Texte Integral du Document
Texte extrait du document original pour l'indexation.
GLOKÒM
OCTOBRE 2016
GRAHN-Monn ak CIFAS-MSPP prepare modil sa a, avèk kolaborasyon Doktè François ROMAIN, Prezidan
Komite nasyonal prevansyon maladi ki fè moun avèg (CNPC), gras a yon sibvansyon òganizasyon
entènasyonal frankofoni (OIF).
Radyo edikatif MENFP a fè pwodiksyon odyovizyèl la.
GRIEAL fè konsepsyon pedagojik la.
Reyalizasyon dokiman an se Doktè Frédéric BARAU DEJEAN.
2
Modil fòmasyon
Glokòm
Table des matières
Entwodiksyon ................................................................................................................................................ 5
Ki Piblik ki ka enterese ................................................................................................................................... 8
Konpetans yo : ........................................................................................................................................... 8
Objektif aprantisay # 1 : Byen konprann ki sa glokòm nan ye epi ki sa pou ou egzamine pou ou
konprann glokòm nan.. ............................................................................................................................. 9
Sekans # 1 : Ki sa pou nou egzamine ..................................................................................................... 9
Konpetans # 1 ............................................................................................................................................ 9
Sekans 2 : Jan maladi a fonksyone ..................................................................................................... 13
Konpetans # 2 .......................................................................................................................................... 14
Objektif aprantisay # 1 : Sa glokòm nan ye ; kòman vizyon an ye. ......................................................... 14
Sekans # 1 : Definisyon glokòm ........................................................................................................... 14
Sekans # 2: Ki chanjman ki ap fèt nan visyon an ?............................................................................ 14
Konpetans # 3 .......................................................................................................................................... 16
Objektif aprantisay # 1 : .......................................................................................................................... 16
Sekans # 1: Depistay glokòm ............................................................................................................ 16
Sekans # 2: Plizyè kondisyon ki ka fè glokòm devlope pi fasil .......................................................... 18
Sekans # 3: Ki relasyon ki dwe fèt avèk glokòm lè tansyon je a wo ? ................................................. 18
Konpetans # 4 .......................................................................................................................................... 20
Objektif aprantisay # 1 : Kòman pou rekonèt glokòm nan ? ................................................................... 20
Sekans # 1 : Sentòm glokòm ............................................................................................................. 20
Konpetans # 5 .......................................................................................................................................... 23
Objektif aprantisay # 1 : Devlope metòd ak teknik tretman maladi a. ................................................... 23
Sekans # 1 : Metòd ak teknik tretman glokòm ................................................................................. 23
Sekans # 2 : Lè w byen analize maladi glokòm, w ap kapab pwoteje je w pi byen epi jwenn yon bon
kalite lavi.............................................................................................................................................. 24
QUIZZ ........................................................................................................................................................... 25
3
4
Entwodiksyon
Nan egzekisyon politik nasyonal sante a, ak plan oryantasyon sante a, pou zafè Resous Imèn,
Ministè Sante a te chwazi :
1. pou mete fòmasyon pou diferan kategori pwofesyonèl lasante ak pwofesyonèl
paramedikal la yo nan yon lòt nivo pi wo,
2. pou asire pèsonèl yo ap jwenn bon fòmasyon detan yo nan travay yo.
«Devlopman lasante nan tout peyi a pa p ka reyisi si chak sitwayen pa rekonèt wòl lasante nan
pwòp devlopman pa li epi si yo pa chwazi fason ak konpòtman ki nesesè pou yo vin an sante epi
pou yo kenbe tèt yo an sante.»
Se pou sa, pwomosyon pou lasante vin prezante kòm yon priyorite nan politik nasyonal lasante a,
yon fason pou bon kalite enfòmasyon rive jwenn plizyè gwoup ki konsène yo dirèkteman, sou ki
bon konpòtman ki ka ede tout moun rete an sante, epi pou yo itilize sèvis yo pi byen nan lite kont
maladi.
