34 46 4.1 0.530
Onduras 600 67 27 45 4.6 0.575
Bolivi 800 60 17 69 4.5 0.589
Dominikani 1,460 71 18 37 2.9 0.589
Jamayik 1,510 74 15 13 2.4 0.718
Mwayèn Amerik 3,320 69 13 37 2.8 0.876
latin ak Karayib
Sous: Bank Mondyal 1997; PNUD 1997.
'Yon nan gwo pwoblém nan fè analiz sou zaft- lamizé nan peyi Dayiti se bon jan enf6masyon ak done ki pa manke.
Pi gwo jefò ta dwe fèt pou ranf6se kapasite Biro Estatistik pou pémét li fè ankét periodk sou kondisyon lavi nan peyi
a pou rive wè pi byen ki moun ki pov yo, poukisa yo pov epitou ki rezilta pwogram Leta yo genyen sou kondisyon
lavi moun sa yo.
Anviron de tyè lavalè popilasyon an (4.8 milyon moun) ap viv nan milye rural, e sou chak
100 moun, ladan yo gen 80 ki pov 2 . Kondisyon lavi moun nan miliye riral yon ti kras pi mal pase
pa lavil. Pa ekzanp, sou 100 timoun ki gen mwens pase 5 lane, genyen 35 ki soufri malnitrisyon
san rete nan milye riral yo, 30 nan vil yo esepte nan Potoprens, epi 20 nan Potoprens. Menm jan
an, sou 1000 timoun ki fèt vivan, genyen 144 ki mouri nan milye riral yo, 135 nan vil yo esepte
nan Potoprens, epi 131 nan Potoprens. Eka ki genyen nan kondisyon lavi nan vil yo ak andeyò se
youn nan bagay ki plis fé moun kite pwovens yo pou vin viv lavil. Sitiyasyon a vin angrave deske
zòn lavil yo pwofite pi plis nan distribusiyon dezekilibre resous Leta yo.
Lamizé nan zòn riral yo
Mak fabrik fanmi k ap viv nan zòn riral yo. Fanmi k ap viv nan milye riral yo genyen
anpil moun, ladan yo genyen pafwa granmoun ki pandan yon tan te kite kote yo te tabli pou al
chéche lavi lòt kote e preske tout fanmi sa yo (78 pousan) se gason3 ki alatèt yo. An mwayén, yon
fanmi genyen 5.8 moun, alatét kay la ak madanm oswa mari 1 konte pou 1,7 manb, timoun yo
konte pou 3 manb, epi lòt moun nan fanmi an konte pou rés la. Nou pa jwenn menm kantite
moun nan chak. An mwayén, ou jwenn ant 6.9 moun nan fanmi ki nan gwoup pi pòv yo (gwoup
1), jiska 4.4 moun nan fanmi ki pi rich yo (gwoup 5; gade tablo 1.2). Diferans nou remake nan
dimansyon fanmi yo lè ou pase sot nan yon gwoup pou al nan yon lòt toujou gen pou revwa ak
kantite timoun yo.
TABLO 1.2. KANTITE LAJAN FANMI YO DEPANSE AN MWAYEN NAN CHAK GWOUP
Fanmi 1 2 3 4 5 Mwayén
Alatét fanmi an ak madanm oswa mari 1,74 1,71 1,68 1,71 1,61 1,69
Tigason ak tifi 4,07 3,45 3,01 2,69 1,85 3,02
Manman ak papa, granpè ak grann 0,05 0,07 0,10 0,07 0,05 0,07
L6t lafanmi 0,95 0,96 0,99 0,94 0,84 0,94
L6t manb nan fanmi an 0,07 0,06 0,09 0,06 0,06 0,07
Total 6,89 6,25 5,87 5,46 4,42 5,78
Pousantaj moun ki sou kont alatét la8 1,58 1,43 1,29 1,14 0,85 1,26
a. Timoun pa rapò a granmoun.
Sous : Ankt sou kondisyon lavi nan milye riral, 1995.
An mwayén, nan chak gwoup nou jwenn menm kantite granmoun ki te kite kote yo te
tabli pou al lòt kote. Nou jwenn menm kantite transfé lajan tou nan pami gwoup yo tou. Poutan,
fanmi kote se fanm yo ki alatét resevwa 2 fwa plis lajan pase fanmi kote alatét la se gason, paske
pifò moun ki pati yo se gason.
2 Estimasyon sa a chita sou enffmasyon ki soti nan yon ankét echantiyon ki te fèt sou knodisyon lavi nan
zòn riral yo. Séy lamizé a baze sou total depanse lokal (rapòte nan valé pri mwa mås 1996) yon fanmi mwayen nan
echantiyon dwe fè pou I rive jwenn estanda 2.240 kalori nan sa li manje en ak6 ak abitid lokal yo. Chif sa a se
minimòm Oganizasyon Mondyal pou Alimantasyon ak Agrikilti fikse e ki koresponn a sa yon fanmi depanse
annwayén pou manje, plis sa li depanse pou 1òt bagay ki pa manje yon fason pou pousantaj depans manje nan total
depans yo koresponn ak valé mwayén sa fanmi pov nan zòn riral yo depanse (71,8 pousan). Chif sa a koresponn a
3.321 goud (oswa 220 dola ameriken). Goud la se lajan ofisyel peyi Dayiti.
3 Yon fanni mwayen k ap viv nan zòn riral yo konte 0,4 granmoun ki kite lakay pou al chache lavi
yon lòt kote pandan yon tan.
2
Ki byen fanmi nan zòn riral yo posede. Nan milye i¥iral yo, w pa jwenn anpil moun ak
bon jan fòmasyon oswa ki posede_anpil byen. Sou chak san alatét kay, genyen 58 ladan yo ki pa
kòn ni li ni ekri, 34 ladan yo te lekòl pendan sis lane, 6 ladan yo te fini klas segondé yo, epi 0,4
sèlman genyen yon diplom inivésite.
An jeneral, alatèt fanmi ki pi pòv yo pa kòn li epi yo genyen mwens lenstriksyon pase
alatèt fanmi ki gen plis mwayen yo. Kòm ekzanp, sou san moun, nou jwenn 65 ki pa kòn li nan
gwoup ki pi pòv yo kont 49 nan gwoup fanmi genyen plis mwayen yo. Sèlman 8 sou san
granmoun nan gwoup pi pov yo te ale lekòl pandan sis lane, alòske sou san granmoun nan gwoup
ki pi wo yo, nou jwenn 14.
Pi gwo byen fanmi k ap viv nan zòn riral yo posede se latè. Sou 100 fanmi, genyen 93 ki
ka jwenn tè po travay e té sa yo mezire an mwayèn I ekta 78 sètadi anviron lkawo 45 (Tablo
1.3). Menmsi chak fanmi yo posede oswa kiltive yon mezi sifas tè ki preske menm gwosè nan
tout gwoup yo, gen gwo diferans nan pami gwoup yo nan kantite ekta ki ka rapòte oswa lè ou
korije sifas té a dapre kalite I pou chak gwoup fanmi. Pa ekzanp, an mwayèn gwoup ki pi pòv la
genyen 0,95 ekta tè ki plante, alòske gwoup afé I pi bon a genyen 1.64 ekta. Sepandan le se mesi
sifas té korije ki ap pale, fanmi nan gwoup ki pi pov yo gen sèlman 0.54 ekta aloske gwoup ki pi
wo a gen 2.51 ekta. Epi tou, té fanmi ki nan gwoup moun pi pòv yo de fwa pi lwen zòn y ap viv
la pase té fanmi ki nan gwoup moun ki pi rich yo.
TABLO 1.3. TE AK KALITE TE, PA GWOUP
Endikaté / Gwoup I 2 3 4 5 Mwayén
Sifas total té a (pa ekta) 1,31 1,61 1,79 1,81 2,39 1,784
Sifas té yon moun posede pou 0,90 1,06 1,21 1,27 1,58 1,20
kont li (pa ekta)
Sifas té ki plante (pa ekta) 0,95 1,11 1,20 1,27 1,64 1,23
Distans pou rive nan jaden 4,17 3,54 3,41 2,72 2,56 3,29
(pa krn)
Chif sou kalite té yo pa rapò a
mwayén téyo 57 76 87 96 153 100
Total sifas tè ki plante an
apre koreksiyon (pa ekta) 0,54 0,84 1,04 1,22 2,51 1,23
Sous :Ankét sou kondisyon lavi nan zòn riral, 1995
Fanmi k ap viv nan zòn riral yo: kondisiyon lamizé, valé lajan yo rantre ak kisa yo
depanse. Tablo 1.4 la montre ki konsekans lamizè ak lamizé dénye dege genyen sou milye riral
la. Yo mezire lamizé a dapre chif sou kantite moun ki ap viv pi ba yon séy lamizé ki base sou
valé minimòm sa yon fanmi dwe manje ak en plis yon sipò lajan ke li resevwa pou lòt depans ki
pa pou manje. Mezi dénye degre sa a base sou yon nivo konsomasiyon ki apèn sifi pou achte yon
valè manje minimòm estanda. Sou baz sa a, 80 pousan fanmi k ap viv nan zén riral yo nan
lamizé, ak 2/3 ladan yo ki ap viv nan kondisiyon lamizè dénye degre. Nou jwenn plis mizé nan
depatman nò ak nodwès, kote sou 100 fanmi ou jwenn 91 ki nan lamizè ak 81 ki nan sa ki rele
mizé extrém la. Se youn nan chif sou nivo lamizé ki pi wo sou tout laté.
3
TABLO 1.4. ESTIMASYON LAMIZE NAN ZON RIRAL, PA REJYON
(pousantaj)
Zòn agwo-ekolojik Lami:è Lamizè
(ak ch:f ONG yo genyen) ki laj anpil (ki kimile)
Gonayiv ak Nòdwès (CooperativeforAssistance Relief 81 91
Everywhere)
Sid ak Grandans (Catholic ReliefService) 56 74
Lwès ak Plato Santral (Adventist Development ReliefAgency) 64 77
Total echantiyon pou milye riral 66 81
Sous: Ankèt sou kondisyon lavi nan milye riral, 1995.
Tablo 1.5 bay enfômasyon detaye sou ki sous lajan fanmi chak gwoup rantre ak depans I.
Total lajan chak fanni rantre genyen ladan 1 : (i) lajan li touche nan travay latè oswa lajan ki pa
sôti nan travay latè, (ii) transfè lajan manb fanni a ki pati kite zôn la voye, ak (iii) lajan nèt li
rantre nan pwodiksyon ak komès lè w retire tout depans, exsepte lajan ki rantre a pati komès ak
lapèch. Total depans sa chak fanni konsome genyen ladan 1: (i) sa li depanse pou manje, nan
depans sa yo w jwenn manje ki pwodwi nan jaden e ki manje nan kay la ak tout lôt depans kash
ki fèt pou zafè manje, ak (ii) konsomasyon ki pa manje, sôf pifò byen konsomasyon dirab.
Tablo 1.5. Komposition revni lajan ak depans fanmi zòn riral, pa gwoup
(an pousantaj sòf si yo presize yon lôt mezi)
Mwayèn zôn
Makfabrikfanmi sa yo 1 2 3 4 5 riralpeyi
Dayiti
Gwosèfanmiyo 6,89 6,25 5,87 5,46 4,42 5,78
Ki sous lajan I
Salè 32 30 27 20 18 23
Transfè lajan moun ki pati 9 6 5 5 4 5
Pwodiksyon ak komès 59 64 68 75 78 72
Total lajan yo rantre 100 100 100 100 100 100
Depans manje 65 67 67 68 66 67
Sa yo pwodui yo menm 13 16 16 16 23 19
Sayoachte 52 51 51 52 43 48
Depans kipafèt pou manje 35 33 33 32 34 33
Total depans 100 100 100 100 100 100
Sous : Ankèt sou kondisyon lavi moun nan zôn riral, 1995.
Se sitou nan prodiksyon ak komès fanni k ap viv nan milye riral yo rantre lajan
kelkenswa gwoup yo. Sa ki frape yon moun, alôske pousantaj salè nan revni total la toujou bese
lè revni a limenm bese, kantite manje fanni a pwodui pa pwòp tèt li limenm ogmante. Tandans
mwayèn pou depanse pa chanje anpil nan pami dives gwoup revni yo, sa ki lese komprann ke
lamizè a gaye anpil, sòf pou yon ti pòsyon fanmi ki nan gwoup anwo yo.
Tablo 1.6 la bay enfòmasyon plis an detay sou salè ak lavant kash, sòf lajan ki rantre nan
fè koms ak revni lapèch. Salè ak lavant kash, sòf pou bagay yo revann, konte pou 47 pousan an
mwayèn nan revni net fanmi yo apre tout depans. Enpôtans salè agrikol nan revni total yon fanmi
4
bese lè revni 1 ogmante, alòske enpòtans pousantaj salé ki pa sòti nan lagrikilti nan total revni
fanmi an vin pi plis lè revni a limenm ogmante. Sa ki explike gwo eka sa a ant pòsyon lajan revni
ki pa soti nan salé gwoup 5 ki pi anwo a pa rapò a sa lòt gwoup yo se pi bon fòmasyon ouvriye
mwayen ki nan gwoup 5 ki gen plis lajan an.
TABLO 1.6. SALE AK LAVANT KASH, SAN KONTE LAJAN LAREVANT, PA GWOUP
Endikaté 1 2 3 4 5 Mwayén
Salé ki såti nan lagrikilti
An goud 531 639 628 511 532 568
Pousantaj 28 19 16 1l 8 14
Salè kipa såi nan lagrikilti
An goud 435 1.200 1.574 1.673 2.502 1.477
Pousantaj 23 36 40 35 38 36
Lajan ki rantrenan atizana
An goud 180 339 310 775 664 454
Pousantaj 10 10 8 16 10 11
Lavant chabon ak bwa
Angoud 522 676 652 785 761 679
Pousantaj 28 20 16 16 11 16
Låt sous rantrelajan
An goud 227 503 804 1.029 2.171 947
Pousantaj 12 15 20 22 33 23
Total
An goud 1.896 3.357 3.968 4.774 6.629 4.125
Pousantaj 100 100 100 100 100 100
Sous: Arikét sou kondisyon lavi nan milye rural, 1995.
Prodiktivite nan zòn riral yo. Sòf nan ka kék gwo plantasyon agrickol, mak fabrik
lagrikilti nan peyi Dayiti tojou gen pou wé jouk jounen jodi ak metòd pwodiksyon agrikol
tradisyonél ki ansyen ampil, ki pa sévi ak ampli entran andeò sekté a ni ak anpil kapital moun.
Soti nan yon gwoup revni ale nan lòt, sa yon ekta té pwodi varie selon diferans ki genyen nan
nivo kalite mwayén té yo epi tou nan nivo itilizasyon intran ki gen pi bon kalite (Tablo 1.7). Eka
nan nivo total prodiksyon yo 9,42 fwa pi wo nan gwoup 5 la pase pa gwoup I ki pi ba a. Gen twa
fakté ki responsab diferans eka sa a: gwosé sifas jaden ki kiltive, yon pi bon kalite té yo ak lòt
fakté yo. De premye fakté yo konte pou apepré 40 pousan, alòske lòt fakté yo tankou resous
moun, itilizasyon entran, ak pi bon teknoloji konte pou rés 60 pousan an.
TABLO 1.7. PWODIKSYON AK PWODIKTIVITE AGRIKOL, PA GWOUP
Indikaté 1 2 3 4 5 Mwayén
Sifas té ki plante (pa ekta) 0,95 1,11 1,20 1,27 1,64 1,23
Chif pa rapò a mwayén té yo 77 90 98 103 133 100
Prodiksyon agrikilti (an goud) 1.710 3.901 5.329 8.070 16.114 7.026
chif pa rapò a mwayén tè yo 24 56 76 115 229 100
Prodiktivite pa ekta (an goud) 1.800 3.514 4.441 6.354 9.826 5.712
Prodiktivite pa ekta ki korije selon
kalite té a (an goud) 3.167 4.644 5.124 6.614 6.419 5.712
Sous : Ankét sou kondisyon lavi nan milye rural, 1995.
Edikasyon se youn nan fakté ki kapital, sa yo rele « facté de kalite ». Pwodiktivite yon tè
jaden kote alatèt fanmi a pa kòn li rive apeprè 88 pousan valé mwayén pa lòt tè jaden yo. Si yo ta
5
aprann peyizan kiltivaté yo li ak ekri, sa ta ka pémét ogmante pwodiktivite a nan valé 14 pousan
si tout låt fakté yo rete menm jan. Poutan, si fòmasyon a al pi lwen pase edikasyon debaz la, sa p
ap chanje pwodiktivite pi plis pase sa. Etid ki fét sou pousantaj rannman ekonomic facté
edikasyon a nan låt zòn riral tradisyonél yo bay menm rezilta yo. Sepandan, fok analiz sa a
entéprete ak pridans. Menmsi ke valé edikasyon pa enpåtan anpil lè se menm pratik agrikol
tradisyonel yo ki toujou kontinye, se pa menm bagay ditou lè yo vle rive modénize agriklti a, kote
lè sa a valé edikasyon ogmante ampil. Yon kiltivaté ki resevwa bon jan lenstriksyon ak fòmasyon
kapab konprann epitou adapte 1 pi byen ak nouvo teknoloji yo pase youn ki pa pase lekòl e ki
kapab trouve pwogré sa yo konplike.
