Full Document Text
Extracted text from the original document for search indexing.
MALADI LARAJ
OKTÒB 2016
GRAHN-Monn ak CIFAS-MSPP prepare modil sa a avèk kolaborasyon Doktè Ernst NOEL,
pwofesè Fakilte Medsin ak Famasi (FMP-UEH), gras a yon sibvansyon OIF (òganizasyon
entènasyonal frankofoni).
Radyo edikatif MENFP a fè pwodiksyon odyovizyèl la.
Madam Ruth DERIVOIS ak Doktè Frederic BARAU DEJEAN prepare dokiman pedagojik la.
Moun ki mete dokiman franse a an kreyòl : TRADPART.
Dènye revizyon dokiman an se Doktè Frédéric BARAU DEJEAN.
2
Modil maladi laraj
Sa ki nan modil la
Entwodiksyon ................................................................................................................................................ 5
Jan modil la òganize ...................................................................................................................................... 8
Ki piblik ki ka enterese ................................................................................................................................... 8
Deskripsyon modil la ..................................................................................................................................... 8
Konpetans jeneral ..................................................................................................................................... 8
Konpetans an patikilye yo ......................................................................................................................... 9
Sa ki gen nan modil la .................................................................................................................................... 9
Konpetans # 1: Rive konprann sa maladi laraj la ye .................................................................................... 10
Aktivite aprantisay : Sekans 1.1 .............................................................................................................. 10
Sekans 1.1: Sa maladi laraj la ye .............................................................................................................. 10
Viris maladi laraj la .................................................................................................................. 10
Aktivite aprantisay : Sekans 1.2 .............................................................................................................. 11
Sekans 1.2: Sentòm laraj ......................................................................................................................... 11
Jan viris la kòmanse devlope .................................................................................................. 12
Siy ki anonse maladi laraj ........................................................................................................ 12
Lè maladi a enstale : faz anflamasyon sèvo a ......................................................................... 12
Aktivite aprantisay : Sekans 1.3 .............................................................................................................. 14
Sekans 1.3: Kote maladi laraj la soti ........................................................................................................ 14
1° - Laraj bèt nan bwa (laraj sovaj) ......................................................................................... 14
2° - Laraj bèt nan kay .............................................................................................................. 15
3° - Maladi laraj nan lemonn .................................................................................................. 15
Aktivite aprantisay : Sekans 1.4 .............................................................................................................. 18
Sekans 1.4: Kòman maladi a devlope ...................................................................................................... 18
Pou kòmanse : viris la miltipliye kote bèt malad la mòde moun nan .................................... 18
Apre sa : tout viris yo pran direksyon sèvo a pou anvayi l ...................................................... 18
Pou fini, viris la gaye nan tout kò a soti nan sèvo a ................................................................ 18
Jan moun pran maladi a .......................................................................................................... 19
3
Konpetans # 2 : Detaye egzamen laboratwa yo rekòmande yo.................................................................. 22
Aktivite aprantisay : Sekans 2.1 .............................................................................................................. 22
Sekans 2.1: Egzamen laboratwa .............................................................................................................. 22
Echantiyon sou bèt ................................................................................................................. 22
Echantiyon yo pran sou moun ................................................................................................ 23
Konpetans # 3 : Esplike jan yo trete maladi raj ........................................................................................... 24
Aktivite aprantisay : Sekans 3.1 .............................................................................................................. 24
Sekans 3.1: Tretman maladi laraj ............................................................................................................ 24
Ki sa ki dwe fèt lè bèt mòde yon moun... ............................................................................... 24
Èske fòk yon tretman fèt kont laraj ?...................................................................................... 25
Konpetans # 4: Edike popilasyon an sou jan vaksinasyon enpòtan pou anpeche moun gen maladi laraj . 27
Aktivite aprantisay : Sekans 4.1............................................................................................................... 27
Sekans 4.1: Vaksinasyon pou fè prevansyon kont maladi laraj............................................................... 27
Ki lè yo ka fè vaksinasyon kòm prevansyon kont maladi laraj (“avan espozisyon”) .............. 27
Ki jan sa fèt .............................................................................................................................. 27
Konpetans # 5 : Enterese moun yo sou konpòtman pou yo genyen lè yo .................................................. 28
nan yon ka yo sispèk li kapab se yon ka laraj .............................................................................................. 28
Aktivite aprantisay : Sekans 5.1 .............................................................................................................. 28
Sekans 5.1: Konpòtman pratik lè ou sispèk yon moun gen maladi laraj ................................................. 28
Oryantasyon pou popilasyon an sou fason pou yo swaye moun bèt mòde .......................... 28
Ki sa nou aprann nan modil sa a ? ............................................................................................................... 32
ENFÒMASYON KI PI ENPÒTAN YO ............................................................................................................... 32
4
5
Entwodiksyon
Nan egzekisyon politik nasyonal sante a, ak plan oryantasyon sante a, pou zafè Resous Imèn,
Ministè Sante a te chwazi :
1. pou mete fòmasyon pou diferan kategori pwofesyonèl lasante ak pwofesyonèl
paramedikal la yo nan yon lòt nivo pi wo,
2. pou asire pèsonèl yo ap jwenn bon fòmasyon detan yo nan travay yo.
«Devlopman lasante nan tout peyi a pa p ka reyisi si chak sitwayen pa rekonèt wòl lasante nan
pwòp devlopman pa li epi si yo pa chwazi fason ak konpòtman ki nesesè pou yo vin an sante epi
pou yo kenbe tèt yo an sante.»
Se pou sa, pwomosyon pou lasante vin prezante kòm yon priyorite nan politik nasyonal lasante
a, yon fason pou bon kalite enfòmasyon rive jwenn plizyè gwoup ki konsène yo dirèkteman, sou
ki bon konpòtman ki ka ede tout moun rete an sante, epi pou yo itilize sèvis yo pi byen nan lite
kont maladi.
Direksyon sant enfòmasyon ak fòmasyon nan administrasyon lasante (CIFAS) ki nan Ministè
sante piblik ak popilasyon (MSPP) an, mete tèt ansanm ak GRAHN (Gwoup refleksyon ak aksyon
pou yon Ayiti tou nèf), ak RENACER (Rezo nasyonal sant resous), pou li ka benefisye espètiz yo
ak teknoloji yo nan misyon li ki se bay enfòmasyon epi òganize fòmasyon, pou li ka prepare
materyèl ansèyman ak aprantisay ki va disponib sou entènèt, sou sit wèb MSPP a
(http://www.mspp.gouv.ht), e ki va itil pou fòmasyon a distans (FAD) ak edikasyon sou lasante.
Objektif nou :
kore fòmasyon pou jèn pwofesyonèl nou yo ki ap travay sitou nan zòn pwovens ;
fè edikasyon sou lasante avèk sansibilizasyon popilasyon an yon mannyè pou fè
prevansyon maladi ak pwomosyon lasante.
«Koleksyon CIFAS» sa a ap ogmante firanmezi ak divès lòt modil sou lòt pwoblèm sante piblik ak
kontribisyon ni espè nasyonal, ni espè entènasyonal MSPP rekonèt.
