EN FR HT
Republic of Haiti
Document Library
2,507 documents 116,441 pages
(2025-05) Draft Constitution of the Republic of Haiti, May 2025 (Haitian Creole version)

(2025-05) Draft Constitution of the Republic of Haiti, May 2025 (Haitian Creole version)

Comité de Pilotage de la Conférence Nationale 2025 56 pages
Summary — The Haitian Creole version of the draft Constitution presented by the steering committee of the National Conference, with its presentation note describing the months of departmental and diaspora consultation behind it.
Full Description
The corpus holds the French version of this draft; this is the Haitian Creole text, which matters because Creole is the language most Haitians read and because the constitutional process was presented as a national consultation. Produced under the National Conference created by the decree of 17 July 2024.
Topics
GovernanceHuman Rights
Geography
National
Time Coverage
2025 — 2025
Keywords
avant-projet de constitution, avanpwojè konstitisyon, Conférence Nationale, décret du 17 juillet 2024, Comité de Pilotage, refondation de l'État, version créole, consultation publique, 2025
Full Document Text

Extracted text from the original document for search indexing.

Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 NÒT POU PREZANTASYON TÈKS KONSTITISYON AN​ Medam, Mesye, Chè Konpatriyòt,​ Nan kad pwosesis refondasyon Leta Ayisyen an ki deklannche atravè Konferans Nasyonal dekrè 17 jiyè 2024 la kreye a, Komite Pilotaj Konferans Nasyonal genyen gwo lonè pou li prezante bay Nasyon Ayisyen an avanpwojè Konstitisyon an. An reyalite, dokiman sa a se rezilta plizyè mwa echanj, konsiltasyon piblik epi yon seri rankont ki te fèt ni nan depatman yo nan peyi a ni aletranje. Pèp Ayisyen an rive eksprime aspirasyon li aklè atravè dyalòg ki fèt avèk sektè òganize yo. Nan sans sa a, li enpòtan pou nou presize travay sa a Komite Pilotaj la soti la a se pa yon travay definitif. Nou mete vèsyon preliminè sa a disponib pou piblik la an jeneral, tout sektè òganize nan lavi nasyonal la, tout kò pwofesyonèl, epi òganizasyon ak pati politik, pou yo pataje opinyon yo pou nou kapab vin rive nan yon vèsyon konstitisyon an ki pi pre volonte jeneral majorite nasyonal la. Atravè demach sa a, Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la montre volonte san fay li pou li mete travay sa a disponib pou Nasyon an, nan yon objektif pou Repiblik Ayiti vin gen yon Konstitisyon modèn, enklizif, ki adapte avèk reyalite kontanporen yo, pandan Leta ap chèche garanti estabilite enstitisyonèl, respè dwa fondamantal yo, patisipasyon sitwayen yo epi efikasite gouvènans piblik la. Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la vle pwofite okazyon sa a pou li remèsye Gwoup Travay sou Konstitisyon an, aktè yo ak Sektè òganize lavi nasyonal la, ki te mobilize pou kontribiye nan siksè diferan reyinyon, fowòm ak asiz ki te pèmèt nou abòde aklè gwo defi yon refòm konstitisyon, tankou nou kapab wè sa nan diferan tit, chapit, seksyon ak atik ki fòme dispozitif avanpwojè Konstitisyon sa a. Se poutèt sa, nou envite ou pandan peryòd jedi 22 me pou rive vandredi 21 jen 2025 lan voye bay Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la tout kòmantè, remak