Kantite moun ki kòn li pi plis nan pami alatét fanmi ki ap dirije yon tè jaden ki rapòte e
kote ou jwenn granmoun ak timoun ki gen plis lenstriksyon. Sa kiltivaté yo plante varye anpil ant
kiltivaté ki gen zafé I k ap mache byen ak lòt sa yo zafé pa finn two bon. Pa ekzanp, kiltivaté k ap
degage I byen an pwodwi plis rekòt, - 4,0 rekåt nan chak jaden kont yon mwayén global 3,3, e
yon mwayén 1,26 rekòt nan chak pasél tè kont 1,06 pou låt agrikilté yo. Yo pwodui tou plis kilti
ki rapòte pase kiltivaté ki gen mwens lajan yo.
Dwa moun genyen pou posede té nan zòn rural. Menmsi yo site anpil sistém distribisyon
laté a tankou yon gwò pwoblém an Ayiti, anviron 2/3 fanmi k ap viv nan milye riral yo posede
pwòp tè yo, kélkelanswa nivo gwoup la (tablo 1.8), epi tou pa genyen okenn gwo diferans nan
pwodiktivite ki ta gen a revwa deske yon moun ap kiltive pwòp tè 14. Fòk nou entéprete
konklizyon sa a ak pridans. Si sistém distribisyon laté a pa reprezante yon pwoblèm pou agrikilti
tradisyonèl la, li kapab poutan dekouraje nouvo envestisman ak modènizasyon sektè a, tankou
nou ka wè 1 nan eksperyans ki fèt nan lòt peyi.
TABLO 1.8. KATEGORI SISTEM DISTRIBISYON LATE, PA GWOUP
(pousantaj mwayén gwosè jaden yo)
Kalite sistèm 1 2 3 4 5 Mwayén
propriyete
Achte 29,4 28,7 36,1 31,4 34,6 32,4
Eritaj 40,5 32,5 31,7 35,7 28,6 33,1
Lwe (Iwaye fiks) 5,1 8,6 9,3 7,8 10,0 8,4
Meteyaj 17,9 15,5 12,9 9,6 7,2 11,9
Té ki pou plizié moun 2,7 8,1 4,6 7,9 11,8 7,5
L6t kalite sistém 4,5 6,6 5,4 7,5 7,8 6,6
Total 100,0 100,0 100,0 100,0 100,0 100,0
Sous: Ankét sou kondisyon lavi nan milye rural, 1995.
Kapital sosyal ak enstitisyon enfomèl nan zòn riral. Rapò ki ekziste ant manm yon
lafanmi ak moun nan vwazinaj li reprezante yon sistèm proteksyon social enfòmél ki gen
enpòtans li nan zafé pataje byen yo, responsablite ak risk. Kiltavè yo tabli epi devlope lòt kalite
rapò ak obligasyon, espesyalman rapò patwon-anplwaye, oswa rapò fanmitaj ak moun ki pa
lafanmi yo tout bon vre, ak rapò espesyal avèk lòt moun. Konsa, kiltivatè yo jere estrikti sa yo
4 Meteyaj, ki se sistém kote kiltivaté a pataje tout pwodiksyon 1 genyen anplis ak pwopriyeté a, koresponn
poutan a yon nivo pwodiktivite ki 28 pousan pi ba pase pa Iòt pwopriyete agrikòl yo. Yo konsidere 1 tankou yon
sistém ki pa ankouraje moun chwasi metòd ki pou pémét pwodi pi plis.
6
tankou byen pésonél yo - yon pati nan kapital sosyal la ki chita sou tranzaksyon ak resipwosites.
Nou jwenn rapò sa yo nan de gran kategori ki rantre youn nan lòt - sa yo ki ale nan yon sans
vétical wotanba, espesyalman nan pami moun ki pa genyen menm estati, e sa yo ki ale nan sans
orizontal dwat ak g6ch ke ou jwenn nan pami moun ki genyen menm estati (kategorizasyon sa a
haze sou Putnam, 1993).
Rapò ki ale nan yon sans vetical wotanba yo, w jwenn yo le ou konsidere lafanmi an ak
tout ke kousinaj ak an apre, nan lakou, nan rapò patwon-anplwaye epitou nan rapò ak moun ki pa
fanmi tout bon vre (tankou parenn ak marenn). Rapò sa yo ekziste sitou pou pi byen garanti ak
fasilite lavi moun e pou pémét fanmi a repwodwi tét li. Manm Lafanmi ak tout ke sa a pataje
antre yo byen, chay yo genyen sou kont yo ak risks yo pran. Rapò patwon-anplwaye, ak rapò
lafanmi anjwét sa yo reprezante yon estrikti proteksyon sosyal kote yon pov malere ka resevwa
yon ti éd lè I gen yon gwo ka. Pou tét sa, pov yo toujou chache devlope rapò fanmi ak moun ki pa
fanmi yo tout bon vre men ki gen mwayen economik oswa ki se manm enflyan nan legliz. 6
Nan zòn riral yo, fòm tradisyonel kapital sosyal la jwe yon wol nan lavi prive moun yo
tankou nan kò sosyete a menm. Gwoup konbit pou travay ansanm, oswa gwoup pou zafé kredi,
tou sa se yon seri mod òganizasyon moun yo mete kanpe pou pare pou sa demen ka pote. Souvan
gwoup sa yo sévi kòm pot-antre itil pou nouvo chanjman rive fet nan fason zén riral yo ap
gouvénen tét yo. Pa ekzanp, gen gwoup fanm ki reyisi jere tré byen gwo lajan kredi y ap kontinye
resevwa pou envesti nan komés yo. Etid ki fét sou teren an montre, gason ki patisipe nan gwoup
travay pa woulman yo, gen plis tandans adopte metod travay ki tou néf; yo gen tandans patitisipe
ak lòt moun nan aktivite k ap fét pou byen kominote kote y ap viv la; yo gen tandans aji kòm lidé
nan akitivite kominote yo. An jeneral, gwoup konbit sa yo, ak gwoup kredi yo, ki nan sekté
enfomél la, kòn tounen gwoup fomél k ap chache devlopman kominote yo .
Sou chimen yon estrateji pou devlopman riral. Lé nou konsidere sitiyasyon lamizé nan
zòn riral yo, ti pòsyon té jaden ak jan abitan yo dwe konte sou lòt revni lajan ki pa sa ki sòti nan
travay laté, yon keksyon ki vin pose se ki kalite estrateji pou devlopman riral peyi a ta dwe
rapouswiv nan kat sekté sa yo?
• Enfraestrikti. Lé nou konsidere jan manke enfraestrikti tout kalite nan milye rural ayisyen an,
si yo envesti nan sekté sa a, sa ta kapab kreye travay, diminwe soufrans lamizé a pou yon ti
bout tan, epi pémét moun yo jwenn kób pou mete nan travay laté ak nan lòt aktivite ki pa
agrikilti. Envestisman sa yo nesesé sitou nan zafé wout, kominikasyon, nan sant kominotè ak
nan bati lekól.
Li pa fasil pou yo jere kalite rapò sa yo. Pwosesis la anbivalan e negosyasyon jwe yon wòl enpåtan, tankou
pwovéb kreyòl yo di: zanmi lwen se lajan sere, zanmi pre se kouto de bo, oswa sòt ki bay, sòt ki pa pran, oswa
enkò men ale men vini ki fe zanmi dire.
6 Nan pakét etid etnografik ak kiltirél ki fét sou peyizan ayisyen nou kapab site:
Bastien 1985, Comhaire-Sylvain 1961, Courlander 1960, D'Ans 1987, Herskovits 1971, Metraux 1951, Mintz 1961
ak 1974, Price-Mars 1926, SACAD ak FAMV 1993, ansanm ak disètasyon Conway 1978, Lowenthal 1987, Murray
1977, Smucker 1983, ak Woodson 1990 te fe.
Konsilte White ak Runge 1994-1995; White 1997 sou Echanj Mendév ak Wol Mendév nan aktivite tèt
ansanm ak nan jesyon kapital sosyal . Konsilte tou, Smucker ak Dathis 1996 sou Woulman nan Echanj Mendév ak
nan Kredi.
7
• Laté. Pa gen anyen ki k ap fét nan zafe resous laté an Ayiti paske dabò té a pa anpil, anapre
konsantrasyon byen laté yo pa sitélman gwo pou jistifye yon redistibisyon té sa yo, epi tou
paske pifò peyizan, menm sila ki pi pòv yo, se yo ki mèt té yo. Poutan, ensekirite ki genyen
nan zafé posede tè, rete yon pwoblém, paske I dekouraje envestisman nan laté, ni I pa
ankouraje regwoupman ti jaden pou mete kanpe pi gwo fém agrikol ki gen plis avni ladan yo.
Pou envestisman fét nan laté, li nesesé pou yo mete kanpe bon jan zouti lalwa ak enstitisyon
lajistis ki djanm e ki mache pi byen.
• Finans. Feblés ki gen nan pwodiktivite agrikol la se konsekans dirék feblès nan nivo entran
ki achte e ki limenm se konsekans lajan woulman ki pa genyen oswa ki pa sifi. Pou ogmante
fon woulman peyizan yo, fòk finans riral la devlope. Men si pa gen bon jan lwa, yon sistém
lajistis k ap byen mache, si moun yo pa ka bay té yo kém garanti, objektif devlope finans riral
la p ap kapab tounen yon reyalite. Si kredi nan milye riral la pa ka ogmante, sél lòt chwa ki
posib se konbinen teknik konsévasyon k ap pèmét ogmante anpil pwodiktivite agrikol san
pou otan ogmante depans kach yo, ak jefò san asistans ak otofinansman peysan ap fé depi
aktivite yo rapòte. Teknoloji sa yo senp e tout moun konnen yo. Objektif la se ta fé adopte yo
nan anpil kote nan peyi a.
• Resous moun. Tankou nan lòt aktivite yo, prodiktivite nan milye riral la bloke akóz
devlopman moun yo pa fèt ase. Sa rekonét byen a klé ke prodiktivite agrikol gen pou wé ak
nivo enstriksyon fondamantal la. Pou gen rezilta nan yon tan ki pa two lwen, fòk pousantaj
granmoun ki kòn li ak ekri amelyore. Yon lòt bo, pwogram alfabetizasyon pou granmoun yo
ta dwe mache ansanm ak kanpay pou aprann granmoun sa yo sévi ak nouvo teknik
pwodiksyon.
Lamizé nan vil yo
Akòz posiblite yo ki pa anpil ak move kondisyon lavi nan milye riral la, anpil peyizan
kite kote yo te tabli pou al nan 1òt kote espesyalman nan Potoprens. An 1971, yo te kalkile gen
507.000 moun k ap viv nan Potoprens. An 1982, chif popilasyon an te monte a 720.000 e an
19958 li vin konte anviwon 2.000.000 moun. E kòm sévis enfraestrikti ak lojman pa devlope ak
mem vités la, kalite lavi a nan vil yo vin deteryore seryezman. Mouvman moun k ap sòti nan
zòn riral yo pou vin tabli nan bidonvil yo espesyalman nan Potoprens pa janm kanpe. Chak lane,
gen 13.000 moun ki soti nan tout kote nan peyia pou vin tabli nan Pòtoprens.
Moun k ap kite zòn riral yo, pou vin rete nan sant vil yo, sa yo rele migrasyon an, rebrase
kat distribisyon kapital resous moun nan peyi a. Lé nou konnen sitiyasyon ekonomik ki ekziste,
posiblite pou jwenn travay, kondisyon zòn riral yo ak lavil yo, migrasyon an se yon mwayen
moun sévi pou amelyore kondisyon lavi pa yo. Gen de lé, migrasyon an kapab tou yon rezilta
chwa politik ki fét e ki bay lavil yo yon seri avantaj espesyalman lé gen gwo dezekilib ak
distòsyon nan jan lajan Leta a distribye pami divés rejyon nan peyi a. Nan sans sa a, lé nan bidjé
nasyonal la yo prevwa bon jan lajan pou vil ki an dezyém ak antwazyém pozisyon yo, epitou bon
8 Al konsilte Institut Haïtien de Statistiques 1971 ak 1982. Se nan resansman popilasyon ki té fet yo chif pou
1971 ak 1982 sòti. Sa pou 1995 pa fin ekzak nét paske resansman pat fét pou chache yo. Chif sa yo parét nan liv
Cayemittes ak lot oté pibliye pou 1995 e yo te jwenn yo nan pwojè Pwogram Nasyonzini pou Devlopman, 1986 ki
te sèvi ak foto yo te pran anlé, ak ankét yo te fè sou lavifanmi yo, pou kakile ki kantite moun ki genyen nan
popilasyon an.
8
jan fon pou ranfòse kapasite kolektivite teritorial yo pou yo ka bay pi bon sévis yon manyé pi
efikas, mesi konsa kapab redwi anpil valé kantite moun k ap debake chak jou nan Potoprens.
Dapre yon ankét ki te fét nan twa bidonvil ki nan sant vil la (Tokio, La Saline, ak St
Maten), anviwon 2/3 nan popilasyon ap viv ak mwens pase 25 dola ameriken pa mwa. Sa fé
Potoprens klase lan pami vil sou laté ki pi pòv yo. Bidonvil ak katyé popilé tankou Site Soley,
Lasalin, pote mak fabrik yon lamizé dénye degre, yon popilasyon ki tròp pou kapasite zòn sa yo,
pa gen lijyén ki mete la sante moun an danje, san'n pa blye move kondisyon la vyolans. Aloske,
lòt vil an dezyém pozisyon tankou Okap, Gonayiv, Okay, te pran plis tan pou devlope pase
Potoprens, yo soufri menm kalite pwoblém yo, kit se manke kay pou moun rete, manke sèvis
fondamantal tout vil sipoze genyen. Lòt 22 sant lavil ki pi piti yo gaye sou tout peyi a, yo gen
menm kalite pwoblém ki sòt dekri la pou vil sekondé yo, e jiskaprezan gouvénman santral la pa
ba yo okenn atansyon.
Ogmantasyon rapid e san kontwòl popilasyon moun ki gen mwens mwayen nan vil yo
lakòz yon bann bidonvil ap kale kote moun yo ap viv pil sou pil. Sa vin mete gwo presyon sou
kék grenn sévis ak enfraestrikti ki te deja pat menm ase nan vil sa yo. Nan Pòtoprens, sou 100
moun pa gen 40 ki rive jwenn aksé pou dlo potab. Se menm bagay la pou lòt vil pwovens yo
(dapre enfòmasyon komite kowòdinasyon Enté-Ajans genyen). Dlo potab yo kontamine ak
mikwòb. Dlo kontamine reskonsab pou plis pase pase mwatye nan lanmò ti moun. Sa lakòz tou
yon tyé nan timoun ki poko gen 5 an yo soufri ak malnitrisyon san rete. An Ayiti sistém pou
elimine fatra ak dlo sal ki fin sévi yo pa anpil. Yon bon valé nan popilasyon an pa gen latrin, e
kote ki genyen latrin yo, yo desévi twòp moun alafwa ni yo pa kenbe yo nan bon kondisyon pou
yo mache byen. Kanal drenaj ki pa kouvri ap charye eskreman moun ak tout vye kalite deché nan
pami moun, ansuit san ankenn tretman dlo dechè sa yo al devide nan basen vèsan ki alimante
sous yo ki an apre soti tou kontamine. Nan pi fò vil yo, fatra fé pil nan lari, nan mache piblik yo
ak nan kanal drenaj yo. Pil fatra sa yo tounen kay kote tout kalite vémin ak bét k ap bay maladi
ap viv. Souvan nan sezon lapli, pil fatra yo lakòz tou gwo inondasyon. Move wout nan
Pòtoprens lakòz anpil anbouteyaj ki koute ampil lé ou kalkile tout tan ki pédi lè konsa. Gen delé
ou blije mete plizyè éd tan deplasman pou fé yon ti bout wout andedan lavil la.
Kay yo menm fin ap fin depafini, yo pa gyen bon kondisyon sanité ak lijyén, e yo gen
twòp moun k ap viv ladan yo. Pi fò fanmi yo gen 6 moun oswa plis ki ap viv ladan yo, yo gyen
kék grenn byen et y'ap viv nan yon grenn pyés kay. Zafé monte bati kay sou téren lot moun san
otorizasyon rive fét ampil. Kòm enstitisyon Leta féb epi pa gen kadas ki di a klé pouki moun té
sa yo ye, byen souvan nan ka sa yo li vin difisil ampil pou ede veritab pwopryeté a oswa pwoteje
té leta yo.
Nan zòn lavil yo, moun yo mwens soude youn ak lòt paske popilasyon yo plis de pasaj
epitou yo piplis depann de yon ekonomi ki chita sou woulman lajan pase sou boukantay. Vin
jwen'n ak mank prensip sosyal ak òganizasyon sivik nan zòn lavil yo pwoblém lavil yo,
pwoblém moun gen nan lavil yo ankouraje krim ak vyolans, espesyalman nan mitan jén yo.
Lontan pifò zak kriminél yo te byen sible et yo te konsantre sélman nan zafè kase ak volè kay
moun. Jounen jodia zafé vòlé machin, vò1 ak zam, asasinaj se bagay k ap fét toulejou, menm nan
katye kote moun ki gen mwayen yo ap viv. Ou jwenn timoun ki nan gang, k ap patisipe nan krim
avék granmoun tankou nan vòlé machin, nan kase kay. Feblès mwayen ki la pou fè respekte
lalwa, vin kontre ak kapital sosyal ki ap diminye chak jou piplis, ak posiblite pou jwenn zam pi
9
fasil, epitou ak zafe komés dwòg la, tout bagay sa yo vin lakòz rezilta vyolans sa a, espesyalman
nan bidonvil yo.
Yon dénye aspé sou kalte lavi malouk moun ki abite nan vil yo, se sitiyasyon fanm yo.
