(2019-12) Pwogram konpetans minimal : Kreyòl, Segondè II
Rezime — Pwogram konpetans minimal pou kreyòl nan Segondè II nouvo segondè a, MENFP pibliye an desanm 2019. Li bay konpetans, eleman kontni ak aktivite evalyasyon pwofesè yo te dwe kouvri pandan ane eskolè 2019-2020 ki te kout la.
Dekouve Enpotan
- MENFP pibliye l an desanm 2019 apre lekòl yo te rete fèmen plis pase de mwa.
- Li konsène kreyòl nan Segondè II nouvo segondè a.
- Yo redwi l apati yon pwogram inisyal ki te fèt pou yon ane 189 jou a sis èdtan kou pa jou.
- Li fikse 36 èdtan kou pa semèn sou sis jou, tèm yo retire yo tounen aktivite konplemantè.
- 29 paj konpetans, eleman kontni ak sijesyon evalyasyon.
Deskripsyon Konple
Direksyon Ansèyman Segondè a redwi pwogram kreyòl pou Segondè II pou l kenbe sèlman konpetans ministè a jije esansyèl yo. Lekòl yo te rete fèmen plis pase de mwa nan kòmansman ane 2019-2020 an pandan peryòd Peyi lòk la, epi minis Pierre Josué Agénor Cadet mande pou yo refè kalandriye eskolè a epi rekri chak pwogram disiplin pou l mache avè l. Kontni an prezante nan yon tablo : konpetans, eleman kontni ak sijesyon aktivite ansèyman, aprantisaj ak evalyasyon. Direksyon an fikse 36 èdtan kou pa semèn sou sis jou pou ranplase tan ki pèdi a, epi tèm yo mete sou kote yo te dwe trete kòm aktivite konplemantè. Pwogram inisyal la te sipoze yon ane 189 jou a sis èdtan pa jou. 29 paj.
Teks Konple Dokiman an
Teks ki soti nan dokiman orijinal la pou endeksasyon.
MENFP
MINISTÈRE DE L'ÉDUCATION NATIONALE
ET DE LA FORMATION PROFESSIONNELLE
PWOGAM KONPETANS MINIMAL
KREYÒL
SEGONDÈ II
Décembre 2019
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Pwogram konpetans minimal pou kreyòl Segondè II
Konsiy pou yon aplikasyon pratik
Pwogram ki nan men nou la a rele: « Pwogram konpetans minimal pou kreyòl ». Li prepare apati pwogram nou te deja konn sèvi
avèk li a ki fèt pou yon ane lekòl ki dire 189 jou, konsa si nou te fè 2 èdtan pa semèn nou t ap kouvri tout pwogram nan pandan
ane akademik la.
Men lè nou konsidere pwoblèm ki te genyen nan peryòd « Peyi lòk »la ki te dire plis pase (2) mwa, sa ki te gen gwo enpak sou bon
dewoulman ak pwogresyon pwogram nan, otorite yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal vle pou aktivite eskolè yo kontinye pou
ane akademik 2019/2020 an. Se poutèt sa Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor CADET ak lòt otorite nan domèn
nan bay direksyon teknik konsène yo enstriksyon pou yo pase men nan kalandriye eskolè a epi prepare yon pwogram ki adapte
avèk li.
An gwo, se yon travay ki pèmèt nou evalye kantite jou klas elèv yo te pèdi pandan peryòd sa a epi konsidere eleman ki pi
enpòtan yo pou chak disiplin, sa vle di divès tèm pou chak matyè ki pral pèmèt ane akademik la reyisi pou divès nivo ansèyman
yo.
Direksyon Ansèyman Segandè a mete estrateji l anplas pou nou ka rive kouvri tout sa ki te pèdi nan tan aprantisaj la. Pou
Kreyòl Segondè I ak Segondè II, gen 35 èdtan ki pèdi. Li posib pou nou rekipere 15 nan yo epi pou rès 10 ki rete yo, n ap bay
devwa pou lakay ak travay rechèch. N ap ka rive fè sa si nou respekte yon pwogram 3 èdtan pa semèn.
N ap sèvi ak pati ki pa twò peze nan pwogram nan kòm aktivite ansèyman / aprantisaj pou elèv yo ka fè devwa rechèch yo nan
divès nivo segondè a. Pati sa yo ap disponib sou divès platfòm Ministè Ediksyon Nasyonal kreye pou sa.
1
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Koutje sou pwogram nan
Lang ak sosyete an Ayiti
A. Konpetans
Kominikasyon oral : Koute ak pale
Kominikasyon ekri: Pwodiksyon tèks
A. Konpetans
1. Pwodui divès kalte diskou oral.
1.
1. Analize sentaksikman fraz ki
genyen entèferans franse ladan
yo.
2. Analize echanj ki genyen ant de
lokitè anndan yon dyalòg.
2.
2. Analize semantikman fraz ki
genyen entèferans franse ladan
yo.
3. Analize nan ki lòd enfòmasyon yo
prezante ak sibtilite ki nan yon
repòtaj an dirèk.
3.
4.
3. Distenge estrikti pwòp kreyòl
ak angle nan fraz ki gen
entèferans ant de lang sa yo.
4. Distenge estrikti pwòp kreyòl
ak panyòl nan fraz ki gen
entèferans ant de lang sa yo.
2
5. Analize fonksyónman lang
kreyòl la sou baz rejyon
jewografik.
B. Mwayen elèv yo dwe itilize
pou enstale konpetans sa yo.
Ekpoze / Rechèch pèsonèl /
Entènèt / Lekti tèks / Konferans
espesyalis
4. Evalye òganizasyon yon piblisite
ki pase nan radyo.
A. Konpetans
Prepare teknik ak zouti ki pèmèt
ou reyisi yon pwodiksyon ekri
anvan ou kòmanse redije.
Pwodui divès tèks an fonksyon
entansyon kominikasyon ki nan
tèt ou.
Analize òganizasyon yon tèks
naratif
Pwodui divès kalte tèks
agimantatif
B. Mwayen elèv yo dwe itilize pou
enstale konpetans sa yo.
B. Mwayen elèv yo dwe itilize
pou enstale konpetans sa yo.
Ekpoze / kontrandi / Deba /
Reyinyon / Konferans / Vizit gide
/ jounen pòt louvri
·
·
·
C. Pwofil elèv la kòm lokitè
· Elèv la alèz pou li pran
lapawòl an kreyòl.
· Elèv la koyeran lè l'ap
pale.
· Diskou elèv la adapte ak
sitiyasyon kominikasyon li
ladan li an.
Ekstrè woman / Nouvèl literè
Ekri ki genyen yon karaktè
pèsonèl : biyè, lèt zanmitay, kat
postal, imel eks.