ak kritik ki kapab itil pou anrichi tèks Konstitisyon an nan mwayen sa yo: 1. Imel : info@konferansnasyonalayiti.ht; 2. Pa lapòs: Vila Dakèy, pou Komite Pilotaj Konferans Nasyonal; 3. Patisipasyon nan rankont, konsiltasyon piblik, fowòm epi atelye; 4. Apèl telefòn nan nimewo sa yo : (+509) 36384592 / 43887194. Komite Pilotaj la reyafime angajman li pou li pran an konsiderasyon tout pwopozisyon li resevwa pou li elabore pwojè final Konstitisyon 2025 lan. Apre sa, l ap soumèt li bay Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou li konvoke pèp la pou li pwononse l sou li atravè vòt li yo. —----------------------------------------Walta Jean Duliepre CLERCIUS Sekretè Teknik pou Òganizasyon Konferans Nasyonal la 1 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 KONSTITISYON REPIBLIK AYITI A 2025 Pèp Ayisyen an pwoklame Konstitisyon sa a : - Pou garanti dwa inalienab ak dwa enpreskriptib li yo pou lavi, libète, rezistans kont tout fòm opresyon, ak pousuit bonè li; selon Ak Endepandans li a an 1804 ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun an 1948 li te kontribye nan chapante a. - Pou konstwi yon nasyon Ayisyen ki baze sou jistis sosyal, yon sosyete ki gen libète ekonomik li, e yon nasyon ki gen endepandans politik. - Pou retabli yon Leta ki estab e solid, yon Leta ki kapab pwoteje valè yo, ki ka pwoteje tradisyon yo, ki ka pwoteje souverènte peyi a ak endepandans lan e yon Leta ki gen yon vizyon nasyonal. - Pou tabli demokrasi ki bati sou pliralis ideyolojik ak altènans politik, epi pou revandike dwa envyolab yo. - Pou fòtifye inite nasyonal la nan elimine tout diskriminasyon ant popilasyon nan vil ak popilasyon nan zòn riral, atravè akseptasyon plizyè lang ak kilti epi atravè rekonesans dwa pou gen pwogrè, rekonesans dwa pou enfòmasyon, rekonesans dwa pou edikasyon, rekonesans dwa pou sante, epi rekonesans dwa pou travay ak lwazi pou tout sitwayen. - Pou asire separasyon ak yon distribisyon byen amonize pouvwa Leta yo nan benefis enterè fondamantal ak enterè priyoritè Nasyon an. - Pou tabli yon sistèm gouvènman ki baze sou libète fondamantal ak respè pou dwa moun, lapè sosyal, asistans mityèl, ekite ekonomik, konsiltasyon ak patisipasyon tout popilasyon an nan gwo desizyon ki afekte vi nasyonal la, atravè yon desantralizasyon efikas. - Pou asire reprezantasyon fanm nan pouvwa ak nan ògan ki la pou pran desizyon yo yon fason ki konsistan avèk ni egalite ni ekite ant sèks yo. - Pou asire entegrasyon Ayisyen k ap viv aletranje yo nan tout aspè lavi nasyonal la menm jan avèk Ayisyen k ap viv an Ayiti. - Pou asire patisipasyon efektif jèn yo nan jan desizyon yo ki afekte avni nasyon an ap pran. 2 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 TIT I KONSÈNAN REPIBLIK AYITI - ANBLÈM LI – SENBÒL LI YO *** CHAPIT I KONSÈNAN REPIBLIK AYITI Atik 1ye :​ Ayiti se yon Repiblik ki endivizib, souveren, endepandan, lib, demokratik e solidè. Atik 1-1 :​ Vil Pòtoprens se Kapital Repiblik Ayiti e li se syèj Gouvènman an. Syèj sa a kapab deplase si gen yon rezon ki ka jistifye nesesite pou sa. Atik 2 : ​ Koulè nasyonal yo se koulè ble ak koulè wouj. Atik 3 : ​ Anblèm nasyon ayisyen an se Drapo a. Drapo a gen deskripsyon sa a: a) De (2) moso