Direksyon CIFAS ap remèsye chak grenn asosyasyon pwofesyonèl nasyonal li te kontakte yo pou
kontribisyon pa yo nan domèn espètiz pa yo.
Pòtoprens, Ayiti, 30 sektanm 2016
Doktè Frédéric BARAU DEJEAN
Direktè CIFAS/MSPP
6
GRAHN-Monn se yon òganizasyon mondyal ki genyen sitwayen
vijilan, toupatou sou latè, ki vle kontribye, apati yon aksyon reflechi,
pou yo rezoud pwoblèm Ayiti. GRAHN-Monn se yon òganizasyon ki
louvri pou tout moun san eksepsyon. Li santre aksyon li sou
konstriksyon yon Ayiti tou nèf. GRAHN-Monn chita sou dwa moun,
pataj, solidarite, ledikasyon, respè pou anviwonnman an ak
devouman san limit pou byennèt tout moun.
Objektif òganizasyon entènasyonal Frankofoni an se kolabore nan
amelyore nivo lavi popilasyon yo nan ede yo fè pwòp devlòpman pa
yo. Li bay tout peyi ki manm li yo konkou nan preparare ak nan
ranfòse politik yo, epi li fè yon seri entèvansyon nan politik
entènasyonal ak koperasyon ant plizyè peyi, selon 4 gwo misyon li yo
ki te deside nan gran reyinyon Frankofoni a.
Radyo edikativ kreye 6 desanm 1972. Pi gwo objektif li te bay tèt li se
patisipe nan amelyore kalite ansèyman an. Depi plizyè lane, li tounen yon
sant pwodiksyon pwogram radyo ak televizyon pou moun aprann. Li sèvi
anpil kòm kanal pou gaye enfòmasyon, fè motivasyon ak sansibilizasyon
pou popilasyon an nan moman kilfo sou plizyè bagay tankou egzamen
ofisyèl, katastwòf natirèl, eksetera.
CIFAS kreye an 1997 pou akonpaye refòm sistèm lopital ann Ayiti. Li
patisipe nan devlopman moun avèk bay konpetans plis valè. Selon sa
MSPP mande li a, avèk sipò divès patnè, CIFAS devlope plizyè seri
fòmasyon, atelye, seminè ak konferans pou li ankouraje anplwaye
ministè yo ak lòt pwofesyonèl lasante yo. CIFAS ap jere sit wèb MSPP
a depi 2010. www.mspp.gouv.ht
7
Jan modil la òganize
Modil fòmasyon sou laraj sa a òganize kòm yon konpetans jeneral ki bay plizyè ti konpetans an
patikilye.
Yon konpetans se sa yon moun ki ap aprann dwe konnen, sa li ka fè, ak konpòtman li dwe
genyen, pou li kapab jwenn solisyon yon pwoblèm.
Lè nou di konpetans jeneral, se aktivite ki fèt nan travay oubyen nan lavi pwofesyonèl.
Konpetans an patikilye yo yomenm yo bay plis detay sous a ki ap fèt la. Se tou sa ki dwe fèt
pou arrive fè aktivite a, ki montre gwosè konpetans la ak enpòtans li.
Apre yon seri aktivite aprantisay fin fèt, epi avan pou nou kòmanse avèk yon lòt sekans
aprantisay oubyen yon lòt konpetans an patikilye, nou prevwa pou piblik la fè yon ti tès pou n
fikse konpetans ak konesans patisipan yo apèn sot wè yo.
Ki piblik ki ka enterese
1ye nivo modil la:
Objektif : enfòmasyon baz - sansibilisasyon popilasyon an – fè prevansyon fòmasyon Ajan Sante kominotè Polivalan yo (ASCP)
2èm nivo modil la:
Objektif : edikasyon sanitè - pwotokòl ki sa pou fè (Gid jenn pwofesyonèl lasante nan sèvis
sosyal).
Deskripsyon modil la
Modil sa a bay enfòmasyon konsekan ki ajou sou maladi laraj. Enfòmasyon sa yo va ede jenn
pwofesyonèl lasante yo pou yo fouye pi lwen nan konesans yo ; y ap ede popilasyon an rekonèt
sentòm maladi a pou yo konnen ki dispozisyon yo ka pran pou yo fè prevansyon.
Konpetans ki pral devlope nan modil sa a:
Konpetans jeneral
Lè modil la fini, yon jenn pwofesyonèl lasante ki suiv li ap kapab :
a. Edike popilasyon an sou dispozisyon yo dwe pran lè bèt mòde yon moun.
b. Akonpaye moun nan ak fanmi li nan fason pou yo ba li swen si yo sispèk li pran laraj la.
Lè modil la fini, popilasyon an limenm ap kapab :
a. bay detay sou sentòm maladi laraj la
b. rive konprann enpòtans dispozisyon ki dwe pran pou anpeche moun trape maladi laraj la.
8
Konpetans an patikilye yo
Depi modil la kòmanse jouk li fini, jenn pwofesyonèl lasante yo ap gen okazyon :
1. Pou yo evalye yon ka sispèk (yon moun ki sanble li ka te pran laraj) :
-
Sa laraj la ye
Sentòm maladi a
Kote maladi laraj la soti
Kòman maladi a devlope
2. Bay detay sou egzamen laboratwa yo rekòmande yo
3. Esplike ki jan pou yo pran ka moun ki pran maladi laraj la
4. Edike popilasyon an sou enpòtans vaksinasyon kont laraj
5. Fè sansibilizasyon moun yo sou ki konpòtman yo dwe genyen lè yo sispèk yon ka maladi
laraj.
Tout pandan modil la jouk li fini, popilasyon an ap gen opòtinite:
1. Pou li di sa maladi laraj la ye
2. Pou yo idantifye sentòm maladi laraj la
3. Pou yo detaye prekosyon moun dwe pran pou bare maladi laraj la.
Sa ki gen nan modil la
Sa maladi laraj la ye
Sentòm maladi a
Kote maladi laraj la soti
Kòman maladi a devlope
Egzamen laboratwa
Jan pou yo pran ka moun ki pran maladi laraj la
Vaksinasyon
Konpòtman yo dwe genyen lè yo sispèk yon ka maladi laraj.
9
Konpetans # 1: Rive konprann sa maladi laraj la ye
Aktivite aprantisay : Sekans 1.1
EGZÈSIS PRELIMINÈ
Pran yon fèy papye blan 8 ½ x 11 epi ekri kèk mo enpòtan ki vin nan tèt ou lè ou tande mo « laraj » la.
1. Ki sa mo « laraj » la (oubyen « raj ») vle di pou ou?
2. Ki sa l ye dapre ou ?
3. Egzamine mo ou ekri yo. Sèvi ak mo sa yo pou w bay yon definisyon.
4. Apre sa, konpare definisyon w lan ak definisyon ki ankadre anba yo.
Sekans 1.1: Sa maladi laraj la ye
1° Laraj la se yon maladi ki devlope lakay bèt men moun ka pran li pa aksidan nan bave bèt ki
gen laraj yo : pi souvan, se lè bèt ki gen laraj la mòde yon moun, men pafwa tou lè li
grafonyen w oubyen li niche yon blese ki sou kò moun nan, oubyen si bave a voltije nan
nen moun nan ak nan bouch li.