Tèks fonksyonèl ( lèt
administratif, rapò, nòt
administratif, kontrandi, pwosèvèbal, sikilè,)
C. Pwofil elèv la kòm eskriptè
· Li pwodui tèks ki pa depaman
ak sitiyasyon kominikasyon an
· Li pwodui tèks ki koyeran
· Li pwodui tèks ki mache ak
fonkyónman lang kreyòl la
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
C. Pwofil elèv la kòm sitwayen ayisyen
·
Elèv la pale ak ekri kreyòl san
entèferans lòt lang.
·
Elèv la koyeran lè l'ap ekri ak lè
l'ap pale kreyòl.
3
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
A. Konpetans
1. Analize estrikti fraz senp nan yon
tèks.
A. Konpetans
1. Itlize mo ki adapte ak Kontèks
kominikasyon an.
2. Analize estrikti fraz konplèks pa
kowòdinasyon nan yon tèks.
3. Analize estrikti fraz konplèks pa
sibòdinasyon nan yon tèks.
4. Analize nosyon tan ak aspè nan kreyòl
ayisyen.
5. Konstwi yon tèks koyeran.
6. Analize pwogresyon tematik yon
tèks.
2. Evalye neyolojis ki anndan kreyòl
ayisyen an.
·
·
4
·
3. Analize fenomèn asimilasyon an
nan kreyòl ayisyen.
B. Mwayen elèv yo dwe itilize
pou enstale konpetans sa yo.
- Lekti liv woman, atik jounal,
nouvèl literè
B. Mwayen elèv yo dwe itilize
pou enstale konpetans sa yo.
tèks ki ekri an kreyòl, resous bò
kote espesyalis lang kreyòl.
C. Pwofil elèv la
Konpetan nan gramè fraz tankou
gramè tèks
Metriz sa ki fè diferans ant
gramè kreyòl ak gramè franse.
·
Metriz sa ki fè resanblans ant
gramè kreyòl ak gramè franse.
·
Metriz fonksyónman tèks ki ekri
an kreyòl.
C. Pwofil elèv la
·
Konpreyansyon sou fason mo ki te
la deja pran nouvo sans nan lang
kreyòl la.
·
Konpreyansyon sou fonksyónman
lang kreyòl la
A. Konpetans
1.
.
2.
Aplike prensip tradiksyon ki mande pou
respekte sans nan lang sous la
Aplike prensip tradiksyon ki mete plis
aksan sou destinatè mesaj la.
B. Mwayen elèv yo dwe itilize
pou enstale konpetans sa yo.
·
·
Konesans sou tradiksyon
Konesans sou lang ki fasafas yo
C. Pwofil elèv la
·
·
Aplikasyon prensip senp yo sou
tradiksyon
Evalyasyon fot lang anndan yon
tradiksyon
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
PWOFIL ELÈV DEZYĖM ANE SEGONDÈ NAN LANG AK SOSYETE
1. KARAKTERISTIK KI ENPÒTAN POU LANG AK SOSYETE NAN YON EVALYASYON SOMATIF
Sityasyon kominikasyon an dwe presize pou elèv la eleman sa yo:
- ....yon entansyon kominikasyon;
- ....yon tèm osnon plizyè tèm ki genyen rapò ak lang ak sosyete;
- ....tip pratik kominikasyon (diskisyon, deba, ekspoze, kontrandi, pyès teyat, elatriye)
1.2 Konsiy yo dwe presize tou:
·....Moman ak dire kominikasyon an;
·....Resous ki otorize pou itilize.
2. KARAKTERISTIK DISKOU ELÈV LA NAN KAD EVALYASYON AN
2.1 Li bay lang li valè ;
2.2 Li ekri ak pale lang kreyòl la san entèferans lòt lang ;
2.3 Elèv la koyeran lè li ap ekri e lè li ap pale kreyòl.
5
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Lang ak sosyete an Ayiti
Konpetans
1. Analize sentaksikman
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
·
fraz ki genyen entèferans
franse ladan yo.
1.1 Fè diferans ant
detachman an kreyòl ak
detachman an franse.
1.2 Fè diferans ant
ekstraksyon an kreyòl ak
ekstraksyon an franse.
·
·
·
6
Fonksyónman
sentaksik pè vèb sa
yo sou baz wòl
objè/destinatè nan
fraz an franse ak an
kreyòl: dire/di,
demander/mande,
prêter /prete,
donner/bay,
envoyer/voye…
konpleman
sikonstansyèl…
Ekstraksyon ak
detachman nan de
lang yo
Fraz anfatik
Aktivite elèv yo ka fè
·
Elèv yo travay an
gwoup sou tip
entèferans
destinatè /objè yo
abitye tande nan
radyo oswa nan
kominote a. Egz
(*M'ap bay yon kado
ak papa m' nan plas
« m'ap bay papa m'
yon kado »
Elèv yo ap travay an atelye sou
lis vèb sa yo ak lòt vèb ki
fonksyóne menm jan an. Elèv
yo ap bay fraz kòrèk an franse
ak an kreyòl ki genyen pè vèb
sa yo.
Kòmantè
Li enpòtan pou elèv yo konnen
presyon estrikti lang franse a
sou kreyòl la kapab manifeste
nan tout gwoup ki nan fraz la :
gwoup non, gwoup vèb ak nan
konpleman sikonstansyèl yo.
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
2. Analize semantikman fraz
ki genyen entèferans franse
ladan yo.
2.1 Distenge mo ki sonnen
menm jan an kreyòl ak an
franse men ki pa genyen menm
sans.
·
·
·
Fonksyónman semantik pè
· Travay an atelye sou
mo ki sonnen menm jan nan
pè mo tankou :
de lang yo men ki pa gen
frekan/frequent,
menm sans.
Pakèt/paquet, kale/caler,
kanpe/camper… kote elèv yo ap
Analiz fenomèn mo prete
konpare divès sans pè mo sa yo
soti nan franse ale nan
ka genyen nan de lang yo.
kreyòl.
Enfliyans fraz franse sou fraz
kreyòl sou baz sans se bagay ki
pi fasil, paske de lang yo
genyen anpil mo ki sonnen
menm jan. Fòk elèv yo fè anpil
atansyon : menm si de mo
sonnen menm jan, sa pa vle di
yo kouvri menm reyalite kidonk
yo genyen menm sans.
Analiz fenomèn mo dekalke
nan kreyòl ayisyen.