twal ki gen menm dimansyon : youn gen koulè ble ki pozisyone anwo epi yon lòt ki gen koulè wouj ki plase anba epi orizontalman; b) nan mitan de (2) moso twal yo, genyen yon moso twal ki gen fòm kare ki genyen senbòl Zam Repiblik la; ​ c) Senbòl Zam Repiblik la se: yon Palmis ki gen nan tèt li bone libète a epi anba lonbray branch palmis la genyen yon twofe zam avèk lejann « Linyon se Fòs nou » Atik 4 : ​ Deviz nasyonal la se : Libète – Egalite – Fratènite Atik 4-1: ​ Im nasyonal la se mizik ki rele ‘Desalinyen’. Atik 5 : ​ Se lang kreyòl la ki soude tout Ayisyen ansanm. Lang kreyòl la avèk lang fransè a se de (2) lang ofisyèl Repiblik la. Atik 6 : ​ Inite Monetè nasyonal la se « Goud ». Goud la divize an santim. Atik 7 : ​ Kil pèsonalite fòmèlman entèdi. Efiji yo, non pèsonaj ki vivan yo pa kapab sou ni kòb, ni tenb, ni viyèt. Se menm jan an pou batiman piblik yo, ri yo e èvda yo. Atik 7-1: ​ Itilizasyon efiji moun ki mouri dwe jwenn otorizasyon Asanble Nasyonal la. CHAPIT II KONSÈNAN TÈRITWA REPIBLIK AYITI A Atik 8 : ​ Tèritwa Repiblik la genyen ladan l : a)​ pati oksidantal Zile Ayiti ansanm avèk zile adjsan yo, ki se: Lagonav, Latòti, Ilavach, Kaymit, Lanavaz, Gran Kay, e lòt zile lanmè tèritoryal 3 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 yo. Tèritwa a gen limit li nan Lès avèk Repiblik Dominiken, nan Nò, avèk Oseyan Atlantik, nan Sid e nan Lwès avèk lanmè Karayib la oswa lanmè Antiy la; b)​ Lanmè tèritoryal la ak zòn ekonomik eksklizif la; c)​ Milye ayeryen ki kouvri pati tèrès ak pati maritim yo. Atik 8-1: ​ Tèritwa Repiblik la envyolab e pa genyen okenn Trete ni Konvansyon ki kapab sede ni Tèritwa a ni pyès pati ladan l sou okenn kondisyon. Atik 9 : ​ Tèritwa Repiblik la divize epi sibdivize an Depatman, Awondisman ak Kòmin. Atik 9-1: ​ Lwa Repiblik la detèmine kantite avèk limit divizyon sa yo e soudivizyon sa yo epi li reji òganizasyon yo avèk fonksyònman yo. TIT II KONSÈNAN NASYONALITE AYISYEN AN Atik 10 : ​ Se lwa peyi a ki detèmine règ sou Nasyonalite Ayisyen an. Atik 11 : ​ Moun ki gen Nasyonalite Ayisyen an se moun ki gen manman oswa papa ayisyen ki fèt an Ayiti e ki pa janm renonse nasyonalite yo nan moman yo te fèt la. Atik 11-1: ​ Se lwa peyi a ki detèmine kondisyon yon moun kapab jwenn Nasyonalite Ayisyen an. Atik 11-2: ​ Pou yon moun renonse nasyonalite li, fòk se yon deklasrasyon volontè li fè aklè pou sa, devan yon otorite sa konsène, kote l eksprime dezi li pou l renonse nasyonalite li. Atik 12 : ​ Tout Ayisyen genyen dwa, devwa e obligasyon ki konsène Nasyonalite Ayisyen an, sof nan ka privilèj ki rezève pou Ayisyen dorijin yo an patikilye. Pyès Ayisyen pa kapab mete nasyonalite etranje li an premye sou nasyonalite ayisyen li sou tèritwa Repiblik Ayiti a. Atik 13 : ​ Ni Ayisyen k ap viv nan peyi a ni Ayisyen k ap viv aletranje, tout genyen menm dwa pou yo vote e pou yo gen djòb fonksyon piblik nòmalman nan menm kondisyon. 