Pwostitisyon (fé jenés) tounen yon pwoblém ki bay anpil kalkil. Li makonnen ak maladi moun
trape nan fé séks (MST) yo, ak ti jén fi yo k ap tonbe ansent twò boné, ak manman k ap mouri
oswa kokobe nan fé pitit. Malgre gen metòd planing, kantite fanm k ap mouri nan fe pitit yo
toujou tré wo (600 lanmò pou chak 100 mil akouchman). Pi fò lanmò sa yo soti nan avòtman
ankachét ki fèt nan move kondisyon9 . Nan vil yo konsekans MST yo grav anpil. Anviwon 50
sou san fanm nan Site Soléy te soufri omwens de yon MST, epitou 8,4 pousan te gen jém sida10
nan san yo. 44 pousan fanm ki gen 10 pou rive 19 an te viktim vyolans nan safé sèks oswa
vyolans fisik (dapre komite Entè-Ajans-Fanm ak Devlopmannan Nasyonzini). Menm si gen
apepré menm kantite tifi ak tigason ki ale lekòl, kantite fanm ki pa konn li ak ekri yo pi fò, sitou
pami granmoun yo".
Sila yo kap touche yon ti kòb ki pémèt yo viv ak tout fanmi yo pa anpil. Pami popilasyon
k ap travay yo, pi fò se nan sektè enfòmèl la yo ye kote y ap mennen yon ti biznis tankou fe ti
kay, kondui machin transpò piblik, fé ti komés detay, bòn kay moun, oswa nan agrikilti.
An jeneral, mikwo-antrepriz yo an ayiti yo tou piti . Ou jwenn yon patron k ap dirije ak
kèk anplwaye. Leplisouvan anplwaye sa yo se manm yon menm fanmi ou byen yo se travayè
tanporè pou yon ti bout tan, se ka yon aprenti, oswa yon travayè a plen tan. Nan mikwo-antrepriz
yo, sa moun yo touche kòm salè varye anpil: pou agrikilté yo se 738 goud pa lane pou yon fanmi,
sa vle di 50 dola ameriken. Pou atizan yo se 2,100 goud pa fanmi, sa vie di 140 dola ameriken;
pou peché yo, se 4600 goud pa an, sa vie di 306 dola. Se yon ti gwoup fanmi12 sélman ki fe
metye lapéch. Nan sektè enfòmèl la, nivo kalifikasyon ak fòmasyon moun yo an jeneral feb.
Plizyè òganizasyon non gouvènmantal (ONG) gen nan pwogram yo pou devlope mikwo-
antrepriz an Ayiti, e pou fè sa, yo chita sou kredi, sou enfòmasyon ak fòmasyon. Rezilta
evalyasyon ki fèt sou pwogram kredi pou mikwo-antrepriz yo montre sepandan ke sa pa mache
byen pase sa (referans dokiman teknik # 4).
Gen plizyé faktè ki anpeche antrepriz enfémél yo devlope kòm sa dwa. Nou ka site:
sitiyasyon ekonomik la ki pa bon pou yo e ki frennen pi f6 aktivite ekonomik nan peyi a;
enfrastrikti ki pa adekwat; kapasite limite pou sevi ak pwop byen kòm garanti epi feblés sistém
lajistis la.
9 Anpil pwogram ki te komanse jwenn bon jan rezilta nan fé moun yo sévi ak metod planing, an difikilte
akåz yon pati nan éd yo te konn resevwa vin koupe.
10 Enfåmasyon sa yo, se Biwo Ameriken pou Resansman (U.S. Bureau of the Census) ki te ranmase yo
a pati
baz done li genyen sou kontwål maladi SIDA. Chif ayisyen genyen sou maladi sa a la depi 1992. Yo såti nan yon
estimasyon ki te fet sou maladi a (VIH I et 2) ki te fet sou yon ti echantiyon. Pa gen enfòmasyon disponib pou fe
konparezon pousantaj moun ki enfekte ak jém SIDA gen tandans pou l pi wo nan katye påv nan vil yo.
"l Kantite timoun ki genyen ant 6 al pou 15 an ki ale lekål se 73,6 pousan tigason e 73,5 pousan tifi:
EMMUS-II 1994/95.
12 Fondasyon Ayisyen pou Devlopman. Anpil enstitisyon ki bay mikwo-antrepriz yo kredi mande pou ranpli
fomilé pou pran enfåmasyon sou gwosé biznis yo, kantite moun k ap travay ladan 1, resét brit yo. San anpil kåb pa
depanse, enfòmasyon sa yo ta kapab trete pou sèvi nan estatistik.
10
Mouvman popilasyon yo (Migrasyon)
Pandan lontan, mouvman migrasyon soti yon kote ale tabli yon lòt kote te reprezante
youn gwo mwayen pou anpil ayisyen nan zafè pwoteksyon sosyal. Pi fò moun kite kay yo pou al
viv yon lòt kote se akòz gwo pwoblèm ekonomik ak enstabilite politik ki genyen nan peyi a.
Malgre moun yo pa gen garanti yo ap kapab jwenn yon travay oswa ke yo ap ka rantre nan peyi
kote yo prale a, malgre yo pran gwo risk ak lavi yo, là yo sèvi ak yon seri mwayen danjere pou
kite peyi a (tankou « boat people » ki ap pran kanntè pa egzanp), ampil moun kontinye ap pati
kanmenm.
Valé kantite moun k ap kite zòn riral yo pou vini lavil oswa pou ale nan peyi etranje
enpòtan anpil. An 1995, te gen apepré yon milyon edmi ayisyen ki t ap viv aletranje,
espesyalman nan Etazini ak an Repiblik dominikèn13 . Fenomèn migrasyon a te rive na pi wo
degre 1 apre koudeta kont Aristid la nan lane 1991. Li vin diminye an apre an 1992, lè
gouvènman ameriken an chanje politik li vizavi imigran ayisyen yo. Anndan peyi a, toujou gen
yon mouvman regilye peyizan k ap kite andeyò a pou vin nan bidonvil yo, espesyalman nan
bidonvil ki nan Pétoprens yo. Yo estime chak lane gen 13 mil moun ki séti tout kote nan peyi a
ki vin tabli nan Pòtoprens. Anpil malere ki kite endyò lakay yo pou vin tabli lavil deklare yo fe
sa akéz move kondisyon lavi andeyò a, (akòz siklòn, sechrés, pa gen ase tè jaden, pa gen lòt
aktivite travay misapa travay nan jaden, manke manje (Ankèt sou kondisyon lavi pwovens
1994/95). Akòz chak moun k ap viv nan pwovens, gen yon moun ki rete lavil sa vin pa koute trò
ché pou yon moun vin tabli lavil.
Menm si pa gen anpil enfòmasyon sou sa, nou konnen mak fabrik moun ki fé migrasyon
yo. Moun ki kite Ayiti pou ale aletranje yo séti nan tout kategori revni, eksepte nan kouch ki pi
pòv yo paske moun sa yo pa gen mwayen pou vwayaje. Pami moun ki kite andeyò pou vin lavil
yo, nou jwenn pòv yo tou. Migran yo gen tandans pou yo jén, anviwon 70 moun sou san nan
migran andedan peyi a gen soti 10 al pou 29 lane (Unicef, 1994: 47). Fanm yo ale plisouvan nan
vil yo aloske gason yo plis pati aletranje. Gen plis fanm pase gason ki kite pwovens pou vin lavil
paske posiblite pou jwenn travay andeyò a pa anpil e paske kalite travay yo ka jwenn lavil la swa
nan ti komés, swa lakay moun represante jan de travay ki jeneralman rezéve pou fanm sélman
(Plotkin 1984). Se sou menm baz sa a faktori yo nan vil yo pito anplwaye fanm alòske, vwayaje
aletranje a konsidere kòm yon bagay danjere et ki plis asire pou gason.
Pakèt moun sa yo k ap plede kite peyi a, oswa zòn kote yo te tabli, gen divés konsekans
sou ekonomi peyi a, sou mache travay la ak sou sitiyasyon lamizè a. Migrasyon an sévi tankou
yon soupap sekirite ki pèmét diminie valé total pòv yo an menm tan li ede asire yon soutyen pou
yon bon kantite fanmi ak tout transfé lajan moun ki pati yo ap voye. Pou sa ki gen pou wé ak
zafe mache travay la, migrasyon ka kontribye ogmantasyon mank travayé ki gen bon jan
kalificasyon. Amezi tan ap pase ak pakét sèvo ki fin pa ale yo, peyi a vin pa rete ak yon nivo
kalifikasyon ki feb. Sa lakòz tou yon bann fanm vin pa twouve yo sél chéf reskonsab nan fanmi
an, espesyalman nan vil yo. Sou chak 100 kay, anviwon 36 gen yon fanm pou kont li ki alatèt yo.
Se menm pousantaj la nou jwenn pli ou mwens nan lòt peyi nan Karayib la (44 pousan an
13 Pami yon milyon edmi ayisyen k ap viv aletranje yo konte gen 650.000 nan Zetazini, 500.000 Nouyòk,
60.000 Miyami, 50.000 Boston ak 30.000 Chikago, 55.000 nan Kanada, 800.000 nan Repiblik dominiken epi
40.000 nan Bahamas. Chache fouye nan Baez, Evertsz, ak Franc 1991.
11
Jamayik, 28 pousan an Giyan). Men chif sa a yon jan pi wo pase chif lòt peyi nan Amerik Latin
nan.
Pa gen manti nan sa, pi gwo avantaj imigrasyon an se valé transfé lajan ki soti aletraje e
ki estime nan bò zòn 250 al pou 350 milyon dola aneiken pa an, sa ki reprezante anviron 10 al
pou 15 pousan PIB peyi Dayiti.'" Pi fò fanmi k ap resevwa transfe sa yo viv nan lavil e se sélman
yon ti valé k ap viv nan zòn riral yo, espesyalman sila yo ki pi pòv. Fanmi kote se yon fanm ki
alatét yo resevwa plis kòb transfé pase lè se yon gason ki alatét, petét se paske se sitou gason yo
ki vwayaje e ki ap voye lajan lakay yo. Men sanble enfòmasyon sa yo pa fin trò trò kòdyom.
Anpil fanmi deklare yo resevwa mwens lajan poutét yo pé Leta pa vin fé yo peye taks, pou vélé
pa vin atake yo oswa pou yo pa kreye pwoblém pou moun k ap voye kåb la e ki byen souvan kån
ilegal nan peyi lòt bò dlo a (Fass 1991:29-30).
Presyon popilasyon an k ap ogmante ak konsekans sa genyen sou anviwonman an.
Gwo kantite moun k ap fèt chak lane yo, espesyalman nan mitan påv yo, ap angrave chak
jou pi plis fenomèn lamizé a an Ayiti. Sa vin fé li pi difisil pou batay kont lamizé, pou envesti
nan moun ak pou chache yon devlopman ekonomik ki k ap dire lontan. Akòz presyon
popilasyon an k ap ogmante, pi plis té vin sévi pou fé jaden, debwazman ak erosyon ap akselere
pi réd ak yon resilta final ki se diminisyon rannman ak prodiksyon agi-ilkòl peyi a. Pou mete abse
sou klou, lè yon fanmi vin pi long, li bezwen plis lajan pou achte manje, valé tan fanm ki nan
fanmi sa a genyen pou mennen aktivite ki rapòte lajan vin diminie pi plis e sa ka lakéz tou pou
gwo risk pwoblém sante ki grav.
Avék yon mwayén 5 pitit pou chak fanm ki nan laj pou fè pitit, avék yon popilasyon k ap
ogmante chak ane nan 2,3 pousan, popilasyon peyi Dayiti an ta dwe double soti lane 1995 al pou
rive 2025.15 Valé 4,8 pou kantite pitit pa fanm nan peyi Dayiti se yon chif ki wo anpil.
Pousantaj sa a pén pi piti pase mwayén 5,7 yo jwen'n nan peyi ki chita nan pati sid anba dezé
Saara an Afrik, e li pi wo anpil pase mwayén 2,8 nan peyi Amerik Latin nan ak lot peyi vwazinaj
nan Karayib la tankou an Repiblik Dominikén (2,9), Jamayik (2,4). Anviwon 25 pousan nan
akouchman yo fét twò pre youn déyé låt (mwens pase 2 lane), sa ki mete sante ak eta nitrisyonel
manman an tankou pa pitit li a an danje. Sa ogmante tou posiblite pou yo mouri mouri pi boné.
Lé ou konsidere ke anpil nan pwogram planing ki finanse pa Gouvénman ayisyen an te sibi bon
jan diminisyon nan bidjé yo, aktivite planing ta ka vini yon priorite pou éd k ap soti sou bò ajens
enténasyonal yo.
Presyon popilasyon an ki ap kontinye ogmante lakòz debwazman rive nan yon dimansyon
ki bay moun men nantét ak ké sote. Moun yo koupe bwa pou yo jwenn té pou fé jaden ak pou
plante manje, pou jwenn bwa pou limen dife ak pou fé chabon. Kantite té ki kouvri ak bwa ap
vin pi piti chak lane ka soti 15 pou rive 20 milyon pye bwa ki koupe pa an. Pandan anbago a
moun yo te koupe plis pye bwa toujou. Lé sa a, malere lavil ak nan pwovens yo te blije chéche
"4 Yo kakile chif sa a detan yo pati ak lide gen 872.000 ayisyen k ap viv nan Etazini ki yo chak voye 200
dola ameriken, jan yo te fé sa an 1986. Anapre chif sa a double pou pran ankont transfé lajan imigre ayisyen ilegal
yo ak filié ki pa chimen fòmél yo. Transfe lajan sa yo gen dwa fet so fòm lajan oswa sou låt fòm, tankou: machin,
manje, méb, aparéy menaje. Gade nan Tsilikounas, 1996.
"5 Gade nan Preeg, Ernest, 1996. Yo konstate gen yon gwo eka ant milye riral la ak lavil. Nan vil yo, kantite
timoun yon fanm ka fè de fwa pi plis pase nan milye riral.
12
tout jan yo te ka fe yon ti lajan rantre epi tou gaz pa te ka rantre nan peyi a. Yo estime ke kote
nan peyi a ki nan tan lontan te kouvri ak foré, chaje ak pye bwa disparét pou environ 97 pousan.
25 sou 30 pi gwo basen vésan ki ranmase dlo pou sous ak rivyé yo pa gen okenn kouvéti pye bwa
ki rete ankò sou yo. Jounen jodi sa yo rele forè a tounen ti tach degrennen ki asosye ak kék ravin
an pant, gwo tét mòn ak mangròv nan zòn lakòt yo bò lanmé. Akòz anviwònman an k ap
degrade chak jou pi plis, pwodiksyon agrikol pa abitan nan peyi Dayiti pa janm sispann diminye
depi lane 1970 yo. Pi réd, ak kwasans popilasyon an ki li menm ap kontinye ogmante presyon
sou té a ap vin pi fò.
13
2
POUKISA MOUN Kl POV YO RETE POV:
GOUVENANS, ESTABILITE AK KWASANS
Peyi Dayiti pa janm genyen yon tradisyon gouvénans ki genyen kòm objektif bay
popilasyon an sévis oswa kreye yon klima ki ankouraje yon kwasans ki p ap kanpe nan wout. Sa
nou wè, se pito yon ti gwoup moun ki gen lajan k ap soutni yon « leta piajé » ki preske pa envesti
nan moun kòm resous nin nan enfraesstrikti debaz. An menm tan, tradisyon represyon fòs lame,
lapólis, gwoup paramilité fin pa kreye gwo mefyans ki chouke fon anpil ant sosyete sivil la ak
Leta. Posibilite violans ki ka pete nenpòt ki lé toujou ap kontinye diminye chans pou janm
genyen estabilite ak refòm global. Epi an plis, nan kilti nou, nou pa janm te abitye pran desizyon
sou yon baz demokratik ni rive jwenn yon konsansis nasyonal nan yon fason pasifik. Sa kreye
yon tansyon ant pouvwa ekzekitif ak lejislatif la epi tou bloke jefé pou remete peyi a kanpe.
Sistém politik peyi dayiti a ap gouinen pou soti nan kriz ki komanse depi rejim diktati
divalyeris la kaba. Depi 1987, genyen 12 gouvénman ki pase nan peyi a, sa vle di apepré yon
gouvénman chak ane (wé tablo 2.1). Lé otorite sivil yo retounen sou pouvwa a an 1994, divès
gouvénman ki pase yo eseye, ak yon nivo siksé limite, redefini wòl tradisyonel Leta epi tou
desantralize gouvénman an. Nan lane 1991, epi apre lane 1994, Ayiti te oganize yon seri
eleksyon lejislatif nan nivo lokal ak nasyonal. Nan lane 1995, gouvènman Aristid la te kraze
lame a epi te kreye yon fòs pólis nasyonal. Nan lane 1996, yon prezidan eli te pase mayét la bay
yon lòt prezidan eli.
Malgre demokrasi a ki tounen, wòl lidè gouvénman tojou pa kòm sa dwa, epi tou nivo
konfians popilasyon an fe gouvènman ret fèb. Retablisman gouvénman sivil la pa t fet rapid akòz
chirepit ki te genyen nan mitan enstitisyon leta yo, yon pouvwa ekzekitif ak yon palman ki pa
genyen ni sipò ni eksperyans, pwoblèm mank kominikasyon ant de pouvwa sa yo, pwoblèm jistis
ki pa rezoud, ensekirite, pwoblém ekonomik, ansanm ak kriz bidjè ki pa janm vote epi difikilte ki
mare ak chanjman an. Akizasyon koripsyon, abi pouvwa, vyolasyon dwa moun fè sitiyasyon vin
pi malouk ankò.
