EN FR HT
République d'Haïti
Bibliothèque de documents
4 319 documents 197 375 pages
(2019-12) Programme à compétences minimales : Créole haïtien, Secondaire I

(2019-12) Programme à compétences minimales : Créole haïtien, Secondaire I

Ministère de l'Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) 2019 29 pages
Resume — Programme à compétences minimales de créole pour le Secondaire I du nouveau secondaire, publié par le MENFP en décembre 2019. Il énumère les compétences, les éléments de contenu et les activités d'évaluation à couvrir pendant l'année scolaire écourtée 2019-2020.
Constats Cles
Description Complete

La Direction de l'Enseignement Secondaire a ramené le programme de créole du Secondaire I aux compétences jugées essentielles par le ministère. Les écoles étaient restées fermées plus de deux mois au début de l'année 2019-2020 pendant la période dite Peyi lok, et le ministre Pierre Josué Agénor Cadet a fait réaménager le calendrier scolaire et réécrire chaque programme disciplinaire en conséquence. Le contenu se présente en tableau : compétences, éléments de contenu et suggestions d'activités d'enseignement, d'apprentissage et d'évaluation. La direction a fixé 36 heures de cours par semaine sur six jours pour rattraper le temps perdu, et les thèmes écartés devaient être traités en activités complémentaires. Le programme initial dont il provient supposait une année de 189 jours à six heures par jour. 29 pages.

Sujets
Education
Geographie
National
Periode Couverte
2019-12-01 — 2020-06-30
Mots-cles
programme à compétences minimales, nouveau secondaire, créole haïtien, secondaire i, curriculum, MENFP, Peyi lok, 2019-2020, series:menfp-programme-secondaire
Entites
Ministère de l'Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP), Direction de l'Enseignement Secondaire, Pierre Josué Agénor Cadet
Texte Integral du Document

Texte extrait du document original pour l'indexation.

MENFP PWOGAM KONPETANS MINIMAL KREYÒL SEGONDÈ I DÉCEMBRE 2019 Pwogram konpetans minimal kreyòl Pwogram konpetans minimal pou kreyòl Segondè I Konsiy pou yon aplikasyon pratik Pwogram ki nan men nou la a rele: « Pwogram konpetans minimal pou kreyòl ». Li prepare apati pwogram nou te deja konn sèvi avèk li a ki fèt pou yon ane lekòl ki dire 189 jou, konsa si nou te fè 2 èdtan pa semèn nou t ap kouvri tout pwogram nan pandan ane akademik la. Men lè nou konsidere pwoblèm ki te genyen nan peryòd « Peyi lòk »la ki te dire plis pase (2) mwa, sa ki te gen gwo enpak sou bon dewoulman ak pwogresyon pwogram nan, otorite yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal vle pou aktivite eskolè yo kontinye pou ane akademik 2019/2020 an. Se poutèt sa Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor CADET ak lòt otorite nan domèn nan bay direksyon teknik konsène yo enstriksyon pou yo pase men nan kalandriye eskolè a epi prepare yon pwogram ki adapte avèk li. An gwo, se yon travay ki pèmèt nou evalye kantite jou klas elèv yo te pèdi pandan peryòd sa a epi konsidere eleman ki pi enpòtan yo pou chak disiplin, sa vle di divès tèm pou chak matyè ki pral pèmèt ane akademik la reyisi pou divès nivo ansèyman yo. Direksyon Ansèyman Segandè a mete estrateji l anplas pou nou ka rive kouvri tout sa ki te pèdi nan tan aprantisaj la. Pou Kreyòl Segondè I ak Segondè II, gen 35 èdtan ki pèdi. Li posib pou nou rekipere 15 nan yo epi pou rès 10 ki rete yo, n ap bay devwa pou lakay ak travay rechèch. N ap ka rive fè sa si nou respekte yon pwogram 3 èdtan pa semèn. 1 N ap sèvi ak pati ki pa twò peze nan pwogram nan kòm aktivite ansèyman / aprantisaj pou elèv yo ka fè devwa rechèch yo nan divès nivo segondè a. Pati sa yo ap disponib sou divès platfòm Ministè Ediksyon Nasyonal kreye pou sa. Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 1: Kominikasyon oral Konpetans 1-Patisipe nan divès sitiyasyon kominikasyon. Gade byen règ ki tabli nan chak sitiyasyon kominikasyon e wòl chak patisipan. ·Nan yon ekspoze ·Nan yon deba Konesans nesesè · · Ton vwa Jès Règ pou pran lapawòl Repetisyon Konn poze kesyon Refòmilasyon lide ak pwòp mo pa w. Koutwazi Tan pawòl chak moun Lè pou chak patisipan pran lapawòl Limit kominikasyon an nan vi prive lòt Valè entonasyon nan kominikasyon Chema kominikasyon: emetè*, reseptè*, mesaj. ·Idantifikasyon sitiyasyon kominiskasyon ki plis sèvi nan lavi yon moun, lekòl ak sosyete. · Idantifikasyon e respè règ ki tabli nan chak sitiyasyon kominikasyon e wòl chak patisipan. Kijan pou develope konpetans lan · Bay konsiy, règ ak kantite tan ki ta dwe itilize nan yon kominikasyon ant plizyè moun. · Rasanble enfòmasyon ki nesesè pou patisipe nan yon sitiyasyon kominikasyon. ·Òganize enfòmasyon yo selon sitiyasyon kominikasyon an. Prepare plan ki ka sèvi pou prezante kominikasyon nan respè règ ki tabli nan chak sitiyasyon kominikasyon. 