EN FR HT
Repiblik Ayiti
Bibliyotèk Dokiman
4,319 dokiman 197,375 paj
(2019-12) Pwogram konpetans minimal : Kreyòl, Segondè III

(2019-12) Pwogram konpetans minimal : Kreyòl, Segondè III

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) 2019 19 paj
Rezime — Pwogram konpetans minimal pou kreyòl nan Segondè III nouvo segondè a, MENFP pibliye an desanm 2019. Li bay konpetans, eleman kontni ak aktivite evalyasyon pwofesè yo te dwe kouvri pandan ane eskolè 2019-2020 ki te kout la.
Dekouve Enpotan
Deskripsyon Konple

Direksyon Ansèyman Segondè a redwi pwogram kreyòl pou Segondè III pou l kenbe sèlman konpetans ministè a jije esansyèl yo. Lekòl yo te rete fèmen plis pase de mwa nan kòmansman ane 2019-2020 an pandan peryòd Peyi lòk la, epi minis Pierre Josué Agénor Cadet mande pou yo refè kalandriye eskolè a epi rekri chak pwogram disiplin pou l mache avè l. Kontni an prezante nan yon tablo : konpetans, eleman kontni ak sijesyon aktivite ansèyman, aprantisaj ak evalyasyon. Direksyon an fikse 36 èdtan kou pa semèn sou sis jou pou ranplase tan ki pèdi a, epi tèm yo mete sou kote yo te dwe trete kòm aktivite konplemantè. Pwogram inisyal la te sipoze yon ane 189 jou a sis èdtan pa jou. 19 paj.

Sije
Education
Jewografi
Nasyonal
Peryod Kouvri
2019-12-01 — 2020-06-30
Mo Kle
programme à compétences minimales, nouveau secondaire, créole haïtien, secondaire iii, curriculum, MENFP, Peyi lok, 2019-2020, series:menfp-programme-secondaire
Antite
Ministère de l'Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP), Direction de l'Enseignement Secondaire, Pierre Josué Agénor Cadet
Teks Konple Dokiman an

Teks ki soti nan dokiman orijinal la pou endeksasyon.

MENFP MINISTÈRE DE L'ÉDUCATION NATIONALE ET DE LA FORMATION PROFESSIONNELLE PWOGAM AA KONPETANS KONPETANS MINIMAL MINIMAL KREYÒL SEGONDÈ III DECEMBRE 2019 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Pwogram konpetans minimal pou kreyòl Segondè III Konsiy pou yon aplikasyon pratik Pwogram ki nan men nou la a rele: « Pwogram konpetans minimal pou kreyòl ». Li prepare apati pwogram nou te deja konn sèvi avèk li a ki fèt pou yon ane lekòl ki dire 189 jou, konsa si nou te fè 2 èdtan pa semèn nou t ap kouvri tout pwogram nan pandan ane akademik la. Men lè nou konsidere pwoblèm ki te genyen nan peryòd « Peyi lòk »la ki te dire plis pase (2) mwa, sa ki te gen gwo enpak sou bon dewoulman ak pwogresyon pwogram nan, otorite yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal vle pou aktivite eskolè yo kontinye pou ane akademik 2019/2020 an. Se poutèt sa Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor CADET ak lòt otorite nan domèn nan bay direksyon teknik konsène yo enstriksyon pou yo pase men nan kalandriye eskolè a epi prepare yon pwogram ki adapte avèk li. An gwo, se yon travay ki pèmèt nou evalye kantite jou klas elèv yo te pèdi pandan peryòd sa a epi konsidere eleman ki pi enpòtan yo pou chak disiplin, sa vle di divès tèm pou chak matyè ki pral pèmèt ane akademik la reyisi pou divès nivo ansèyman yo. Direksyon Ansèyman Segandè a mete estrateji l anplas pou nou ka rive kouvri tout sa ki te pèdi nan tan aprantisaj la. Pou Kreyòl Segondè I ak Segondè II, gen 17 èdtan ki pèdi. Li posib pou nou rekipere 11 nan yo epi pou rès 6 ki rete yo, n ap bay devwa pou lakay ak travay rechèch. N ap ka rive fè sa si nou respekte yon pwogram 2 èdtan pa semèn. N ap sèvi ak pati ki pa twò peze nan pwogram nan kòm aktivite ansèyman / aprantisaj pou elèv yo ka fè devwa rechèch yo nan divès nivo segondè a. Pati sa yo ap disponib sou divès platfòm Ministè Ediksyon Nasyonal kreye pou sa. 1 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Tèm: ekoute/varyasyon/ak tèfrans Konpetans 1. Analize diferans ki genyen nan varyasyon ki anndan kreyòl la. 2. Adapte yon diskou selon lokitè ki anfas ou a. 3. Analize sentaksikman fraz ki genyen entèferans franse ladan yo. 4. Analize semantikman fraz ki genyen entèferans franse ladan yo. kontni Lang ak sosyete Aktivite elèv yo ka fè Aktivite an gwoup : Chak gwoup ap genyen transkripsyon yon diskou. Yon diskou moun nan nò, yon diskou moun nan sid ak yon diskou moun nan lwès. Chak gwoup ap analize diskou ki nan men li a pou di ki jan fraz yo òganize, ki mo ki nan yo, si yo abitye ak mo sa yo Apre, gwoup yo ap genyen pou konpare rezilta travay yo pou wè ki sa ki nan youn ki pa nan lòt, ki sa yo jwenn nan youn epi yo pa jwenn nan lòt. 2 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Tèm: pale Konpetans 1. Defann yon tèz 2. Fòmile yon tèz 3. Konstwi yon agiman pou defann chak pati tèz la. 4. Leve konekte lojik · · · · · 3 · Konnen divès teknik agimantasyon Metrize tout metòd rezònman lojik yo Konpare pwenn vi pou ak pwenn vi kont... konn enpòtans lojik nan fondman yon rezònman. Li fè diferans nan mitan divès kalite jijman ki posib nan yon rezónman konprann diferans nan pratik ant lang pale ak lang ekri kontni Kominikasyon oral : koute ak pale Aktivite elèv yo ka fè Elèv yo ap trete plizyè sijè ki mete diskisyon nan mitan moun nan sosyete a tankou sèks, koulè, estati sosyal, nivo edikasyon, Sida, relijyon, politik, espò, ets. Elèv yo ap bay tout kote diferans sa yo ka itil ak ki kote yo ka nuizib pou sosyete a. elèv yo ap montre rezon ki esplike pou kisa yon moun dwe toujou montre li fleksib lè l ap diskite sou yon lide oswa nenpòt ki lòt bagay ak yon lòt moun (oswa gwoup) menm si li panse li konnen sa l ap di a pi byen pase tout moun. ·Montre diferans ki separe fòm ak fon nan yon menm verite sou baz echèl objektivite · Egz: Jak gen bèl wotè Jak gen grann tay Jak mezire 1 m 80 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans kontni Aktivite elèv yo ka fè · Anrejistre deba nan radyo oswa nan televizyon. Anrejistre sèn ki pase nan lari kote moun te fè fasafas. · Konpare pwennvi moun ki pa dakò sou yon menm bagay. · Analize jan chak pati òganize panse li pou defann pozisyon li. · Gade pwen fò ak pwen fèb ki genyen nan fason lokitè yo te defann pozisyon yo. Travay sou pwovèb kreyòl, kont, devinèt ak blag. · Fowòm Yon moun prezante pwovèb, devinèt oswa kont ki chwazi a bay tout gwoup yo epi li bay esplikasyon pa li sou sa ki konsène aspè semantik lide ki degaje ma. Apre li gen pou pase lapawòl bay tout gwoup yo ki kapab apwouve osinon refize esplikasyon an pandan yo bay sans yo kwè ki korèk. · Apre antant (konsansis), yon moun ap fè analiz deba a, yon dezyèm ap fè sentèz la epi yon dènye ap fèmen ak yon konklizyon. 4 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Tèm: ekri Konpetans 5 kontni 1. konstui yon Rezime tèks Kominikasyon ekri : Pwodiksyon 2. Metrize tout teknik rezime tèks tèks. 3. konstwi yon sentèz tèks 4. Esperimante divès kalite ekri pwofesyonèl · lanmou, kat postal, biyè, imel, ets. · Lèt administratif, rapò, nòt administratif, kontrandi, pwosèvèbal, sikilè ets. A. Pwofil elèv la kòm eskriptè · konstui rezime teks. · pwodui plan sentèz teks. · konstwi Sentèz tèks. pwodui: lèt zanmitay, administratif , rapò,kontradi, sikilè ets. selon entansyon Aktivite elèv yo ka fè Aktivite an gwoup Klas la gen divès kalite komite ( kiltirèl, disiplin ets. ) Aprè yon fèt, nan yon premye tan, chak komite ap ekri yon rapò bay komite jeneral la ki genyen pwofesè yo oswa direktè lekòl la. Nan yon dezyèm tan, komitè yo ap fè echanj rapò yo pou analiz, sijesyon ak kòmantè. Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Tèm: ekri literè Konpetans 1. Konpoze yon tèks literè. 2. konstwi plan pou jistifye prensip disètasyon literè. 3 Kritike yon tèks literè 4 Analize yon tèks literè. 5 Kreye tèks literè a pati de yon enspirasyon. 6 Kolekte ekstrè tèks literè pou ekri antoloji. 1. Chèche kòmantè ak tenik disètasyon literè. 2. Tout kalite èv literè sou tout kalitè epòk, kouran ide ak filozofi. 3. Chèche tèks literè ekri pa plizyè otè sou divès kalite jan, epòk, filozofi… 4. Chèche 10 pwèt ak tout kalite otè ki vivan, 5. Itilize divès kalte vokabilè pou konstui divès kalte leksik. 6. Chwazi tèm ak imaj pou li jwenn mo ki mache ak yon domèn chwazi pou anrichi yon leksik Pwodui òtograf teknik ofisyèl. kontni Literati ayisyen an kreyòl Aktivite elèv yo ka fè Travay an gwoup Genyen plizyè gwoup ki fòme nan klas la. Nan yon premye tan elèv yo ale nan bibliyotèk oswa sou entènèt pou chèche enfòmasyon sou kouman yo fè kòmantè literè. Nan yon dezyèm tan, yo ekri enfòmasyon yo. Nan yon twazyèm tan yo konpare enfòmasyon yo epi yo fè sentèz. ●Travay endividyèl Pwofèsè a bay yon sijè disètasyon literè , li mande elèv yo al fè rechèch epi pote devwa a ba li. ● Travay endividyèl Anseyan an mande chak elèv pou ekri yon tèks pwetik Travay an gwoup ( pwojè ) - Nan yon premye tan, chak gwoup elèv gen pou rasanble ekstrè tèks sou yon otè yo renmen. Nan yon dezyèm tan, gwoup yo pote sa yo sanble pou analiz, kritik ak chwa espesyal pou antoloji literè. 6 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans . kontni Aktivite elèv yo ka fè - Anseyan an chwazi tèks powetik ki pi djanm yo epi pandan preparasyon yon fèt, anseyan an mande pou mete nan pwogram la powèm li te chwazi yo Jou fèt la ( chak elèv deklame pwezi li te ekri a ) Pwopozisyon teks ak liv Istwa literati ekspresyon kreyòl la - Lizèt kite laplèn - Pwoklamasyon Sontonaks 20 jen 1793 - Pwoklamasyon Leklè (1802) - Choukoun (1896) - Krik-krak, (Cric-crac) Jòj Silven (1901) - Antigòn an kreyòl Feliks Moriso Lewa - 7 Liv Jean Claude Bajeux Liv Charles Christophe Philippe Prezans kreyòl nan woman jenerasyon Lawonn (génération de la Ronde) . - La famille de Pitite-Caille - Zoun chez sa Nennaine - Istwa òtograf kreyòl la - Otograf Frederic Doret (1924) - Otograf Christian Beaulieu (1939) - Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans . kontni Aktivite elèv yo ka fè Otograf Franck Laubach ak Odmonde MacConnel (1940) - Otograf Charles Pressoir ak Lelio Faublas (1950) - Otograf IPN (Enstiti pedagoji nasyonal)(1980) Istwa nan Literati Kreyòl la. - Divès tip pwezi nan literati kreyòl la. - Pwezi Lirik - Pwezi angaj Prezantasyon powèt literati ekspresyon kreyòl. - Oswald Durand (choucoune) - Jòj Kastra - Frank Etyèn - Feliks Moriso Lewa - Célestin Mégie (Togiram) Divès tip resi an literati kreyòl la. - Woman: · Dezafi (Franketyèn) - Kont: Lodyans: ·- Nouvel: ·- Fab: 8 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans . kontni Aktivite elèv yo ka fè Konstriksyon yon resi senp. a) Divès tip resi Karakteristik resi - Diskou rapòte - diskpou dirèk - diskou endirèk - Pasaj deskriptif - diskou endirèk lib Boulvèsman kronilojik. Chanjman pwennvi naratè. b) Idantifye naratè a ak pwennvi yo. - Resi premye pèsòn - Resi twazyem pèsòn - Pwennvi entèn/ekstèn 9 c) Entèvansyon naratè yo. - Enplisit/Ekplisit/Iwoni d) Resi segondè. - Ti resin nan gwo resi i) Karaktaristik dyalòg ou replik. - Didaskali - Ki pwoko - Monològ Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans . kontni Aktivite elèv yo ka fè g) Agimantasyon nan dyalòg teyatVaryasyon/ton. Ekspozisyon - Dewoulman Endrig - Denouman Replik - Varyasyon/ton h) Tip Fraz nan yon teyat. Eksklamativ Deklarativ Enterogativ Enperativ i) Diskou teyatral. - Didoskali - Mizansèn - Dyalòg - Replik - Estikomisi - Ti rad - Doreb destiatè j) Etid pèsonaj nan teyat,nan diskou. - Langaj pèsonaj - Nati pèsonaj - Fonksyon pèsonaj - Pèsonaj Prensipal - Pèsonaj segondè - Pèsonaj adjunan ou opoze - Valè (lone,lanmou enposib…) 10 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans . 11 kontni Aktivite elèv yo ka fè Jesifra (kraze lanfè)k) Patikilarite diskou nan teyat Nivo lang Figi estil k) Istwa teyat ayisyen. Teyat angaje Teyat Klasik c) Prezantasyon kèkaktè nan teyat ayisyen. Feliks Moriso Lewa (antizòn) Franketyèn (Bobom Masouri) Franswa Latou (Pèlen tit) Piram (Pèlen tèt) Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Tèm: ekri literè Konpetans .· Konstwi divès kalite tip leksik. · Analize diferan aspè (afektif,entèlektyèl, syantifik) anndan yon leksik. · Evalye neyolojis, sig ak abrevyasyon ki anndan kreyòl ayisyen an. ·Konpare ansyen òtograf la ak sa ki gen kounye a selon prensip Alfabè Fonetik Entènasyonal (AFE ) ·Leve vokabilè teknik, administratif, komèsyal,syantifik · Leve mo konplèks ak mo konstwi : · Leve afiksasyon (prefiks / sifiks) / Konpozisyon, mo prete, mo dekalke · Chwa tèm, imaj al diferan tip tèks pou konstwi leksik / Kontraksyon eleman leksikal. Li itilize divès kalte vokabilè pou konstui divès kalte leksik. · Chwazi tèm ak imaj pou li jwenn mo ki mache ak yon domèn chwazi pou anrichi yon leksik Li pwodui òtograf teknik. · kontni Leksik / Òtograf Aktivite elèv yo ka fè Aktivite an gwoup I: Nan yon premye tan, chak gwoup ap genyen pou yon pwodui yon dokiman sou ekri pwofesyonèl (cv, lèt kontrandi etsetera. Nan yon dezyèm tan, echanj ap fèt epi chak gwoup ap genyen pou analize tout diferans yo jwenn nan mo yo itlize yo selon dokiman ki te pwodui yo,aprè kontèks kominikasyon yo. Aktivite an gwoup II: Elèv yo ap travay an gwoup sou twa metòd fòmasyon mo tankou mo konplèks mo konstwi, derivasyon enpwòp .Chak gwoup ap genyen yon metòd pou yo analize epi jwenn kèk egzanp. Apre elèv yo ap diskite ant yo sou diferans yo jwenn nan metòd sa yo. Aktivite an gwoup Chak gwoup ap genyen pou fè rechèch sou mo ki fòme pa neyoloji- fòm, pa neyolojis- sans. siglezon oswa pa abrevyasyon . Y' ap prezante yon lis mo sa yo ak sans yo genyen anndan lang nan. Yo kapab menm fè istwa mo sa yo si sa posib. 12 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans . 13 kontni Aktivite elèv yo ka fè Aktivite an gwoup : Menm aktivite a ak Siglezon, abrevyasyon Aktivite endividyèl : Chak elèv ap ekri yon tèks ki gen neyolojis oswa siglezon oubyen abrevyasyon .Apre sa, y'ap diskite ant yo pou jwenn resanblans ak diferans ki genyen nan tèm sa yo ( neyolojis, siglezon, abrevyasyon ) Chak elèv pran kèk egzanp ki genyen rapò ak kontraksyon epi asimilasyon. Apre sa yo konpare diferan fraz yo jwenn yo. Travay rechèch : Nan yon premye tan, chak gwoup anrejistre sou radyo yon sekans an kreyòl ki dire anviwon 2 ou 3 minit. Nan yon dezyèm tan, yo retranskri sekans lan sou papye. Epi nan yon twazyèm tan, yo analize diferan tip kontraksyon ak asimilasyon ki nan sekans lan. Aktivite endividyèl : Elèv yo ap fè rechèch pou jwenn tèks ofisyèl ki ekri an kreyòl nan jounal oswa sou entènèt. Epi y'ap fè 3 lis youn pou Kontraksyon eleman gramatikal ak asimilasyon Yon lòt pou Kontraksyon. Epi y'ap tabli diferans yo fè ant yo Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Tèm: ekri Konpetans 2. 3. 4. 5. 