2° Se yon maladi bèt fè ki gaye nan lemonn paske tout bèt ak mamèl ka pran l (« mamifè »).
3° Se yon anflamasyon nan sèvo ki prèske toujou mennen lanmò depi premye sentòm yo parèt
sou moun nan.
Viris maladi laraj la
Viris maladi laraj la se youn pami plizyè nan yon gwo gwoup viris ki gen plis pase 150 yo rele
« rhabdovirus ». Ou jwenn viris sa yo nan bèt ak nan plant. Viris maladi laraj limenm andedan
yon gwoup yo rele « Lyssavirus ».
10
Aktivite aprantisay : Sekans 1.2
SENTÒM MALADI LARAJ
Li tèks pi devan an (depi paj 11 rive paj 13) epi souliye tout mo ki pa fin twò klè pou ou. Mande
eklèsisman.
Apre sa, fè yon lis bagay ou ka fè pou ede moun rekonèt sentòm maladi laraj la.
Sekans 1.2: Sentòm laraj
Lè viris la miltipliye nan sèvo a, li deklannche yon anflamasyon nan sèvo a menm; anflamasyon
sa a ap mennen lanmò san mank. Li ka prezante sou divès fòm:
Sou chen
Laraj la ka parèt yon
fòm brital ki fè chen
an vin mechan anpil
tankou lè yo di yon
moun pran anraje :
bèt la agresif (li vle
vole sou ou, atake
ou), ou tande jape a yon jan dwòl (pou tèt yon anflamasyon nan
gòj la) oubyen tou chen an ka paralezi (yon lòt fòm ki dousman) ;
premye kote ki malad la se pye dèyè yo ki fè chen an ap trennen.
Sou chat
Laraj la ka fè chat la vin mechan anpil tou (nan ka sa a, bèt la reyèlman vin reprezante yon danje
pou moun), oubyen li ka fè chat la paralezi tou.
Sou bèf
Bèf yo pi souvan paralize. Premye sentòm yo (bave san rete, pwoblèm pou vale) fè moun sipoze
bèf la gen lè gen yon bagay kole nan gòj li : lè sa a, moun ka kontamine nan eseye retire sa li
panse ki kole a.
11
Lakay moun
Jan viris la kòmanse devlope
Viris la ap devlope “an silans” nèt pandan 10 a 90 jou kon sa, sa depan jan sitou se grav (bèt la
ka mòde moun nan plizyè kote, li ka mòde li fon) ak ki kote kote bèt la mòde moun nan:
viris la devlope pi vit sitou sou timoun, lè bèt la mòde nan tèt, bò kou, bò figi, nan men).
oubyen pa estrawòdinè sa ka rive viris la pran anpil tan pou li devlope : an 1991, twa moun
te kite peyi yo ale viv Etazini. Yo tout mouri ak maladi laraj san yo pa janm te retounen nan
peyi yo : youn aprè onz mwa, dezyèm nan aprè katran e twazyèm nan aprè sizan ; egzamen
laboratwa vin montre menm viris ki te egziste Meksik, Lawòs ak Filipin, kote moun sa yo te
soti a te nan san yo depi tout tan sa a.
Siy ki anonse maladi laraj
Kèlke jou avan maladi laraj la bay anflamasyon sèvo a, malad yo ka prezante divès ti sentòm ki
te ka nenpòt maladi kip a twò grav tankou :
lafyèv, tèt fè mal, malèz, fatig k ap ogmante, bouch la pa bon, kè plen, vomisman, doulè gòj ;
men pi gwo siy ki anonse maladi a nan 50 a 80 % tout ka yo, se pi plis yon doulè oubyen yon
manjezon menm kote bèt la te mòde moun nan. Petèt se paske viris yo miltipliye nan rasin
glann ki nan zòn kote bèt la te mòde moun nan.
Lè maladi a enstale : faz anflamasyon sèvo a
Nan faz anflamasyon sèvo a, gen siy «newolojik» (kò rèd, kontraksyon…) ak siy «maladi sikyatri»
(li sanble moun fou) ki parèt. Menm jan pou bèt yo, gen de gran fason siy yo prezante :
1° - Laraj vyolan oubyen laraj lakranp (fòm nou jwenn pi souvan an)
Gwo eksitasyon/ajitasyon nan tout kò moun nan ak
manm li (kò rèd, kriz, agresivite, wè bagay ki pa
egziste vre). Yon moman malad la gen bon sans li,
yon lòt moman li pa gen bon sens li ; men moman
li gen bon sans li yo vin ap pi kout firanmezi maladi
a ap mache sou li, epi malad ap fè koma. Po li vin
sansib anpil e li vin pa ka sipòte ni limyè, ni bri, ni
pou anyen pa touche l.
12
Li mache ak yon derègleman ki bay yon gwo lafyèv (> 40° C), moun nan swe anpil, li mal pou li
respire, tansyon an desann ba anpil lè moun nan eseye kanpe, kè a ap bay ratman.
Dega ki ap fèt nan sèvo a kapab bay yon paralezi ki fè figi moun nan defòme, moun nan pa ka
vale byen, epi li fè malad la bave anpil: "bouch malad la fè kim".
Malad yo si tèlman pè dlo, se youn nan siy ki montre yon moun fè laraj : malad yo gen fyèv, yo
swe anpil epi yo swaf. Men kou y ap vale yon gòje dlo, yon gwo kranp brital pran yo ; kranp lan
fè yo mal anpil epi li bloke gòj yo, moun nan prèske santi l ap toufe. Se sa ki fè li pa sipòte wè dlo
ni mèm pou li tande bri dlo.
Lè malad yo pa ka ni vale ni respire, yo vin ajite, y ap tranble epi je yo kale fiks, yo pè, yo mete
men yo anba gòj yo. Kriz la pase byen vit, men yo vin tèlman pè, yo refize bwè menm si yo swaf.
Kòm reyaksyon otomatik, menm lè yo wè yon vè dlo oubyen yo tande bri dlo k ap koule sèlman,
yo pè.
Apre sentòm anflamasyon sèvo yo fin parèt, moun nan viv apeprè plizoumwen 4 jou, 20 jou
pou pi plis. Eta moun nan ap vin pi grav san mank e moun nan ap tonbe nan koma firanmezi epi
l ap mouri avèk kè li k ap bloke.
2° - Laraj ki fè moun paralezi a (pou chak 100 ka ki deklare, 30 ladan yo prezante fason sa a)
Laraj ki fè moun paralezi a oubyen raj “trankil” la (fòm dousman an), se yon paralezi k ap soti
anba monte anwo : paralezi nan pye, pwoblèm nan esfenktè yo (malad la fè sou li san li pa gen
kontwòl), epi tou dega nan sèvo a ka lakòz kè moun nan bloke e li pa respire ankò.
Li pa twò fasil pou idantifye ka sa a. Youn nan bagay ki montre sa, se lè moun pran maladi laraj
la nan men lòt moun nan fè grèf glè je a alòske moun yo te gen viris la nan san yo (8 ka nan
lemonn, 1 ka an Frans).