4 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 TIT III KONSÈNAN SITWAYEN YO EPI DWA AK DEVWA FONDAMANTAL YO *** CHAPIT I KONSÈNAN KALITE SITWAYEN AN Atik 14 : ​ Kalite fondamantal ki fè yon moun sitwayen se jwisans ak egzèsis dwa sivil ak politik li, ansanm ak akonplisman devwa sivik li. Se lwa peyi a ki regle zafè sispansyon ak pèt dwa yon sitwayen genyen. Atik 14-1: ​ Laj majè yon moun se dizuit (18) ane. Atik 15 : ​ Ayisyen yo egal devan lalwa, men gen privilèj ki rezève pou Ayisyen dorijin yo ki pa janm renonse nasyonalite yo. Tout Ayisyen, fi kòm gason, ni moun marye ni moun ki pa marye, kapab egzèse dwa sivil yo avèk dwa politik yo depi yo deja gen dizuit (18) ane e si yo ranpli kondisyon Konstitisyon an prevwa yo. Atik 16 : ​ Prensip yon kota omwen karant pou san (40%) fanm nan dwe aplike nan tout sèvis yo nan peyi a, sitou nan sèvis piblik yo. CHAPIT II KONSÈNAN DWA FONDAMANTAL YO SEKSYON A: DWA POU LAVI AK DWA POU SANTE Atik 17 : ​ Leta gen obligasyon pou li garanti tout sitwayen dwa pou lavi, dwa pou sante e li dwe asire l tout moun gen respè moun merite kòm moun jan Deklarasyon sou dwa moun nan egzije sa. Atik 18 : ​ Kondanasyon amò aboli sou tout fòm. Atik 19 : ​ Leta rekonèt tout sitwayen genyen dwa pou yo gen kay ki nan bon kondisyon, dwa pou yo jwenn edikasyon, dwa pou yo gen bon jan nouriti epi dwa pou yo genyen sekirite sosyal. Atik 20 : ​ Leta gen obligasyon pou li kreye bon lopital, sant sante avèk dispansè pou tout sitwayen nan tout kote nan peyi a gen bonjan swen sante. Leta gen obligasyon tou pou li asire l tout sitwayen nan tout kote nan peyi a jwenn pwoteksyon. SEKSYON B: KONSÈNAN LIBÈTE ENDIVIDYÈL Atik 21 : ​ Leta pwoteje epi garanti libète moun. 5 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 21-1: ​ Se sèlman nan ka lalwa prevwa e selon règ lalwa fè pou sa yo kapab pousuiv yon moun, oswa arete l, oswa mete l an detansyon. Atik 21-2: ​ Se sèlman avèk yon manda ki soti nan men yon otorite Leta ki plase pou sa yo ka arete oswa detni yon moun, sof si yo kenbe l an flagran deli. Atik 21-3: ​ Pou yo ekzekite manda a: a)​ fòk manda a fèt an kreyòl e an fransè, fòk li genyen rezon arestasyon an oswa detansyon an epi fòk li genyen dispozisyon legal yo itilize pou yo arete oswa detni moun nan. b)​ Fòk yo avèti moun yo akize a e fòk yo kite yon kopi manda a pou li; c)​ Fòk yo fè prevni an konnen li gen dwa pou li pran avoka pandan tout tan pwosè a ap dire a. Atik 21-4: ​ Sof si gen flagran deli, pa gen okenn arestasyon avèk manda e pa gen okenn fouy ki ka fèt soti sis (6) è nan aswè rive sis (6) è nan maten. Atik 21-5: ​ Chak moun responsab zak li fè devan lalwa. Yo pa gen dwa arete pèsonn nan plas yon lòt moun. Atik 22 : ​ Pa dwe genyen pyès britalite ki pa nesesè kont yon moun yo vle kenbe oswa yo vle mete nan detansyon. Pa dwe genyen pyès britalite nonplis ni presyon moral kont moun nan, sitou nan moman entèwogasyon. Atik 22-1: ​ Yo pa gen dwa entèwoje okenn moun san avoka moun nan pa la oswa si temwen li chwazi a pa la nan moman entèwogasyon an. Atik 23 : ​ Yo pa ka kenbe yon moun nan detansyon pou karant uit (48) èdtan apre arestasyon an, si li pa parèt devan yon jij ki gen dwa pou li deside si arestasyon an legal, epi si jij sa a pa konfime detansyon an avèk presizyon sou rezon ki fè l pran desizyon sou sa. Atik 23-1: Nan ka kote se yon kontravansyon, yo va mennen enkilpe a devan yon jij polis ki ap gen pou li pran desizyon konsènan ka l la. Si se yon deli moun nan komèt oswa yon krim, prevni an pa bezwen pyès pèmisyon