6. Teknik Rechèch 1. Reyalize yon fich lekti Distenge enfòmasyon sou otè a oswa enfòmasyon ki trete anndan kou deyò tèks la. Fè diferans ant yon fich lekti, yon rezime ak yon sentèz. Elaborasyon : kesyonè, antretyen, Fòmilè ... Prezante yon bibliyografi selon prensip rechèch lasyans. kontni Aktivite elèv yo ka fè Aktivite : Elèv yo prepare yon lis liv otè ayisyen ki gen rapò ak literati ayisyèn. Chak gwoup chwazi travay sou twa liv. Yo fè fich lekti yo epi yo prepare yon bibliyografi. Nan kad yon prezantasyon elèv yo genyen pou yo fè sou negritid, VIHSida, oswa esklavaj yo prepare fich lekti sou dokiman yo li. Pran nòt apati yon diskou oral. 7. Prezante enfòmasyon sou otè a ( non li, kote li fèt, ane li fèt…) · Prezante enfòmasyon sou tèks la (Tit, sou tit, dat piblikasyon, mezon edisyon, kantite paj…. Si se yon woman : · Prezante enfòmasyon sou tèm ki trete anndan tèks la (anviwonman, sante, ladwòg…) · Prezante enfòmasyon sou pwosede ekriti otè a adopte tankou koleyidoskòp, espiral 14 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans Pwofil elèv la · Fè tout kalte rechèch sou nèt. · Reyalize fich lekti. · Elabore : kesyonè, antretyen, Fòmilè ... 15 kontni Aktivite elèv yo ka fè Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans 1. Konstwi fraz konplèks pou kominike. 2. Metrize divès nivo konpleksite yon fraz. 3. Reprezante yon Fraz dapre estrikti aboresan. 4. Makònen fraz konplèks pou pwodui yon diskou koyeran. 5. Metrize sa ki fè diferans ak resanblans ant gramè kreyòl ak gramè franse · Metrize fonksyónman tèks ki ekri an kreyòl. kontni Aktivite elèv yo ka fè Gramè fraz / Gramè tèks Aktivite an gwoup I : Elèv yo chwazi yon tèks epi yo ekspwate li suivan griy sa a : analiz estrikti fraz konplèks pa kowòdinasyon ki nan tèks la, konparezon pwopozisyon endepandan ak pwopozisyon depandan yo, evalyasyon nati ak fonksyon mo kowòdonan nan fraz ki genyen plizyè pwopozisyon depandan, montre posiblite pou yon menm fraz konplèks genyen de sans diferan, eksplikasyon fenomèn sa a, Egz: Joslin p ap kite okenn gason mete pye sou kou'l. Anfen, rekonstwi tèks la nan yon tip ki diferan ak orijinal la. Aktivite II : Konstwi yon tèks an majorite ak fraz konplèks pandan gwoup la ap aplike prensip koyerans ak kowezyon. Aplike règ repriz anaforik nan tèks la. Aplike règ pwogresyon nan jan paragraf yo konstwi. Aplike prensip pwogresyon tematik a tèm konstan, a tèm lineyè epi a tèm derive nan pwodiksyon an. 16 Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans . 17 kontni Aktivite elèv yo ka fè Aktivite endividyèl Chak elèv travay sou tèks an kreyòl pou yo kapab analize koyerans ki genyen anndan tèks sa yo. Epi li konstwi pwòp tèks pa li selon modèl li te analize an gwoup la. Pwogram konpetans minimal kreyòl Segondè III Konpetans . 1. Aplike prensip tradiksyon ki mande pou respekte sans nan lang sous la. 2. Aplike prensip tradiksyon ki mete plis aksan sou destinatè mesaj la. · · · Konesans sou tradiksyon Metrize diferan metòd ak prensip tradiksyon Konesans sou lang ki fasafas yo ·Aplikasyon prensip senp yo sou tradiksyon · Aplikasyon prensip tradiksyon ki pi konplèks yo · Evalyasyon fot lang anndan yon tradiksyon kontni Tradiksyon Aktivite elèv yo ka fè Elèv yo ap chèche tèks ki ekri an franse (mòd anplwa medikaman, konsiy pou monte aparèy elektwonik, kat swè, eks.). Yo reyini an gwoup epi chak gwoup deside ki tèks yo ap tradui. Apre sa yo fè konparezon ant tèks orijinal la ak tèks ki tradui a. Elèv yo chwazi ekstrè ki soti nan woman ayisyen, nan nouvèl literè, nan liv pwezi ayisyen ekri, eks. Yo reyini an atelye epi yo fè tradiksyon tèks sa yo. Apre sa, deba fèt nan klas la sou respè prensip tradiksyon yo. 18