Elèv yo dwe prete anpil
. Distenge estrikti pwòp kreyòl Diskou nou jwenn nan pale ak ·Travay an ti gwoup sou fim
atansyon ak pawòl yo tande nan
ak angle nan fraz ki genyen
ayisyen
ki
monte
Ozetazini
chante ak nan bouch Ayisyen ki
nan chante an kreyòl ki
entèferans ant de lang sa yo.
genyen entèferans angle kote elèv yo ap idantifye fraz ap viv Ozetazini.An plis, akoz
3.1 konpare fraz kreyòl ak
kreyòl ki genyen angle ladan yo. medya yo ki pase anpil mizik ki
ladan yo.
angle sou baz entèferans
Egzanp : *Rele m bak/call me
genyen tras angle ladan yo,
Fraz angle ki soti nan bouch
sentaksik ki ladan yo.
back; *ou bèdè ale /you better enfliyans lang angle sou kreyòl
Ayisyen ki ap viv nan peyi ki
3.2 Konpare fraz kreyòl ak
go; *M' min sa m' di a /I mean la ogmante chak jou pi plis.
pale angle.
angle sou baz entèferans
what I say.
leksikal ki ladan yo.
7
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
4.1 Konpare fraz kreyòl ak
panyòl sou baz entèferans
sentaksik ki ladan yo.
4.2 Konpare fraz kreyòl ak
panyòl sou baz entèferans
leksikal ki nan yo.
8
Diskou nou jwenn nan Travay an gwoup : elèv yo fè
pawòl Ayisyen ki te rechèch sou pawòl ki pwononse
viv osnon etidye nan an kreyòl men ki genyen tras
yon peyi ki pale lang panyòl ladan yo. Yo
panyòl (Dominikani, prezante rechèch yo nan klas
Kiba, Meksik, eks.) la pou lòt elèv ka dekouvri nati
Egz. *M' fè w' de entèferans lan.
kesyon, ou pa reponn.
/Te hice dos
preguntas, y no me
contestaste. (M'
poze w' de kesyon, ou
pa reponn.)
* Pa presyona m' /(pa ban m'
presyon.)
·
Elèv yo dwe fè anpil atansyon
ak pawòl ki genyen tras panyòl
ladan yo. Akoz anpil etidyan ki
al fè etid yo nan peyi panyòl
(Sendomeng, Kiba…), anpil
Ayisyen ki fè antre soti
Sendomeng, eks. lang panyòl
egzèse anpil enfliyans sou lang
kreyòl la.
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Konpetans
5. Analize fonksyónman lang
kreyòl la sou baz rejyon
jewografik.
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
Aktivite elèv yo ka fè
Kòmantè
Varyete nò, lwès
ak sid nan kreyòl
ayisyen sou baz
sentaks,
fonolojik ak
leksikal.
·
Travay an gwoup : elèv
Ou ka jwenn anpil varyasyon
yo ka ekri yon lis mo
nan lang kreyòl la : varyasyon
nou jwenn nan yon
sou baz rejyon jewografik, sou
rejyon nan peyi a men
baz klas sosyal, sou baz
nou pa jwenn nan yon lòt pwofesyon, sèks, kwayans, eks.
rejyon.
Varyete selon kouch sosyal ki
ap pale kreyòl la.
·
Ekri yon lis mo
gramatikal sou baz
tronkasyon mo sa yo
sibi selon rejyon
jewografik.
·
Travay an atelye sou rejyon
nan peyi a kote « mwen »
tounen « wen » ou « m' » pa
egzanp.
9
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
PWOFIL ELÈV DEZYĖM ANE SEGONDÈ KÒM LOKITÈ
1. KARAKTERISTIK SITYASYON KOMINIKASYON ORAL NAN YON EVALYASYON SOMATIF
1.1...Sityasyon kominikasyon an dwe presize pou elèv la eleman sa yo :
- ....yon entansyon kominikasyon;
- ....yon tèm osnon yon chwa pami plizyè tèm ;
- ....tip pratik kominikasyon oral (diskisyon, deba, ekspoze, kontrandi, istwa oral, pyès teyat, elatriye)
1.2 Konsiy yo dwe presize tou:
·....Moman ak dire kominikasyon an;
·....Resous ki otorize pou itilize.
2. KARAKTERISTIK DISKOU ELÈV LA NAN KAD EVALYASYON AN
2.1 Adapte pou sitiyasyon kominikasyon an
Diskou elèv la adapte si li respekte eleman sa yo
v Enfòmasyon li transmèt yo pèmèt :
·....aprofondi, nyanse, ilistre ou jistifye opinyon li sou yon èv li prezante ;
·....eksplike yon afimasyon, yon reyalite, oubyen yon fenomèn
·....defann yon pwennvi.
v Enfòmasyon yo pran an konsiderasyon karakteristik destinatè a ak tout reyaksyon li
v Diskou elèv la pwovoke enterè destinatè a :
10
·....Pou fason li chwazi mo ak fraz li yo ;
·....Pou eleman san pawòl li chwazi pou kominikasyon an (entonasyon, vitès, volim, jès, dokiman sipò).
2.2 Koyeran
Diskou elèv yo koyeran si destinatè a ka suiv san difikilte pwogresyon diskisyon, deba, kontrandi, ekspoze
a :
·....eleman nesesè pou pèmèt konpreyansyon yo la ;
·....li byen soutni pwennvi li yo ;
·....rejis lang lan annakò ak egzijans sitiyasyon kominikasyon an.
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Kominikasyon oral
Konpetans
1. Pwodui divès kalte diskou
oral.
1.1 Distenge òganizasyon
diferan diskou oral an
fonksyon sitiyasyon
kominikasyon an.
1.2 Itilize resous lang nan
pou rapòte yon diskou oral
ou fin tande bay yon moun
ki pa te la.
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
·
Tèks enfòmatif,
tèks deskriptif,
tèks naratif, tèks
agimantatif,eks.
·
Diskou dirèk, diskou
endirèk, diskou
evoke, diskou
narativize,eks.
·
Aktivite elèv yo ka fè
Kòmantè
Travay an gwoup : Chak
gwoup ap chwazi youn nan
aspè sa yo pou travay sou
li. ( fòk chak aspè genyen
rapò ak anvinviwónman)
Gwoup yo ap konpare
rezilta travay yo nan yon
prezantasyon oral.
· Elèv yo va fè rechèch sou
diskou rapòte nan lang
kreyòl la, paske an jeneral
yo plis abitye ak diskou
dirèk epi diskou endirèk.
Aksan dwe mete sou diskou
evoke ak diskou narativize.
Egz.
Diskou dirèk / Pòl di : «
Mwen pa pè. »
Diskou endirèk / « Pòl
di li pa pè. »
Diskou narativize / Pòl
pa genyen laperèz.
Diskou evoke / Pòl pa « pè ».