Direksyon sant enfòmasyon ak fòmasyon nan administrasyon lasante (CIFAS) ki nan Ministè sante
piblik ak popilasyon (MSPP) an, mete tèt ansanm ak GRAHN (Gwoup refleksyon ak aksyon pou
yon Ayiti tou nèf), ak RENACER (Rezo nasyonal sant resous), pou li ka benefisye espètiz yo ak
teknoloji yo nan misyon li ki se bay enfòmasyon epi òganize fòmasyon, pou li ka prepare materyèl
ansèyman ak aprantisay ki va disponib sou entènèt, sou sit wèb MSPP a
(http://www.mspp.gouv.ht), e ki va itil pou fòmasyon a distans (FAD) ak edikasyon sou lasante.
Objektif nou :
kore fòmasyon pou jèn pwofesyonèl nou yo ki ap travay sitou nan zòn pwovens ;
fè edikasyon sou lasante avèk sansibilizasyon popilasyon an yon mannyè pou fè
prevansyon maladi ak pwomosyon lasante.
«Koleksyon CIFAS» sa a ap ogmante firanmezi ak divès lòt modil sou lòt pwoblèm sante piblik ak
kontribisyon ni espè nasyonal, ni espè entènasyonal MSPP rekonèt.
Direksyon CIFAS ap remèsye chak grenn asosyasyon pwofesyonèl nasyonal li te kontakte yo pou
kontribisyon pa yo nan domèn espètiz pa yo.
Pòtoprens, Ayiti, 21 mas 2016
Doktè Frédéric BARAU DEJEAN
Direktè CIFAS/MSPP
5
GRAHN-Monn se yon òganizasyon mondyal ki genyen sitwayen
vijilan, toupatou sou latè, ki vle kontribye, apati yon aksyon reflechi,
pou yo rezoud pwoblèm Ayiti. GRAHN-Monn se yon òganizasyon ki
louvri pou tout moun san eksepsyon. Li santre aksyon li sou
konstriksyon yon Ayiti tou nèf. GRAHN-Monn chita sou dwa moun,
pataj, solidarite, ledikasyon, respè pou anviwonnman an ak
devouman san limit pou byennèt tout moun.
Objektif òganizasyon entènasyonal Frankofoni an se kolabore nan
amelyore nivo lavi popilasyon yo nan ede yo fè pwòp devlòpman pa yo.
Li bay tout peyi ki manm li yo konkou nan preparare ak nan ranfòse
politik yo, epi li fè yon seri entèvansyon nan politik entènasyonal ak
koperasyon ant plizyè peyi, selon 4 gwo misyon li yo ki te deside nan
gran reyinyon Frankofoni a.
GRIEAL (Gwoup Rechèch ak Entèvansyon pou yon lòt Edikasyon) se
yon sosyete pou etid, konsiltasyon, ankadreman ak fòmasyon, ki ap
travay nan sektè Edikasyon, yon mannyè pou gen devlopman sosyoekonomik pou lontan. Kontribisyon GRIEAL sa a enskri nan yon estrateji
pou li fè oryantasyon, akonpayman, ak ankadreman aktè lokal yo, ni
nasyonal ni entènasyonal, ki ap travay sou teren nan devlopman lokal,
rejyonal, nasyonal.
Radyo edikativ kreye 6 desanm 1972. Pi gwo objektif li te bay tèt li se
patisipe nan amelyore kalite ansèyman an. Depi plizyè lane, li tounen
yon sant pwodiksyon pwogram radyo ak televizyon pou moun aprann.
Li sèvi anpil kòm kanal pou gaye enfòmasyon, fè motivasyon ak
sansibilizasyon pou popilasyon an nan moman kilfo sou plizyè bagay
tankou egzamen ofisyèl, katastwòf natirèl, eksetera.