2 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans 2.Pwodui divès kalte diskou oral. ·Esprime opinyon, santiman sou yon evènman ·Kominike yon enfòmasyon ·Bay agiman e konprann kouman yo prepare divès kalite agiman. 3 Konesans nesesè · · · · · Distenksyon fè reyèl / opinyon Kritik (pozitif / negatif) Prezantasyon yon opinyon ak tout egzanp Distenge tèz* / agiman* Kouman prezante yon agiman : lide, devlopman, egzanp. 3.Dekouvri tout kalite zouti lang lan dispoze pou fè yon kominikasyon oral · Pwogresyon, ranje lide yo nan lòd. byen makònen, san depaman. · Sèvi ak lòd evènman yo ·Bati yon plan (mete nan lòd (kwonoloji) enfòmasyon ou chwazi pou bay · Konektè* lojik, espas ak tan yo). · Pwogresyon tematik*. ·Tabli rapò lojik nan lide yo · Repriz ak anafò* (sèvi ak lòt mo ·Aprann byen sèvi ak konektè yo. ki ka jwe menm wòl la pou evite ·Itilize ak anpil ladrès pwogresyon repetisyon). tematik · Leksik ki ale ak sitiyasyon ·Sèvi korèkteman ak pwonon, kominikasyon an. detèminan demontratif e posesif Sentaks* diskou oral. kòm anafò. ·Sèvi ak mo e ak ekspresyon ki koresponn ak kalite lang ou dwe itilize e ki di ak anpil presizyon sa ou vle di a. ·Respekte règ sentaks lang lan. Kijan pou develope konpetans lan · · · · Pwopoze elèv yo divès kalte sitiyasyon kominikasyon kote yo genyen oswa pou yo bay opinyon yo, oswa pou yo enfòme, oswa pou yo agimante. Bay chak elèv nan klas la okazyon pou li pran lapawòl ede li dekouvri patikilarite diskou oral li pwodui a. Pwofite de chak sitiyasyon kominikasyon pou etidye gramè oral lang kreyòl la. Montre elèv yo diferans ki genyen ant lang oral ak lang ekri. . Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 2 : Kominikasyon ekri : lekti Konpetans Konesans nesesè 3.Dirije lekti ou daprè sans sitiyasyon · Sitiyasyon kominikasyon nan divès kominikasyon an e pwojè lekti ou gen kalte tèks nan tèt ou. · Konesans pou yon lektè genyen · ....Analize sitiyasyon lekti a. (konesans monn nan, karakteristik · ....Mete ou nan pozisyon yon lektè lang lan daprè kalte tèks yo. epi abòde tèks la. · Pwòjè lekti · ....Bay tèt ou yon pwojè : lekti pou · Entansyon kominikasyon chèche yon ransèyman, pou fè yon · Kontèks pwodiksyon rezime, pou mennen yon aksyon, · Kontèks narasyon pou eksplike, pou jwi bèlte lang · Byografi ekriven / otè kreyòl la, pou chèche agiman, pou Enfòmasyon ki genyen nan paratèks (tit, tabli yon dokimantasyon sou yon soutit, desen, imaj, paj kouvèti, sijè … elatriye). · ....Evalye konesans ou sou otè tèks ou gen pou li a : sanble tout enfòmasyon sou vi l, sou liv li ekri, chèche enfòmasyon si ou manke. · ....Gade tit, soutit, paj kouvèti, tout enfòmasyon ki ka ede ou rekonèt ki jan ak ki tip tèks la ye. Kijan pou develope konpetans lan Abitye elèv yo poze kesyon sou sitiyasyon kominikasyon yo jwenn nan tèks yo gen pou li. · Pèmèt yo fè anpil pratik lekti sou divès kalte tèks. · Ankouraje elèv yo fè ti rechèch tou kout sou yon ekriven, yon otè tèks yo gen pou li. Montre yo enpòtans enfòmasyon ki alantou yon tèks (tit, soutit, ekriti (gwo, piti), desen, imaj, elatriye). · 4 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Konstwi sans tèks la vle di tout bon vre e v sa li pa vle fin di. v ·Chèche mo ou pa konnen, gade ki v sans ou ta kap bay nan kontèks yo v itilize yo, oubyen chèche yo nan diksyonè. v ·Eseye bay fraz yon sans ki ka pèmèt v ou konprann sezi sans tèks la. v ·Mete enfòmasyon nan lòd. v ·Pran sans daki tèks la genyen. v ·Idantifye kote nan tèks la ki pa fin v klè e chèche byen konprann yo. v v v Idantifye, konprann, entèprete divès jan tèks : v ·Jan literè ·Jan ki pa literè ·Chèche dekouvri nan yon tèks v kantite jan ki ladan l. 5 Konesans nesesè Chan semantik* Sans kontekstyèl, pwòp ak figire. Sèvi ak diksyonè Pwogrè anrapò ak tèm, lide ak enfòmasyon Lòd enfòmasyon yo. Rapò