EN FR HT
Republic of Haiti
Document Library
4,319 documents 197,375 pages
(2021-10) Demonstrations in Haiti: Human Rights Consequences and the State's Obligation to Protect Citizens, Creole Executive Summary

(2021-10) Demonstrations in Haiti: Human Rights Consequences and the State's Obligation to Protect Citizens, Creole Executive Summary

United Nations Integrated Office in Haiti (BINUH), Office of the United Nations High Commissioner for Human Rights (OHCHR) 2021 2 pages
Summary — Creole executive summary of the BINUH and OHCHR report on human rights during the 2018 and 2019 demonstrations. 2 pages.
Key Findings
Full Description

Haitian Creole executive summary of the joint BINUH and OHCHR report on human rights violations and abuses during the demonstrations held between 6 July 2018 and 10 December 2019. The Human Rights Service identified 131 victims across the ten departments in 2019, 43 of them women and 47 children, a 333 percent rise on 2018. Non-state actors carried out 66 percent of the recorded violations, and the police recorded 2 officers killed and 30 injured. Few investigations were opened, no one was tried, and no victim was compensated. The summary runs to 2 pages; the full report is not held here.

Topics
GovernanceSocial ProtectionSecurity
Geography
National
Time Coverage
2018 — 2019
Keywords
Haiti, human rights, demonstrations, protest, BINUH, OHCHR, 2018, 2019, Haitian Creole
Entities
BINUH, OHCHR, Police Nationale d'Haïti
Full Document Text

Extracted text from the original document for search indexing.

Manifestasyon an Ayiti : konsekans yo sou dwa moun ak obligasyon Leta pou pwoteje sitwayen yo Rapò sou vyolasyon ak abi dwa moun pandan manifestasyon 2018-2019 nan peyi Dayiti Rezime rapò a Rapò sa fèt nan tèt kole ak sèvis dwa moun (SDH) Biwo entegré Nasyon Zini nan peyi Dayiti ak Wo Komisarya Nasyon Zini pou Dwa Moun, pou bay dizon yo sou sa ki te pase nan moman manifestasyon ki te òganize nan peyi Dayiti soti 6 Jiyè 2018 pou rive 10 desanm 2019 ; epi tou gade gwo tèt chaje sa bay sou sa ki gen rapò ak zafè dwa moun. Nan peryòd sa, opozisyon politik la ak sosyete sivil la, te òganize mobilize nan tout peyi a. Te genyen 6 seri manifestasyon nan mwa Jiyè, Oktòb epi novanm 2018, nan mwa Fevriye, Jen epi sòti Septanm pou rive Desanm 2019. Manifestasyon yo te koumanse byen pandan twazyèm trimès 2018, apre yo pral gen vyolans, sitou lè yo pral mete barikad sou wout yo pandan 3 dènye peryòd ki te mennen nan fenomèn « PEYI LOCK LA », sa vle bloke anpil kote nan peyi a. Pandan nou rekonèt dwa pou moun reyini ak sa ki lakoz yo tap manifeste, tankou sa ki gen pou wè nan denonse zak koripsyon epi revandikasyon popilasyon an pou respè dwa ekonomik ak sosyal, SDH mennen ankèt sou vyolasyon ak abi dwa moun ki fèt nan manifestasyon yo, ak konsekans sa genyen pou popilasyon an jwi bon jan dwa, epi sa leta fè pou bay repons sou vyolasyon ak abi yo. Nan lide sa, SDH chèche enfòmasyon sou vyolasyon dwa ki gen pou wè ak lavi, ak sekirite moun, pou jwenn repons, ak dwa pou moun reyini nan lapè epi pou yo di sa yo vle. Konsa, SDH jwenn enfòmasyon sou ki jan barikad yo ka lakoz vyolasyon dwa pou moun deplase lib e libè, dwa pou swen sante, edikasyon, manje, ak moun ki pa gen libète ki merite pou yo trete yo tankou moun. SDH te founi je gade tout konsekans barikad yo sou fonksyonman lajistis tou. Nan sa ki gen pou wè ak dwa pou moun viv epi jwenn sekirite, SDH idantifye nan 10 depatman peyi a 131 moun ki viktim vyolasyon ak abi ki fèt nan manifestasyon 2019 yo, gen 43 viktim pami yo ki se fanm epi 47 se te timoun. Zak sa yo se moun ki pa nan leta ki fè yo. Genyen se moun ki patizan pouvwa, gen lòt tou se moun ki pa danse kole ak gouvènman. (66% abi ak vyolasyon sa yo se group moun sa yo ki fèl.). Te gen plis vyolans konsa pandan manifestasyon tap fèt sòti septanm pou rive desanm 2019. Konsa, SDH wè gen ogmantasyon 333% moun ki viktim vyolasyon dwa moun ak abi sòti 2018 pou rive 2019. Bò kote pa li, Polis Nasyonal peyi Dayiti gen 2 ajan ki mouri epi 30 lòt blese akoz manifestasyon 2018 ak 2019 yo. Pou fini, pa gen anpil ankèt ki louvri sou abi ak vyolasyon sa yo, pa gen moun ki jije pou zak sa yo epi pa gen pyès dedomajman ki rive jwenn viktim yo. Konsa tou, manifestasyon ak barikad ki te mete yo, sitou nan lane 2019, te bay anpil pwoblèm nan lavi chak jou moun yo ap mennen nan anpeche yo deplase, pou yo jwenn bon sen sante (ni sante seksyel ak kapasite pou moun yo fè pitit) ak edikasyon, epi ki anpeche dwa pou moun manje. Sitiyasyon sa yo te gen gwo konsekans sou moun ki pi fèb yo, sitou sa yo kap swiv trètman nan lopital ak sa ki nan prizon. Atak ki fèt sou lopital ak ambilans, lekòl ki fèmen akoz vyolans, bagay ki lakoz manje ak lòt prodwi vinn pichè, lè wout yo tebloke, te bay gwo tèt chaje nan lavi chak jou popilasyon an sou tout teritwa a. Amplis, lè pou yon moun travèse yon barikad, fòk ou peye manifestan dèyè barikad yo, sitou sòti septanm pou rive desanm 2019. Sa te parèt yon diplis nan gwo chay ekonomik pou fanmi yo ki pa gen gwo mwayen epi ki te anpeche ale kote yo vle. Rapò sa bay kèk rekòmandasyon ki chita sou obligasyon Repiblik Dayiti nan sa ki gen pou wè ak dwa entènasyonal ak nasyonal. Li enpòtan pou yo aplike rekòmandasyon sa yo pou pwoteje dwa reyinyon pasifik, pou evite vyolasyon dwa moun sa yo pa refèt lè gen manifestasyon epi ede viktim vyolasyon ak abi sa yo. Nan lide pou bagay sa yo pa refèt ankò, sitou avèk eleksyon ki pral gen pou fèt, epi pou retabli konfyans nan leta. Li ta bon tou pou leta bay popilasyon an satisfaksyon, sitou lè moun yo fache paske gen koripsyon devan dèyè ak enpinite san limit, lamizè kap taye banda, pwoblèm fòs kote, lè moun pa ka jwenn bon sèvis sosyal, epi sa ki pa mache pou fè moun jwi dwa ekonomik ak sosyal ki ka fè tout popilasyon an viv byen.