Rapò peyi BTI 2014 - Ayiti

Rapò peyi BTI 2014 - Ayiti

Bertelsmann Stiftung • 2014 • 26 paj
Rezime: Twa lane apre tranblemanntè a, sitiyasyon an rete frajil. Prezidan Michel Martelly pa t reyalize pwomès kanpay 2011 li yo, epi Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a, ki te gen Bill Clinton ak ansyen Premye Minis Jean-Max Bellerive kom koprezidan ak dizuit mwa pou dirije rekonstriksyon an, jije lajman yon echèk. Mwens pase 10% lajan sekou tranblemanntè a te pase nan men Leta ayisyen an. Lojman san danje pou moun deplase yo rete san repons.
Dekouve Enpotan
Deskripsyon Konple

Rapo peyi Endèks Transfomasyon Bertelsmann 2014 kouvri 31 janvye 2011 rive 31 janvye 2013 epi li jwenn Ayiti frajil ak enstab twa lane apre tranblemanntè a. Prezidan Michel Martelly pa t reyalize pwomès kanpay 2011 li yo. Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a, ki te gen ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ak ansyen Premye Minis Jean-Max Bellerive kòm koprezidan ak dizuit mwa pou dirije pwojè yo, jije lajman yon echèk: pifò pwojè ki apwouve rete san fini oswa san ase lajan. Mwens pase 10% lajan sekou pou Ayiti a te pase nan men Leta a; rès la te ale nan ajans entènasyonal, konpayi ki lye ak yo, ak ONG entènasyonal. Lojman san danje pou moun deplase yo rete san repons. Pèspektiv estratejik yo note pifò travayè nan pak endistriyèl Caracol la fè ant kat ak sis dola pa jou.

Sekte
Jewografi
Peryod Kouvri
2011 rive 2013

Kijan pou site

Bertelsmann Stiftung, Rapò peyi BTI 2014 - Ayiti, https://bti-project.org/fileadmin/api/content/en/downloads/reports/country_report_2014_HTI.pdf