Komite nasyonal prevansyon maladi ki fè moun avèg (CPNC-Haïti) se
patnè MSPP pou amelyorasyon kalite e pi bon rezilta swen pou je. Se
pou sa, li òganize oubyen li ede pou òganize pwogram fòmasyon ak
kanpay depistaj, pou pote swen pou je ak pou operasyon nan je. Komite
nasyonal prevansyon maladi ki fè moun avèg travay pou fè pwoblèm je
antre nan premye nivo swen sante pwogram MSPP.
cnpcht@gmail.com
CIFAS kreye an 1997 pou akonpaye refòm sistèm lopital ann Ayiti. Li
patisipe nan devlopman moun avèk bay konpetans plis valè. Selon sa
MSPP mande li a, avèk sipò divès patnè, CIFAS devlope plizyè seri
fòmasyon, atelye, seminè ak konferans pou li ankouraje anplwaye
ministè yo ak lòt pwofesyonèl lasante yo. CIFAS ap jere sit wèb MSPP
a depi 2010. www.mspp.gouv.ht
6
Òganizasyon modil la
Modil fòmasyon sou glokòm sa a òganize kòm yon konpetans jeneral ki bay plizyè ti konpetans an
patikilye.
Lè nou di konpetans jeneral, li vle di tout konpetans ak konesans patisipan yo dwe genyen sou
maladi glokòm.
Konpetans an patikilye yo yomenm ap divize bay objektif aprantisay ak aktivite aprantisay. Pou
chak objektif aprantisay, nou fè yon sekans aprantisay ki gen plizyè aktivite aprantisay ladann.
Apre yon seri aktivite aprantisay fin fèt, epi avan pou nou kòmanse avèk yon lòt sekans aprantisay
oubyen yon lòt konpetans an patikilye, nou prevwa pou piblik la fè yon ti tès pou n fikse konpetans
ak konesans patisipan yo apèn sot wè yo.
7
Glokòm
Modil fòmasyon
Ki Piblik ki ka enterese
1e nivo modil yo :
Objektif : enfòmasyon baz - sansibilisasyon populasyon an – fè prevansyon fòmasyon Ajan Sante kominotè Polivalan yo (ASCP)
2èm nivo modil yo :
Objektif : edikasyon sanitè - pwotokòl ki sa pou fè
(Gid jenn pwofesyonèl lasante nan sèvis sosyal)
Konpetans yo :
Apre modil sa a, patisipan yo ap kapab konnen ak konprann :
Ki sa maladi glokòm nan ye?
Sa ou bezwen kontwole pou ou konprann glokòm
Sentòm glokòm yo
Ki kòz ki kapab bay glokòm
Ki jan yo detekte glokòm (depistay)
Danje maladi ki pa fè bri sa a reprezante ak jan li grav
8
Konpetans # 1
Sa pou konprann :
A- Sa maladi glokòm nan ye?
B- Sa pou ou kontwole pou ou konprann sa glokòm nan ye.
Objektif aprantisay # 1 : Byen konprann ki sa glokòm nan ye epi ki sa pou ou
egzamine pou ou konprann glokòm nan..
Sekans # 1 : Ki sa pou nou egzamine
Aktivite aprantisay # 1: Gade anatomi je a byen.
Detay anatomi je a
Sousi
Mitan 2 po
je yo
Ti venn ki nan blan je a
Plim je a
Po je anwo
Kwen je a
Blan je a
« sklewotik »
« Iris »
Twou je a
9
Po je anba
Aktivite aprantisay # 2 : Ki sa ki anndan je a
Likid yo ak « kristalen » an
« Kowoyid »
« sklewotik »
« Retin »
Glè je a
« Kristalen »
loup je a
Likid padevan
loup je a
« Nè optik » nè je a
« Iris »
« Kò silyè » ki bay likid yo nan je a
Likid padèyè loup je a
Likid ki nan je a se « Kò silyè » a ki pwodui li ; likid sa a soti nan kwen kote Glè je a
kontre ak « iris » la.
Si ta gen nenpòt rezon ki fè likid la pa ka soti vit jan pou li soti a, li pral gonfle nan
je a, ki fè tansyon anndan je a p vin ogmante.
10
Aktivite aprantisay # 3 : Ki wout likid la fè
Wout likid la fè nan je a
a
Wout likid la
11
Aktivite aprantisay # 4 : Sa nou dwe konnen sou glokòm
1. Dapre OMS, glokòm se dezyèm lakòz ki fè moun vin avèg nan lemonn
2. 50 % moun ki fè maladi sa a pa konn si yo genyen l, paske se yon maladi ki dousman.