pou li al prezante tèt li devan Dwayen Tribinal Premye Enstans lan. Dwayen tribinal la ap gen pou li pran tout desizyon legal ki nesesè pou li konvoke yon seyans ekstwòdinè tousuit pou li pwononse li sou legalite arestasyon an ak detansyon an. Article 23-2 : Dwayen an kapab mete nenpòt jij nan jiridiksyon an sou afè a pou li pwononse li sou si arestasyon ak detansyon an legal oswa si li pa legal, nan lide atik anvan an. Atik 23-3: ​ Si yo jije arestasyon an ilegal, jij la dwe bay lòd pou yo lage detni an imedyatman. Desizyon sa a dwe egzekite tousuit, menm si yo fè apèl, menm si yo ale nan Kasasyon, oswa menm si pati defans lan fè lòt aksyon. 6 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 24 : ​ Tout vyolasyon dispozisyon ki gen rapò ak libète moun se zak abitrè yo ye. Moun yo fè abi sa yo gen dwa ale nan tribinal ki la pou sa san yo pa mande okenn pèmisyon, pou yo mande pinisyon pou tout moun ki fè zak gwo ponyèt sa yo ansanm ak moun ki te ede yo fè zak sa yo, kèlkeswa kalte moun yo e kèlkeswa gwo plas yo genyen nan Leta. Atik 24-1: ​ Ni fonksyonè Leta ni anplwaye Leta, yo tout gen responsabilite dirèk pou zak yo komèt ki vyole dwa moun, selon lwa penal, lwa sivil ak lwa administratif. Nan ka sa yo, Pwovizyon legal ki rele ‘responsabilite sivil’ la aplikab pou Leta tou. SEKSYON C: KONSÈNAN LIBÈTE EKSPRESYON Atik 25 : ​ Tout Ayisyen gen dwa eksprime opinyon yo sou tout kichòy jan yo vle, e nan mwayen yo vle chwazi pou fè sa. Atik 25-1: ​ Jounalis yo ka egzèse pwofesyon yo libelibè dapre lwa peyi a. Dwa sa a jounalis yo genyen pou egzèse pwofesyon yo a pa bezwen pyès otorizasyon nan men pyès moun e pa gen okenn moun ki kapab fè yo sispann pale, sof si ta gen lagè. Atik 25-2: ​ Yo pa ka fòse yon jounalis devwale sous nouvèl li yo. Men se devwa jounalis la pou li verifye si enfòmasyon l yo kòrèk e si li rapòte enfòmasyon yo egzateman jan yo ye a. Jounalis la gen obligasyon pou li respekte etik pwofesyon jounalis la. Atik 25-3: ​ Se nan Kòd Penal la ki genyen tout desizyon legal konsènan ni deli laprès yo ni abi ki ka fèt konsènan dwa ekspresyon. Atik 26 : ​ Dwa pou moun fè petisyon se yon dwa Leta rekonèt. Yon moun oswa plizyè sitwaten kapab egzèse dwa sa a, men yo pa ka fè sa nan non yon gwoup. SEKSYON D: KONSÈNAN LIBÈTE KONSYANS Atik 27 : ​ Tout relijyon e tout kil lib pou yo fonksyone nan peyi a. Tout moun gen dwa pou yo pratike relijyon yo vle pratike epi pratike kil yo vle pratike, depi yo pa twouble lòd avèk lapè piblik. Atik 27-1: ​ Yo pa ka fòse pyès moun fè pati yon asosyasyon oswa suiv yon ansèyman relijye li pa vle, ki kont konviksyon li. Atik 27-2: ​ Se lwa peyi a ki pran desizyon sou jan relijyon yo avèk kil yo dwe vin gen rekonesans e jan yo dwe fonksyone nan peyi a. 7 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 SEKSYON E: KONSÈNAN LIBÈTE POU REYINYON AK LIBÈTE POU ASOSYASYON Atik 28 : ​ Tout moun lib pou yo fè asosyasyon yo vle e reyinyon yo vle san zam, kit se pou koze politik kit se pou koze ekonomik kit pou koze kiltirèl, kit pou koze sosyal. Atik 29 : ​ Pati politik ak gwoup politik yo patisipe nan ede popilasyon an eksprime volonte li nan eleksyon. Sitwayen peyi a kapab fòme pati politik e yo kapab mennen aktivite yo