11
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Konpetans
2. Analize echanj ki
genyen ant de ou plizyè
lokitè anndan yon
dyalòg.
2.1 Analize fason yon
konvèsasyon ap mache
selon pozisyon sosyal moun
ki nan echanj lan.
2.2 Analize fason yon
konvèsasyon ap mache
selon eleman gramatikal
lokitè yo anplwaye.
12
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
·
Dyalòg nan teyat ak
feyton.
·
Pwonon, vèb, tan,
aspè, non, adjektif,
advèb, eks.
·
Rejis lang (familye,
estanda, soutni.)
·
Konotasyon /
denotasyon
Aktivite elèv yo ka fè
·
Kòmantè
Nan yon konvèsasyon, de lokitè
Travay an gwoup :
yo pa janm sou menm pye
plizyè elèv ap
egalite. Kidonk genyen eleman
mennen yon
lengwistik nan konvèsasyon
konvèsasyon sou
(fraz, mo, gwoup fonksyonèl,
anviwónman epi lòt
pwopozisyon, eks.) men tou
elèv ki pa nan
genyen eleman ki pa lengwistik
konvèsasyon an ap
ki enfliyanse konvèsasyon an :
obsève kilès nan
rapò ki genyen ant moun ki ap
lokitè yo ki plis
mennen konvèsasyon pale yo, konesans moun yo sou
sijè yo ap pale a, eks.
an sou plizyè plan
Li enpòtan pou elèv yo konnen
(metriz sijè a,
epi konprann fonksyónman
konesans nan lang
lan, eks.). Apre yo va eleman sa yo.
fè deba.
Travay an atelye : plizyè elèv
ap mennen yon konvèsasyon sou
yon sijè yo chwazi. Chak manm
nan gwoup la chwazi pale nan
yon rejis. Lòt elèv nan klas ap
obsève e yo ap pran
nòt pou yo ka fè bonjan
kòmantè apre.
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
4. Analize nan ki lòd
enfòmasyon yo
prezante ak sibtilite ki
nan yon repòtaj an
dirèk.
3
Evalye òganizasyon yon
piblisite ki pase nan radyo.
3.1
Detekte anndan yon
piblisite eleman ki
pouse ou achte yon
pwodui.
·
Repòtaj radyo ak
televizyon ak tout
lòt ekstrè oral
elèv yo kapab
jwenn.
·
·
Ekspoze sou fòm konferans:
yon gwoup elèv prezante, nan
yon konferans, travay rechèch
yo fè sou repòtaj an dirèk ki
pase nan radyo. Lòt elèv nan
klas la pran nòt pou yo ka poze
kesyon. Kesyon yo dewoule sou
avantaj ak enkonvenyan
prezantasyon evenman yo sou
plan tematik ak kwonolojik.
Ekspoze miltimedya: Apre elèv
yo fin tande kèk piblisite sou
objektif sou
pwodui a, tankou dives kalte pwodui, yo pran nòt
epi diskite sou eleman ki
non li,
kapab pouse yon moun achte
karakteristik li
divès pwodui sa yo.
ak pri li, eks.,
imaj (figi
Aktivite an Gwoup:
retorik yo)
Apre elèv yo fin fè
tankou metafò,
rechèch sou divès
metonimi,
piblisite yo tande nan
konparezon,
radyo, chak gwoup ap
ipèbòl,
bay ki kote yo jwenn
pèsonifikasyon,
bonjan efòmasyon
eks.
objektif nan piblisite sa
yo ak kote se sèlman
Yon enfòmasyon ki prezante pa
tèm pèmèt elèv la konprann
yon sitiyasyon globalman.
Sepandan, yon enfòmasyon ki
prezante pa dat pèmèt elèv la
retrase kwonoloji evènman an
sou plizyè jou, mwa, ane, syèk,
eks.
Enfòmasyon
enfòmasyon pou
ankouraje moun achte
pwodui sa yo ki
genyen.
13
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
3
14
Analize echanj ki genyen
ant diferan aktè anndan
yon pyès teyat.
·
3.1
Analize diskou
pèsonaj yo selon wòl
yo ap jwe nan yon
pyès teyat
·
3.2
Analize koyerans ki
genyen anndan
diskou pèsonaj yo
3.3
Analize pwogresyon
anndan replik yo.
Sitiyasyon
enonsyasyon nan
replik pèsonaj
yo.
Nosyon sou
pwogresyon
anndan tèks (règ
repetisyon…)
Konektè lojik, anafò, ak repriz
anaforik.
Pandan yon gwoup elèv ap
prezante yon pyès teyat, lòt
gwoup yo ap pran nòt sou
konektè ak anafò ki asire
koyerans tèks la. Chak gwoup
prezante rezilta travay li pou
diskisyon.
Li enpòtan pou elèv konprann
wòl anafò osnon repriz
anaforik jwen nan yon tèks,
pou yo ka etidye replik ki
genyen ant aktè yo nan yon
pyès teyat.
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
PWOFIL ELÈV DEZYÈM ANE SEGONDÈ KÒM ESKRIPTÈ
I- KARAKTERISTIK SITIYASYON KOMINIKASYON
AN NAN KAD YON EVALYASYON SOMATIF.
1.1 Elèv yo dwe jwenn nan sitiyasyon kominikasyon an
eleman sa yo :
·
·
·
·
·
yon entansyon kominikasyon
yon sijè oubyen posiblite pou chwazi pami de
oubyen twa sijè ;
destinatè tèks la e si nesesè karakteristik li (laj,
estati, elatriye)
tip tèks la :
§ naratif
§ enfòmatif
§ deskriptif
§ agimantatif
jan tèks la (resi, tèks dokimantè, kontrandi
evènman, rezime, lèt opinyon, elatriye…)
II- KARAKTERISTIK TÈKS ELEV LA NAN KAD
YON EVALYASYON SOMATIF.
2.1 Tèks la dwe adapte ak sitiyasyon kominikasyon an
Tèks elèv la adapte si tout eleman sitiyasyon
kominikasyon an
respekte :
·
·
·
·
·
·
1.2 konsiy yo dwe presize tou :
·
·
·
tan ki prevwa pou pwodui tèks la ;
resous dokimantè otorize pou ekri tèks la ;
kantite mo pou tèks la genyen (500)
Nan yon tèks naratif
anbyans naratif resi a tabli nan yon epòk e nan yon
espas;
prezantasyon yonn ou plizyè pèsonaj ak tout
karaktè yo;
istwa a genyen yon entrig;
you naratè rakonte istwa a
tèks la pèmèt destinatè a tabli rapò ant yon
anbyans istwa e reyalite.
Tèks la enterese destinatè a pou jan li prezante a.