Laraj trankil la mwens parèt pase raj vyolan an e li pran plis tan tou an jeneral. Tout mis nan kò
moun nan paralize firanmezi, kòmanse kote bèt la te mòde moun nan oubyen te grafonyen l lan.
Trè souvan, yo pa byen idantifye fòm raj sa a e yo pa toujou parèt nan statistik yo.
13
Aktivite aprantisay : Sekans 1.3
KOTE MALADI LARAJ LA SOTI
Li tèks la epi souliye mo ki pa twò klè pou nou yo. Mande eklèsisman.
Apre lekti a, fè yon konparezon chif statistik epidemi maladi laraj la ann Ayiti yon bò ak chif pa
lòt peyi nou jwenn nan tèks la yon lòt bò.
Apre sa, fè yon lis ki aksyon nou konseye moun pran pou yo konbat maladi laraj la.
Sekans 1.3: Kote maladi laraj la soti
Nan tout mamifè yo, genyen ladan yo ki pi sansib pou viris laraj la, ki fè viris la ka devlope nan kò
yo pandan trè lontan. Espès mamifè sa a yo vin tounen yon rezèvwa menm pou viris la.
Menm bèt sa yo se distribitè viris laraj la paske viris la devlope nan bave yo, e bave a ka
transpòte viris la si yo ta mòde bèt parèy yo oubyen lòt bèt.
Maladi raj la gen de fason li distribye nan lanati :
1° - Laraj bèt nan bwa (laraj sovaj)
Laraj bèt nan bwa a se rezèvwa pèmanan maladi a : lè bèt kay jwenn ak bèt nan bwa ki mòde
yo, bèt kay sa yo pran maladi a e apre sa, yo bay moun li.
Viris maladi laraj la kontinye egziste gras a de sistèm natirèl ki toujou repete :
laraj bèt sovaj ki manje lòt bèt vivan
Yo rele kalite laraj sa a laraj laforè tou; kalite bèt ki bay maladi sa a depann de peyi a :
ann Afrik, se chakal; ann Afrik di sid, se mangous; ann Amerik di nò, se « moufèt » ak yon
lòt yo rele « raton laveur »; zòn Moyennoryan, se « lou »; ann Ewòp, se « renard roux ».
Nou jwenn laraj bèt sovaj ki manje lòt bèt vivan sou latè nan tout kontinan yo. Se sèl
kèk peyi ki epanye poutèt se zile yo ye epi yo pran gwo dispozisyon sanitè trè di pou
kontwole fontyè yo : zile britanik yo, zile japonè yo, zile ki nan Pasifik la, ann Ostrali.
14
laraj chòvsouri
Viris la ka rete pandan lontan nan bave chòvsouri yo, se poutèt sa yo reprezante gwo
danje nan gaye maladi a.
o Gen yon kalite chòvsouri yo rele « vanpi » nou jwenn nan Amerik Latin (poutèt yo
bwè san lòt bèt. Se yo ki lakòz maladi laraj ki paralize betay (li touye plizyè santèn
bèt chak ane).
o Chòvsouri ki manje ti bèt tankou krikèt oubyen ki manje fwi, yo responsab laraj
nan pi fò kote nan lemonn, menm nan peyi kote ou pa jwenn maladi laraj bèt
sovaj la, tankou nan Wayòmini ak ann Ostrali.
2° - Laraj bèt nan kay
Nou pi plis jwenn laraj sa a sou chen (yo rele l « laraj vil oubyen "laraj lari" tou).
Chen yo se pi gwo rezèvwa ak distribitè viris la nan lemonn. Chen san mèt yo se yomenm ki
responsab yo atrap maladi a nan mache lwen fè bèt sovaj mòde yo epi yo retounen pote maladi
a yo bay lòt bèt, sitou pou bèt nan kay ki pa vaksinen
(chen, chat).
Laraj lari a disparèt ann Amerik di nò, ann Ewòp de lwès
ak o Japon paske peyi sa yo elimine chen san mèt yo e
yo vaksinen bèt nan kay yo. Chen san mèt yo rete yon
pwoblèm ann Ayiti, sitou apre tranblemanntè 2010 la.
Laraj chen bay la parèt sou fòm maladi kontajye
andedan yon zòn oubyen yon ti bouk, yon rejyon, oswa
sèten peryòd, men li pa gen okenn tandans pou
ekspansyon (nan zòn pòv ann Afrik, ann Azi, ann Amerik santral ak ann Amerik di sid).
3° - Maladi laraj nan lemonn
OMS estime laraj kay moun lakòz 50.000 moun pou pi piti mouri chak ane nan lemonn. Laraj
lari reprezante plis pase 99 % ka sa yo. Men aprè sa se trè trè ra pou jwenn de ka moun ki
kontamine nan laboratwa pa aksidan, ka moun ki kontamine nan okipe swen moun malad ak
laraj, oubyen apre grèf yon glè je viris laraj te enfekte.
Sitiyasyon maladi laraj la ap chanje tout tan e li trè diferan pou chak kontinan : kantite ka nan
Amerik la depi 1980 diminye plis pase 95 %, gras a efò peyi yo pou fè prevansyon kont maladi a
ak sipò PAHO / OMS : vaksinasyon chen yo anmas, motivasyon mèt bèt yo, kontwòl
epidemyolojik, dyagnostik nan laboratwa ak edikasyon nan sante kominotè.
15
Siveyans epidemyolojik maladi laraj la nan Amerik la – OPS/OMS
16
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), ak Ministè Agrikilti ak Resous Natirèl ak Devlopman
Riral (MARNDR), nan kolaborasyon ak plizyè patnè ki se lidè nan konbat maladi laraj, tankou
Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) espesyalman, fè yon seri aktivite nan 28 sektanm chak ane
pou make jounen mondyal kont laraj. An plis aktivite sa yo, yo fè yon kanpay vaksinasyon pou
chen paske chen yo reprezante premye rezèvwa ak distribitè maladi laraj la ann Ayiti.
Objektif vaksinasyon regilyè yo se pou yo rive vaksinen pou pi piti 70% chen nan tout peyi a.
Men, dènye chif ki soti yo montre sou yon milyon chen ki genyen ann Ayiti, vaksinasyon an rive
fèt pou 40 % sèlman pami yo.
17
Aktivite aprantisay : Sekans 1.4
KÒMAN MALADI A DEVLOPE
Li tèks la epi souliye tout mo ki pa twò klè pou nou. Mande eklèsisman.
Apre sa, fè lis aksyon nou ka fè oubyen nou ka konseye moun fè nan efò pou konbat maladi laraj.
Sekans 1.4: Kòman maladi a devlope
Pou kòmanse : viris la miltipliye kote bèt malad la mòde moun nan
Lè bèt la mòde moun nan, li lage viris ki nan bave li a nan kò moun nan, e se la viris la miltipliye
pou li bay sa doktè rele yon « dòz enfeksyon ».
Apre sa : tout viris yo pran direksyon sèvo a pou anvayi l
Viris la rantre nan tout rasin « nè » yo ki an koneksyon ak sèvo a, epi yo miltipliye anndan tout
selil yo.