3. 1% rivea 3 % kantite moun ki nan lemonn fè maladi sa a. Kèk etid ki poko pibliye ta vle
montre ann Ayiti se ta 10% rive 12% Ayisyen ki ta gen glokòm.
4. Glokòm yo rele glokòm primè a (« glokòm a ang ouvè », se li menm pi plis moun fè. Li
posib pou li fè moun pèdi je yo nèt, sa vle di yo ka vin avèg.
5. Kantite moun ki fè glokòm ap ogmante toutotan laj la ap ogmante.
Konpatiman padevan
kristalen an
( yon ti paswa )
Glè je a
Men kote likid la
pase
Twou je a
Blan je a
« kristalen »
Men kote likid la pwodui
12
Sekans 2 : Jan maladi a fonksyone
Aktivite aprantisay # 1 : Men chak nivo devlopman maladi glokòm nan
1 – LIKID LA PA SOTI BYEN
Likid la dwe soti nan kò silyè a pou li ale
vide nan ti paswa a. si paswa a ta bouche :
pwoblèm paske presyon an pral ogmante
nan je a.
2 – PRESYON LIKID LA AP OGMANTE NAN JE A
3 – DESTRIKSYON NÈ OPTIK LA
Presyon andedan je a dwe toujou nan 10 rive 20 mm. Hg
Depi antre likid la pa balanse ak sòti li, presyon an ap
ogmante firanmezi : lè doktè a fè tès sou je a, l ap di w
tansyon je a wo
Nè optik la se li ki konekte retin nan avèk
sèvo a. Si presyon an twò fò, anfiranmezi li
ap ogmante, se dega definitif ki ap fèt nan
tout fil nè optik la jiskaske li detwi nèt.
13
Konpetans # 2
Pou kapab esplike ki sa glokòm nan ye epi ki sa li deranje nan moun nan
te konn wè nòmalman (sa vle di vizyon moun nan).
Objektif aprantisay # 1 : Sa glokòm nan ye ; kòman vizyon an ye.
Sekans # 1 : Definisyon glokòm
Aktivite aprantisay : Sa glokòm la ye ?
Pandan tout tan pwoblèm glokòm nan ap devlope san kontwòl, li ap « devitalize » NÈ OPTIK
la, ki vle di li ap detwi li fil pa fil jiskaske pa gen koneksyon ak sèvo a ankò : lè sa a moun nan
avèg nèt. Pwoblèm pa wè byen an kòmanse tou dousman avèk sa yo rele « vizyon alantou »
a ki pèmèt moun nan wè nòmalman sa ki ap pase sou kote li a dwat oubyen a gòch. Pandan
se tan, moun nan wè byen dwat devan li paske vizyon yo rele « vizyon nan mitan » an poko
atake. Lè maladi a fin detwi vizyon alantou a, destriksyon nè optik la si li kontinye pral bay
pwoblèm avèk vizyon nan mitan an atò, jiskaske moun nan vin avèg nèt.
Glokòm nan devlope ti pa ti pa ; li minen je a firanmezi. Sa lakòz se gwo danje li ye.
Sekans # 2: Ki chanjman ki ap fèt nan visyon an ?
Aktivite aprantisay # 1 : Vizyon nòmal
Vizyon nòmal
14
Aktivite aprantisay # 2 : Vizyon alantou a detwi
Vizyon
an tankou
yon tiyo ki
devan je
w
Aktivite aprantisay # 3: Vizyon nan mitan an ap detwi tou
Glokòm
grav
15
Konpetans # 3
Pou konnen kòman pou depistay glokòm nan fèt epi nan ki kondisyon
maladi sa a ka devlope pi fasil
Objektif aprantisay # 1 :
Analize bon jan metòd ak teknik pou fè depistay glokòm nan. Esplike ki sa ki ka fè
maladi a devlope pi fasil.
Sekans # 1: Depistay glokòm
Aktivite aprantisay # 1 : Yon fon je nòmal
Depistaj la se yon obligasyon : li dwe fèt tout tan tout lè epi avèk anpil atansyon.