Si nou gade listwa peyi Dayiti, Leta te toujou yon sistèm pésonél rejim gwo ponyèt ki
chita sou yon seri relasyon pouvwa vétikal ki konsantre nan men yon sèl moun ki se prezidan
peyi a. Andeyò sistèm kenbe pouvwa sa a, pas pouki ak piyay richès nasyon an, sèl sa ki rive fet
se yon devlopman enstitisyonèl limite ak kék fonksyon (Bank Mondial 1997).
Jouk jounen jodya, sosyete a rete divise ak yon òganizasyon pa klas ki pa mele youn ak
lòt. Malgre chanjman ki fét pa trò lontan de sa nan zafé gouvénance la, malgre gwo pote kole
popilasyon bay pou fe chanjman fondamantal nan sistèm la, mak fabrik Leta a toujou rete menm
jan. Angwo, baz solid pouvwa vètikal la rete la djanm pandan 2 syék ki sòt pase yo. Mak fabrik
sistém tradisyonél la --kriz tanzantan pou ranplase moun sou pouvwa a, pa genyen ekilib ant
pouvwa yo, lavil dominen andeyò nan zafe desizyon k ap pran yo, difikilte pou asepte moun ki pa
sou menm bò politik ak yo, leta piajè, feblès enstitisyon piblik yo, ak ensekirite pésonèl pou aktè
yo nan pwosesis politik la-- ap rapouswiv epi ap frennen chanjman ki pou pote nan zafe sistém
gouvènance lokal la (gade dokiman teknik 9). Si pa genyen yon gouvènman santral ki djanm, jefo
desantralizazyon yo p ap mennen okenn kote.
Tablo 2.1. Gouvènman peyi Dayiti, 1957-97
Administrasyo Fonksyon ak non Dat Kantite lane nan
n fonksyon an
1 Prezidan François Duvalier sôti 9/1957 rive 3-4/1971 14 lane
2 Prezidan Jean-Claude Duvalier sôti 3-4/1971 rive 2/1986 15 lane
3 Prezidan Henri Namphy (junt militè) sôti 2/1986 rive 2/1988 2 lane
4 Prezidan Leslie F. Manigat sôti 2/1988 rive 6/1988 4 mwa
5 Prezidan Henri Namphy (gouvènman militè) sôti 6/1988 a 9/1988 3 mwa
6 Prezidan Prosper Avril (gouvènma militè) sòti 9/1988 rive 4/1990 20 mwa
7 PrezidanHerard Abraham (gouvènman militè) 3 jou nan 4/1990 3 jou
8 Prezidan Ertha Pascal Trouillot sôti 4/1990 rive nan 10 mwa
2/1991
9 Prezidan Jean-Bertrand Aristide sôti 2/1991 rive 9/1991 7 mwa an ayiti
sôti 10/1991 rive1O/1994 2 lane nan ekzil
Premye Minis (1) René Préval sôti 3/1991 rive 8/1993 29 mois
Premye Minis (2) Robert Malval sôti 8/1993 rive 11/1994 15 mois
10 Prézidan Joseph C. Nerette sôti 10-I1/1991 rive 7 mois
5/1992
Premye Minis Jean-Jacques Honorat sôti 10-11/1991 rive 7 mois
5/1992
11 Pa genyen prezidan defacto
Premye Minis Marc Bazin sôti 6/1992 rive 9/1993 15 mois
12 Prezidan Emile Jonassaint sôti 6/1994 rive 9/1994 3 mois
Pa genyen Premye Minis
13 Prezidan Jean-Bertrand Aristide sôti 10/1994 rive 2/1996 16 mois
Premye Minis (3) Smark Michel sôti 11/1994 rive 10/1995 11 mois
Premye Minis (4) Claudette Werleigh sòti 10/1995 rive 2/1996 5 mois
14 Prezidan René Préval sôti 2/1996 jous koulyè a 2 ans
Premye Minis (1) Rosny Smart sôti 4-5/1996 rive 6/1997 14 mois
Pa gen Premye Minis depi jen 1997
Yon sistèm jistis moun ka fè konfyans se yon bagay ki enpôtan non sèlman pou sekirite
debaz popilasyon an, men tou, se yon eleman kapital pou devlopman ekonomik peyi a. Pou
ekonomi yo sa devlope, fòk genyen regleman enstitisyonèl pou rezoud pwoblèm ant konpayi,
sitwayen ak ant gouvènman yo, pou pote limyè nan konfizyon ki ka genyen nan entèpretasyon
lalwa ak règleman yo, epi pou fè respekte yo (Bank Mondyal, 1977). Sistèm lajistis peyi Dayiti se
pi gwo baryè pou sektè prive a devlope. Jounen jodya, sistèm nan pase mod e li pa adapte ak jan
komès la ap mache. Gen kèk pwoblèm espesifik ki gen a revwa ak feblès dwa kriminèl ak dwa
sivil konsènan propriyete agrikol, piblik tankou prive ak anvironman. Fôk yo ta envesti nan sektè
lajistis la pou yon devlopman enstitisyonel ki ta santre sou ministè lajistis, epi fôk jefô ta fèt pou
fe sosyete sivil la patisipe nan chanjman k ap fèt yo, konsa pou moun ka pi byen konprann,
asepte, apiye aplikasyon lalwa. Yon asistans teknik ak pi bon jan dialôg ak kominikasyon ta ede
anpil Ekzekitif la ak Palman an.
Ki sa ki detèminen kwasans ekonomik peyi a
Tablo 2.2 a montre ki jan kwasans ekonomik peyi Dayiti pa bay bon resilta pandan 40
dènye lane ki sôt pase yo. Apre kwasans pa ane a te fè yon ti ogmonte pandan rejim Divalye yo te
15
sou pouvwa, ou vin jwenn revni pa abitan pa sispann bese pandan ane 80 yo, pou I anpre plonje
bese nét al kole pandan ane 90 yo. Yon lòt kote, posantaj envestisman pa rapò ak PIB a ki te li
menn rive kenbe nan yon nivo ki pa t pi wo pase sa anvan lane 1990 la, te komanse plonje
desann anpil an apre pandan res period sila a.
Tablo 2.2. Koefisyan kwasans ak envestisman, 1967-97
(pousantaj)
Pousantaj mwayen Pousantaj mwayen
Peryåd kwasans (%) envestisman (%)
1967-85 2,50 13,31
1986-90 -0,03 15,53
1991-97 -1,76 9,45
1986-97 -1,04 11,99
Sous : on moneté enténasyonal 1997.
Lé yo konpare valé pousantaj kwasans revni yon ayisyen ak pa låt peyi nan zån nan oswa
låt kote sou laté, nou ka wé a klé ki sa ki alabaz move péfåmans ekonomik peyi Dayiti. Analiz la
chita sou 2 pwopozisyon. Premye propozisyon an se ke, lé ou pran kåm baz yon nivo revni pa
abitan, to kwasans revni pa abitan sa a gen pou wè ak nivo edikasyon popilasyon an (+: sétadi I
ap ogmante si nivo edikasyon popilasyon an monte), ak nivo pousantaj timoun ka p fét pa fanm (-
: sètadi I ap desana si nivo pousantaj timoun ka p fét yo monte), ak nivo enstabilite politik
andedan peyi a (- : plis genyen anpil enstabilite, pi plis I ap bese) epi ak fòs otorite lalwa ak
gouvénans (+). Dezyèm pwopozisyon an vle ke, lé nou pran a la baz yon nivo edikasyon ansanm
ak pousantaj timoun ki fét epi kondisyon enstabilite politik la, to kwasans revni pa abitan sa a ap
pi wo a mezi ke nivo revni pa abitan pi ba an patanl . Sa vle di peyi pi pòv yo ap kapab tire
avantaj nan kapasite yo genyen pou yo rive jwenn peyi ki pi rich yo nan kous devlopman an
(« konvèjans »).
Nou ka jwenn rezilta etid sa a an detay nan Anéks I. Estimasyon yo pémét nou konprann
ki chanjman politik ki dwe fét pou ogmante revni pa abitan epi tou pou fe lamizé bese. Pa
ekzanp, (i) si tigason yo ale lekòl pandan apepré yon ane anplis, kwasans ekonomik pa abitan an t
ap ogmante de apeprè 1.3 pousan, (ii) si pousantaj kantite timoun ki fét te ka vin 1.1 pousan pi
ba, kwasans ekonomik pa abitan an t ap ogmante de anviron 1.1 pousan, (iii) si depans piblik yo
vin I pousan pi ba nan PIB a, kwasans ekonomik pa abitan an t ap ogmante de 0.8 pousan, (iv) si
amelioarsyon nan zafé lòd piblik monte I pwen pi wo --pa rapò a nivo I ye koulyé a pou I pase
nan yon lòt nivo na yon sistém ki gen 7 nivo sòti I pou rive 7-kwasans ekonomik pa abitan an
ap vini 0.5 pousan pi wo, e (v) si chif sou demokrasi yo monte I pwen --pa rapò a jan li ye
koulyé a pa rapò ta yon sistém ki ale sòti nan I rive 7-kwasans ekonomik pa tét abitan a t ap
ogmante nan mezi 0,5 pousan pa rapò ta PIB a.
16 Modél la sévi ak espesifikasyon Barro te premye prezante (nan ane 1991 ak ane 1997) pou estime ki sa ki
alabaz revni mwayen pa abitan.
16
Kwasan ekonomik ak diminisyon Iamizè
Ekonomi peyi a ki pa fe yon pa douvan ak sityasyon lanizé k ap gaye kò I chak jou pi plis
nan tout peyi a pa pwal disparét konsa konsa nan yon sél jou. Men kondisyon lavi moun ta ka vin
miyò anpil epi lanizé ta ka diminye seryezman --nan yon tan ki pa twò long-- si te genyen yon
estabilite politik ak yon anviwonman ki ankouraje envestisman prive nan kapital fizik ak
devlopman resous moun. Amelyorasyon rapid nan kondisyon lavi ki rive fet nan séten peyi Lazi
ki yo menm tou pa t gen gwo revni sa pa fe twò lontan desa vin apiye sa nou di la yo.
Pa ekzanp, nan lane 1960, revni pa abitan nan peyi Kore te 883$ aneriken (valé ajiste
pouvwa dacha ki se sa yon moun ka pab achte ak yon séten kantite lajan), ki pa trò louen pa peyi
Dayiti ki te 871$17. Nan lane 1985, revni pa abitan peyi Kore te vin pase a 4.267 $ aneriken
alòske pa peyi Dayiti a trouve I Ankadreman 1: Kwasens ekonomik ak devlopman resous moun
rete nart z6n 860 $ ameriken.- PIBpa
1960
Tablo devlopman
1994
PIB Tablo devlopman
pandan dous lane ki sot pase yo, abitan abilan resous paabila abitan resousmoun
eka sila kontinie vin pi gwo moun n
toujou. Gwo diferans ki parét a AYiti
Dominikai
386
386
0.174
0.385
226
839
0.338
0.718
klè knosa nan péfòmans Tayiland 300 0.373 1703 0.833
ekonomik 2 peyi yo gen pou wè Kore 520 0.398 5210 0.890
anpil ak bon jan klima politik PIB/pa abitan en dola ameriken pou lane 1987
Zini
pozitif peyi Kore, yon klima ki Sous: Rapå devlopman resous moun 1997, Nasyon
pa t sispann ankouraje Nan lane 1960, peyi Dayiti te genyen yon revni pa abitan ki te menm ap pa peyi
envestisman nan kapital fizik ak Dominikani, Tayiland oswa peyi Kore. Men kondisyon edikasyon, lasante, aksé
moun kòm resous. Pousantaj a sèvis debaz te pi mal anpil tankou nou ka wé li nan nivo tré ba tablo
nwayent envestisman pa rapò a devlopman resous moun peyi Dayiti nan ]ane 1960. Move kondisyon sa yo ki te
genyen alabaz ansanm ak pwoblém grav gouvénans te mennen a yon devlopman
PIB a te 23,1 pousan pandan ki diferan anpil nan péfomans ekonomik chak peyi sa yo anrejistre pandan 35
peryòd sa a, e kantite tan tigason lane apre yo.
ki ale swiv lekòl te ogmante nan
valè 9 Lane. Nan ka peyi Dayiti, klima politik defavorab te dekouraje envestisman nan kapital
fizik ak nan resous moun. Pousantaj envestisman pa rapò a PIB te apepré 5,8 pousan e valè
mwaymèn tigason ki ale swiv lekòl te ogmante sélman pou 2 lane.
Lòt peyi tankou Endonezi ak Tayland rive diminie lamizé lakay yo nan propòsyon ki ale
jiska 30 a 40 pousan pandan yon period 20 lane kote to kwasans anyel total la te rive nan zòn 5
pousan. Peyi sa yo envesti anpil nan fomasyon moun kòm resous. Lé yo konsidere jan lamizè a
gaye nan peyi Dayiti epitou jan kondisyon lamisé sa a gravman grav, fok ta genyen yon bon jan
to kwasans ki djanm e ki ta rive omwens na mezi 5 pousan pou lamizé a ta rive fe yon bon bese.
Resiltat kèk kalkil rapid ki chita sou plizié ipotèz valé to kwasans montre ke ak yon to kwasans
global 3 pousan, lamizé nan pwovens t ap pase sélman de 81,1 a 76,7 pousan pandan yon period
dis lane " Yon lòt kote, yon to kwasans 5 pousan ta kapab fe lamizé a desann pou rive nan 67,7
17 Se Summers ak Heston (nan ane 1991) ki te fè estimasyon sou pousantaj lajan ki rantre pa abitan ak
envestisman ki koresponn a PIB a. Alòske estimasyon sa yo chita sou enfomasyon yo jwenn nan kontablite nasyonal
yo, estimasyon yo te chita sou egalite nan pouvwa moun genyen pou yo achte sa yo bezwen pou rive bay yon sans a
peyi yo konpare yo. Amwens yo di klèman pou kisa, kantite lajan ki rantre pa abitan ak envestisman ki sévi 16t kote
pa rive ajiste egalite nan pouvwa moun genyen pou yo achte sa yo bezwen.
is Chif sa yo ki se chif yo pran kåm ekzanp sévi ak rezilta ki s6ti nan ankét sou kondisyon lavi andey6 (pou
zbn andeyb yo sètman). Yo chita sou yon kwasans ki I rive 3 pousan pou depans moun yo fe pou yo konsome pa
17
pousan, malgre yon pousantaj konsa sa rete wo toujou, bès ki ta ale avé I nari ka sa a vle di an
final ke apepré 650 mil moun konsa nan pwovens yo sèlman ta rive soti anba lamizé (wé desen
2.1). Sou yon baz nasyonal, rediksyon lamisé ta ka pab menm pi wo toujou.
Realize to kwasans ekonomic sa a pap fasil men li rete posib. Nan lane 70 yo, to kwasans
peyi Dayiti te toujou nan zòn 5 a 7 pousan pa ane. Sa ki te alabaz to kwasans sa a se sitou yon
sekté prive ki te aktif anpil nan zafe ekpotasyon kilti agrikol ansanm ak nan izin soutretans vin
kontre ak envestisman sekté piblik la nan enfraestrikti
Grafik 2.1. Projeksyon diminsyion povrete nan zon riral
yo sou baz to kwasans 3 ak 5 pousan
3%Growth 5% Growth
100.0 100.0
90.0 90.0 -
80.0 80.0
S70.0 70.0
60.0 60.0
50.0 m 50.0
40.0 40.0
40.
a 30.0 30.0
20.0 20.0
10.0 10.0
.0 0.0 1
1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 1 2 3 4 5 6 7 8 9 10
Years Yeam
Pou realize gwo to kwasans ekonomik sa yo nan peyi a, sa ta mande yon gwo
ogmantasyon nan envestisman sektè prive a pou vin konplete pwogram envestisman sekté piblik
la ki jounen jodya finanse pa asistans entènasyonal la. Ekzanp lòt peyi nan Amerik Latin la
montre ke ak to envestisman jounen jodi a ki nan bò zòn 10 pousan PIB a, Ayiti pap ka rive jwen
kwasans anyel 5 pou rive 7 pousan. Men, l nou gade istwa peyi Dayiti ki pa gen trò lontan de sa,
nou wè la enkò ke to envestisman pa rapò a PIB ki te byen pi wo te kòn fet, e ki donk ke sa ta
dwe toujou posib. Nan fen lane 70 yo, pousantaj envestisman pa rapò a PIB a te apepré 19
pousan, pousantaj envestisman prive pa rapò a PIB a te apepré 9,2 pousan e 1/3 nan envestisman
piblik yo te finanse apati resét Leta.
Alåske kenbe estabilite kad makwo-ekonomik la se yon premye nesesite, ekzekisyon
pwogram kapitalizasyon, espesyalman teleko, elektrisite, dio, pò ak aweropò, ta dwe bay
envestisman prive bon jan bourad pou rive fè l sòti nan nivo feb 3 pousan PIB kote li ye koulyé a.
Kontwol leta sou sèvis sa yo ak lòt sévis lakéz devlopman sektè prive a deraye epi tout vin lakåz
abitan (varyab sa a ranplase lajan ki rantre pa abitan) e yo pran k6m ipotéz yon ogmantasyon 2 pousan popilasyon an
ak yon menm distribisyon lajan ki rantre. Sa ta vie di yon ogmantasyon richés 3 rive 5 pousan pou peyi a.
19 Ranfsman kwasans sa a pa t dire lontan paske gouvénman an te entévni chak jou pi plis, menm si li p at fè
I anf6s, nan enpoze politik nan domn finans ak komés ki te bride sekté prive a epi ki p at ankouraje ekspòtasyon.