Viris la rive nan sèvo a kote li miltiplye anpil ; se dezòd ak dega ki vin mete nan sistèm nan ki
chanje konpòtman moun nan e ki fè li vin agresif la (« li fin anrage »).
Pou fini, viris la gaye nan tout kò a soti nan sèvo a
Viris la gaye nan anpil ògàn ak diferan pati nan kò a ; apre sa, li ale sitou nan glann nan bouch la
ki fè bave a, nan je, ak nan rasin plim sou kò a yo. Li kontinye miltipliye tout kote sa yo, men
domaj la yo pa twò parèt anpil : " viris la sanble l ap detwi kò a san l pa detwi selil yo…".
Viris maladi laraj la frajil ; li pa reziste si li pa andedan kò yon moun oubyen yon bèt. Kòman li fè
pou l rete vivan ?
kote bèt la mòde a, viris la ki miltipliye a pa deranje selil yo, ki fè selil la pa voye sinyal
danje pou deklannche sistèm pwoteksyon kont viris la tankou li ka fè l pou dòt maladi.
Lè viris la fin rantre nan tout « nè » yo ak sèvo a, sistèm pwoteksyon kò a pa detekte li
ditou kidonk li pa ka gen kontwòl viris la.
Lè viris la miltipliye nan sèvo a, sitou nan pati zòn ki kontwole konpòtman ki fè moun nan vin
agresif, se lè sa a malad la ka bay yon lòt moun maladi a.
Viris la ap miltipliye nan selil sèvo a yo...
… epi yo soti nan selil yo pou gaye nan glann ki pwodui bave a ansanm ak larim nan.
Diferans nan 2 etap sa yo nan devlopman viris la, se sa ki ka esplike bèt malad la ka gen tan pote
viris la enfekte yon lòt bèt oubyen yon moun avan maladi laraj la touye li...
18
Jan moun pran maladi a
a) Nan po sou kò w
Se plis nan po moun pran maladi a pi souvan (99 %), men viris la pa kapab travèse po a ki nòmal,
ki pa malad. « Kontaminasyon » an ka fèt :
pi souvan lè yon bèt ki gen viris laraj la nan bave li vin mòde yon moun e li blese li,
lè bèt la niche po a ki te grafonyen, oubyen ki pa gen lontan li te blese,
lè chat grafonyen yon moun nan ak grif li ke li te fèk niche,
lè yon moun ap manyen yon bèt ki gen laraj san li pa pran prekosyon tankou mete gan
(bèt la mèt mouri li mèt vivan).
Atansyon : Viris la ka pase nan kote po a pi fen tankou po anndan bouch la, po bouch la, anndan
nen w, po je a :
Lè sa a, si bèt la niche zòn sa yo, oubyen bave li vin vole nan zòn sa yo, teyorikman sa ka
reprezante pi gwo danje pase si bèt la niche yon po ki grafonyen.
19
b) Si bave ki gen viris la vole anlè
Sa a se trè trè ra : sa pa rive souvan ditou.
Asipozisyon bave bèt la ta vòltije anlè, pandan moun nan pa twò lwen bèt la, pandan l ap
respire, plizyè ti gout fen fen bave a gen dwa antre nan nen li. Lè sa a, viris la ka pase nan « nè »
anndan nen moun nan pou li pran direksyon sèvo, tankou sa te rive :
- nan vizite yon gwòt kote te gen anpil chòvsouri se la yo te fè nich (1 ka Ozetazini).
- nan travay nan laboratwa (2 ka).
c) Nan bay yon moun ki gen maladi laraj swen medikal
Maladi laraj la ka soti sou yon moun pou l al devlope sou yon lòt moun, paske moun ki malad la
gen viris ase nan kò li pou li ka enfekte yon lòt moun. Se poutèt sa pa egzanp an Frans, pèsonèl
yo ki t ap travay nan lopital kote 2 dènye ka maladi laraj te entène avan yo mouri, yo te
konsidere pèsonèl sa yo an menm tan ak lantouraj malad yo yo te « espoze », e yo te oblije fè
yon tretman yo rele « apre espozisyon » pou tout moun sa yo (143 tretman pa rapò a premye
malad la ak 36 tretman pa rapò a dezyèm malad la) paske tout moun sa yo te nan sitiyasyon pou
yo pran maladi a se pa jwèt.
d) grèf glè je a
Sa a menm se trè ra anpil pou yon moun bay yon lòt maladi a fason sa a.
20
Quiz 1
1. Laraj se yon maladi bèt fè akòz yon viris, ki gaye nan lemonn.
SE VRE
SE MANTI
2. Maladi laraj, lè li enstale, li prezante plis sou fòm ki bay paralezi a.
SE VRE
SE MANTI
3. Youn nan siy ki montre yon moun fè laraj se lè malad yo si tèlman pè dlo.
SE VRE
SE MANTI
4. OMS kalkile maladi laraj responsab omwen 50.000 moun mouri chak ane.
SE VRE
SE MANTI
5. Chwazi ki sa ou wè ki se bon repons :
Lè yon moun vin kontamine, viris laraj la ka devlope “an silans” nèt pandan :
8-10 jours
10-20 jours
21
10-50 jours
10-90 jours
Konpetans # 2 : Detaye egzamen laboratwa yo rekòmande yo
Aktivite aprantisay : Sekans 2.1
EGZAMEN LABORATWA
Li tèks la epi souliye tout mo ki pa klè pou nou yo. Mande eklèsisman.
Apre sa, fè rezime egzamen ki ka fèt pou konbat maladi laraj la.
Sekans 2.1: Egzamen laboratwa
Dyagnostik maladi laraj la pa janm yon bagay ki asire (ni pou bèt ni pou moun) si w ap gade sou
sentòm yo sèlman. Sèl dyagnostik ki asire se maladi laraj san gade dèyè se dyagnostik ki fèt nan
laboratwa.
Echantiyon sou bèt
Se sa nou jwenn pi souvan yo. Selon kalite bèt yo sispèk ki malad la, men sa yo voye nan
laboratwa:
- bèt la menm, si se yon ti mamifè (bèt ki bay pitit yo tete, tankou mangous…)
- tèt bèt la sèlman si se yon pi gwo bèt (tankou chen, chat…)
- sèvo bèt la sèlman si se gwo bèt tankou bèf oubyen lòt bèt ki manje zèb.
Nan laboratwa, yo louvri zo tèt la pou pran plizyè echantiyon nan divès pati sèvo a, sèvèl la ak
mwèl zo a. An jeneral, yo fè rechèch yo sou zòn sa yo ki plis gen viris laraj la, ak glann nan bouch
la ki pwodui bave a.
22
Echantiyon yo pran sou moun
pandan malad la toujou vivan :
Pou fè dyagnostik biyolojik pafwa yo mande a lè yo sispèk sentòm malad la se sentòm maladi
laraj, li difisil :
o pou fè rechèch ni viris la ni sa yo rele « antijèn » la ki pou pèmèt kò a idantifye
viris la, kit se nan krache moun nan, kit se biyopsi nan po anba manton ak dèyè
kou, kit se biyopsi nan sèvo ak sèvèl, oubyen « prelèvman » sou glè je a.
o pou chèche epi mezire dozaj sa yo rele « antikò » a ki se repons kò a ka bay pa
rapò ak « antijèn » yo kont viris la : kit se nan san, kit se nan likid sèvo a.
apre moun nan fin mouri :
Rechèch la fèt sou divès pati sèvo a, sèvèl la ak mwèl zo a, ak glann nan bouch la ki bay krache a
(bave), epi nan nivo je a tou. Yo konsève tout prelèvman yo byen vlope, double, nan glas tankou
vaksen.