nan tout libète. Yo dwe respekte tout prensip demokrasi ak tout prensip souverènte. Se lwa peyi a ki pran desizyon sou jan pati politik ak gwoup politik dwe resevwa rekonesans e jan yo dwe fonksyone. Atik 30 : ​ Leta dwe ankouraje sitwayen yo devlope pati politik epi li dwe ede yo estriktire yo. Li dwe ankouraje sitwayen yo antre nan pati politik pou yo vin kandida pou pòs elektoral, kote sa posib. Atik 30-1: ​ Tout pati politik dwe ankouraje patisipasyon ni fanm yo ni jèn yo nan tout nivo nan estrikti pati politik yo. Atik 30-2: ​ Leta dwe ranbouse pati politik yo yon moso nan depans yo fè nan kanpay elektoral pou kandida yo depi kandida sa yo rive jwenn omwen dis pou san (10%) nan moun ki eli nan palman an oubyen dis pou san (10%) nan moun ki eli nan Kolektivite Tèritoryal yo. Leta dwe asire l pati politik yo jwenn kontribisyon sa yo nan yon kondisyon ki pèmèt yo kenbe endepandans yo. Atik 30-3: ​ Tout pati politik yo avèk tout kandida endepandan yo dwe soumèt rapò finansye kanpay elektoral yo bay Konsèy Elektoral la. Se lwa peyi a ki fikse dat limit pou pati politik yo avèk kandida endepandan yo soumèt rapò sa a, epi ki sa ki dwe fèt lè rapò sa yo an reta. Pati politik yo avèk kandida endepandan ki pa soumèt rapò finansye kanpay sa a p ap ka depoze dosye kandidati li yo pou pwochen eleksyon an. Atik 30-4: ​ Pati politik ki pa nan Pouvwa Egzekitif la epi ki gen plis moun ki eli nan Palman an se premye pati politik pou opozisyon an. Konsèy Elektoral la dwe pwoklame lidè pati politik sa a Chèf Opozisyon an. Si ta gen de (2) pati politik ki gen menm kantite moun ki eli nan Palman an, Konsèy Elektoral la ap ajoute kantite Gouvènè Depatmantal yo sou lòt kantite eli yo pou li ka di men moun ki se lidè opozisyon an. Si de (2) pati politik sa yo toujou genyen menm kantite moun ki eli, Konsèy Elektoral la ap itilize kantite majistra eli yo, epi si sa nesesè, li va konsidere lòt moun ki eli anba de (2) pati politik sa yo nan Asanble Minisipal yo. Se lwa peyi a ki etabli estati ak privilèj yo bay Chèf Opozisyon an. Atik 31 : ​ Se lwa peyi a ki fikse kantite minimòm manm yon pati politik dwe genyen pou li kapab prezante kandida nan pòs elektoral yo. 8 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 32 : ​ Se lwa peyi a ki fikse kantite moun yon kandida ka jwenn pou sipòte kandidati l pou l ka ale nan eleksyon, kit se yon kandida endepandan kit se yon kandida ki afilye ak yon pati politik. Se sèlman pou yon sèl kandida yon moun ka siyen pou l sipòte pou yon pòs elektoral la. Li pa ka fè sa pou yon lòt kandida pou menm pòs elektoral la. Fòk moun ki siyen pou li sipòte kandida a viv nan tèritwa kote eleksyon an ap fèt la. Atik 32-1: ​ Men ki kalite moun ki ka bay sipò sa a jan Atik 33 a di l la : 1)​ Moun ki fèk eli oswa ansyen eli; 2)​ Manm ki anrejistre nòmalman kòm manm pati politik; 3)​ Pèsonalite ak ansyen pèsonalite nan Gouvènman Ayisyen an ak gwo fonksyonè Leta yo; 4)​ Kad nan administrasyon piblik la ak sektè prive a; 5)​ Sitwayen k ap egzèse yon pwofesyon liberal; 6)​ Anseyan ak direktè lekòl; 7)​ Moun ki nan pwofesyon enfimyè a; 8)​ Komèsan, endistriyèl ak travayè endepandan ki gen patant pou biznis yo depi twa zan; 9)​ Responsab òganizasyon sosyete sivil