lojik nan lide ki nan tèks la. Sans tèks la vle di e sal pa fin di. Sa ki ta dwe vre Mo ki pa enpòtan nan yon fraz Figi estil: metafò*, metonimi*. Fraz ki pa fin klè. Rapò lojik ki pa fin klè. Istwa, kont, fab, woman komedi, nouvèl. Editoryal, tèks dokimantè, fich teknik, mòd anplwa, anons, reklam piblisitè. Inisyasyon nan tèks agimantatif: esè, atik laprès. Kijan pou develope konpetans lan v Aprann elèv yo fè yon koutje sou tout tèks la e sou chak paragraf. v Chèche degaje lide prensipal ak lide segondè ki nan tèks la. v Sèvi ak diksyonè oubyen esplikasyon yo bay pou sèten mo pou konprann lide ki di e ki pa ki nan tèks la. v Pèmèt elèv yo sèvi ak tout zouti ki ka pèmèt yo konstwi sans tèks yo ap li a : gramè, griy lekti, elatriye. v Pèmèt elèv yo dekouvri kritè ki karakterize jan tèks yo lè yo literè ak lè yo pa literè. Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Konesans nesesè vEntansyon naratè a : ·Tip dominan ·Tip segondè Pèmèt elèv yo dekouvri nan pratik lekti y ap fè prensipal karakteristik lengwistik ki ka pèmèt yo idantifye, konprann ak entèprete yon tèks. Karakteristik yon tèks naratif, deskriptif, agimantatif, eksplikatif, enjonktif, ekspresif, enpresif, enfòmatif. Enonse *, Enonsyatè *, Kijan pou develope konpetans lan Fè yo dekouvri pa gen anpil tèks ki genyen yon sèl tip. Paregzanp, yon woman ki se yon tèks naratif ka gen pasaj deskriptif, agimantatif, elatriye. reseptè * Mak enonsyasyon * an. Kote ak moman enonsyasyon an. Chak fwa elèv la ap fè yon pratik lekti, nan griy lekti li prepare a, anseyan va abitye li pwogresivman idantifye divès eleman konsènan noyson enonsyasyon, enonsyatè elatriye Pwennvi * (fokalizasyon * zewo, entèn, ekstèn) Fenomèn modalizasyon *. Pawòl rapòte. 6 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans 5-Itilize, konprann, entèprete divès eleman ki antoure pwodiksyon yon tèks. Konesans nesesè Kontèks istorik. Byografi Lekòl, mouvman, peryòd, tandans. Idantifye, konprann, entèprete tonalite, rejis yon tèks. · ....Idantifye divès eleman ki fè yon tèks komik, polemik, didaktik, epik, lirik. Chèche dekouvri nan yon tèks tout rejis ki ladan l. Konvansyon, règ (vrè sanblans, byenseyans) Kalite moun ki ap resevwa tèks la ·lektè ·oditè ·espektatè ·piblik Kritik. vTonalite - Komik - Lirik (sansibilizasyon) - Polemik (sansibilizasyon) - Didaktik (sansibilizasyon) 7 Kijan pou develope konpetans lan Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Konesans nesesè Itilize divès antre selon jan, tip, enonsyasyon, kontèks, tonalite pou li yon tèks literè. Tabli diferans ant yon tèks literè (literati) ak yon tèks ki pa literè (oraliti). Devlope yon lespri kritik ·Idantifye enonsyatè yon tèks ak destinatè li. ·Idantifye valè ki nan yon tèks ak ideyoloji ki kapab dèyè l: kolonyalis, kominis, endijenis, … - Tipoloji tèks ak mòd òganizasyon tèks ; - Kontèks/sitiyasyon - tonalite Kijan pou develope konpetans lan Distenksyon - Tèks literè - Tèks oral Valè : ·moral ·kiltirèl ·politik. 8 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Esplike tout kalte desen ak imaj. ·Idantifye eleman ki nan langaj desen yo, imaj yo tankou sa nou ka dekouvri nan odyovizyèl. ·Analize rapò ki tabli ant sa ou wè ak sa ou tande nan yon pyès teyat, paregzanp. Sèvi byen ak vokabilè ·Apiye ou sou tout teknik ki genyen nan etid vokabilè : kontèks, etimoloji, sinonim, diksyonè, mo menm fanmi, elatriye pou konprann pi byen tèks lekti yo e pou ogmante konesans ou nan vokabilè. Konesans nesesè Eleman ki nan langaj ikonik * : (ti komik, desen, penti, foto) : pwennvi, plan, chwa koulè ak limyè, senbòl ak konvansyon Eleman ki nan langaj imaj yo (sinema, televizyon): pwennvi, plan, montaj, konvansyon. Rapò tèks teyat / chwa mizansèn. Sans jenerik * / Sans kontekstyèl * Mo menm fanmi, Sinonim Kontèks Diksyonè 9 Jwenn etimoloji * Sèvi ak lòt mo pou di yon menm bagay. Elatriye. Kijan pou develope konpetans lan · ....Chak fwa elèv yo twouve yo devan yon imaj, yon desen, ede yo devlope abilite pou yo konprann yo, entèprete yo. Atire atansyon sou fòm, koulè, pèspektiv (lwen, pre), tout eleman ki enpòtan pou entèprete langaj ikonik. Anseyan an ap pwofite tout okazyon ki parèt devan li pou li fè elèv yo konnen plis mo. l ap fè sa : · ....Lè l esplike elèv yo nouvo mo yo ak mo yo konn sèvi deja ki vin gen yon lòt sans. · ....Lè li montre elèv yo sèvi ak zouti tankou diksyonè. · ....Lè li suiv konvèsasyon yo pou l wè si yo byen sèvi ak nouvo mo yo. · ....Lè li fè elèv yo plis sèvi ak nouvo mo yo, yon fason pou yo ka tou konnen yo. Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Redije tèks ki gen estrikti naratif: biyografi, kontrandi evènman, jan pou rezime istwa, kontrandi lekti. Redije, pou nenpòt ki tèks, yon tit, yon soutit si se nesesè, entètit, yon chapo, yon plan, yon rezime ki rapòte oubyen reprann pawòl otè a san defòmasyon (avèk objektivite) Pran nòt e òganize yo pou repwodui esansyèl yon diskou oral ou ekri. Idantifye yon eleman ki fasilite lekti yon tèks Redije tèks ki genyen yon animasyon deskriptif. Li gen dwa se deskripsyon yon mache, yon vil, yon kay, yon moun (pòtrè) ets. Ekri lèt voye bay zanmi, fanmi selon tout prensip yo Itilize alfabè fonetik fè transkripsyon tèks, sou kasèt nan plizyè lang (kreyòl, fransè, anglè, panyòl Itilize alfabè fonetik pou transkripsyon fraz ak tèks ekri nan franse, kreyòl, angle, panyòl. Konesans nesesè Kijan pou develope konpetans lan · Degre enplikasyon naratè a selon jan resi yo. · Kontra nan resi ki chita sou reyalite (otè a sanse di laverite ; lektè a sanse kwè li) · Sistèm tan nan resi ki chita sou reyalite. · Itilizasyon konektè tan yo. · Fraz nominal ak fraz vèbal · Rezime · Chapo · Entètit · Abrevyasyon e senbòl ; · Divès fason pou ekstriktire nòt ; · Mizan paj. Faktè lizibilite · Longè fraz yo · Oganizatè tekstyèl yo: (tit, chapo ou somè, ilistrasyon, paragraf, konektè lojik ets…) · Eksplikasyon vokabilè teknik. Tip tèks ak modifikasyon yon tèks. · ..Sa ou jwenn nan yon deskripsyon e ou pa jwenn nan narasyon · ..Prenisp pou prezante yon lèt : apèl, kò lèt la, politès, ets. Rejis lang : familye kouran Pèmèt elèv yo dekouvri kòman yon naratè kapab enplike tèt li nan yon tèks, kòman li kapab rete deyò tèks la. Kòman naratè a respekte la verite, itilize konektè yo ak tan vèb yo anndan yon tèks. Ede elèv yo dekouvri kòman tout eleman ki antoure tèks la (tit, soutit, nòt anba paj, ets..) pèmèt lektè a konprann pi byen sa li pral li anndan tèks la. Distenge yon deskripsyon parapò ak yon narasyon, yon eksplikasyon, yon enfòmasyon elatriye. Mande elèv yo ekri lòt elèv nan klas la, nan lòt lekòl, zanmi yo, ets. · .Fè elèv yo ekri lòt elèv nan klas la, nan lòt lekòl; zanmi yo, fanmi yo. Bay dikte. Chèche nan diksyonè. 10 Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 3 : Istwa reyèl/ imajinè: resi, fiksyon Konpetans 3.1. Rezime istwa a 11 Konesans nesesè ·Règ pou pran nòt klè, lòt moun ka konprann. Abrevyasyon, sig, siy ak 3.2. Eksprime yon santiman moral senbòl. enplisit. Li ak ekri alfabè fonetik 3.3. Dekouvri pòtre, dekò, pawòl, panse ntènasyonal(mo, fraz, tèks) - Etap chema naratif pèsonaj yo, moral yo. · Pati chema aktansyèl 3.4. Distenge yon istwa imajinè de yon · Enplisit, presipoze, sa ki pa di, endis. istwa reyèl (byografi, otobyografi) · Tip tèks tankou naratif, deskriptif, 3.5. Distenge sa ki vre / vrèsanblab. eksplikatif… 3.6. Etidye karakteristik narasyon. · Pari nan lekti: Konvansyon ant otè a ak 3.7. Metrize kwonoloji yon istwa. lektè a 3.8. Kominike nan klas la reyaksyon · Eleman ki ka pèmèt vrèsanblans nan pèsonèl santimantal, entèlektyèl ou, pou yon resi. yon istwa, yon pèsonaj. · Otè / naratè / pèsonaj 3.9. Distenge karakteristik divès · Fokalizasyon. kalite jan tèks tankou, nouvèl, kont, · Òganizasyon kwonolojik fab. · Pi bon baz pou jije yon resi: vrèsanblans, respè règ jan yo, 3.10. Konplete yon resi kèlkonk, ki pa gen idantifikasyon avèk yon pèsonaj. finisman, kòmansman oubyen yon pati nan · Jan: nouvèl, kont, fab, woman. mitan. Konesans sou chema naratif ak sou 3.11. Idanfye tip tèks yo chema aktansyèl - Avèk ou san yon modèl, envante Tip tèks yo ak tout konbinezon posib; kòmansman yon resi ki bay anvi pou li rès Kreyasyon yon kad ki prezante espas ak la.. tan kote yon aksyon ap dewoule; Narasyon: 3èm pèsòn / 1è pèsòn Divès pwennvi (zewo, ekstèn, entèn) Kijan pou develope konpetans lan · Fè timoun yo dekouvri tout etap ki genyen nan chema naratif ak kòman pou yo aplike chema sa a sou yon tèks. · Fè menm travay la ak chema aktansyèl · Abitye elèv yo ak divès tip tèks pou yo ka konnen kòman pou yo estriktire tèks yo. · Pati sou konesans elèv la genyen. · Fè elèv