Quiz 2
Dyagnostik biyolojik pafwa yo mande a lè yo sispèk sentòm malad la se sentòm
maladi laraj, pandan malad la toujou vivan, yo fè li pou chèche viris laraj la ak sa
yo rele « antijèn » la avèk :
a. prelèvman krache nan bouch
SE VRE
SE MANTI
b. prelèvman likid sèvo a
SE VRE
SE MANTI
c. prelèvman san
SE VRE
SE MANTI
d. biyopsi po anba manton, dèyè kou
SE VRE
SE MANTI
e. prelèvman sou glè je a
SE VRE
SE MANTI
23
Konpetans # 3 : Esplike jan yo trete maladi raj
Aktivite aprantisay : Sekans 3.1
TRETMAN MALADI LARAJ
Li tèks la epi souliye tout mo ki pa twò klè pou nou. Mande eklèsisman.
Apre sa, esplike sa ki enpòtan lè moun ap bay swen bay moun ki viktim yon chen kouri sou li, epi
fè revizyon divès pwotokòl ki rekòmande nan lite kont maladi laraj.
Sekans 3.1: Tretman maladi laraj
Malgre tout sa yo eseye aplike kòm tretman, nan tout ka sa yo nèt, depi sentòm maladi laraj la
deja parèt sou yon malad, laraj la ap touye l kanmèm.
Ki sa ki dwe fèt lè bèt mòde yon moun...
Kote bèt la mòde a enpòtan anpil pou swaye.
Tretman « apre espozisyon » an dwe aplike san pèdi tan pou tout moun ki nan sitiyasyon kote
viris laraj la ka prezan, depi gen mak dan, blese oubyen grife.
Premye bagay ki dwe fèt :
Dezenfekte kote ki blese a ijan paske ou dwe konnen pi bon pwoteksyon pi efikas la se
elimine pi plis viris ak lavaj netwayaj tout zòn bèt la arive mòde yo :
o lave tout zòn sa yo ak anpil dlo ak savon, oubyen nenpòt lòt pwodui netwayaj epi rense
ak anpil dlo.
o apre sa, mete alkòl 60°, betadin ® oubyen dlo kloròks (pa mete ni dlo oksijene ni
mèkiwokwòm).
o blese a pa dwe koud, men pa bliye fè rapèl vaksen tetanòs !
o fè yon tretman ak antibyotik pou anpeche lòt enfeksyon bèt la ta ka pote tou.
Dezyèm bagay :
Apre sa fèt, refere moun nan ale nan sant sante ki pi pre a pou desizyon ka pran si tretman
« apre espozisyon » an nesesè e dwe aplike nan ka moun sa a.
(Kontakte direksyon sanitè depatmantal yo – gade pi lwen nan konpetans # 5 lan)
24
Èske fòk yon tretman fèt kont laraj ?
Sa depan selon bèt ki mòde moun nan !
1° - bèt la vivan e yo mare l
- yo konn mèt bèt la : kit bèt la vaksine, kit li pa vaksine, mèt li dwe mennen l wè veterinè
an twa fwa J 0 – J 8 – J 15.
- bèt pran lari... Se pou lapolis, ponpye oubyen lameri enfòme. Si yo arive pran bèt la, se
pou yo mete li ann obsèvasyon avèk kontwòl J 0 – J 8 – J 15.
- si bèt la mouri pandan li ann obsèvasyon : yon tretman konplè kont laraj dwe kòmanse
fèt.
2° - yo touye bèt la
-
se pou lameri kontakte pou li rele sèvis veterinè depatmantal la. Sèvis veterinè a ap voye
tèt bèt la byen vlope, double, nan glas tankou vaksen nan yon laboratwa espesyalize.
-
tretman an dwe kòmanse, epi li va kanpe oubyen li va kontinye selon rezilta tès yo.
3° - bèt la ale li disparèt
Tretman konplè kont laraj dwe fèt : se yon vaksinasyon menm jan yo konn fè lòt vaksinasyon yo,
men nan ka sa a, se apre kontaminasyon an yo fè l (vaksinasyon “apre espozisyon”). Nou te wè
maladi laraj la pran pran 10 jou jiska 90 jou pou li devlope : se sa ki pèmèt pou vaksen an kapab
gen tan pou li pwoteje moun nan avan pou viris la gen tan devlope nan sèvo a.
Se vaksen kont laraj la ki sèvi, epi si se ka ki pi grav, yo double li avèk yon sewòm kont laraj.
"Tretman“ ak vaksen kont laraj la : se yon vaksen ki pa aktive yo prepare nan laboratwa
(kilti).
o pwotokòl OMS
-
5 piki IM yon dòz vaksen (nan bò zepòl la) :
-
J 0 – J 3 – J 7 – J 14 – J 30.
o pwotokòl pi kout Enstiti Pastè (oubyen "2-1-1")
1. 3 piki IM (nan bò zepòl la) : premye jou a, moun nan pran 2 dòz 2 kote diferan :
2. J 0 – J 7 – J 21.
Avèk pwotokòl sa a, pi gwo mezi dosaj “antikò”yo rive sou 14èm jou a, alòske se sou 30
jou li rive avèk pwotokòl OMS la.
25
Prevansyon ak sewòm kont laraj la
Lè kontaminasyon an pi grav, vaksen an vin bay plis rezilta si li double ak sewòm kont laraj
la : avan vaksinasyon an (pwotokòl OMS), yo fè prevansyon ak sewòm kont laraj la avèk pi
fò dòz la kote bèt la mòde moun nan si se posib, epi rès dòz la nan pati fès la. Yo sèvi ak
sewòm kont laraj ki pwodui avèk cheval la oubyen sewòm kont laraj ki pwodui avèk moun
(Imogam Rage ® Mérieux).
Gid rejyonal pou tretman kont laraj lakay moun [pdf]
Quiz 3
Tretman « apre espozisyon » an dwe aplike san pèdi tan pou tout moun ki nan
sitiyasyon kote viris laraj la ka prezan, depi gen mak dan, blese oubyen grife. Se
dezenfekte kote ki blese a ijan ki bay pwoteksyon pi efikas la :
a. se pou lave tout blese yo ak anpil dlo ak savon, oubyen nenpòt lòt pwodui
netwayaj epi rense ak anpil dlo
SE VRE
SE MANTI
b. se pou mete alkòl 60°, betadin ® oubyen dlo kloròks sou blese a
SE VRE
SE MANTI
c. se pou koud kote ki blese a
SE VRE
SE MANTI
d. se pou fè rapèl vaksen tetanòs
SE VRE
SE MANTI
e. se pou fè yon tretman ak antibyotik pou anpeche lòt enfeksyon bèt la ta
ka pote tou
SE VRE
26
SE MANTI
Konpetans # 4: Edike popilasyon an sou jan vaksinasyon enpòtan pou
anpeche moun gen maladi laraj
Aktivite aprantisay : Sekans 4.1
VAKSINASYON POU FÈ PREVANSYON KONT MALADI LARAJ
- Li tèks la epi souliye tout mo ki pa twò klè pou nou yo. Mande eklèsisman.