Nan yon tèks enfòmatif
·
·
tout eleman enfòmasyon yo kòrèk
enfòmasyon yo san fay.
Nan yon tèks deskriptif
·
aspè prensipal ak aspè segondè ki nan deskripsyon
an te byen chwazi;
· gen anpil presizyon nan deskripsyon an.
15
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
PWOFIL ELÈV DEZYÈM ANE SEGONDÈ KÒM ESKRIPTÈ
Nan yon tèks agimantatif
· Eleman ki sèvi pou agimantasyon an
· Ransèyman yo ki sèvi yo bay bonjan presizyon
III- KOYERAN
Tèks elèv la koyeran si destinatè a kapab konprann li e suiv pwogresyon li.
·
Règ kontinite ak règ pwogresyon tèks la respekte ;
·
Mak nesesè pou òganizasyon tèks la egziste ;
·
Pwennvi emetè a kenbe dyanm ;
·
Vokabilè ak rejis lang nan byen adapte ak egzijans pwodiksyon an.
·
Pa genyen kontradiksyon nan tèks la
IV-KONFÒM A FONKSYÒNMAN LANG NAN
16
Tèks elèv la konfòm a fonksyònman lang nan lè li respekte règ ki pi ba yo :
·
Mo yo genyen sans pou yo genyen e yo anplwaye korèkteman nan kontèks
yo ye a ;
·
Estrikti fraz yo ak siy ponktyasyon yo korèk ;
·
Òtograf mo yo korèk.
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Kominikasyon ekri: pwodiksyon ekri
Konpetans
1.
Prepare teknik ak zouti
ki pèmèt ou reyisi yon
pwodiksyon ekri anvan
ou kòmanse redije.
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
·
Itilizasyon fèy bouyon
1. Bati yon plan ki pa
depaman ak tip ekri ou vle
pwodui a.
2. Ranje lide ou yo selon
enpòtans yo nan tèks ou ap
pwodui a.
3. Planifye kantite paragraf,
alineya, espasman, tit, soutit, ou
ap mete nan tèks ou a.
2..P w o d u i d i v è s t è k s a n
fonksyon entansyon
kominikasyon ki nan tèt ou.
Tabli relasyon an entansyon
kominikasyon (sa ou vle ekri a)
ak tip tèks ki asosye ak
entansyon sa a.
Fè diferans ant yon tèks
administratif ak yon tèks òdinè.
Aktivite elèv yo ka fè
Kòmantè
Aktivite an atelye : Nan yon
premye tan, elèv nan chak
gwoup prepare yon plan epi
konstwi yon tèks dapre plan sa
a. Nan yon dezyèm tan gwoup
yo chanje tèks yo youn ak lòt.
Nan yon twazyèm tan chak
gwoup ap bati plan tèks ki nan
men yo a. Apre sa, yo fè
konparezon ant de plan yo.
Fòk elèv la sonje se
entansyon eskriptè a ki pral
dikte li ki tip fraz pou li fè :
si li vle rakonte, li ap fè yon
tèks naratif, si li vle
enfòme, li ap fè yon tèks
enfòmatif, eks.
·
·
·
Ekri ki genyen karaktè
pèsonèl : biyè, lèt
zanmitay, kat postal,
imel, eksetera
Ekri ki genyen karaktè
administratif : lèt
administratif, rapò,
nòt administratif,
kontrandi,
pwosèvèbal, sikilè,
Similasyon : Yon elèv
ap jwe wòl direktè epi
kèk lòt ap jwe wòl
anplwaye. Direktè a
genyen pou ekri
anplwaye yo sou yon
sijè epi anplwaye yo
ap genyen pou reponn
lèt Direktè a. Apre,
tout elèv ap genyen
pou analize
karakteristik fòm lèt
sa yo sou baz prensip
yo.
17
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
3
Analize echanj ki genyen
ant diferan aktè anndan
yon pyès teyat.
3.1
Analize diskou
pèsonaj yo selon wòl
yo ap jwe nan yon
pyès teyat
3.2
Analize koyerans ki
genyen anndan
diskou pèsonaj yo
3.3
Analize pwogresyon
anndan replik yo.
4 Pwodui divès kalte tèks
agimantatif
4.1
Agimante pou bay
opinyon ou sou yon
sijè.
4.2
Agimante pou reponn
yon lide ou pa dakò
avèk li.
18
Agimante pou fè ekilib ant de lide
ki pa ale nan menm sans.
Chema naratif an twa
pati
(Eta inisyal, transfòmasyon,
eta final.
· Chema naratif an senk
pati (Eta inisyal, mank,
kèt, peripesi/rezilta,
eta final)
·
A pati yon istwa reyèl (
nan lekòl la, nan peyi a
eks.) elèv yo ap
analize diferan pati ki
rantre nan istwa sa a.
Chema naratif pa mache san
chema aktansyèl. Yo tankou
yon pyès adoken : youn se
palmis lòt la se figi. Chema
naratif la pèmèt elèv la
analize aksyon ki anndan tèks
naratif la. Chema aktansyèl
la, li menm, pèmèt elèv la
konprann ki moun ki poze
aksyon yo.
Plizyè gwoup fòme nan
klas la. Yo chwazi tèm
legalizasyon Ladwòg ,
yon pati pou, yon pati
kont, Yon pati ap fè
ekilib ant de pozisyon
kontrè yo.
Moun agimante pou divès
rezon : pou defann dwa yo,
pou akize lòt moun, pou
defann pwennvi yo, pou joure,
pou fè polemik. Anfen, anfen,
se pa okazyon ki manke pou
moun agimante, kidonk pou
pwodui tèks agimantatif.
Chema aktansyèl ( Donatè /
Destinatè, oksilyè / opozan,
sijè-aktè/ objè
·
Tèks agimantatif,
òganizasyon : Rezònman
endiktif, Rezònman
dediktif, rezònman
dyalektik, eks.
·
Diskou politik, esè,
piblisite, liv ki kritike,
eks.
·
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
5 Pwodui tèks ki genyen plizyè
tip (deskriptif, naratif ak
agimantatif…)
5.1 Analize fonksyónman tèks
ki genyen plizyè tip.
5.2Tabli relasyon ant
entansyon
kominikasyon ak tip
tèks.
6 Reyalize yon fich lekti
6.1
Distenge
enfòmasyon sou otè
a ak enfòmasyon ki
trete anndan tèks la
6.2
Fè diferans ant yon
fich lekti ak yon
rezime
6.3
Prezante yon
bibliyografi selon
prensip rechèch yo
·
Atik jounal, nouvèl
literè, ekstrè woman,
piblisite ekri, chante,
resèt kuizin…
·
Travay an atelye : Chak
elèv vini ak yon tèks li
idantifye ki genyen plis
pase yon tip. Yo reyini
an gwoup senk moun. Yo
chanje tèks yo ant yo
menm. Epi chak gwoup
ap pwodui yon rapò pou
eksplike ki tip yo jwenn
nan tèks la epi defann
pwennvi yo.
