EN FR HT
République d'Haïti
Bibliothèque de documents
4 319 documents 197 375 pages
(2025-10) Bulletin santé et environnement, octobre 2025

(2025-10) Bulletin santé et environnement, octobre 2025

Ministère de la Santé Publique et de la Population (MSPP) 2025 4 pages
Resume — Bulletin santé et environnement. Le document compte 4 pages.
Constats Cles
Description Complete

Bulletin santé et environnement. Le document compte 4 pages. Conseils de santé publique en créole de la Direction de promotion de la santé et de protection de l'environnement. Ils portent sur la grippe et les maladies respiratoires en saison des pluies, sur la dengue, le chikungunya et le paludisme transmis par les moustiques après les pluies, et sur ce qu'un ménage doit faire dans chaque cas.

Sujets
SantéEnvironnement
Geographie
National
Periode Couverte
2025 — 2025
Mots-cles
Haiti, MSPP, health, 2025-10
Entites
MSPP, Direction de promotion de la santé et de protection de l'environnement (DPSPE)
Texte Integral du Document

Texte extrait du document original pour l'indexation.

Grip ak maladi respiratwa Tan lapli, imidite ak tan frèt bay grip fasil. Sa pou w fè : Bilten Lasante ak Anviwònman (DPSPE) Moustik pote deng, chikungunya ak malarya Apre lapli, moustik peple anpil e yo vinn pi plis. Yo bay gwo maladi tankou fièv deng, chikungunya, ak malarya. 1 ·Touse nan koud ou 2 ·Fè lè sikile nan kay la 3 Ale lopital, oswa sant sante si lafyèv la dire plis pase twa jou. ·Repoze kò ou, bwè anpil dlo, manje bon manje ki sen e ekilibre MINISTÈ SANTE POPILASYON (MSPP) PIBLIK AK OCTOBRE 2025 Dlo sal kale moustik Pou evite yo: ·Vide tout dlo ki kapab rete nan resipyan ·Dòmi anba moustikè ·Mete rad long ki kouvri kò w nan aswè. Netwaye lakou ak kanal yo SONJE: Chak veso vid kew elimine se yon maladi ke ou evite. Grip TÈM : SEZON LAPLI, SEZONVIJILANS : ANN PWOTEJE LASANTEAK ANVIWÒNMAN NOU Lapli ap tonbe, e ak li vini anpil risk : kolera, grip, moustik, asmatik ou opresyon, dlo sal ak fatra. se moman pou nou pran swen tèt nou ak kominote nou. Dlo se lavi, men li ka pote maladi tou Dlo ki pa pwòp ka bay kolera ak dyare. Kijan pou n pwoteje tèt nou : ·Bwè dlo bouyi oswa dlo nou trete ak klò. ·kouvri bokit ak barik dlo yo. ·Lave men w anvanw manje ak apre w sot nan twalèt. Sa ede nou evite kolera ak dyare ak kèk lòt infection kew ka pran nan saw ap manje Maladi kwonik ak asmatik pandan sezon lapli Moun ki gen tansyon, dyabèt, oswa opresyon dwe fè plis atansyon Konsèy: 1.Pou moun ki asmatik yo ou ki gen opresyon yo ·Evite pousyè ak kote ki imid ·Kenbe medikaman ak pomp yo toupre ·Pa sispann tretman yo. Fè kay kote yap viv la pran lè chak jou. 2.Pou moun ki fè kè, ki gen tansyon wo, e ki soufri dyabèt (sik) yo Sa nou dwe fè Pa sispann pran medikaman nou Siveye sa nap manje yo. Epi kontinye swiv konsèy doktè. Manje byen pandan sezon lapli a Bon manje e byen manje se bon medikaman pou kenbe ou an sante. Aktivite fizik, egzèsis pou ou fè menm lè lapli ap tonbe Menm siw pa ka soti, fè kò w bouje lakay ou : 1 ·Danse, fè ti egzèsis. (Danse, sote, detire) 2 mache nan kay la, monte, desann eskalye. 3 Fè sa 30 minit chak jou sifi. Sa ap ede w kenbe fòm kò ou, 4 kontwole tansyon ak dyabèt, epi diminye estrès. Konsèy : ·Manje fwi ak legim fre : papay, zoranj, chou, kawòt, epina. ·Pran soup ak labouyi pou chofe kò w. ·Bwè te natirèl sitwonèl, tim. : jenjanm, ·Evite manje lari ki ekspoze ak lapli ·Pa abize ak anpil sèl, sik ak bwason gazez. SONJE: Lè ou byen manje ou pran swen tèt ou an menm tan ou kenbe kò ou ansante BILTEN LASANTE AK ANVIWÒNMAN DIREKSYON PWOMOSYON SANTE AK PWOTEKSYON ANVIWÒNMAN DPSPE Pwoteje anviwònman an Sante moun depann de anviwònman ke nap viv la. « Kit lò gen lapli ou solèy, lasante kòmanse ak pwopte, mouvman epi bonjan manje ». Ann rete vijilan, solidè, aktif, ann vanse ansanm, pounn sa viv pi lontan e pou yon Ayiti miyò. Dlo, lè ak tè se trezò nou tout ansanm. An nou pwoteje yo. Ansanm an nou: ·Netwaye espas piblik yo. ·Pa jete plastik nan dlo ·Plante pye bwa pou pwoteje tè ya ak lè ya. ·Diminye plastik yo. SONJE Anviwònman pwòp se lavi pwòp. Pwòpte ak asenisman Pwòpte se pwoteksyon. Konsa tou bon la Pwòpte se responsabilite nou tout. Sonje debloke kanal yo ak netwaye espas nou. Kisa pou nou fè: ·Pa jete fatra nan ravin ·Kenbe katye a pwòp ·Fè netwaye drenaj yo ·Fè netoyaj kominotè ·ankouraje vwazen yo pou yo kenbe katye ya pwop Jete fatra kote li dwe ye. SONJE: Yon vil pwòp, yon katye pwòp egal yon kominote an sante e pwoteje. Yon ti R apèl Yon jès senp Bon jan pwoteksyon Lave men nou toutan KIJAN POU NOU ALÈTE JÈN YO POU YO PWOTEJE TÈT YO PANDAN TAN LAPLI SA A? Pwoblem aktivite seksyèl jèn yo (sitou nan peryòd yo inaktif oswa rasanbleman) rete yon gwo defi pou sante piblik (gwosès san ou pa vle, IST/VIH). Anpil jèn vin plis aktif pandan sezon lapli a (lekòl fèmen, fèt, aktivite lwazi). Sa ogmante risk pou VIH, IST ak gwosès ki pa planifye. MENM LÒ GEN LAPLI , OU DWE PWOTEJE TÈT OU ! Lapli, solèy, oswa van… danje IST, VIH ak gwosès san w pa vle pa janm ap dòmi. SONJE EPI METE AN PRATIK Kapòt se zanmiw: se sèl pwoteksyon ki mache an menm tan kont VIH/IST ak gwosès san ou pa vle. Toujou sèvi ak li. Planifye lavi w : Si w aktif, pale ak yon ajan sante pou w chwazi yon metòd kontrasepsyon fyab. Al fè tès : Konnen kote w kanpe (estati w) se pi gwo fòs ou. Tès VIH yp gratis e konfidansyèl. PA JWE AK AVNI W. PRAN RESPONSABILITE W. PWOTEJE TÈT OU AK PATNÈ W.