- Apre sa, di ki sa ki fè vaksinasyon sa a enpòtan, epi di ki sa ki fè l diferan.
Sekans 4.1: Vaksinasyon pou fè prevansyon kont maladi laraj
Ki lè yo ka fè vaksinasyon kòm prevansyon kont maladi laraj (“avan espozisyon”)
Pou tout moun ki ka riske an kontak ak viris laraj la:
teknolojis, moun k ap travay sou viris la nan laboratwa,
veterinè, moun k ap travay labatwa,
nan zòn kote laraj la prezan sou fòm maladi kontajye, pou chasè ki ka an kontak ak bèt
sovaj,
oubyen vwayajè ki ale nan zòn konsa ann Afrik, ann Azi, ann Amerik di sid.
Ki jan sa fèt
Vaksen an se menm bagay ak vaksen tretman an, men avèk yon dosaj ki mwens konsantre (1,5
UI olye pou 2,5 UI) ; ya kontwole mezi dosaj “antikò” yo pou verifye nivo pwoteksyon li bay la.
2 piki (IM oubyen anba po) a yon mwa distans,
1 piki rapèl apre ennan, epi yon piki rapèl chak twa zan.
Yon vaksinasyon kon sa pa elimine obligasyon pou gen yon tretman apre yon kontaminasyon,
men li pèmèt pou diminye sou fòs tretman an (ak konbyen kòb li koute).
27
Konpetans # 5 : Enterese moun yo sou konpòtman pou yo genyen lè yo
nan yon ka yo sispèk li kapab se yon ka laraj
Aktivite aprantisay : Sekans 5.1
KONPÒTMAN NAN SITIYASYON KOTE YO SISPÈK LI KAPAB SE YON KA LARAJ
Reflechi sou ki konpòtman nou te ka genyen si nou nan yon sitiyasyon kon sa.
Li tèks ak tablo pi devan yo epi souliye tout mo ki pa twò klè pou nou yo.
Diskite sou tout mo sa yo.
Konpare sa yon moun ka fè san y opa reflechi avèk konpòtman yo konseye nan tèks la, epi gade
kòman nou ka aplike yo.
Sekans 5.1: Konpòtman pratik lè ou sispèk yon moun gen maladi laraj
Oryantasyon pou lè bèt mòde moun (Direksyon Pwomosyon Lasante ak Pwoteksyon Anviwònman,
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon – DPSPE/ MSPP)
Oryantasyon pou popilasyon an sou fason pou yo swaye moun bèt mòde
Sonje lè moun fè maladi laraj se yon maladi ki trè grav anpil, ki ap touye moun nan kanmèm
depi sentòm maladi a ta rive parèt sou li. Se prevansyon sèlman ki ka pèmèt pou frennen maladi
a pou li pa arive touye moun nan.
Se pou sa, prekosyon ki pi enpòtan an se : vaksinasyon chen ak chat regilyèman nan tout peyi a.
Ministè Agrikilti (MARNDR) konte gen yon milyon chen sou tèritwa a an 2016. Se sèlman 40 %
ladan yo ki rive vaksinen ; nou lwen toujou pou nou rive objektif 70 % ki fikse a.
Sa ki enpòtan pou fè lè chen mòde yon moun, se lave kote bèt la mòde a avèk anpil dlo ak
savon, byen lave pandan yon kenz minit ; apre sa, kontakte pwofesyonèl lasante ki ka pran
desizyon ki pi konsekan sou ka a. Se pa tout lè yon chen mòde moun vaksinasyon an nesesè.
28
Tablo: Kategori kontak ak ki dispozisyon ki rekòmande pou tretman « apre espozisyon »
Kalite kontak ak yon bèt
yo sispèk ki ka gen laraj
Dispozisyon pou tretman « apre espozisyon »
Kategori I – kontak ak bèt la se touche
moun nan touche bèt la oubyen li ba li
manje, oubyen bèt la niche po moun nan
Okenn dispozisyon
Kategori II – bèt la mòde po moun nan san
li pa senyen, li bay kout grif oubyen li
grafonyen moun nan
Vaksinen moun nan tousuit epi fè tretman
kote ki blese a
Kategori III – bèt la mòde moun nan yon sèl
kote oubyen plizyè kote epi kout dan yo
oubyen kout grif yo blese po a oubyen pike
li ; bèt la niche po moun nan ki te blese
deja; bave bèt la kontamine po anndan
bouch la , anndan nen an; moun nan te an
kontak ak chòvsouri.
Vaksinen moun nan tousuit, epi double
vaksen an avèk sewòm kont laraj la
(« iminoglobilin »); fè tretman kote ki blese
yo.
Depi ka a retwouve l nan kategori II oubyen nan kategori III, si pwofesyonèl sante a sispèk ka
gen danje pou moun nan devlope laraj, dispozisyon dwe pran pou aplike tretman konplè “apre
espozisyon”an.
Danje a pi plis si :
si bèt ki mòde moun nan se youn nan sa yo klase ki rezèvwa oubyen distribitè viris laraj la ;
si bèt la sanble li deja malad oubyen konpòtman li pa nòmal ;
si bave bèt la tonbe sou blese a oubyen li vole nan figi moun nan ;
si bèt la kouri sou moun nan (atake li) san rezon (san yo pa t pwovoke l) pou li mòde ;
si bèt la pa t vaksinen (men atansyon, desizyon an pa dwe chita sou sa sèlman lè se nan
peyi ki sou wout devlopman ou ye).
OMS kontinye ap fè pwomosyon pou yo elimine maladi raj la kay chen yo de fason pou anpeche
ka maladi laraj kay moun ; epi li ankouraje pou yo pi plis sèvi ak piki anba po a pou fè tretman
« apre espozisyon » an, sa ki fè kantite vaksen ap diminye e l ap koute 60% rive 80% mwens
lajan.
Ann Ayiti, ou ka jwenn vaksen an gratis nan yon seri enstitisyon nan depatman sanitè lwès la.
Pou lòt depatman yo, se pou kontakte direksyon sanitè depatman an oubyen kontakte lopital
depatmantal la.
29
Chak kenz minit nan lemonn, yon moun mouri pou tèt maladi laraj. Ou tris lè se kalite bilan sa a
ou ka konstate jis jounen jodi a. Chak ane, maladi laraj touye jiska 60 000 moun ; pi fò pami yo
se timoun nan peyi ki sou wout devlopman. Men poutan, li posib pou disparèt maladi sa a. Plis
pase 95% nan moun ki viktim laraj, se chen ki enfekte ki te mòde yo ; epi okontrè de anpil lòt
maladi, tout zouti ki nesesè pou ka elimene maladi laraj la deja egziste. Se poutèt sa, chak
grenn moun ki mouri an plis, se yon viktim an twòp.