yo pale sou diferan relasyon yon lektè kapab genyen ak yon tèks: sibjektif/objektif. Pèmèt elèv la jwenn nan yon tèks naratif tout eleman ou jwenn e sa ou pa jwenn nan yon lòt tip tèks. Travay atitid elèv yo k ap pèmèt yo dekouvri diferan sekans ki egziste anndan yon tèks naratif. Fè yo dekouvri tou diferan pèsonaj ak wòl pèsonaj yo jwe anndan tèks la. Pèmèt elèv yo dekouvri divès kalite vwa ki ap pale anndan yon tèks: vwa naratè ak vwa pèsonaj yo. ELèv yo dwe dekouvri tou kilè naratè a pale plis pase pèsonaj yo; ki lè pèsonaj yo pale plis pase naratè a, ak kilè tou konesans naratè a ak pa pèsonaj yo egal. Pwogram konpetans minimal kreyòl 3.12. Modifye yon resi: ·ensere ladan l yon deskripsyon ou yon dyalòg; ·chanje espas ak tan kote l ap dewoule a; ·chwazi yon lòt naratè; ·adopte yon lòt fokalizasyon; pwennvi boulvèse lòd evènman yo Tèm 4 : Pyèsteyat Konpetans Konesans nesesè Kijan pou devlope konpeans lan 4.1. Li yon pyès teyat osinon yon ekstrè pou pwopoze yon mizansèn, yon dekò. Jan patikilye ki genyen nan teyat : komedi, Pèmèt elèv yo fè diferans ant esketch, pyès teyat ak lòt prezantasyon. fas. 4.2. Imajine epi jwe yon senaryo k ap mete ansèn divès kalite aktè nan yon pyèsteyat. Kominikasyon teyatral 4.3. Defini wòl yon aktè nan yon pyèsteyat. Diferan tip komik : ak pawòl, ak jès Konvansyon, règ, prensip teyatral : apate, monològ, kipwoko, Kout teyat Rapò ant pèsonaj yo Wòl dekò (vizyèl, son), ekleraj, kostim, makiyaj, akseswa… 12 Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 5 : Atik laprès 13 Konpetans Konesans nesesè Adopte yon mòd lekti kritik ki byen adapte a jan jounalistik yo, sa dwe pèmèt : o jije fòs enplikasyon de otè a nan tèks li a. o idantifye entansyon ki dominan nan tèks la. Patikilarite prensipal jan jounalistik: fè divè, entèvyou, kritik, repòtaj. Tras ki fè remake otè a nan tèks li a. Enonse ki gen rapò ak reyalite sa a. Kijan pou develope konpetans lan Mande elèv yo chèche sans mo sa yo nan diksyonè: entèvyou, kritik Programme a compétences minimales Informatique Tèm 6 : Kominikasyon ekri : ekriti divès kalite tèks Konpetans Chèche ekri nan sans sitiyasyon kominikasyon an. Konesans nesesè Idantifikasyon ak itilizasyon yon sitiyasyon kominikasyon. Divès kalite tèks ·Analize sitiyasyon kominikasyon an : (entansyon pwojè moun 1.Mete ou nan pozisyon moun ki ap K ap ekri a). ekri a (entansyon ou) ; ·rakonte evènman, istwa 2.Egzamine kondisyon ou genyen ·pale de yon bagay, de pou ekri a (tan, longè tèks la, yon kote, de yon pèsonaj. resous) ; ·Bay agiman, rezone, kritike, enfòme, 3.Vize destinatè a ki vle di moun eksplike ets… w ap ekri a oswa moun ki gen ·Eksprime emosyon, santiman, eveye pou li sa ou ekri a. emosyon, santiman lakay moun k ap li a. ·Detèmine kontni tèks la daprè Destinatè: kantite, laj, estati reyaksyon sitiyasyon kominikasyon an. potansyèl. 1.Envante yon istwa osinon chwazi Kondisyon konteksyèl ak materyèl yon sijè ; kominikasyon an: 2.chwazi mannyè pou òganize tèks - jan tèks la la. - kanal kominikasyon Detèmine mannyè ou vle ekri. - kote ak tan - kontrent sosyokiltirèl Kijan pou develope konpetans lan Abitye elèv yo prepare yon griy pou yo pran an kont tout eleman sa yo: entansyon, pwojè ekriti, tip tèks, elatriye… Aprann yo poze kesyon ki nesesè pou yo fè yon bon analiz sitiyasyon kominikasyon an. 14 Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 7 : Zouti pou pratike oral ak ekri :leksik Konpetans Pwodui divès tip ak jan tèks nan sans tèks ak èv ekriven ou etidye yo. 15 Sèvi ak tout etap ki ka pèmèt ou ekri byen. ·Konprann osinon detèmine sijè a. ·Sanble tout lide, tout konesans ak eksperyans ou, konsilte liv, poze moun ki ka ede ou reponn kèk kesyon. ·Prepare yon estrikti lojik tankou : -Yon chema naratif -Yon plan ki prezante lide yo, oubyen dapre tèm ki ap trete a, oubyen dapre lojik lide yo. ·Redije o .Chwazi yon pwennvi o .Sèvi ak pwogresyon tematik o .Konn sèvi ak mo osinon ekspresyon ki fè sans… o .Esprime divès rapò lojik, tankou lakòz, apozisyon, konesans, elatriye… Konesans nesesè Kijan pou develope konpetans lan Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 8 : Gramè fraz ak gramè tèks Konpetans Konnesesèesans Kijan pou develope konpetans lan Sibstiti leksikal ak gramatikal Pwonon pèsonèl, demonstratif, posesif : mòfoloji ak anplwa. Jesyon