Rapò peyi BTI 2018 - Ayiti
- Ayiti antre nan 2017 ak yon prezidan eli, yon palman k ap fonksyone ak eli lokal pou premye fwa nan plis pase dis lane.
- Jovenel Moise te genyen 20 novanm 2016 ak mwens pase 500,000 vòt sou anviwon yon milyon bilten, ak yon patisipasyon anba 21%.
- Pasasyon 7 fevriye 2017 la se twazyèm tranzisyon prezidansyèl an lòd depi 2006.
- Pifò nouvo eli nan majorite Moise la te lye ak trafik dwòg, krim ak koripsyon.
Rapo peyi Endèks Transfomasyon Bertelsmann 2018 kouvri 1ye fevriye 2015 rive 31 janvye 2017 epi li kòmanse ak yon Ayiti k ap antre nan 2017 ak yon prezidan eli, Jovenel Moise, yon palman k ap fonksyone epi, pou premye fwa nan plis pase dis lane, eli lokal depi Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal yo rive nan majistra, apre dezyèm tou eleksyon prezidansyèl 2015 la te anile. Rapo a mete anpil rezèv. Moise, ke prezidan sortan Michel Martelly te chwazi kòm kandida Parti Haitien Tet Kale, te deklare genyen 20 novanm 2016 pami 25 kandida ak mwens pase 500,000 vòt sou anviwon yon milyon bilten, kont anviwon senk milyon adilt ki gen laj pou vote. Patisipasyon an te anba 21% epi lòt kandida yo te di eleksyon an te maske. Rapo a note pifò eli nan majorite palmantè Moise la te lye ak trafik dwòg, krim ak koripsyon.
Kijan pou site
Bertelsmann Stiftung, Rapò peyi BTI 2018 - Ayiti, https://bti-project.org/fileadmin/api/content/en/downloads/reports/country_report_2018_HTI.pdf