1. Fòk yo chache konnen si gen moun ki fè glokòm oubyen ki avèg nan fanmi an.
2. Fòk yo fè yon egzamen je:
Fon je a nòmal
16
a. Egzamen fon je a
b. Mezire presyon anndan je a ( kontwòl tansyon je a )
c. Analiz nè optik la nan fon je a
d. Analiz kwen kote iris la kontre ak glè je a
e. Analiz « chan vizyèl la ( Egzamen tout kote je a fè w wè )
f. Fè egzamen (eskanè) tout ti fil nè optik la yo.
Aktivite aprantisay # 2 : Yon fon je avèk maladi glokòm
Fon je a ak maladi glokòm
17
Sekans # 2: Plizyè kondisyon ki ka fè glokòm devlope pi fasil
Aktivite aprantisay # 1 : Kondisyon ki fasilite glokòm
1. Lè tansyon je a wo : sa a enpòtan anpil pou konnen epi li fasil pou kontwole. Sepandan,
presyon an ka rive li pi plis pase 23 mm. Hg san moun nan pa fè glokòm; pafwa ou ka
jwenn li pi piti pase 21 mm. Hg alòske moun nan fè glokòm. Se sa ki fè doktè toujou dwe
chèche si pa gen lòt kondisyon ki ta ka domaje nè optik la.
2. « Jenetik » (jan ou fèt la) :
•
Pran enfòmasyon nan fanmi an (èske gen moun nan fanmi a ki fè glokòm oubyen
ki avèg);
•
Afriken, Afriken-Ameriken, Antiyè,...pi plis ka viktim maladi a pase Ewopeyen
oubyen Ameriken (nan rapò 4 pou 1).
3. Maladi ki bay pwoblèm sikilasyon san : tan kou dyabèt, tansyon …
4. Pwoblèm je (lè w pa ka wè lwen byen), tabak, kolestewòl, twòp grès.
5. Sèten medikaman : kòtizòn, medikaman tansyon,…
6. Emoraji ki ka aji sou je a
7. Chòk nan tèt, chòk nan je …
Sekans # 3: Ki relasyon ki dwe fèt avèk glokòm lè tansyon je a wo ?
Aktivite aprantisay : Èske lè tansyon je a wo sa vle di glokòm ?
1. 30 % moun yo fè tès pa fè glokòm malgre tansyon je a wo;
2. 30 % moun ki fè glokòm pa gen tansyon je ki wo;
3. Mezire tansyon je a pou kont li pa sifi pou yo di yon moun gen glokòm.
18
Lè tansyon je a ap ogmante...
PRESYON
Nè optik la
19
Konpetans # 4
Sa pou konnen kòm siy ak sentòm maladi glokòm.
Objektif aprantisay # 1 : Kòman pou rekonèt glokòm nan ?
Sekans # 1 : Sentòm glokòm
Aktivite aprantisay # 1 : « Glokòm a ang ouvè » oubyen Glokòm primè
Glokòm a ang ouvè a mache tou dousman tankou yon maladi kwonik : li pa montre okenn
sentòm, ou pas anti w malad. Se la danje a ye.
Li pa bay okenn siy ou ka wè,
Li pa bay doulè,
Vizyon moun nan pa bese rapid ditou : sa ki fè lè yon malad ki fè glokòm kòmanse
reyalize vizyon li bese, maladi a gen tan fè gwo dega paske jiska 50 % nè optik la gen
tan detwi nèt san pa gen reparasyon ki posib ankò.
Ou pa wè otobis la ?
Nòmal
Glokòm
Malad la ap vin avèg san l pa konnen
20
Chanjman nan vizyon yon moun ak konsekans sa nan aktivite li abitye fè :
a) Vizyon an nòmal (chofè a wè pyeton an ki ap travèse lari a
b) Vizyon alantou a gen tan detwi : chofè a ki fè glokòm san li pa
konnen, pa ka wè pyeton an ki ap travèse lari a.
Aktivite aprantisay # 2: Glokòm « ang fèmen »
Glokòm ang fèmen an li menm, li parèt pi plis ka moun ki soti nan peyi annAzi yo epi li
devlope brital : se gwo ijans paske moun nan ka pèdi je a menm kote a.