tit, paragraf, espasman,alineya. Rejis lang Vokabilè an rapò ak tèks ki etidye nan lekti Gramè tèks sitou : ajansman/ 16 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Itilize teknik ak zouti ki ka fasilite pwodiksyon bon tèks. ·Bati yon plan ·Sèvi ak gramè e tout lòt liv sou lang kreyòl la. Konesans nesesè Kijan pou develope konpetans lan Òganizasyon plan: - Pou yon ekspoze - Pou planifikasyon travay la - Pou òganize lide yo. Diferan ribrik nan yon jounal. Aprann sèvi ak tout zouti ki nesesè pou verifye kalite pwodiksyon l lan. Pwofite okazyon lekti yon atik jounal pou ankouraje elèv yo travay konpetans sa a. Fè elèv yo feyte yon jounal e eksplike yo divès pati ki ladan li. Si posib envite yon jounalis vin pataje eksperyans li ak elèv yo. Kreye yon afich piblisite. Asosye ekriti ak lòt sipò tankou imaj, son. ·Pran nòt lè w ap tande yon mesaj. ·Ekri yon tèks piblisite ak tout imaj ou desen. ·Fè mizanpaj jounal ·Pwodiksyon tèks a pati yon imaj. 17 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Konesans nesesè Devlope entèlijans ak sèvo nan zafè ekri. ·Sèvi ak règ ou aprann yo pou devlope entèlijans nan ekri listwa. Resi envante Kontinye yon resi fiksyon Modifikasyon etap nan yon resi fiksyon. Kijan pou develope konpetans lan Kreyasyon resi imajinè.Estrateji planifikasyon pwodiksyon tèks Reflechi sou pwòp fason ou ekri. Mizantèks / Etap redaksyon ·Egzamine ladrès ak difikilte ou Revizyon rankontre nan zafè ekri. Fason yon tèks prezante ak òganize ·Jwenn koz difikilte yo e solisyon pou Etap ki genyen nan redaksyon yon tèks. regle yo. ponktiyasyon 18 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans 7.1. Rekonèt e aplike divès mannyè ou kapab fòme mo : ·Prefiksasyon ·Sifiksasyon Eksplike sans mo ou pa konnen ak divès mwayen tankou : ·Kontèks yo itilize mo a ; ·Diksyonè; ·Mo ki nan menm chan leksikal; * ·Mo ki nan menm chan semantik;* ·Mo ki gen menm rasin. Sèvi ak sinonim, antonim pou byen konprann sans fraz, sans tèks. Rekonèt e eksplike mo kreyòl la prete nan lòt lang tankou fransè, anglè, panyòl. 19 Rekonèt varyasyon vokabilè dapre sitiyasyon kominikasyon e distenge divès rejis tankou popilè, familye, estanda, soutni. Konesans nesesè Divès mannyè pou fòme mo 1)derivasyon 2)konpozisyon Definisyon sans mo §wòl kontèks : kontèks laj, kontèks fèmen §chan leksikal §chan semantik polisemi Sinonimi Antonimi Omonimi Pawonimi Fòmasyon neyolojis. Rejis lang: ·popilè ·familye ·estanda ·soutni Kijan pou develope konpetans lan Kòm tout lòt zouti nan lang nan, metriz ak itilizasyon leksik kreyòl la dwe fèt chak fwa elèv la nan yon sitiyasyon kote l ap pratike lang lan: oral ou ekri. Ede elèv yo dekouvri nan yon tèks wòl kontèks la pou yo dekouvri sans yon mo. Paregzanp apati tèm jeneral tèks la (kontèks laj) oubyen sans mo a pran nan yon fraz selon mo ki nan anviwònman li (kontèks fèmen) dlo fre, pen fre, nouvèl fre. Montre elèv kouman apati chan leksikal nou ka dekouvri tèm jeneral ki devlope nan yon tèks. Tout travay ki ap fèt nan lang lan pa dwe fèt andeyò yon sitiyasyon kominikasyon. Antrene elèv yo pou yo sèvi ak diksyonè pou li ka vini pou yo yon veritab zouti. Aprann elèv yo fè yon retou sou fòm yo jwenn nan oral pou yo konpare yo ak fòm ekri a. Egzanp: Jan pati bouske lavi nan Sen Domeng (oral) Jan pati al chèche lavi Sen Domeng (ekri) Ede elèv yo sezi nyans ki genyen nan itilizasyon fòm tankou: Ban m pase / Mwen kapab pase souple. Mwen kapab pase souple Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Konesans nesesè ·anfatik Divès gwoup nan yon fraz: ·gwoup non ·gwoup vèb ·gwoup advèb ·gwoup prepozisyon Fonksyon ·sijè ·konpleman ·epitèt ·atribi Kijan pou develope konpetans lan Li dwe pwofite pou li evalye sans fraz la e wòl li jwe nan tèks la parapò a pwogresyon enfòmasyon ak koyerans tèks la. Aprann elèv yo dekouvri sans mo yo dapre fonksyon yo nan yon fraz. Egz: Maten lendi a (gwoup sijè) te enpòtan pou sa te regle. Li te enpòtan pou sa te regle lendi maten (gwoup konpleman). 