·
yon lis liv ansanm. Chak Konn fè fich lekti enpòtan anpil
gwoup chwazi travay sou nan aktivite entèlektyèl yon
twa liv. Yo fè fich lekti elèv. Li ap pèmèt elèv la
yo epi yo prepare yon òganize enfòmasyon li ap li yo
pou li ka itilize yo annapre.
bibliyografi.
Tèks ki genyen plizyè tip
· Enfòmasyon sou otè a
( non li, kote li fèt, ane li
fèt, eks.)
· Enfòmasyon sou tèks la
(Tit, sou tit, dat
piblikasyon, mezon
edisyon, kantite paj,
eks.
· Enfòmasyon sou tèm ki
trete anndan tèks la
(anviwonman, sante, ladwòg,
eks.)
Nan kad yon prezantasyon elèv
yo genyen pou yo fè sou
VIH/sida yo prepare fich lekti
sou dokiman yo li.
Lè yon moun ap ekri, li posib
pou genyen plizyè tip nan tèks
li a. Pa egzanp, si li vle bay
adrès kote li rete li ka fè
deskripsyon (sekans
deskriptif), si li vle genyen
rezon sou moun li ap ekri a li ka
agimante (tèks agimantatif).
Kidonk, yon tèks kapab genyen
plizyè tip. Chak tip anndan yon
tèks kapab pote non sekans :
sekans destriptif, agimantatif,
eks.
19
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
7 Prepare yon fòmilè.
· Entèwogasyon dirèk ak
entèwogasyon endirèk…
7.1 Prepare kesyon yo an
fonksyon enfòmasyon otè a ap
chèche
Konesans sou rejis lang yo,
7.2 Prevwa ki rejis lang ki
nesesè pou fòmilè a.
20
Elèv la ap genyen divès
okazyon pou li prepare yon
fòmilè, sitou lè li ap fè
rechèch pou devwa mezon yo.
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Leksik /òtograf
Konpetans
1. Itlize mo ki adapte ak
Kontèks kominikasyon an.
1.1 Fè diferans ant diferan aspè
(afektif, entèlektyèl, syantifik)
anndan yon leksik.
1.2 Distenge teknik
derivasyon , konpozisyon,
mo prete ak mo dekalke.
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
·
Vokabilè afektif,
entelektyèl oswa
syantifik.
·
Afiksasyon
(prefiks / sifiks)
·
Konpozisyon, mo prete,
mo dekalke
·
Sitiyasyon kominikasyon
/ leksik
·
Chan leksikal / chan
semantik
·
Denotasyon /
konotasyon
1.3 Distenge chan leksikal ak
chan semantik
·
Kontèks
lengwistik/kontèks ki
pa lengwistik
Aktivite elèv yo ka fè
Aktivite an gwoup:
Chak gwoup ap
genyen pou trete
yon menm tèm, egz.
Sante, nan diferan
kontèks
kominikasyon (rapò
paran-pitit/ rapò
pwofesè elèv eks.
Elèv yo ap genyen
pou analize tout
diferans yo jwenn
nan mo yo itlize yo
selon kontèks
kominikasyon an.
·
Elèv yo ap travay an gwoup
sou twa metòd fòmasyon
mo. Chak gwoup ap genyen
yon metòd pou li analize epi
jwenn kèk egzanp. Apre
elèv yo ap diskite ant yo
sou diferans yo jwenn nan
metòd yo.
Kòmantè
Li enpòtan nan kèlkeswa
sitiyasyon an pou mo elèv yo ap
anplwaye pa depaman ak
sitiyasyon yo ladan li a. Se pou
rezon sa a fòk yo konnen ki mo
ki mache ak ki sitiyasyon.
21
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
. Evalye neyolojis ki anndan
kreyòl ayisyen an.
2.1 Analize neyoloji-sans ki
anndan kreyòl ayisyen an.
2.2 Analize neyoloji-fòm ki
anndan kreyòl ayisyen an.
2.3 Konpare neyoloji sans ak
neyoloji fòm ki anndan lang
kreyòl la.
·
Neyoloji-sans
(klowòks, asid
batri, )
Neyoloji-fòm ki fèt : pa
siglezon (Minista, GNB, RPK,
seleksyon idisèt, iven,
ivenntwa…); pa afiksasyon (
dekrenmen, dekole, gaspiya,
piyajè).
Kontraksyon eleman
leksikal.
Egz. Konnen tounen konn
Genyen “ “ gen
Rete
« ret
· Kontraksyon eleman
gramatikal.
Egz. Tifi pa ou a di mwen
soulye li a chire/ tounen :
tifi pa w' la di m' soulye l'
la chire.
· Asimilasyon entèn
Egz. Tankou tounen kankou
Famasi '' ''
fanmasi
Almanak '' ''
almannak
·
3.Analize fenomèn
asimilasyon an nan kreyòl
ayisyen.
3.1 Pwodui fraz ki genyen
kontraksyon leksikal ak
kontraksyon gramatikal.
3.2 Analize pwodiksyon ki genyen
asimilasyon entèn.
22
3.3 Analize pwodiksyon ki genyen
asimilasyon ekstèn.
·
Asimilasyon ekstèn
Egz. « Li ba ou on kou. » tounen «
Li bò w on kou. »
·
Chak elèv pran kèk
egzanp ki genyen rapò ak
kontraksyon epi
asimilasyon. Apre sa yo
konpare diferan fraz yo
jwenn yo.
Lang kreyòl la itilize
asimilasyon ak kontraksyon
anpil sitou lè Ayisyen ap pale.
Li enpòtan pou elèv yo
konprann fenonmèn sa yo, ki
ap pèmèt yo fè diferans ant
lang ekri e lang pale.
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Tradiksyon
Konpetans
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
Aktivite elèv yo ka fè
Kòmantè
1. Aplike prensip tradiksyon ki
mande pou respekte sans nan
lang sous la.
1.1 Konprann ekspresyon fije ki
nan lang sous la.
Tèks kout tankou
konsiy, mòd anplwa,
afich, kat swè, eslogan…
· Tèks fonksyónèl ki ekri
an franse ak an kreyòl.
Konesans sou de lang ki
fasafas yo sou plan gramatikal,
leksikal, semantik, eks.