18
gwo kalite kou ekonomik ak sosyal sou popilasyon an paske antrepriz piblik yo te mal jere e yo
pa rive bay bon sévis. Privatizasyon sekté sa yo ta fé ekonomi a vin plis pwodiktif. Se ta yon siy
tou ki montre aklå angajman Gouvénman an nan redefini wòl Leta a ak nan modénize ekonomi a.
19
3
SEKTE PIBLIK AK BATAY KONT LAMIZE
Retou gouvènman sivil la sou pouvwa te reprezante yon lôt chans pou ekonomi peyi
dayiti. Gouvènman an te tabli yon pwogram ijans pou remete ekonomi a kanpe, li te peye tout sa
li te dwe ajans entènasyonal ak peyi etranje yo ki kon ap bay li bourad lajan , e li te tanmen refôm
ki te nesesè nan zafè politik ekonomik peyi a. Li te elimine sibvansyon pou achte gaz, anile tout
kontwa salè anplwaye sèktè piblik la te siyen ak gouvènman militè a, aboli taks ladwan sou
enpòtasyon, fè tarif enpòtasyon pase nan kategori 4 a 19 pousan, elimine limit yo te fikse sou to
enterè yo, e te komanse privatize antrepriz piblik yo.
Malgre tout pwomès li te pote, bèl komansman sa a te vin frennen sèk byen vit ak
demisyon Premye Minis Smarth nan mwa jen 1997. Kriz politik ki chita na peyi a depi lè sa a,
vin konpromèt sipô èd peyi lôt bô dlo yo, lakòz gwo reta nan ekzekisyon refôm sektè piblik la,
lakòz tou privatizasyon an deraye, epi tou dekouraje envestisman sektè prive, e pou fini lakòz
relans ekonomik la bwè lwil.
Yon pwogram pou elimine lamizè an Ayiti ta dwe kòmanse pa mete kanpe tout
kondisyon ki pou asire yon kwasans ekonomik dirab ki pap kanpe nan rout. Pou sa posib, fòk
enstitisyon ranfòse pou vin pi djanm, e fòk peyi a rive jwenn tou ak estabilite politik li. Sa se pi
gwo pwojè ki ta ka bay pèp ayisyen pi gwo to rantabilite sosyal. San estabilite politik ak respè
lalwa, pap ka gen kwasans ekonomik, lè fini san kwasans ekonomik, lamizè a ap kontinie
ogmante pi plis. Dezyèm kondisyon alabaz ki pou reyalize tou, fôk yo ranfòse estabilite makwo-
ekonomik la epi diminye tout kalite distôsyon pou ankouraje envestisman sektè prive epi tou
ogmante pwodiktivite an. Twazyèm kondisyon alabaz se amelyore kalite depans piblik
Gouvènman an ak depans pou amelyore fòmasyon moun kòm resous.
Men pou leve defi sa yo, Gouvènman pa genyen anpil mwayen ak resous, administrasyon
piblik la pa djanm ase pou 1 byen sèvi ak ti mwayen limite sa yo Leta gen nan men 1. Ositou li vin
parèt pi enpòtant ankô pou gade reyalite a anfas, pou wè kisa Leta ayisyen ka fè ak kisa ki depase
fòs li, epitou redefini wòl leta nan sosyete a. Fôk yo retounen egzaminen tout sipô asistans
entènasyonal la nan peyi Dayiti. Kominote entènasyonal la bay anpil lajan, men an menm tan èd
sa a mete anpil presyon tou sou yon sektè piblik ki deja gen twop pou li. Le nou konsidere divès
kalite fòm jan èd la bay, divès kalite kontepati ki resevwa 1, ladan nou jwenn yon sektè ONG ki
djam e byen òganize, komposisyon èd sa a (pifò landan 1 pa sèvi pou sipôte balans peman ki se
dèt peyi a genyen pou sa li enpòte), epitou mank amonizasyon ki ekziste ant pwogram enstitisyon
k ap bay èd la ak pwogram pa gouvènman an, tout bagay sa yo fin pa mete yon chay pwa senkant
ki lou anpil pou kapasite sektè piblik la ki deja limite nan zafè administre ak kowòdonen valè
limite resous ki disponib yo.
Ki sa ki pou fèt pou Gouvènman an ta vin pi efikas
Gouvènman peyi Dayiti manke mwayen e li gen plizyè gwo defi pou 1 kontre pou rive
met peyi a sou rail devlopman. Lè yo gade kesksyon yo sou baz tankou kantite revni taks Leta
rantre pa rapò a PIB a, oswa pousantaj depans Gouvènman pa rapô a menm PIB a, li parèt a klè
ke kapasite Gouvènman peyi Dayiti limite ampil nan zafè bay sèvis menm sa ki pi de baz yo.
TABLO 3.1. CHIF EKONOMIK KEK PEYI KIGEN NIVO REVNI Kl BA
NAN AMERIK LATIN AK NAN KARAYIB LA
PIB pa An pourcentaj PIB a Kwasans Resèt leta
abitan Envèstisman Resèt leta anyel PIB pa abitan
. ($EU) 1990-95 (dola EU)
Ayiti 250 8,0 8,0 -6,5 20
Nikaragua 380 18,3 21,3 1,1 81
Ondiras 600 23,2 18,0 3,5 108
Bolivi 800 15,5 23,0 3,8 184
Guatemala 1.340 17,6 9,0 4,0 121
Ekwaté 1.390 19,7 18,7 3,4 260
Republik
dominikén 1.460 20,5 14,8 3,9 216
Sous: Rapò sou devlopman nan lemonn, Bank Mondyal, 1997.
Tablo 3.1 a tabli konparezon ant sitiyasyon peyi Dayiti ak pa lòt peyi Amerik latin nan.
Avék apepré 20 dola ameriken pa abitan (pou yon lane), resèt lajan Leta ayisyen koresponn pou
sélman 25 pousan pa peyi Nikaragua --ki se youn nan peyi ki pi pòv nan zòn la-- e apepré 11
pousan pa peyi Ekwaté. Sou baz pousantaj PIB a, resét lajan Leta konte pou lamwatye pa peyi
Ondiras. Pi piti depans pou ki ta fét pou pémét popilasyon rive jween yon sévis sante minimòm t
ap koute apepré 12 dola ameriken pa abitan pa lane. Nan total, sa ta represante an gwo 5 pousan
PIB a.
Redefini wòl Leta. Apre yon pakét lane kote yo pat pran ka 1, sekté piblik peyi Dayiti
retrouve 1 féb anpil jounen jodi a: anplwaye yo pa gen ni motivasyon ni mwayen pou yo travay;
estrikti ki la yo pa apiye yon ekonomi modén ki louvri sou vann byen ak sévis, kapasite pou
planifikasyon ak fkapasite pou planifikasyon ak pou prepare yon bidjé fèb anpil, epitou objektif
yo mal defini. Feblès ak mankman sa yo antrave Leta nan bay popilasyon an sévis debaz, nan
ekzekite pwojé ki resevwa éd yo, epi kenbe lapé ak lajistis. Nan reflechi pou mete kanpe yon
pwogram reföm, li ta itil pou gade 2 leson nou aprann nan eksperyans lòt peyi: bezwen pou fé
koresponn wòl Leta ak mezi mwayen 1gen nan men 1, e nan kék sekté ki chwazi yo, nesesite pou
ogmante kapasite Leta, nan remete kanpe oswsa nan modènize enstitisyon piblik yo (Bank
mondyal 1997).
Nan ka peyi Dayiti, Leta pa gen anpil mwayen, kidonk, fòk yo ta byen egzamine kijan ak
nan ki sektè li ta dwe entévni. Ak mwayen limite sa yo e pou aksyon Leta a ta va gen pi plis
resilta, li vin pi enpòtant pou byen konsantre sou gwosé ak rannamn aktivite sa yo. Domén kote
entèvansyon Gouvènman an esansyel se nan asire lòd piblik ak estabilite ekonomik, nan fé
respekte dwa genyen pou posede byen, nan tabli réglemanté pou kék sekté, epi nan kreye yon
estrikti ki ta la pou bay pi plis ak pi bon swen sante primé ak edikasyon, ankouraje envestisman
epi antretni enfraestrikti yo. Sa pa gen twòp sans pou Leta ayisyen ap kontinye entévni nan
pwodiksyon elektrisite oswa nan telekominikasyon alöske 1i pa menm ka rive met lòd ni fé
lajistis mache ni fe respete dwa pwopriyete.
Modénizasyon Leta a ap pèmét enstitisyon yo byen ranpli wòl ki pi fondamantal yo yon
fason pi efikas. Sa ki sipoze, yon pratik nan zafé planifikasyon politik ak estrateji, tabli nöm,
21
kontwòl kalite, kowodinasyon ak swivi aktivite yo, evalyasyon pèfòmans, epi fòmasyon pésonèl.
Sa ki rantre anba labanyé modènizasyon tou se ranfòsman wòl sektè prive a nan bay sévis epi
asirans ke sosyete sivil la ap patisipe nèt al kole nan planifikasyon ak nan priz desisyon pou sekté
yo. Fòk yo ta anvizaje privatizasyon sèvis ki pi enpòtan nan enfraestrikti debaz tankou dlo ak
asenisman, elektrisite, e menm lasante ak ledikasyon, tankou yon mwayen pou fe yo mache pi
byen an menm tan tou y ap diminye chay administratif ki chita sou zepél Leta.
Sitiyasyon peyi Dayiti espesyal paske se sèl kote w jwenn yon pakèt ONG ak enstitisyon
èd entènasyonal k ap entèvni nan bay byen ak sèvis piblik. Yon prensip alabaz nan tout
kosepsyon entévansyon Leta nan lavni ta dwe pou toujou resiste tantasyon ranplase pou met Leta
kote prive ap bay bon jan sévis piblik. Gouvénman an ak sekté prive a, yo chak genyen pwòp
aktivite pa yo ki konplemanté, e li nesesé pou defini bon jan modalite tou nèf e ki pou fasilite
kolaborasyon sa a.
Amelyore kalite envestisman piblik yo. Gouvènman an ak gwoup enstitisyon ki bay éd
yo fé yon gwo jefò pou mete kanpe yon pwogram envestisman nan sektè piblik la e ki te resevwa
yon bourad nan bidjé a ansanm ak yon gwo asistans teknik pou ranfése enstitisyon debaz yo.
Lajan ki te dekese sot nan enstitisyon enténasyonal yo te rive nan valé 415 milyon dola ameriken
pou lane fiskal 1996 ak 388 milyon dola ameriken pou lane fiskal 1997. Pou de lane sa yo,
pwogram envestisman ki finanse pa enstitisyon lòt bò dlo yo te debloke 217 milyon dola
ameriken epi 193 milyon, valè ki se apepré 7 pousan PIB a. Met sou sa, nan lane 1997, pwogram
envestisman Gouvènman ayisyen an te mete kanpe ak pwòp lajan pa 1 te rive mezi valé 34
milyon dola ameriken, sa ki rive koresponn a yon envestisman total apepré 227 milyon dola
ameriken, (apepré 8 pousan PIB a), youn nan pi gwo total envestisman ki jaun fet.
Malgre enpòtans envestisman sa a, kwasans pa ane PIB a pou 2 dénye lane yo te sélman
rete nan zòn anviron 1 pousan. Sitiyasyon sa péte a reflechi sou de gwo keksyon. Pou komanse,
sou ki mezi fòs tout bon vre yon pwogram envestisman piblik de pa li menm sél ka genyen, l I
rive nan 8 pousan PIB a --sa ki se yon valè ki wo anpil kelkelanswa estanda enténasyonal ki
konsidere--, e ke li ta dwe fé kwasans la pi wo e pi djanm. Anapre, ak envestisman sektè prive a
ki diminye sa ki lakòz pa gen kwasans, li vin parèt plis a klé ankò ke pwogram envestisman
piblik jounen jodi a pa an korespondans ak anvironman makwo-ekonomik global peyi a, e ke
petét li ta merite rvwa a la bés. Pou di pi senp, ekonomi peyi trouve I nan yon sityasyon jounen
jodi a kote I pap kabap jwenn ase lajan pou I peye menm pou depans nòmal (tankou antretyen) ki
ap gen pou fèt an rapò ak envestisman tou néf sa yo e ki pral bezwen bezwen antretyen nan yon
tan ki pa two long.
Jan nou wè 1, envestisman piblik yo te genyen mwens enpak toujou pase sa yo te prevwa,
petèt sa gen pou wè: (i) ak gwo reta yo pran pou ekzekite pwojé enfrastrikti kle yo, yo pa t rive
mete sou kontròl degradasyon pwogresif kapital enfrastrikti nasyonal ki pa sispan diminye chak
jou paske yo pa antretni yo, sa ki genyen petét kòm konsekans final yon ti ogmantasyon
minimém (si tout lè fwa te genyen) nan prosesis fòmasyon kapital sa a; epi (ii) yon gwo valè nan
envestisman piblik sa yo toujou kontinye ale nan aktivite ki pa rapote anpil tankou antrepriz
piblik ki pa mache byen ki pa genyen oswa ki genyen yon enpak ki frb anpil sou kwasans
ekonomik peyi a.
22
Malgre difikilte sa yo, gen rezon toujou pou moun genyen yon ti lespwa menm si se ak
anpil pridans. Genyen yon pwogram envestisman piblik ki chita plis sou refe rout, enfrastrikti
debaz ak sou anviwonman, e ki se yon bon baz. Alòske gen pwogram edikasyon, lasante, ak
planing yap mete kanpe an menm tan ak sekté prive a, si yo rive ekzekite pwogram nou site pi
wo yo yon fason pi rapid, sa ta kapab ede mete kante kapital enfrastrikti nasyonal ki nesesè pou
sipote yon kwasans ekonomik anyel ki ta nan zòn apepré 4 oswa 5 pousan yo. Sepandan sa ap
mande pou plis konsantrasyon sou mwens pwojè ki gen gwo priyorite. Malerezman, kriz politik
la vin anpeche yon bon jan amelyorasyon nan kapasite Ministé Planifikasyon ak Finans, ministé
sa yo te sipoze travay sou yon anpil nan kalite pwoblém sa yo. Bidjé lane fiskal 1998 la pat rive
pare, e travay pou prepare yon pwogram envestisman sou twa lane pou sekté piblik nan bi pou
reyalize objektif Gouvénman an te bay tét Ii (tankou nan dénye Dokiman sou Kad Politik) ki se
kwasans dirab ki pap kanpe nan rout ak batay kont lamizé te pran gwo reta tou.
Modénizasyon sekté piblik la. Modénizasyon, espesyalman modénizasyon Ministé
Finans ak Planifikasyon, ta kapab ede planifye politik yo epi byen kanalise lajan ki pou pwogram
envestisman sekté piblik la. Peyi ki genyen sekté piblik efikas geyen pou mak fabrik yon gwo
kapasite santral pou fòmile politik makwo-ekonomik ak estrategik. Peyi sa yo genyen tou bon jan
estrikti pou delege responsabilite, disiplin ak politik pou favorize diskisyon ant òganizasyon ki
nan gouvénman, epitou relasyon enstitisyonél ak akté ki pa nan gouvénman an. Jan nou ka wé 1
nan tablo 3.1 an, modénizasyon régleman DGI ak ladwan ta kapab amelyore kapasite leta pou 1
ranmase lòt taks yon fason pou 1 ta rive kreye yon epay lajan nasyonal pou asire yon tranzisyon
pazapa pou rive nan yon pwogram envestisman li mete kanpe ak pwòp lajan 1.
Lòt travay ki genyen pou fét anapre, se mete kanpe enstitisyon ki kapab bay sèvis nan tout
peyi a, lavil tankou nan zòn andeyò yo tou. Aktivite pou fé fòmasyon pou ogmante kapacite
kolektivite teritorial yon fason pou rive desantralize anpil na fonksyon yo, pou travay ak
oganizasyon lokal ki eksiste sou plas e ki ap chèche konséve pi gwo kat datou sosyete a genyen
nan men 1 --ki se kapital sosyal li--, tout sa nou sòt di la yo ap sévi pou reyalize objektif yon bon
gouvénans.
Kowodonasyon jefö enstitisyon éd yo ak ONG yo
Bourad enstitisyon finansman yo bay peyi dayiti wo anpil. Lajan éd anyel ki dekese pou
bay peyi a bourad te monte aprepré 20 pousan PIB a nan lane 1997. Pi fò nan éd sa a pase pa
pwogram envestisman sekté piblik la ak yon gwo patisipasyon ONG nasyonal oswa enténasyonal
nan bay sévis. Sa pa na abitid pou wé enpòtans patisipasyon anpil enstitisyon sektè prive konsa
nan ekzekisyon aktivite ki te toujou sou kont Leta. Malgre nou jwenn kék feblés nan sekté sa a,
patisipasyon li esansyel pou fe an sòt ke tout moun nan peyi rive a jwenn sévis debaz. Malgre
gwo kontribisyon enstitisyon ki bay lajan yo ansanm ak ONG yo fé ki an Ayiti, move kalite
kowodinasyon ant enstitisyon sa yo ak Gouvénman an te antrave anpil efikasite travay yo.
Enstitisyon ki bay èd yo. Anviwon 20 gwo enstitisyon ki bay éd lajan ap travay an Ayiti.
Yo chak genyen gwo kantite balans lajan ki pa dekese, anpil fwa yo retrouve yo san atann ap
travay nan menm sekté e sou menm pwojé, epi plisyé fwa yo genyen objektif ki ale nan menm
sans. Asistans sila jwenn rout Ii nan pwogram envestisman sekté piblik la, oswa sipö lajan pou
peye dét peyi a fe pou enpòte pwodui 1bezwen, asistans imanité, oswa nan bay sekirite dirékman.