20 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Konesans nesesè 8.3. Obsève e evalye divès kalite fraz ki Fraz sibòdone eksprime kondisyon, koz, konsekans, bi, ·relativ konsesyon, elatriye ·konpletiv ·sikonstansyèl ·tan ·koz ·konsekans ·bi ·Aprann konnen sans figi retorik yo. Rekonèt diskou dirèk ak endirèk nan tèks. Kijan pou develope konpetans lan Antrene elèv yo fè anpil egzèsis sou fraz sibòdone yo. Aprann yo redui pwopozisyon yo e degaje sans yo. Egzanp : Mesye ki konn fè soulye a malad / Kòdonye a malad. Obsève divès mwayen lang nan genyen pou l eksprime menm bagay ak sibòdone yo: Leksik: Jan t ap pati avan yè (tan). Neglijans (lakòz) fè li rate avyon an. Mo lyezon: Li t ap pale ak Jan k ap rantre. ·Fè elèv yo chèche figi retorik yo nan diskyonè; relve yo nan tèks; ak itilize yo nan pwòp fraz sa yo. ·Relve anpil diskou dirèk / endirèk nan divès tip tèks. 21 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Obsève fonksyònman e evalye wòl diskou rapòte nan yon tèks. Obsève e itilize divès makè ki sèvi pou mare lide nan tèks yo. Konesans nesesè Divès fòm diskou rapòte: ·dyalòg nan yon resi; ·monològ; ·sitasyon ·mo ant gimè Diskou rapòte dirèk ou endirèk Evalye sans kèk figi retorik ak gramè. Pèmèt elèv yo pratike diskou dirèk ak endirèk Kijan pou develope konpetans lan Ede elèv yo dekouvri nan tèks lekti yo diskou rapòte yo (dirèk ou endirèk) ak tout mak ki karakterize yo (vèb ki entwodui yo, ponktyasyon, fraz ki dekoupe ladan yo). Eg: (1) Nikòl di: “Mwen gen pou m al vizite yon zanmi m ki entène nan lopital Kanapevè”. (2) Nikòl di li gen pou l al vizite yon zanmi l ki entène nan lopital Kanapevè. Konstriksyon diskou rapòte Mak òganizasyon tèks la Makè relasyon ·relasyon semantik ·fonksyon sentaksik. Sibstiti leksikal Sibstiti gramatikal. Montre elèv yo kouman diskou rapòte a selon li dirèk oubyen endirèk li fè naratè a efase tèt li pou li kite lòt pale (dirèk) osinon li fè naratè a entèvni (endirèk). Antrene elèv yo Obsève divès mak òganizasyon nan tèks yo: ·dispozisyon grafik ·jan karaktè yo (gra, italik, gwo lèt, ti lèt) ·paragraf, tit, soutit ·mo ak gwoup mo ki asire lyezon nan tèks la ·ets Montre elèv yo divès teknik lang lan genyen pou li reprann yon enfòmasyon nan yon tèks. ·Sibstiti leksikal: Yo deside revoke Silvi nan travay la, desizyon sa a pa jis. Sibstiti gramatikal: Mèt Petyon pran chapo li, epi li plonje. 22 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Konesans nesesè 8.3. Obsève e evalye divès kalite fraz ki Fraz sibòdone eksprime kondisyon, koz, konsekans, bi, ·relativ ·konpletiv konsesyon, elatriye ·sikonstansyèl ·tan ·koz ·konsekans ·bi ·Aprann konnen sans figi retorik yo. Rekonèt diskou dirèk ak endirèk nan tèks. Kijan pou develope konpetans lan Antrene elèv yo fè anpil egzèsis sou fraz sibòdone yo. Aprann yo redui pwopozisyon yo e degaje sans yo. Egzanp : Mesye ki konn fè soulye a malad / Kòdonye a malad. Obsève divès mwayen lang nan genyen pou l eksprime menm bagay ak sibòdone yo: Leksik: Jan t ap pati avan yè (tan). Neglijans (lakòz) fè li rate avyon an. Mo lyezon: Li t ap pale ak Jan k ap rantre. ·Fè elèv yo chèche figi retorik yo nan diskyonè; relve yo nan tèks; ak itilize yo nan pwòp fraz sa yo. ·Relve anpil diskou dirèk / endirèk nan divès tip tèks. 23 Pwogram konpetans minimal kreyòl Konpetans Konesans nesesè Kijan pou develope konpetans lan Gwoup prepozisyonèl: Malgre l te manje ak pyè, (G.P) li te ale kanmenm. Mòfoloji vèbal (mak aspekto-tanporèl) Seleksyon nasyonal la ap (aspè) pati senmenn pwochenn nan. Premye janvye 1804, zansèt nou yo te (aspè) ban nou endepandans nou. Obsève kouman jan estrikti yon fraz parèt depann de eskrikti li anpwofondè. Egzanp: Anseyan an mande elèv la ouvè liv li. (Estrikti vizib) a)Anseyan an mande elèv la (konpleman) b)(Pou) elèv la (sijè) ouvè liv li. Fè elèv yo dekouvri prezans pwopozisyon sibòdone nan fraz la malgre absans yon mo sibòdonan. 24 Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 9: Òtograf Konpetans Konesans nesesè Kijan pou develope konpetans lan Pwofite chak fwa elèv yo nan yon sitiyasyon yo ap pratike lekti pou familyarize yo ak divès kalte diksyonè ki kapab ede yo konprann pi byen fonksyònman lang lan: ·Diksyonè pou yo chèche òtograf, sans mo, pwononsyasyon, egzanp, elatriye. ·Diksyonè sinonim pou yo ka konprann pi byen sans yon mo e ranplase l pa yon lòt. Ak diksyonè etidye: ·eleman fòmasyon mo yo: prefiks, sifiks; ·mo ki nan menm fanmi; ·divès sans yon mo polisemik. Sèvi menm jan ak gramè yo pou etidye divès kalite fraz: senp, konplèks. 25 Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 10 : Tradiksyon Konpetans Konesans nesesè 10.1. Dekouvri gran prensip tradiksyon Konpreyansyon bileng 10.2. Entèprete yon tèks Korespondans ant mo franse ak mo kreyòl. 