30
Quiz 4
1.- Tout moun ki ka riske an kontak ak viris laraj la, tankou teknolojis nan
laboratwa, veterinè ak pèsonèl labatwa, dwe pou resevwa vaksinasyon « avan
espozisyon » an :
SE VRE
SE MANTI
2.- Lè bèt la mòde po moun nan san li pa senyen, li bay kout grif oubyen li
grafonyen moun nan, se pou pran dispozisyon pou vaksinen moun nan tousuit
epi fè tretman kote ki blese a :
SE VRE
SE MANTI
3.- Lè kontak ak bèt la se touche moun nan touche bèt la oubyen li ba li
manje, oubyen bèt la niche po moun nan, se pou vaksinen moun nan tousuit, epi
double vaksen an avèk sewòm kont laraj la (« iminoglobilin ») :
SE VRE
SE MANTI
31
Ki sa nou aprann nan modil sa a ?
Modil sa a te gen anpil enfòmasyon pou ede nou konprann maladi laraj la.
Pran yon ti minit pou reflechi sou sa ki nan modil la ak sa nou konprann nan : èske enfòmasyon
sa yo diferan pa rapò a sa nou te deja konnen sou maladi laraj la ?
ENFÒMASYON KI PI ENPÒTAN YO
1. Òganizasyon mondyal lasante (OMS), Òganizasyon mondyal sante bèt (OIE),
Òganizasyon nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti (FAO) ak Alyans global kont maladi
laraj (GARC), lanse yon nouvo sistèm pou elimine maladi laraj la kay moun epi pou sove
plizyè milye moun chak ane de malady sa a.
Sistèm sa a mande pou yo pran 3 dispozisyon fondamantal :
bay tout moun posiblite jwenn vaksen ak sewòm kont laraj yo bezwen,
asire pou tout moun bèt ta mòde yo jwenn tretman san pèdi tan,
fè kanpay vaksinasyon anmas pou chen pou konbat maladi a nan rasin li.
2. Maladi laraj se yon maladi ki ka evite gras a vaksinasyon e se yon maladi ki atake plis
pase 150 peyi ak teritwa.
3. Se chen ki responsab pi fò moun ki mouri ak maladi laraj yo.
4. Li posib pou elimine maladi laraj la si nou vaksinen tout chen.
5. Maladi raj responsab lanmò plizyè milye moun nan lemonn chak ane, espesyalman
ann Azi ak ann Afrik.
6. Nan 40% ka lè yon bèt yo sispèk ki ka gen viris laraj vin mòde moun, moun sa yo gen
pi piti pase 15 lane.
7. Apre kontak ak yon bèt ki sanble li ka gen maladi laraj la, si yo netwaye blese a ak
anpil dlo ak savon san pèdi tan, sa ka sove lavi moun bèt la mòde a.
8. Chak ane, plis pase 15 milyon moun nan lemonn pran vaksinasyon “apre espozisyon” an
pou anpeche maladi laraj la devlope; sa ki fè dapre estimasyon yo, sa sa vin sove plizyè
santèn milye moun chak ane.
« Maladi laraj se yon maladi nou ka evite a 100% avèk vaksinasyon ak sewòm “apre espozisyon”
rapid » Laraj- Èd memwa N°99 Sektanm 2015 - OMS.
32
Kesyon pi devan yo ka ede nou nan pwosesis refleksyon oubyen ankadreman:
1.
Kòman ou te konprann mo « laraj » la ? Ki sa ou panse de definisyon nou ba ou a ?
2.
Èske ou ka esplike yon lòt moun sa laraj la ye ?
3.
Kòman sitiyasyon an ye ann Ayiti avèk maladi laraj la?
4.
Èske ou ka di ki sentòm maladi laraj la bay, epi ou ka di kòman yo dyagnostike maladi a ?
5.
Kòman yo ka fè prevansyon maladi laraj la ?
6.
Kòman yo fè tretman pou maladi laraj la ?
7.
Ki konpòtman moun dwe genyen nan sitiyasyon lè yo sispèk se kapab yon ka laraj ?
Kèk konsèy pou lè w ap fè yon seyans edikasyon pou lasante
1. Edikasyon pou lasante chita sou prensip kominikasyon. Se poutèt sa, moun k ap fè edikasyon
sou lasante a, pwofesyonèl lasante a, dwe konnen prensip kominikasyon ki pi enpòtan yo, baryè
kominikasyon yo ak eleman ki fasilite kominikasyon yo, pou mesaj li a ka byen pase. Li dwe
konnen prensip pou l kominike ak yon moun oubyen ak yon gwoup moun tou, epi li dwe
konnen tout kalite yon bon edikatè.
2. Li ka itilize divès metòd pou l fè mesaj li yo pase. Men enpe ladan yo :
a) Metòd edikasyon ak yon grenn moun : dyalòg, seyans konsèy, vizit lakay
b) Metòd edikasyon an gwoup : ti koze, reyinyon, diskisyon an gwoup, demonstrasyon
N.B.: Metòd yo dwe adapte ak sijè a epi yo dwe chwazi yo selon gwoup patisipan yo.
Yo rekòmande pou edikatè a trete yon sèl sijè alafwa.
33
3. Yon seyans edikasyon pou lasante pa ta dwe fè plis pase 20 a 25 minit avèk 10 a 15 minit ladan l
pou yon espoze ; rès tan an pou diskisyon, distribisyon materyèl, eksetera.
Se bagay yon edikatè konnen : tan pou yon patisipan kenbe tout konsantrasyon li an depann de
nivo moun nan ak sikonstans kote l ap suiv la. Se pou edikatè a sonje plis nivo edikasyon moun l
ap pale avè l la ba, se plis tan konsantrasyon an kout.
Ki fè, se pou edikatè a suiv reyaksyon moun ki devan l yo pou li wè sou konpòtman yo si yo pa
fatige ak si yo enterese suiv sa ki ap di a toujou :
Kèk moun ap pale antre yo
Moun yo depasyante (detire, baye, eksetera...)
Moun yo endiferan (yo pa suiv sa w ap di a, je yo sou lòt bagay)
Moun yo ap pale byen fò youn ak lòt.
4. Edikatè a dwe itilize yon langaj ki adapte ak nivo patisipan yo. Sa vle di langaj kominote a pou l
evite di pawòl moun yo pa konprann. Vitès edikatè a ap pale a dwe byen kontwole; li pa dwe
pale ni twò lan, ni twò vit. Li dwe byen pwononse pawòl yo pou moun yo ka byen konprann epi
pou l jwenn patisipasyon moun yo avèk pasyans, politès, byen poze.
Pou fini, edikatè a dwe asire l moun yo byen konprann mesaj li a. Se poutèt sa, avan kelkeswa
seyans edikasyon an, li dwe gen nan tèt li kèk pwen enpòtan li ta vle moun ki pral tande l yo
kenbe nan lespri yo, e li dwe fè rezime pwen sa yo alafen seyans lan.
Kwen ri Monseyè Giyou ak ri Jozèf Janvye • Pòtoprens, Ayiti
imel : cifas@mspp.gouv.ht
34