Elèv yo chwazi ekstrè ki soti
nan woman ayisyen, nan nouvèl
literè, nan liv pwezi ayisyen
ekri, eks. Yo reyini an atelye
epi yo fè tradiksyon tèks sa
yo. Apre sa, deba fèt nan klas
la sou respè prensip tradiksyon
yo.
Elèv la ap mete li nan plas moun
ki pral li mesaj li yo, pou li ka
prevwa ki mo, ki fraz ak ki
rejis lang pou li anplwaye nan
yon tradiksyon.
1.2 Konprann fonksyónman
eleman gramatikal, leksikal,
semantik… nan lang sous la.
·
1.3 Respekte rejis lang ki
itilize nan lang sous la.
2. Aplike prensip tradiksyon ki
mete plis aksan sou destinatè
mesaj la.
2.1 Prevwa pou ki moun
tradiksyon ap fèt
2.2 Respekte lespri mesaj la
nan lang sous la
2.3 Distenge kontèks
lengwistik ak kontèks non
lengwistik mesaj la
Tèks piblisite ekri ak
pale
· Kèk tèks powetik
tankou : ekstrè woman,
nouvèl literè…
· Tèks deskriptif,
naratif, dyalòg, eks.
· Denotasyon
/konotasyon
· Monosemi/polisemi
Chan semantik ak chan leksikal
·
23
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Gramè fraz ak gramè tèks
Konpetans
1. Analize estrikti fraz senp
nan yon tèks.
1.1 Analize estrikti fraz senp
ki genyen vèb.
1.2 Analize estrikti fraz senp
ki pa genyen vèb.
24
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
Aktivite elèv yo ka fè
Kòmantè
Fraz senp ki genyen
· Genyen plizyè gwoup ki fòme · Elèv la ap aprann konnen wòl
konpleman objè dirèk.
nan klas la. Elèv yo chwazi
yon vèb jwe nan yon fraz. Li
· Fraz senp ki genyen
tèks ki ekri an kreyòl epi ki
ap aprann tou genyen lòt
konpleman objè endirèk. genyen divès kalte fraz senp
eleman ki ka jwe menm wòl ak
· Fraz senp ki genyen
ladan yo. Apre sa, yo etidye
vèb la nan fraz kreyòl.
konpleman objè segon.
estrikti fraz sa yo. Men li
Egz. : Wowo bay Jozèt
enpòtan pou fraz sa yo soti
(konpleman objè dirèk) yon
nan yon tèks paske kontèks la
mango.(konpleman objè
ap pèmèt elèv yo etidye rapò
segon)
ki makònen estrikti lang nan
ak sans li ka genyen.
·
· Mo kowòdonan an kreyòl Aktivite an gwoup : elèv yo
2. Analize estrikti fraz
Yon mo kowòdonan kapab yon
:
konjonksyon
(epi,
men,
chwazi tèks ki ekri an kreyòl
konplèks pa kowòdinasyon nan
konjonksyon osnon yon advèb
ni…
ni,
kidonk,
oubyen,
epi ki genyen divès kalte fraz
yon tèks.
lyezon. Sa ki enpòtan se pou
osnon
eks.),
advèb
konplèks ladan yo. Apre sa, yo elèv la konnen lis mo sa yo
2.1 Konpare pwopozisyon
(poutan,
sinon,
tankou,
etidye estrikti fraz sa yo pou
endepandan ak pwopozisyon
nan kreyòl la.
kouwè…)
yo ka konprann fonksyónman
depandan.
· Nati ak fonksyon mo
fraz konplèks pa
2.2 Evalye nati ak fonksyon mo
kowòdonan
yo
an
kreyòl.
kowòdinasyon yo.
kowòdonan nan fraz ki genyen
Konparezon
ant
mo
kowòdonan
plizyè pwopozisyon
yo (Ou pa vini, kidonk ou p'ap
endepandan.
manje.) ak mo lyezon (egz. Jan
ak Pyè pa vini.)
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Konpetans
3. Analize estrikti fraz
konplèks pa sibòdinasyon nan
yon tèks.
3.1 Etidye fonksyónman
pwopozisyon sibòdone relatif
nan yon fraz.
3.2 Etidye fonksyónman
pwopozisyon sibòdone
konpleman dobjè nan yon fraz.
3.3 Etidye fonksyónman
pwopozisyon sibòdone
entèwogatif endirèk.
3.4 Etidye fonksyónman
pwopozisyon sibòdone
sikonstansyèl.
3.5 Etidye fonksyónman
pwopozisyon sibòdone
enfinitif.
Eleman ki nesesè pou
devlope konpetans lan
Aktivite elèv yo ka fè
Pwonon relatif an kreyòl Aktivite an gwoup : elèv yo
(ki…). Sonje mwayen ki chwazi tèks ki ekri an kreyòl
pèmèt pwopozisyon
epi ki genyen divès kalte fraz
relatif la konekte ak
konplèks pa sibòdinasyon ladan
prensipal la pa
yo. Apre sa, yo etidye estrikti
fonksyone menm jan an fraz sa yo pou yo ka konprann
franse ak an kreyòl.
fonksyónman fraz konplèks pa
Evite itilize “ke” nan
sibòdinasyon yo.
fraz kreyòl. (Egz. *Li
kontan ke ou pa te vini./
nan plas : Li kontan ou
pa te vini.)
· Pwopozisyon konpletif,
pwopozisyon
entèwogatif endirèk,
pwopozisyon enfinitif.
Divès kalte pwopozisyon
sikonstansyèl (tan, koz,
konsekans, bi, konsesyon,
konparezon, kondisyon…)
/sonje kreyòl ayisyen genyen
pwòp mwayen pa li pou li
eksprime rapò tan pa egzanp :
Monte mwen monte, Jan
desann.
·
Kòmantè
Elèv yo ka konpare estrikti
fraz konplèks pa sibòdinasyon
yo an kreyòl ak fraz nan lòt
lang. Apre yo ka gade kòman
konparezon sa a itil nan aprann
estrikti lang kreyòl la.
25
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Konesans jeneral sou
nosyon tan ak aspè
· Rapò ki genyen ant
moman enonsyasyon ak
4.1 Distenge sa ki fè
tan (prezan, pase, fiti)
diferans ant aspè ak tan.
· « Ap » mak tan ; « ap »
mak aspè.
4.2 Konpare “ap” ak “te”
· “te” mak tan pase.
nan fraz an kreyòl.
· “te” + “ap” (ava ou a)=
tan kondisyonèl an
4.3 Analize tan pase nan
kreyòl
fraz an kreyòl.
Mak tan fiti an kreyòl : ap,
4.4 Analize tan fiti nan fraz an pral, ava, va, a.
kreyòl.