Glokòm
ijans
21
•
Tansyon je a monte trè rapid apre inèdtan dezèdtan,
•
Gwo gwo doulè nan je a,
•
Je a vin tou wouj,
•
Byen rapid, moun nan gentan pa wè byen nan je a,
•
Ka menm gen noze (anvi vomi) ak vomisman.
Aktivite aprantisay # 3: Glokòm ti moun depi nan vant manman
Sa pa rive fasil pou jwenn ti moun ki fèt a tout glokòm nan : ti moun piti konsa ki fè
glokòm nan yo prezante trè souvan ak je yo men lajè, yo pè nenpòt limyè ki
fatige je yo, yo toutan ap fwote je yo, epi je yo toujou ap fè dlo.
Timoun ki fèt
ak glokòm
22
Konpetans # 5
Pou konnen ak pou konprann :
A. Metòd ak teknik pou tretman glokòm
B. Kòman si ou byen analize maladi glokòm, w ap kapab pwoteje je w
(vizyon w) epi jwenn yon bon kalite lavi.
Objektif aprantisay # 1 : Devlope metòd ak teknik tretman maladi a.
Sekans # 1 : Metòd ak teknik tretman glokòm
Aktivite aprantisay # 1 : Tretman glokòm
Objektif tretman an se pa geri glokòm nan, se fè yon fason aske maladi a pa kontinye ap fè
dega : paske pa gen geri glokòm. Dega ki déjà fèt yo fèt nèt.
Yo dwe suiv malad la pou adapte tretman l lan selon jan maladi a ap devlope, epi pou asire li
ka jwenn yon bon kalite lavi malgre li gen maladi a.
1. Si yo sispèk se yon glokòm: fòk yo fè suivi a pou retounen analize tout kondisyon ki
fasilite glokòm.
2. Tretman an ka se ak medikaman, oubyen se operasyon, oubyen se tou le de.
•
Medikaman yo ap travay pou redui kantite likid k ap fòme nan je a, oubyen fè
likid la soti pi fasil.
•
Operasyon an se pou eseye laji ti twou kote likid la soti a pou fè wout pou li pou l
ka soti pi fasil.
3. Si ou reyèlman sispèk se yon ka glokòm : ou dwe kontwole tansyon je a, avèk gout pou je
epi toujou veye tout lòt kòz ki ka ogmante ris glokòm.
4. Si tretman ak medikaman an pa kontwole tansyon je a, y a fè tretman ak lazè;
5. Twazyèm nivo tretman an se operasyon (chiriji).
6. Fòk yo pa neglije lòt kòz ki ogmante ris yo tankou pwoblèm pa ka respire byen nan dòmi.
23
Sekans # 2 : Lè w byen analize maladi glokòm, w ap kapab pwoteje je w pi
byen epi jwenn yon bon kalite lavi.
Aktivite aprantisay # 2 : Konprann glokòm nan byen pou sove vizyon w epi
garanti yon bon kalite lavi.
Lè w konprann ki sa glokòm nan ye, sa ede w sove je w, se poutèt sa depistaj la enpòtan
konsa avèk maladi sa ki gen riz (li mache an silans) paske li pa bay anpil sentòm ki te ka fè
malad la konnen nan ki eta li ye.
Ou pa ka fè anyen ankò pou nè je a (nè optik) lè li andomaje, men si doktè ta gen tan
dekouvri sa byen bonè, si suivi a fèt epi adaptasyon tretman yo fèt, sa ap pèmèt estabilize
eta malad la ki dwe toujou vijilan pou suiv preskripsyon ak rekòmandasyon doktè li.
Se pa pè n ap chèche fè moun pè ak maladi glokòm sa a, men se enpòtan anpil pou nou fè
moun konprann yo dwe pran glokòm nan trèzoserye epi mete anpil disiplin.