Nan lane 1997, yo te konte 269 pwogram diferan nan domén asistans teknik ak envestisman ki te
23
jwenn sipò lajan nan men enstitisyon enténasyonal bilateral oswa miltilateral: 43 te nan domén
zafè jesyon piblik, 39 nan lagrikilti, 31 nan ledikasyon, 29 nan dio, asenisman, amenajman
teritwa ak 27 nan lasante. Ladan yo, 110 pwogram te angaje valé total ki te monte mwens pase 2
milyon dola ameriken.
Pakét entitisyon ki bay éd yo ak pakét pwogram ki genyen nan préske tout sekté yo, vin
konplike alafwa jefò Gouvénman ak jefò enstitisyon sa yo pou asire yon kowòdinasyon nan nivo
planifikasyon ak ekzekisyon aksyon yo, yon sityasyon ki kontribye pou anpil nan move resiltat
jefò envestisman yo. Malgre ke nan kék sekté enstitisyon éd yo te rive fòme kék gwoup travay ki
ta dwe pémét bay pi bon rezilta, gwoup sa yo pat twò aktif depi koumansman dénye kriz politik
jen 1997 la. Malgre chak enstitisyon éd sa yo gen pou respekte manda entitisyonel li, yon apròch
plis fokalize pou éd sa yo pou rive travay pito nan youn oswa 2 sekté non enstitisyon 1, li toujou
fè jefò pou rapousuiv, yon jefò ta dwe fét bò kote chak enstitisyon ki bay lajan pou yo plis chita
sou éd la, sétadi pou yo travay pito sou youn oswa 2 sekté ta pémét diminye enpòtans pwoblém
kowòdinasyon ak difikilte pou jwenn bon jan rezilta ak pi bon dirabilite nan pwojé yo.
Nòmalizasyon pwosedi yo menm ak piplis boukantay enfòmasyon apati konsiltasyon pi regilye
ta ka pémét pwojé yo bay pi bon rannman.
Sekté ONG yo. Wòl enpòtan ONG yo jwe nan bay sévis prensipal eksplkasyon 1 nan
nesesite ki vin parét a lokazyon divés kriz ekonomik ak politik peyi a travése dénye lane sa yo,
epitou anbago a te vin ranfòse wòl sa a. Menmsi ONG yo bay éd, fé lacharite ak asire sèvis
sosyal depi nan lane 50 yo, entévansyon yo vin ogmante anpil pandan 20 dénye lane yo. Pandan
kriz 1992-94 la, dapre estimasyon yo, ONG yo bay 100 milyon dola ameriken kòm asistans
ofisyél pou devlopman. Tandans sa a rapouswiv, espesyalman nan sekté lasante, ledikasyon, dlo
potab ak asenisman, epi tou nan sekté konstriksyon ak remete kanpe sou pye ti enfrastrikti lokal.
Nan anpil zòn riral andeyò ki izole, Gouvénman ayisyen an pa gen mwayen pou 1 rive bay
sévis la. Kidonk, ONG yo te pran responsablite reponn a bezwen popilasyon an. Yo gen anpil
sévis tou pou malere ki nan vil yo. Nan domén lasante, ONG yo bay 50 pousan sévis swen primé
ak tretman. Nan zafé ledikasyon, ONG yo ak enstitisyon sekté prive ki travay sou baz pap fé
lajan jere préske 80 pousan tout lekòl primé ak sekondé. Nan sekté d1o ak asenisman, preskeý tout
entévansyon yo finanse atravé ONG yo.
An Ayiti, tout ONG yo pa genyen menm gwosé, yo pa òganize menm jan, ni yo pa genyen
menm mwayen ak menm kapasite (wé dokiman teknik 8). Kalite sévis yo varye anpil tou akòz
pwoblém kapasite enstitisyonél ak teknik, enstitisyon k ap fè merun travay, epi mezi lajan yo
resevwa k ap bese. Toutfwa, an gwo nou gen prév ke yon mas kritik gwò, mwayén ak piti nan
òganizasyon sa yo genyen yon pi bon dosye ak rezilta pase la pase la mwayénn, e ki anpatan ka
absòbe plis lajan ke yo ka itlize ak plis efikasite e bay pi bon sévis si yo te rive jwenn plis
asistans teknik ak fòmasyon. Diferans ant aktivite yo, kantite enstitisyon k ap fé menm travay yo
te ka bese si se òganizasyon ki nan alatét yo rive jwe yon wòl pi enpòtan nan kowodonen aktivite
sa yo. Oganizasyon alatét yo ta kapab ede ONG yo nan bay manm yo pi bon jan enfòmasyon, epi
nan kowodone aktivite tankou fòmasyon teknik, jesyon ak ranmase lajan ki pou fét pou anpil
moun.
Pi devan, si pou yo ogmante kantite ak kalite sévis y ap bay yo, sa ap mande pou yo
ranfòse tout kapasite enstitisyonél ak teknik sekté piblik la ak ONG yo. Sa ap mande tou pou yo
24
entegre pi byen sévis ONG yo nan estrateji sekté yo tankou nan plan edikasyon nasyonal ak
lasante. Li nesesé to pou genyen rapò pi fòmél ant sekté piblik la, enstitisyon k ap bay lajan yo ak
ONG yo nan pi bon jan kolaborasyon ak modalite travay ki tabli sou baz kontra.
25
4
ENVESTI NAN RESOUS MOUN
An plis yon anviwonman politik ki ta ankouraje yon bon jan distribisyon efikas resous yo,
envestisman nan resous moun se yon bagay esansyel pou elimine lamizè. Envestisman nan
edikasyon, lasante ak eta nitrisyonel popilasyon an mete popilasyon nan pi kondisyon pou 1
travay ak bay pi bon rannman, li fè kondisyon lavi yo vin miyò e li ogmante revni pa abitan an.
Amelyorasyon sistèm dlo potab, eliminasyon fatra moun pwodwi ak lôt fatra epi kreyasyon yon
sistèm drenaj pou dlo lapli ak dlo sal ap ede diminye gwo pwoblèm sanitè yo epi tou amelyore
kondisyon lasante ak rannman.
Pi gwo defi Leta ayisyen tou nèf la genyen pou leve, se mete ogmante mezi valè resous ki
pou ale nan bay sèvis sosyal, epi mete kanpe yon kad regleman ki la pou travay ak ONG ki sou
teren nan ansanm ak sektè prive pou anfinal ogmante kantite ak kalite sèvis yo. Chapit sila a
abode pwoblèm espesifik chak sektè ta bezwen rezoud pou amelyore kantite ak kalite sèvis yo e
pou fè yo mache pi byen.
Edikasyon
Kantite ak kalite sèvis edikasyon yo ba anpil. Mwens pase lamwatye popilasyon an pa kôn
ni li ni ekri, epi se 63 pousan sèlman timoun ki genyen soti 6 pou rive 12 lane ki enskri lekòl.
Nan zòn andeyò yo, chif la pi ba toujou, li se 23 pousan. Nan nivo lekòl segondè yo, pousantaj
brit timoun ki enskri sitye a 22 pousan ak 55 posan total tout etidyan lekòl segondè yo ki trouve
yo rete nan zòn Potoprens. Lè nou konpare chif sa yo ak pa lôt peyi Amerik Latin ak nan Karayib
la, nou wè ke to mwayen pa yo pou moun ki pa kon li se 15 pousan, epi pousantaj brit
enskripsyon pou primè ak segondè (elèv ki pi gran pase laj yo dwe genyen pou klas la) estime a
107 epi 52 pousan.
Estrikti ak distibisyon ekitab. Se sektè prive a ki bay pi fò sèvis edikasyon. Jounen
jodya, lekòl prive konte pou anviron 75 pousan elèv ki enskri nan primè ak 82 pousan nan sa ki
enskri nan segondè. Chif sa yo wo paske depi lontan leta pa preske fè anyen pou sektè sa a e kòm
konsekans, sa te favorize anpil ONG ansanm ak sektè prive a patisipe nan ledikasyon peyi a.
Genyen gwo diferans nan kalite sèvis edikasyon yo. Yon ti gwoup lekòl prive lelit nan tèt
lis la bay pi bon kalite ensèyman, nan mitan w jwenn lekòl piblik yo epi pi fô lekòl prive yo anba
nèt. 10 pousan sèlman nan lekôl prive an Ayiti genyen yon lisans pou fe lekòl primè, 1/3 sèlman
kapab fè lekòl segondè. 2/3 lekòl prive yo se lekòl pè, frè ak mè, kote pi fò ladan yo plase sou
sipèvizyon FONHEP ki se Fondasyon Ayisyen Ansèyman Prive. FONHEP ki nan peyi a depi
lane 80 yo, ede kanalize resous lajan ki sòti lôt bô dlo, li asire fòmasyon pou mèt yo epi li bay
mèb pou lekòl yo ak materyèl pedagojik.
Se sektè prive a ki bay lajan pou pi fô depans ki fèt pou ledikasyon. Nan lane 1995-96,
depans sektè prive te fè nan sèvis ledikasyon te rive 12,5 pousan PIB a, alòske depans piblik yo
te rive anviwon 2,5 pousan. Depans sektè prive kouvri enskripsyon, frè ekolaj ak ekzamen,
inifòm, liv lekòl, manje ak lôt founiti (gade Rodd, 1997).
Depans piblik yo fé pou ledikasyon montre yo panche pou bay lekòl ki nan vil yo plis
avantaj. Nan total 2,5 pousan PIB Gouvénman an depanse pou ledikasyon, 20 pousan sélman ale
nan zòn andeyò yo kote 70 pousan popilasyon an ap viv. Depans dirék ki fèt anmwayén pou chak
elév chanje anpil selon zòn nan epi kategori lekòl yo. Sa montre tout moun pa gen menm chans
pou resevwa ledikasyon. Nan ane 1993, depans dirék pa ane pa elév te 68 goud nan pwovens epi
256 goud nan vil yo (gade tablo 4.1 ak 4.2). Menmsi lekòl piblik yo sipoze gratis, lè mezi lajan
bidjé ministé a bay jis kont pou peye pwofesé yo sélman, pou lòt depans yo, anpil fwa direkté a
mande paran yo peye yon kontribisyon.
TABLO 4.1. DEPANS DIREK POU LEKOL PA ANE PA ELEV, PA KATEGORI LEKOL
(an goud, 1993)
Lekål katofik Lekòl pwotestan Lekål lavik
Provens
Atibonit 75 83 125
Sant 43 41 55
Grandans 56 59 53
Nå 170 89 Ill
Nòdès 67 64 105
Nòdwès 76 86 129
lwés 226 191 341
Sid 76 79 75
Sidès 49 64 74
Total 108 100 167
Sous: FONHEP 1994
TABLO 4.2. EKA ANT ANDEYO-LAVIL NAN DEPANS DIREK PA ANE PA ELEV
(an goud, 1993)
Zòn Depans chak lane pou
chak elév
Andey6 68
Bidonvil ki nan vil yo 213
Vil yo 256
Mwayén nasyonal 128
Sous: FONHEP 1994
Kalite sévis yo ak efikasite. Fòmasyon yo bay nan lekòl peyi Dayiti yo féb anpil. Yon
endikaté sou move kalite edikasyon sa a chita sou nivo efikasite alentén lekòl primé ak segondé
ki ba anpil e ki gen kòm konsekans yon gwo pousantaj elév ki pi gran pase laj elév klas la sipoze
genyen. Sou 100 elév ki rantre nan premye ane, se 43 sélman k ap rive nan senkyém ane, epi 29
sélman ap rive nan sizyém ane (Ministé ledikasyon, 1995: 29-31). Sou 1000 timoun ki rantre nan
premye ane premye sik, 38 sélman fini lekòl segondé. Gen anviwon 12 pousan timoun ki double
nan chak klas epi 10 a 15 pousan ki kite lekòl nan nivo chak klas. Mwatye elév primé pi gran
pase laj elév klas la sipoze genyen. Sou 100 elév, gen 89 ladan yo ki nan senkyém ane, kote elév
yo genyen anrmwayén 15,3 lane pa rapò a laj yo ta sipoze genyen ki se 1I lane.
27
Sa ki lakòz move kalite sa a se pakét pwofesé ki pa kalifye epi ki pa enterese nan sa y ap
fé, pa gen liv, pa gen kowodinasyon nan preparasyon pwogram lekòl yo ak materyél pedagojik
yo, epi pa genyen bon jan enstalasyon. Yon ekzamen sou lang franse yo te bay pa gen twò lontan
montre 1/3 profesé lekòl primè pa kòn kijan pou yo klase mo pa òd alfabetik2 Sou 100 pwofesé,
genyen 80 ki yo pat kòn sévi ak fòm pasiv an franse. Sou 1200 pwofesé yo, se 41 (3.5 pousan) ki
te kapab fé operasyon aritmetik debaz pwogram 4éme ane an (chif ministé ledikasyon). Lé nou
jwenn otan pwofesé ki si mal prepare, nou pa sezi wé sou 100 elév, gen mwens pase 20 ki pase
nan bakaloreya nan mwajen 1996. Bagay enpòtan ki pa genyen tankou materyél pedagojik limite
tou kapasite pou moun aprann lekò1.
Kesyon sou estrateji. Leta ayisyen genyen kòm defi pou 1 ogmante kantite ak kalite
anseyman fondamantal la. Men lè yo ogmante kantite resous sekté piblik la pou ledikasyon, sa pa
vle di pou yo ogmante kantite sévis piblik ledikasyon. A byen kalkile, lè nou konsidere
entévansyon remakab sekté prive a nan ledikasyon, itilizasyon bon, bourad prete lajan ak transfé
direk bay fanmi ki pòv yo ta kapab yon mekanis ak anpil pisans pou ogmante kantite ak kalite
sévis edikasyon yo. Gouvénman an ta kapab konsantre jefå 1 sou planifikasyon sekté a, sou tabli
objektif pou pi bon jan kalite, bay fòmasyon, ankouraje kolaborasyon ak ONG yo nan sévis y ap
bay, epi siveye pou wé si sévis yo rive nan zòn ki lwen yo. Pi bon jan kalite sévis pa vle di
poutan pou yo ta tabli yon seri nòm minimòm ke sél yon ti ponyen lekò1 sélman ki deja eksiste ta
dwe respekte. An reyalite, fòk yo ta aksepte diferans ki genyen nan kalite sèvis yo tankou yon
bagay ki deja tabli, e yo dwe dirije jefò yo pou eseye ameliore kalite pòsyon ki anba nan tablo a
nan met kanpe yon sistèm ensitasyon ak ankourajman ki byen kalkile.
Lasante ak nitrisyon
Kondisyon lasante an Ayiti pami sa ki pi move nan emisfé oksidantal la. Konsekans
negatif move kondisyon lasante, move eta nitisyonel ak gwo pousantaj timoun ki ckak fanm fé
bay anpil kè kase sitou konsénan timounyo ak fanm ki gen laj pou fé pitit. Lòt tét chaje pou sekté
piblik la genyen pou wé ak gwo chaj maladi atrapan nan kontak ak yon moun ki malad deja oswa
maladi yo pran nan jém mikwéb tankou palidis, tibékilòz ak SIDA epi maladi moun trape nan fé
séks.
Alòske tradisyonélman kondisyon lasante an Ayiti pat janm bon pa rapò a nåm isyel yo,
sitiyasyon a vin angrave akòz pwoblém politik epi kriz ekonomik anbago a pwovoke. Pa ekzanp,
ant lane 1990 al pou 1993, akòz sanksyon ekonomik yo te mete sou peyi yo, posantaj lanmò
timoun ak tibebe na tete te ogmante nan mezi apepré 32 pousan nan zòn Mayisad (Havard School
of Public Health 1993). Yon lòt etid montre pousantaj timoun ki klase kòm timoun ki gen gwo
pwoblém malnitrisyon pase soti nan 2 pousan anvan koudeta pou I rive 16 pousan pandan period
anbago a (Nutrition Center 1995). Defi sekté lasante gen pou leve jodya se rive fé kantite ak
kalite sévis yo vin miyo.
Lasante ak eta nitrisyonel. Lasante ak eta nitrisyonel timoun pat janm bon anpil an Ayiti
jan w ka wél nan gwo pousantaj timoun ki mouri. Malgre yon gwo amelyorasyon nan kantite
tibebe ki mouri ant 1977-92, pousantaj timoun ak laj yon lane ki mouri anvan yo rive gen 5 lane
20 Se ministé ledikasyon ki te pare ekzamen sa a yo te bay yon echantiyon 1200 pwofesé lek6l
prive ak piblik,
nan mwa mås 1996.
28
ogmante depi fen lane 80 yo. Sa ki prensipal lakòz lanmé timoun laj soti I an pou rive 5 lane se
dyare (37 pousan), malnitrisyon (32 pousan), enfeksyon respiratwa egi (25 pousan).
Ogmantasyon to lanmò timoun piti sa a gen pou wé ak dénye deteryorasyon ekonomi a ak
anviwonman an, epitou ak sitiyasyon nitrisyonel frajil pi fò fanmi yo, sitou nan peryòd ki swiv
koudeta a. Lòt pwoblém malouk tankou gwo pousantaj timoun ki fet ak prezans malnitrisyon te
deja diskite nan premye chapit la.