10.3. Tradui yon paragraf, yon tèks kreyòl an franse, yon tèks franse an kreyòl. Sans pwòp / Sans figire Fozanmi 10.4. Tradiksyon tèks deskriptif ak naratif 10.5. Konpare estrikti gramatikal franse ak kreyòl. Entèferans kreyòl / franse Sentaks lang kreyòl / sentaks lang franse. Kijan pou develope konpetans lan Sansibilize elèv yo lè yo fin travay yon tèks lekti ki pa twò long sou fason yo ta entèprete tèks sa a an franse. Pèmèt yo fè yon tradiksyon lib. Aprann yo pataje demach yo itilize pou degaje konpreyansyon yo gen de tèks la. Ede yo fòmalize demach yo itilize a lè ou santi yo ka pase de yon tradiksyon espontane a yon tradiksyon rezone: ·Mo ki komen nan de lang yo ·Fraz ki pa difisil pou konprann ·Sans jeneral tèks la ·Fozanmi: frekan/fréquent Bonbon / gateau ·Sans pwòp / sans figire Bebe (enfant) bebe (belle femme) ·Entèferans kreyòl /franse Egzanp: Je n'ai pas assisté le match d'hier. Pèmèt elèv yo obsève konstriksyon fraz kreyòl yo ak fraz franse. Fè yo dekouvri kèk diferans: ·detèminan apre non tab la / la table ·vèb ki pa konjige Mwen di / Je dis Li te di / Il disait ·elatriye 26 Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 11 : Kilti kreyòl : literati Konpetans 11.1 Dekouvri evolisyon kilti ayisyen an depi tan lontan jouk kounye a nan fason yo reprezante lemonn ak itilize langaj kreyòl la sou plan estetik e semantik. · Dekouvri fòs kilti ayisyen an nan divès kalte tèks tankou : kont, pwovèb, elatriye · Dekouvri sa yo rele « sous », « enfliyans » nan etid : o Fab o Komedi 11.2. Dekouvri relasyon kiltirèl literati kreyòl la genyen ak lòt literati. 27 ·Dekouvri enfliyans lòt literati yo genyen sou literati kreyòl depi tou tan jouk jodi a. ·Dekouvri relasyon kiltirèl literati kreyòl an Ayiti ak lòt kominote ayisyen nan dyaspora a. ·Dekouvri kòman kèk kategori sosyal reprezante nan literati ayisyen an.11.3. Chèche nan ki kouran ou ka mete yon otè oubyen yon zèv. 11.4. Dekouvri relasyon ki genyen ant oraliti ak literati. Konesans nesesè Istwa literati kreyòl Sous, enflyans Fòm ak jan zèv literè · Fab · Kont · Komedi · Powezi · Pwovèb · Teyat · Woman Lekòl, mouvman, peryòd, tandans ,ekriven Literati nan dyaspora Otè, ekriven, zèv Lekòl, mouvman, peryòd, tandans Kontèks istorik Byografi Konvansyon, règ Oraliti ak literati Kijan pou develope konpetans lan Ede elèv yo dekouvri istwa literati kreyòl chak fwa yo genyen zèv yon otè, yon ekriven pou etidye Angaje elèv yo nan rechèch sou fòm ak jan literè yo jwenn nan literati kreyòl la. Paregzanp replase Georges Sylvain nan epòk li, ekri Cric Crac (1901) dekri karakteristik peryòd literè sa a, fason li ekri fab li yo lè li mete pawòl nan bouch yon analfabèt. Tabli relasyon ki egziste ant Cric Crac ak “les Fables de Lafontaine”, yon ekriven fransè. Envite elèv la fè rechèch pou li dekouvri tout sa li dwe konnen sou yon otè, sou zèv, sou lavi li, sou epòk li pwodui ak konvansyon règ li soumèt li pou li pwodui zèv li a. Pèmèt elèv yo dekouvri kijan ekriven nou yo ap demele yo ak tradisyon oraliti lè yo travay ak lang kreyòl pou yo ekri li. Paregzanp, Morisseau Leroy ki rele Vilbonè yon kont chante. Pwogram konpetans minimal kreyòl Tèm 12 : Lang ak sosyete an ayiti Konpetans 12.1 Dekouvri plas chak lang yo : · nan sosyete a · nan lekòl · nan lavi ekonomik · elatriye… · konnen istwa, devlopman ak evolisyon lang kreyòl la depi orijin li jiska jodi a. 12.2. Dekouvri varyasyon lang kreyòl la an Ayiti. Konesans nesesè Lang ak sosyete Lwa sou lang an Ayiti Kèk aspè nan istwa peyi ki pale kreyòl. Varyasyon nan itilizasyon lang Varyasyon rejyonal ·Nò ·Sid ·Lwès Kijan pou develope konpetans lan Pwofite de tout sitiyasyon kominikasyon oral oswa ekri ki gen rapò ak lang pou pèmèt elèv yo diskite sou sitiyasyon lang an Ayiti. Envite yo verifye nan konstitisyon 1987 la plas ak estati 2 lang yo genyen nan peyi a. Idantifye peyi ki pale kreyòl sou kat jewografik. Pèmèt elèv yo dekouvri divès kalite lang ki itilize nan sosyete a daprè kondisyon sosyal, ekonomik, laj moun ki ap pale a. Nan lekti tèks yo, envite elèv yo pote obsèvasyon sou leksik (vokabilè) otè a itilize. Fè yo tabli tout diferans yo dekouvri nan varyasyon rejyonal. ·Frè m / Frè an m ·bonm / Kannistè ·Elatriye… 28