24
QUIZZ
1. Ou ka fè glokòm san ou pa konnen :
SE VRE
□
MANTI
□
2. Yon moun kapab fè glokòm si déjà gen glokòm nan fanmi li :
SE VRE
□
MANTI
□
3. Posibilite pou fè glokòm ap ogmante toutotan laj ap ogmante :
SE VRE
□
MANTI
□
4. Lè w fè glokòm primè (glokòm a ang ouvè), ou gen gwo doulè nan je a :
SE VRE
□
MANTI
□
5. Depi ou mezire tansyon je a, sa sifi pou deklare moun nan fè glokòm :
SE VRE
□
MANTI
□
25
6. Se posib yon moun ki fè glokòm retounen wè nòmal ankò :
SE VRE
□
MANTI
□
7. Tretman ka anpeche glokòm nan devlope pi plis :
SE VRE
□
MANTI
□
8. Moun ki riske fè glokòm ta dwe fè yon egzamen je (avèk dilatasyon si
nesesè) chak ane oubyen chak dezan :
SE VRE
□
MANTI
□
9. Se enpòtan pou yon moun fè egzamen konplè pou je li, an menm tan yon
evalyasyon sante jeneral li ap fèt :
SE VRE
□
MANTI
□
10. Glokòm primè a (fòm glokòm kwonik la) se li yo rankontre pi souvan :
SE VRE
□
MANTI
□
26
Men kèk konsèy pou lè w ap reyalize yon seyans edikasyon sanitè
Edikasyon sanitè chita sou prensip kominikasyon. Se konsa, edikatè nan sante a, nan ka sa a
pwofesyonèl lasante a, dwe konnen fondamantal yo nan kominikasyon, baryè ak eleman ki
fasilite kominikasyon an, pou mesaj li abyen pase. Li fèt tou pou li konnen tout prensip yo pou
kominike ak yon moun oswa yon gwoup moun epi ki kalite ak konpetans yon bon pwofesè, yon
bon edikatè.
2. Li ka sèvi ak plizyè metòd pou li pase mesaj li yo, tankou :
a) Metòd edikasyon endividyèl: Diskisyon, Konsèy, Vizit lakay
b) Metòd edikasyon kominotè: Koze, Reyinyon, Diskisyon an gwoup, Demonstrasyon
N.B.:
Metòd yo dwe adapte ak sijè epi yo dwe aplike selon gwoup ki la a.
Li rekòmande pou trete yon sèl sijè chak fwa.
3. Yon seyans edikasyon sanitè pa ta dwe fè plis pase 20 a 25 minit, ki gen ladann 10 a 15 minit
pou yon ekspoze, epi tan ki rete a ap sèvi pou diskisyon, distribisyon materyèl, eksetera .
Konsantrasyon patisipan yo varye avèk gwoup la ak sikonstans, sa se yon reyalite. Se pou
edikatè sanitè a sonje ke lè nivo edikasyon moun nan pi piti, tan konsantrasyon li ap bay la ap pi
kout.
Lè konsa edikatè a dwe obsève reyaksyon patisipan yo epi rete vijilan pou suiv sinyal li ka bay
swa se fatig swa li pa enterese tankou:
• Ti konvèsasyon apa ak kèk moun
• Detire, baye, eksetera
• Oswa li endiferan (li lwen oubyen se yon yon lòt bagay l ap suiv)
• Konvèsasyon byen fò pandan lòt mou nap pale.
4. Edikatè a oblije sèvi ak lang ki pi konsekan avèk nivo patisipan yo. Se va lang yo pale pi plis
nan kominote a, paske lang nan kapab reprezante yon baryè pou yon bon kominikasyon. Diskou
an dwe poze tou pou piblik la byen konprann : edikatè a pa dwe pale ni twò dousman ni twò vit.
Ak pasyans, respè, trankil, l ap jwenn bon patisipasyon pi fasil.
Anfen, edikatè a dwe asire ke mesaj li a byen pase. Kidonk, anvan li kòmanse nenpòt seyans
edikasyon, li dwe gen byen klè nan tèt li kèk pwen enpòtan li vle pou patisipan yo sonje de fason
pou li fè yon bon rezime lè seyans lan fini.
Angle Rue Monseigneur Guilloux et Rue Joseph Janvier • Port-au-Prince, Haïti
courriel : cifas@mspp.gouv.ht
27
28