Aksé, zòn ki kouvri ak kalite sévis lasante yo. Yon aksè ki limite, yon move kouvéti ak
yon kalite sèvis ki pa kòm sa dwa se mak fabrik sistèm swen lasante nan peyi Dayiti. Se sélman
lamwatye popilasyon an ki rive jwenn sévis lasante, jan sa parét a klè nan pousantaj kouvéti sévis
yo ki féb anpil. Menmsi pousantaj timoun ki pran vaksen ogmante nan dénye lane sa yo, li rete
youn nan pousantaj ki pi féb sou laté, ak anviron 25 pousan timoun ki vaksinen. An jeneral,
kalite sévis yo pa bon, sitou nan sant sante piblik yo. Enfraestrikti fizik la kraze, epi mank
medikaman esansyèl, ekipman ak materyél anpeche yo bay sèvis. An gwo, depans total yo pa ase,
e yo mal sèvi ak ti valè resous ki disponib yo. Jan sant sante yo ak moun ki fòme ansanm ak
materyél yo distribye nan kat kwen peyi a montre yo favorize moun nan vil yo, menm lè
kondisyon lasante anmwayèn pi mal nan zén andeyò yo pase nan vil yo.
Lé yo kalkile sa sektè piblik la ansanm ak sekté prive a depanse nan lasante, total tout
lajan sa yo monte apepré 150 milyon dola ameriken, sa vle di 21 dola ameriken pa abitan. Nan
peyi afriken ki na pati sid dezé Saara a, depans lasante pa abitan monte 38 dola ameriken epi ann
Amerik Latin se 202 dola ameriken ki depanse. Depans sa yo ba e sitiyasyon an vin angrave akòz
feblés ki séti nan andedan sistém lan menm: apò yo pa souvan an korespondans epitou yon move
balans nan konbinen sévis ak bezwen lasante.
Lét pwoblém sekté lasante gen pou wé ak régleman yo ki pa adapte e ki anpeche yo
planifye yon fason ki òganize pou abòde beswen esansyel popilasyon an, oswa ak mank
kowodinasyon nan aktivite ki resevwa lajan nan men enstitisyon éd yo e ki genyen kòm resiltat
repetisyon ak gaspiyaj.
Kesyon estratejik. Defi Leta ayisyen gen pou leve se ogmante kantite epi amelyore kalite
sévis swen sante primé yo au mwayen : (i) redirije resous lòt pwogram sante nan sante primé, (ii)
tabli mekanis don kontepati pou ankouraje lakomin ak ONG bay sévis nan nivo lokal yo; epi (iii)
ranfòse wòl reglemanté Gouvénman an genyen. Nan dokiman teknik 5 la, yo diskite kék
rekomandasyon sa yo an detay.
Dio ak asenisman
Rive jwenn dlo potab --yon fakté detéminan alabaz maladi moun trape nan move jém
mikwob-rete difisil anpil menm diminye pandan dénye lane yo soti nan valè; dapre kék
estimasyon, 60 pousan pou moun ki te viv lavil nan lane 1985, pou rive piba ke 30 posan pou
period 1990-95 la. Nan ka moun ki nan pwovens yo, pousantaj 30 pousan nan lane 1985 rive
bese nan mwens pase 25 posan nan menm period la. Sa ki ta prensipal lakòz sitiyasyon sa a, se ke
sanble mouvman migrasyon yo kouri pran douvan envestisman yo. Tan ak sa sa koute pou rive
jwenn dlo a fin pa vin wo anpil, avek de konsekans direk sou prodiktivite popilasyon an. Se
sélman nan vil ki pi enpòtan yo nou jwenn sistém asenisman dio sal, e yon bon kantite moun nan
popilasyon an pa gen latrin. An jeneral latrin sa yo sévi twòp moun alafwa e yo mal antretni.
29
Latrin ki pa genyen ase a lakòz kontaminasyon dlo potab ak maladi ki vin ak sa. Sitiyasyon sa a
se yon menas tou pou lasante popilasyon an.
Distribisyon sèvis yo. Sèvis piblik ki bay dlo, fe asenisman epi elimine fatra genyen yon
estrikti ofisyèl epi ki konsantre yon grenn kote. Yo pa bay ase sèvis e ke ou pa ka fe konfyans.
Nan katye pôv yo, yo pa preske bay sèvis sa yo. Tankou nan sèktè lasante ak edikasyon,
enstitisyon ki bay lajan yo ak ONG yo te fè yon pakèt pwojè pou ranje sitiyasyon sa a. Gwoup yo
kolabore ant yo e ak otorite piblik yo pou bay lajan, planifye, fe envestisman tou nèf nan sektè a
oswa fè yon sèl antretyen enstalasyon yo. Tankou pou lôt sektè yo, envestiman ki fèt nan pwojè
yo gen tandans fè pas pouki sou kote yo tabli sèvis yo, kalite travay ak sèvis espesifik ki mete
kanpe, epi sou nivo kalite sèvis yo bay la tou. An jeneral, pwojè yo ekzekite san yo pa menm
genyen yon plan global ak tout objektif e priyorite oswa prensip ki adopte pou rejyon, sektè a
oswa kominote yap desèvi a. Promotè projè sa yo bay lajan a an jeneral sou fòm yon don pou yon
bout tan san pa sousye mete kanpe yon mekanis pou ranmase kòb ki ka kouvri depans operasyon
pwojè a. Resilta a se ke pwojè sa yo pa ka dire lontan. De plis an plis jounen jodia, se sitiyasyon
ki kòmanse chanje. Nan kèk ka, ONG yo ekzekite kalite pwojè sa yo ki resevwa yon pati don
men yo ekzije tou yon kontrbisyon nan men popilasyon ki benefisiye sèvis sa yo.
Estrikti jiridik. Yon lôt pwoblèm w jwenn ankò nan sektè se kesyon estrikti jiridik la ki
chita sitou sou enstitisyon santral yo pou pran desizyon ki gen pou wè ak planifikasyon,
envestisman, eksplwatasyon ak antretyen nan nivo lokal. Se oganis gouvènman santral yo ki
deside ki sa ki pou pwodui, kote pou yo pwodui e konbyen pou yo peye pwodwi a (oswa sèvis
la). Menmsi lameri yo responsab ranmase fatra (epi otorize fè asenisman debaz), yo pa genyen
resous pou envesti, yo pa genyen ase bidgè pou travay e yo pa otorize touche ni jere kòb izaje yo
oswa taks lokal yo pran pou avantaj yo bay.
Kesyon estratejik. Pou pi devan, defi a se desantralize sèvis yo epi refôme estrikti jiridik
ki la a pou pèmèt gouvènman lokal yo fè izaje yo peye yon redevans oswa pou yo ranmase taks
lokal ki pou kouvri avantaj sèvis dlo yo resevwa.
30
5
TRANSFE AK ESTRIKTI PROTEKSYON SOSYAL
An plis yon kad makwo-ekonomik ki ankouraje kwasans ekonomik ak envestiman pou
amelyore kalite lavi, yon estrateji pou batay kont lamizé kapab genyen ladan I tou entévansyon ki
byen kalkile byen kalibre ak transfé revni lajan pou moun ki pi pòv anpil yo.
Apre retou demokrasi a nan lane 1994, kominote enténasyonal la vin ogmante jefò yo pou
ede Gouvénman ayisyen an nan pwogram ijans Leta mete sou pye pou transfé revni ak
proteksyon sosyal pou fasilite lavi moun. Pou rezoud pwoblém ki te kreye deske moun yo te rete
lontan san yo pa touche e san yo pa te gen travay ansanm ak gwo deteryorasyon enfraestrikti
debaz la, pwogram sa yo an jeneral, te eseye kreye djob, remete kanpe enfraestrikti ekonomi ak
enfrastrikti sosyal yo, ranfòse enstitisyon ak òganizasyon ki nan peyi a nan nivo lokal owsa nan
nivo kominote yo epi distribye éd alimanté dijans (wé dokiman teknik 7). Kék pwoblém kle ki
mare ak ekzekisyon pwogram sa yo diskite nan paj ki anapre yo.
Pwogram pou kreye djob ak revni lajan, repare enfraestrikti ak ranfòse enstitisyon yo.
Pwojé pou kreye djob ak revni lajan. Depi 1994, yo te konsevwa epi ekzekite omwens
10 pwojé ijans pou kreye travay. Pandan peryòd 1994-97, apepré 300 milyon dola ameriken te ale
nan kalte pwogram sa yo. Pifò ladan yo te konsantre sitou sou kreyasyon djob pa lentémedyè
kalite travay ki mande anpil moun. Pwogram sa yo te rive kreye apepré I milyon moun-mwa
djob pandan yon ti bout tan pou travayé ki pa genyen oswa ki genyen jis yon ti kras kalifikasyon;
pwogram sa yo te rive benefisye apepré 3 milyon moun, ki se saviron 42 pousan popilasyon peyi
Dayiti-" Kòm pi fé moun yo te bay travay yo te anplwaye lòt kote anvan, li te pi difisil pou
konnen ekzakteman ki rezilta net djòb ki te rive kreye tout bon ak kòb enstitisyon enténasyonal
yo te bay. Salé anplwaye yo te touche pa jou te chanje pandan period 40 mwa ekzekisyon
pwogram sa yo, soti 1,30 dola ameriken pou rive 2,40 dola ameriken. Sa vle di yon ogmantasyon
salè minimòm ofisyèl moun touche pa jou ki te pase a 36 goud nan mwa me 1995 ($2.40
ameriken). Sa reprezante apepré 48 dola ameriken pa moun pa mwa. An mwayén, 20 pousan
anviwon djob yo te te lae nan men fanm yo. Fanm yo t ap travay piplis nan aktivite tankou bwote
dlò ak materyo konstriksyon, pafwa yo te fe djob sipèvizé epi yo te fé lòt travay tou.
Moun ki te jwenn travay yo te rapòte an apre ke ak lajan yo te rive fé a yo te sévi ak li pou
achte manje, pou peye lekòl timoun, pou fé reparasyon nan kay yo, achte bét, komanse yon ti
komés oswa peye dét yo te genyen. Nan kék ka kote òganizasyon kominoté yo djanm, lajan yo
rive sere nan kòb yo te touche nan travay HIMO yo (travay ki fét ak anpil moun) te pémét gwoup
yo komanse kék ti pwojé kominoté tankou konstriksyon yon lekò1 kominoté (nan Goyavier/St
Mak). Men, ti tan travay yo fè a la te kout, e li pa rive amelyore sitiyasyon yo anpil, nan kék ka
kondisyon lavi te vin miyo men jis pou yon ti bout tan sélman. Nan pi fò ka yo, lajan djob sa yo
ta ka rapòte te plis pase lòt job ki te gen nan zòn nan akòz revni yo ki en jeneral ba anpil. Men,
kèk moun pose keksyon ke pwojé kreye djòb sa yo ta lakòz pwodiksyon lagrikilti a bese paske
kiltivaté yo te gen pou ale travay lwen té yo. Lòt keksyon séten mon pose tou gen pou wé ak gwo
21 Chif sa a baze sou ipotèz yon travayè nan chak fanmi te travay an mwayèn 2 mwa e pwogram nan te touche kék 500
mil fanmi (ki genyen an mwayèn 6 moun) e ki te resevwa anviwon 72 dola ameriken (anviwon 50 pousan PIB a pou andeyó pa
abitan).
kôb pwogram sa yo te rive peye travayè yo (pa rapô a sa yo touche enjeneral nan travay latè) e ki
non sèlman ta dwe fe ogmante depans lajan pou amplwaye yon travayè agrikol nan zôn riral sa yo
men tou sa te vin bay pwoblèm nan abitid travay gratis moun yo te kôn fè pou aktivite
devlopman kominotè a Ion tèm.
TABLO 5.1. DJOB AK REVNI Ki KREYE, DEPI 1996
Lajanyo bay Moun-mwa Total salè ki peye
(milyon SEU) (milyon SEU)
Pwogram Prevwa Angaye oswa %
garanti
JOBS 32,4 492.500 505.570 103 21,7
PCE 50,0 487.000 472.000 97 24,3
HIMO 14,2 n.d. 25.600 - 1,5
PRECJ 3,6 13.636 13.779 101 0,8
FUREC 3,6 36.364 19.623 54 1,1
Total 103,8 1.029.500 1.036.572 101 49,4
-: pa disponib
a. Estimasyon
Sous : Dokiman ak divès rapô avansman ak evalyasyon sou jan pwogram yo ap mache.
Posyon lajan ki te ale nan salè nan pwogram kreyasyon djob yo te an mwayèn 55 pousan
total depans yo, 30 pousan te ale nan achte materyo konstriksyon ak ekipman epi 15 pousan nan
depans administratif. Pami pwojè sa yo, PRECJ ak HIMO te depanse 30 pousan omwen nan salè.
Pwojè repare enfraestrikti. Pwojè enfraestrikti yo te repare yon pakèt enfraestrikti
sosyal, prodiktif ak ekonomik (gade dokiman teknik 7). Pwojè sa yo te travay nan repare wout,
nan konstriksyon ak reparasyon lekòl, sant sante ak systèm dlo potab ak asenisman, pwotekyon
yon ban basen vèsan ak pant môn ki deteryore anpil ansanm ak reparasyon kanal irigasyon.
Travay sa yo te pemèt kiltivatè yo fè prodilsyon yo rive nan mache, yo te fasilite moun jwenn
sèvis debaz epi yo te rive fè rekipere apepre 60 mil ekta tè jaden ak reparasyon ti sistèm
irigasyon.
Anpil fwa nan ekzekisyon kèk pwojè sa yo, gwo presyon te mete sou nesesite pou aji
prese prese san pou otan yo pa t toujou oblije swiv yon plan global reyabilitasyon. Kidonk, se yon
ti tan sèlman yo te pase nan mete kanpe bon jan patisipasyon ak entèvansyon kominote ak ototite
lokal benefisyè yo oswa pou asire bon jan jesyon ak antretyen enfrastrikti yo apre fin pwojè a. An
plis, kalite teknik kèk nan travay pat toujou twò bon, sa ki vin limite pi plis dirabilite enfraestiikt;
sa yo ki te jwen reparasyon.
Pwojè devlopman enstitisyonèl ak asistans teknik. Enpôtans yo te mete sou zafe
ranfòse kapasite enstitisyonèl chita sou gwo wòl kapasite sa a genyen pou pwojè yo ka dire
lontan. Sa te rive fèt nan bay pakèt oganizasyon kominotè, ONG ak otorite lokal yo fòlnasyon
sou kijan pou yo jere, epi administre kalte pwojè sa yo. Nan pwojè gouvènans kominal (PGK), pa
ekzanp, api enstitisyonèl yo te bay moun ki pase nan eleksyon yo ak lidè lokal yo te mennen
kreyasyon 25 komite pou amelyore kominote a ki jounen jodya a ap reyini pou diskite ki sa ki
priyorite pou yo nan kesyon devlopman kominotè.
32
Poutan, an jeneral, demach ki te fet pou devlope enstitisyon yo pat bay rezilta yo t ap tann
yo akòz presyon ki te fet pou yo ekzekite pwogram yo touswit prese prese. Kalte presyon sa a vin
fé ke pat genyen ase tan ki te pase nan travay ranfòsman enstitisyonèl ki mande anpil jefò.
Kidonk, pwosesis pou chache wé ki pwojé ki pou fèt epi tabli lis priyorite yo montre ke pa fwa
pwojé sa yo te fét dapre sa ajans ekzekisyon yo te pito oswa sa gwoup kominoté ki gen gwo
enflyans yo pi te pito.
Pwojé yo te chache tou pou amelyore limaj ak jan yo pésevwa Leta epi tou pou ede bay
enstitisyon demokratik tou néf yo plis kredibilite ak jarét. Yon pakét gouvénman lokal te patisipe
nan ekzekisyon aktivite yo a divés nivo (oswa kòm ajans ekzekisyon oswa kòm benefisyè). Men
deske se gwo ONG moun plis konnen ki te anpil fwa jere pwogram yo, epi lè moun wé ke gwo
ajans teknik Gouvénman an tankou Ministé Travo Piblik, Transpo ak Kominikasyon oswa
Ministè Lagrikilti, Resous Natirél ak Devlopman Riral pat preske patisipe nan ekzekite pwojé sa
yo, tout sa te vin fé ke wòl Gouvénman pa te resòti byen a klé jan li ta dwé. Yon lòt kote,
pwogram sa yo ki pote envestisman nan lokalite yo vin ogmante konkirans epi pwovoke yon
batay pou pataj pouvwa nan pami otorite lokal yo (magistra ak kazék) ak otorite rejyonal yo
(senaté ak depite) e ki pa toujou genyen menm enteré politik oswa ki pa ale nan menm sans. Anvi
Palman pou li patisipe pi plis nan jesyon detay ak planifikasyon teknik kalite pwogram sa yo,
mete avék dénye difikilte pou jwenn apwobasyon Palman pou kalite pwojé sa yo vin parét tankou
yon lòt kontrent an plis ki ta fét pou byen konsidere nan planifikasyon pwogram enfraestrikti ki
gen ladan yo envestisman pou nivo lokal.
Distribisyon soupwojé yo. Menmsi pa genyen anpil enfòmasyon, sanble soupwojé yo
byen kalibre pou rive jwen pov yo. Men kijan soupwojé yo te distribye nan tout depatman peyi a:
Lwés ak Latibonit te jwenn plis soupwojé, epi Nodés ak Sidés te genyen mwens pwojé. Pa
abitan, Nodés ak Sant vini an tét, alòske nò ak Lwés dénye. Nan kantite dola pa abitan pou
soupwojé yo, se Nodés ak Sant ki genyen plis, alòske nò ak grandans genyen mwens (gade tablo
5.2).