Chak elèv fè travay pèsonèl
pou analize mak tan ak aspè
nan tèks yo chwazi yo menm.
Tan ak aspè se de nosyon ki
enpòtan anpil nan fonksyónman
sistèm vèbal yon lang. Lè yon
elèv ayisyen konprann sistèm
vèbal lang kreyòl la, sa pèmèt li
analize sistèm vèbal lòt lang ki
an kontak ak kreyòl sou
teritwa a,epi evite melanje
sistèm aspè ak tan de lang ki
fasafas.
Tèm ak pwopo nan yon
fraz.
· Règ repetisyon
· Règ pwogresyon
· Wòl anafò nan yon tèks
Wòl konektè nan yon tèks
Aktivite an atelye : elèv yo
travay sou tèks an kreyòl pou
yo kapab analize diferan tip
pwogresyon tematik ki ka
egziste nan yon tèks
Yon tèks pa janm prezante yon
sèl pwogresyon. Li toujou
asosye plizyè ansanm. Pa
egzanp, anndan yon tèks ou
kapab jwenn pwogresyon tèm
konstan asosye ak pwogresyon
tèm lineyè epi pwogresyon tèm
divize.
Egz. Twa jennjan ap naje nan
flèv latibonit. Youn ladan yo
disparèt. De lòt yo plonje dèyè
li. Men se ak kadav li yo monte.
4. Analize nosyon tan ak aspè
nan kreyòl ayisyen.
26
6. Analize pwogresyon tematik
yon tèks.
6.1
Evalye progresyon
pa tèm konstan nan
yon tèks
6.2
Evalye progresyon
pa tèm lineyè nan
yon tèks.
Evalye pwogresyon pa tèm
derive nan yon tèks.
·
·
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Bibliyografi
(Lis liv elèv yo ka li)
Lis zèv, otè, liv pou dezyèm ane segondè a
Istwa ki gen moral
Pyès teyat
·
Beaubrun, Théodore (dit Languichatte), Anna,
Port-au-Prince : ed. Panorama, 1962.
·
Beaubrun, Théodore (dit ……………..), La famille
Languichatte, Port-au-Prince : Imprimerie des
Antilles, 1981.
·
Cavé, Syto, Kavalye Polka, Port-au-Prince : 1984
·
Cavé, Syto, Mèt katye, Port-au-Prince : 1996
·
Frankétienne, Pèlin-tèt, Port-au-Prince, Ed du
Soleil, 1978.
·
Jessifra (F. Valcourt) Extraits
·
Morisseau – Leroy, Félix, Teyat kreyòl : Antigòn,
Wa kreyon, Pèp la, Moun fou, Rara Anatòl, Portau-Prince, Imprimerie Bois Caïman, 1998.
·
Sylvain, Georges, Cric ? Crac, fables de La Fontaine,
racontées par un montagnard haïtien et transcrites en
vers créole.
·
Pawòl granmoun (Pwovèb)
·
Moyse, Raymond, A, Twa demi-douzèn, Istwa Mèt
Lafontèn, 1975.
·
Bastien, guy Arthur, Paroles d'hier et d'aujourd'hui,
Recueil de Proverbes, Port-au-Prince, 1993, 164 p.
·
Jean-Baptiste, Pauris. Dezyèm kout flach sou 300
provèb, Port-au-Prince, Ed Bon nouvèl 1975, 71 p.
·
Desmarattes, J. Lyonel, Fanm Filozòf, koleksyon
kreyolad, 2003, 100 p.
27
Pwogam Konpetans Minimal
Kreyol
Divès kalte kont
Woman / Istwa (resi)
·
·
·
·
·
·
·
·
Celestin-Mégie, Emile, Lanmou pa gen baryè, premye epòk,
Port-au-Prince, ed. Fardin, 1975
Daniel, Gary, S., Kanmizòl na pyi Gonbolyen, Tampa,
CLASIG, Ed. 1993
Frankétienne, Dezafi, Port-au-Prince, Ed Fardin, 1975.
Jean-Baptiste, Pauris, Nan lombray inosans, Port-au-Prince,
Ed Deschamps, 1985
Victor, Gary, Sonson pipirit. Un octobre d'Elyaniz (roman),
Port-au-Prince, 1992
Sixto, Maurice, A., Choses et gens entendus, 10 cassettes,
C.D.
Chèry, Pierre-Michel, Eritye Vilokan,Port-au-Prince,2002.
Vernet, Pierre, Analiz Woman Eritye Vilokan, Port-au-Prince,
FLA, 2002
·
·
·
·
Pwezi
·
Jounal
·
·
·
·
·
28
Jounal Bon nouvèl
Haïti Progrès (pati ki an kreyòl la)
Jounal libète
Haïti en Marche (pati ki an kreyòl la)
Haïti Observateur (pati ki an kreyòl la)
Bajeux, Jean Claude, Mosochwazi pawòl ki ekri an kreyòl
ayisyen, Port-au-Prince, Editions Antilia, 1999 p. 40 - 70
Deita (pseud.) Kont nan jaden peyi Ti Toma, Port-au-Prince,
1991, 174 p.
Agence de Coopération culturelle et technique, contes
créoles illustrésm textes bilingues créoles-français. Paris :
imprimerie Schiffer, 1976, 75 p. (13 contes)
Minville, Ernst (pseud. Pye Banbou), Tim-Tim, Port-au-Prince
: Ed. Fardin, cll. Couconille,
1973 60
p
·
·
·
·
·
·
·
·
·
·
Batraville, Dominique, Boulpik (poèmes), Port-au-Prince, Ed.
Choucoune, 1978
Castera, Fils Georges, Clou gagit, Port-au-Prince, 1965
Castera, Fils, Georges, Konbèlan, Montréal : Nouvelle
optique, 1976
Castera, Fils, Georges, Rèl, Port-au-Prince, Ed. A contrecourant, 1995
Conjonction, Lamadèl, cent poèmes créoles, Port-au-Prince :
no 195 Juillet – août – sept 1992
Durand, Oswald, «Choucoune »
Koralen…. (pseud. Jean-Claude de Martineau), Pwezi, Kont,
chante, Port-au-Prince, 1991
Large, Robert Josaphat, Pè sèt (powèm), Miami, Edit.
Koukouy, 1994
Morisseau-Leroy, Felix, Dyakout 1, 2, 3, 4, New York,
Haitiana Publication, Inc 1990
Pierre, claude, Randevou, Antoloji kreyòl, Pwezi d'Ayiti,
Montréal, CIDIHCA et Pleine plage
Conjonction, Lamadèl, cent poèmes créoles, Port-au-Prince :
no 196 Oct. – nov – déc 1992