TABLO 5.2. DISTRIBISYON PWOJE YO PA DEPATMAN
Kantite pwojè pa Depanspa
Kantite moun pa Total moun (milye) tét ($EU)
Depatman departman soupwojé
1.Latibonit 1.013.779 516 0,51 25,4
2. Sant 490.79 374 0,77 28,7
3. Grandans 641.399 337 0,53 21,2
4. Nå 759.318 218 0,29 16,7
5. Nådés 248.764 223 0,90 29,3
6. Nòdwés 420.971 157 0,37 22,6
7. Lwés 2.494.862 884 0,35 25,2
8. Sid 653.398 381 0,60 25,1
9. Sidès 457.013 205 0,45 27,8
Total 7.180.294 3,355 0,47 25,5
Sous: Dokiman Teknik 7.
Konsiderasyon sou kesyon lajan ak tan. Lajan ki dekese nan pwogram ijans yo (JOBS,
PCCE, CGP) te rive reyalize mezi 70-75 pousan objektif yo, avék yon mwayén lajan ki dekese
chak mwa ki ale jiska 6.5 milyon dola ameriken. Nan ka pwojé ki konséne reparasyon
33
enfraestrikti, tankou PRH/EU, nivo lajan ki rive dekese yo te pi ba anpil, nan zòn 30-40 pousan.
Depans fonksyonman yo te nomal anviwon 8-10 pousan, sof pou CGP kote 1te 20-25 pousan.
Ki leson nou aprann. Leson nou aprann nan eksperyans peyi Dayiyi ak lôt peyi te fè
anvan vin montre ke, pou popilasyon an pwofite pi plis de pwogram sa yo e pou yo genyen yon
enpak ki p ap rete nan wout sou zafè bese lamizè, fòk konsepsyon ak ekzekisyon pwojè yo
makonnen ak enpak yo sou devlopman a Ion tèm. Menmsi pwojè ki chita sou travo piblik ki
mande fèt ak anpil moun e ki fèt tou pou repare enfraestrikti byen adapte pou diminye lamizè nan
yon tan ki plis ou mwens kout, lè a petèt rive pou peyi a soti nan faz asistans ijans e pou 1 pase
nan yon apwòch a lontèm ki ta konsantre sou ogmantasyon pwodiktivite, reparasyon enfraestrikti
avèk pi plis planifikasyon nan zafè operasyon, antretyen ak plis patisipasyon benefisyè yo, epi
kreyasyon posiblite bon jan kalite travay ki dire plis tan.
Epi tou, popilasyon ki pwofite de pwojè yo ak otorite lokal yo ta dwe patisipe nan tout faz
pwojè a, soti nan idantifikasyon, tabli ak chwasi priorite nan ki sa ki plis bezwen, ekzekisyon,
oswa nan jesyon ak antretyen pwojè a lè i fini. Ranfòsman kapasite gouvènman lokal yo ak
benefisyè yo ta dwe antre nan rond depi nan premye faz konsepsyon ak planifikasyon pwojè a.
Pou sa rive fèt, fò tou kowòdinasyon nan pami Govènman santral ak otorite lokal ta jwenn bon
jan ameliorasyon tou.
Asistans alimantè
Popilasyon peyi Dayiti pa manje ase ditou tout sa yon moun dwe manje e sa gen gwo
konsekans ki rive lwen anpil sou timoun yo, sou fanm ansent oswa k ap bay tete. Gen apeprè 1/3
timoun ki genyen mwens pase senk lane k ap soufri malnitrisyon kwonik, timoun ki frape pi plis
yo, se sa ki genyen ant 12 alk pou 24 mwa. Malnitrisyon grav (sa yon moun nan peze pa rapô a
wotè 1), yon chif ki mezire mankman nitrisyonel te estime dènyeman nan apeprè 8 pousan. Sa ki
vle di ke kondisyon yo ap vin pi malouk chak jou, sa vle di tou ke se yon pwoblèm ki dwe
konsène tout peyi a. Lè nou konpare chif sa yo ak pa lòt peyi, valè pousantaj malnitrisyon kwonik
se 2 pousan nan peyi Dominikani, 3 pousan nan peyi Ondiras, epi 6 pousan nan peyi Guatemala
(UNICEF 1996). Maladi anemi ki gen kòz li nan moun ki pa pran ase fè frape ant 35 a 40 pousan
fanm ansanm ak 40 a 50 pousan timoun nan tout peyi a ki gen laj pou yo ale nan jaden danfan.
Diferans nou jwenn ant divès rejyon nan peyi a frape latansyon anpil; se nan depatman Nô ak
Nòdwès ak nan katye pòv ki nan bidonvil yo w jwenn pi gwô pousantaj moun kap soufri
malnitrisyon. Defisit nitisyonel yo gen konsekans nan tout nivo --rannman pi feb, gwo difikilte
pou aprann epi ranman envestisman ki fèt nan pwogram sosyal, espesyalman nan ledikasyon pa
bay gwo rezilta.
Asistans kominote entènasyonal la. Pou elimine pwoblèm lamizè ak malnitrisyon, anpil
nan entitisyon ki bay èd yo te pote yon asistans imanitè sou fôm manje. Pandan period 1993-95,
ajans ameriken pou devlopman entènasyonal (USAID) te kontribye an mwayèn pou 68 pousan
total bourad peyi a resevwa sou fôm manje, Inyon Peyi Lewôp yo te bay 19 pousan nan èd sa a, e
Pwogram Alimantè Mondyal, peyi Lafrans ak Kanada te bay yo chak apeprè 4 a 5 pousan. Nan
lane 1995, kalite manje yo te bay pi plis se ble, farin, pwa ak diri. Apeprè 30 pousan èd manje sa
monetarize (sètadi te van pou rantre lajan nan kès Leta), rès la te distribiye sou yon baz imanitè.
Nan lane 1995, dapre estimasyon yo, èd sou fôm manje te touche dirèkteman 1.3 milyon moun,
sa vle di 16 pousan popilasyon peyi Dayiyi (USAID 1995). Chif sa a reprezante petèt yon nivo
34
maksimòm ki pa ka al pi wo, paske USAID gen kòm objektif rive diminye kantite moun ki
resevwa èd sou fòm manje pou 1fè i rive nan zôn 375.000 nan lane 2000.
Gen kat kategori pwogram ki distribye manje: lasante manman ak timoun, kantin nan
lekòl, boukantaj manje pou travay, epi divè asistans jeneral. Pwogram èd alimantè ki resevwa
lajan nan men USAID ak Ynyon Peyi Lewòp yo kanalize pa lentèmedyè yon bann ONG. Pifò
èd alimantè peyi Lafrans te bay te sou fòm manje ki pou van nan mache ak nivo pri ki pi ba pase
pri nan nan zòn ki genyen pwoblèm manje yo. Lajan lavant sa a te sèvi pou finanse ti pwojè
enfraestrikti. Danre alimantè ki pa monetize yo te distribye atravè pwogram kantin lekòl yo (se
Aksyon Kont Grangou ki jere 2 pwogram sa yo). Ed alimantè peyi Kanada te monetize tou (pwa
ak lwil) yon fason pou moun achte danre lokal ki plis koresponn a sa ayisyen manje. Anapre,
danre sa yo vin distribye nan pwogram kantin eskolè pa Sant Kanadyen pou Etid Entènasyonal ak
Kowoperasyon (CECI). Pou sa fet, Sant la siyen kontra ak kiltivatè ayisyen yo pou yo plante
kont sereyal, pou anpeche pwodiksyon ak pri lokal yo pa bese.
Anjeneral tout moun dakô distribisyon danre alimantè ak lôt jefó asistans ki fèt nan
period lane 1991-95 pou ede popilasyon an te pote yon gwo soulajman nan konsekans malouk
anbago a. Men an Ayiti, plizyè pwoblèm marye ak keksyon èd alimantè a: (i) gwò pousantaj
ayisyen ki rete depan pandan lontan sou rasyon manje èd alimantè yo resevwa pou viv ka vin
kreye yon fenomèn depandans ki ka vin antrave motivasyon fanmi sa yo nan pwodiksyon agrikòl;
(i) konsènan èd ki bay sou fòm manje ki pa vann yo, èd sa a administre pa de desizyon
biwokratik olye pou 1ta kanalize sou baz pri nan mache ki plis reflete kondisyon lòf ak demand e
ka rive debalanse kondisyon mache a; (iii) yo pa fin analize nèt tout konsekans èd alimantè sa a
kapab genyen sou pwodiksyon agrikol lokal a, menm si li ka fè pri manje bese; e pou fini (iv) lè
pri manje vin desann twò ba, sa ka lakòz kiltivatè lokal yo mwens anvi envesti plis nan lagrikilti.
Ki leson nou aprann . Lè nou konsidere lamizè se toujou yon gwò pwoblèm jounen
joudya, èd ki bay pi bon rannman se sa yo bay fanmi ki pòv anpil yo, ki bay nan objektif ki byen
klè e byen kalkile, epi tou pandan yon tan ki limite - nan entèval de rekòt pa ekzanp. Fòmil èd
alimantè sou fòm manje ki pou van nan mache ak tout lôt keksyon ki gen pou wè ak peye tou
kalite taks (ladwann, etc.) se yon bon mwayen pou diminye debalansman nan mache pwodwi
alimantè lokal a. Kèk rekòmandasyon espesifik ki te bay diskite en detay nan dokiman teknik 3.
22 Cooperative for Assistance Relief Everywhere, Catholic Relief Service, ak Adventist Development Relief
Agency pou USAID ak Biwo Nitrisyon ak Devlopman pou Inyon Peyi Lewóp yo.
35
ANEKS I
Kl SA Kl DETEMINE PEFOMANS KWASANS NAN PEYI
DAYITI
Lé yo konpare pousantaj kwasans revni pa abitan peyi Dayiti ak pa lòt peyi nan zòn nan
oswa ki nan lòt zòn sou laté, nou ka wé ki sa ki alabaz move péfòmans ekonomik peyi a. Analiz
la chita sou 2 pwopozisyon ki te rive jwenn anpil sipò nan etid esperimantal yo te fé pandan
dénye lane sa yo. Dapre premye pwopozisyon an, lé nou konsidere anpatan yon nivo revni pa
abitan, to kwasans revni pa abitan an ap pi wo si nivo edikasyon alabaz la pi wo, si pousantaj fé
timoun la pi féb, si genyen mwens debalansman nan anvirònman politik nasyonal la, et si respé
lalwa ak bon jan gouvénans pi djanm. Nan dezyém pwopozisyon an, si ou pati alabaz sou nivo
edikasyon, kantite timoun ki fét pa fanm epi anvirònman politik la, to kwasans revni pa abitan an
ap dotan pi wo ke nivo revni pa abitan a anpatan pi ba.
Nou ka jwenn rezilta etid sa a an detay nan Tablo 1.1.21 Mwatye ki anba nan tablo a bay
estimasyon sou pòsyon kontribisyon kapital resous moun yo anpatan, pousantaj fé timoun pa
fanm, debalansman nan zafé politik alentén yo, ak fòs lalwa ak demokrasi sou to kwasans revni
pa abitan sou 3 peryòd diferan." Estimasyon sa yo pémét nou konprann ki kalite chanjman politik
ki dwe fét nan peyi a pou ogmante revni pa abitan ak pou diminye lamizé. Pa ekzanp, (i) si
tigason yo ale lekòl pandan apepré yon ane anplis, kwasans ekonomik pa abitan an t ap ogmante
de apepré 1.3 pousan, (ii) si pousantaj kantite timoun ki fét te ka vin 1.1 pousan pi ba, kwasans
ekonomik pa abitan an t ap ogmante de anviron 1.1 pousan, (iii) si depans piblik yo vin I pousan
pi ba nan PIB a, kwasans ekonomik pa abitan an t ap ogmante de 0.8 pousan, (iv) si amelioarsyon
nan zafé lòd piblik monte I pwen pi wo --pa rapò a nivo I ye koulyé a pou I pase nan yon lòt nivo
na yon sistèm ki gen 7 nivo sòti I pou rive 7-kwasans ekonomik pa abitan an ap vini 0.5 pousan
pi wo, e (v) si chif sou demokrasi yo monte I pwen --pa rapò a jan li ye koulyé a pa rapò ta yon
sistém ki ale sòti nan I rive 7-kwasans ekonomik pa tèt abitan a t ap ogmante nan mezi 0,5
pousan pa rapò ta PIB a.
Mwatye anlé nan tablo a montre kijan modél la rive byen esplike pousantaj ogmantasyon
kwasans revni pa abitan an Ayiti, e kijan kwasans ekonomik la t ap diferan si Ayiti te adopte
politik ki sanble ak ak sa lòt peyi yo. Dezyém kolòn nan montre to kwasans revni an Ayiti jounen
jodya, e de lòt kolòn yo montre to kwasans revni pa abitan jan modél la prevwa pou peryod ki te
chwazi yo. Konparezon a montre aklè jan modél la rive byen esplike kwasans pa abitan an nan de
23 Modél la sévi ak renséyman Barro te bay o komansman (1991 ak 1997) pou estime ki sa ki alabaz kwasans
revni pa abitan. Estimasyon yo bay nan mwatye pati ki anba tablo a chita sou analiz estatistik yon gwoup peyi.
Pousantaj kwasans yo prevwa yo såti de izaj chif yo estime ak valè veritab varyab endepandan yo pou chak
souperyod. Chif yo sévi nan etid la te revize pa rapò a chif orijinal Summers ak Heston te prepare (1991). Chwa
sous-peryod yo te chita sitou sou chif nou te rive jwenn yo.
24 Analiz la chita sou rezilta estatistik sou de premye peryòd yo - premye de kolòn yo nan mwatye ki anba
nan tablo a. Estimasyon pwen yo chita sou mwayèn estimasyon pousantaj yo pou peryòd sa yo.
premye peryòd yo: pa gen two gwo diferans ant to kwasans ki fét tout bon vre ak sa modél la
prevwa pou peryòd 1965-75 ak 1975-85. Men modél la pa rive byen prevwa kwasans revni pa
abitan pou peryòd 1985-90. Nan ka sa a, to kwasans reyél la pa abitan te -1,7 pousan, e to
kwasans modél la prevwa a te 1.4 pousan. Diferans la montre gen kék fakté ki esansyél pou
esplike péfòmans reyèl kwasans la pandan peryåd sa a ki pat rive pran an kont nan modél la. De
faktè enpòtan ki pa la nan espesifikasyon modél la se feblés gouvénans la ak sitiyasyon politik
enstab pandan peryåd tranzisyon ant diktati rejim divalye yo ak demokrasi ki la koulyé a.
Kolòn 5 pou rive 7 yo montre konparezon ant peyi yo. Pa ekzanp, si kondisyon debaz peyi
Dayiti yo te menm ak pa Dominikani yo, revni pa abitan ta va ogmante nan mezi 0.2 pousan pa
an nan lane 1965-75 olye jan 1 diminye nan mezi 0,6 pousan. Menm revni pa abitan sa a ta va
ogmante nan propòsyon 2,5 pousan nan lane 1975-85 olye 0,8 pousan sèlman e li ta va rive pito
nan mezi 3.5 pousan nan lane 1985-90 olye I diminye nan propòsyon 1,7 pousan jan sa fét. Menm
jan an , si peyi Dayiti te genyen tou menm kondisyon debaz ak mwayèn peyi Amerik Latin ak
Karayib yo, revni pa ayisyen ta va ogmante nan propòsyon 1,6 pousan pa an nan lane 1965-75,
4,3 pousan nan lane 1975-85, ak 3,4 pousan nan lane 1985-90.
37
Tablo I.1. To kwasans veritab peyi a pa abitan, 1965-90
(pousantaj)
Estimasyon yon seri chifak pousantajyo estime 1965-75 1975-85 1985-90
Pousantaj kwasans pa abitan
Tout bon daprejan Summers ak Heston mezire il (1991) -0,59 0,78 -1,70
Estimasyon sou baz variab leta ayisyena -0,38 -0,29 1,35
Estimasyon ak lekól,kantite tan w ka viv, pousantaj timoun ki fét, demokrasi ak
respè lalwa nan peyi silayo
Kosta Rika 2,00 5,33 4,12
Republik dominkèn 0,18 2,47 3,47
Mwayén Amérique latine ak Karaybe san konte St Kitts ak Nevis epitou Belize 1,60 4,27 3,35
Koefisyan yo estime
Konstant -0,03568 0,150483 0,493987
Log (PIB) -0,047679 -0,08863 -0,088759
Pousantaj ti gason ki ale lekol 0,008225 0,018173 0,008919
Dire tan moun ka ivi 0,1261 0,100474 -0,07498
Log (PIB)*gason -0,022583 -0,033715 -0,009411
Log (pousantaj fé timoun)) -0,0153 -0,065274 -0,119526
Koefisyan kons. piblik -0,104687 -0,038028 -0,239226
Endis respè lalwa 0,004662 0,005707 0,006828
Termes de I'échange 0,120481 0,180564 -0,030847
Endis demokrasi 0,002682 0,00056 0,009145
Endis demokrasi caré 0,0000977 0,00027 -0,001004
To enflasyon -0,030301 -0,013017 -0,00209
a. Chanjman nan kondisyon komés ak lòt peyi yo pa t integre pou 1965-75 ak 1975-85 men sélman pou 1985-90.
b. Men lis peyi Amerik latin ak Karayib yo: Ajantin, Baamas, Babad, Bolivi, Brezil, Chili, Kolonbi, Kosta Rika,
Dominik, Ekwaté, Grenad, Guatemala, Giyan, Ayiti, Ondiras, Jamayik, Meksik, Panama, Paraguay, Perou, Repiblik-
dominikén, Sent Lisi, Sen Vensan, Salvador, Sirinam, Trinite, Iriguay, ak Venezuela.
38
MAP RECTlIO
긱 「