ki rekonèt e ki anrejistre depi omwen twa (3) zan. Atik 32-2: ​ Se Konsèy Elektoral la ki gen dwa verifye e valide enfòmasyon ki nan lis pati politik yo prezante pou kandida yo. Atik 33 : ​ Sitwayen, gwoup sitwayen, oswa nenpòt gwoup nan sosyete a ki bezwen reyini sou wout piblik ap gen sèlman pou yo avèti otorite lapolis yo alavans. Atik 34 : ​ Yo pa ka fòse pèsonn rantre nan yon asosyasyon kont volonte l, kèlkeswa kalte asosyasyon an. SEKSYON F: KONSÈNAN EDIKASYON AK ANSÈYMAN Atik 35 : ​ Leta garanti dwa tout moun genyen pou yo jwenn edikasyon. Atik 35-1: ​ Se Leta avèk Kolektivite Tèritoryal yo ki gen responsablite edikasyon nan peyi a. Yo dwe mete lekòl disponib gratis pou tout moun epi asire yo ni anseyan nan lekòl prive ni anseyan nan lekòl leta gen bon jan fòmasyon. Fòk Leta konsakre omwen kat pou san (4%) nan Pwodiksyon Nasyonal Total (PNT) la pou sistèm edikasyon an. Atik 35-2: ​ Premye gwo responsabilite Leta ak Kolektivite Tèritoryal yo se eskolarizasyon masif ki se sèl jan pou peyi a vin yon peyi devlope. Leta 9 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 dwe ankouraje tout moun ki kapab pou yo bay kout men nan afè edikasyon e Leta dwe pran tout dispozisyon pou li fasilite yo tach sa a. Atik 35-3: ​ Ansèyman fondamantal obligatwa nan peyi a. Leta dwe mete materyèl eskolè avèk resous pedagojik disponib gratis pou tout elèv nan nivo Lekòl Fondamantal. avèk Edikasyon debaz la obligatwa. Atik 35-4: ​ Se Leta ki gen responsablite ni ansèyman agrikòl, ni ansèyman pwofesyonèl, ni ansèyman teknik nan peyi a. Atik 35-5: ​ Se Leta ak Kolektivite Tèritoryal yo ki gen responsablite ni edikasyon preskolè ni edikasyon matènèl. Atik 35-6: ​ Tout moun lib pou yo fè etid inivèsitè e tout moun dwe gen menm chans pou yo jwenn yon plas. Atik 35-7: ​ Leta dwe asire li chak kolektivite tèritoryal genyen kalite etablisman ki koresponn avèk bezwen devlòpman zòn nan. Atik 35-8: ​ Se responsabilite Leta pou li asire l moun ki gen bezwen espesyal yo jwenn ni pwoteksyon, ni edikasyon e tout lòt mwayen ki nesesè pou bon devlopman yo epi pou entegrasyon yo oswa re-entegrasyon yo nan sosyete a. Atik 35-9: ​ Leta ak Kolektivite Tèritoryal yo gen devwa pou yo pran tout mezi ki nesesè pou yo fè kanpay alfabetizasyon an avanse pou tout moun konn li ak ekri. Leta ak Kolektivite Tèritoryal yo dwe ankouraje lòt moun ki enterese pou yo bay kout men nan alfabetizasyon masif la. Atik 36-10: ​ Lwa peyi a defini estati anseyan yo. Tout anseyan gen dwa pou li resevwa yon salè debaz ki ekitab. Atik 36 : ​ Ansèyman se yon aktivite lib nan peyi a nan tout nivo, men Leta etabli kontwòl sou jan sa dwe fèt. Atik 37 : ​ Eksepte nan ka flagran deli, lokal etablisman ansèyman yo envyolab. Ni lapolis ni pyès enstitisyon ki la pou met lòd pa gen dwa antre nan lokal etablisman ansèyman yo san direksyon etablisman sa yo pa bay lòd pou sa. Atik 37-1: ​ Afè fòs lòd pa ka antre nan lokal etablisman ansèyman yo san akò direksyon lekòl la pa aplikab lè yon etablisman ansèyman ap regle lòt aktivite ki pa aktivite ansèyman. SEKSYON G: KONSÈNAN LIBÈTE TRAVAY Atik 38 : ​ Leta garanti Libète moun genyen pou yo travay. Chak sitwayen gen obligasyon pou l angaje l nan yon aktivite travay li chwazi pou l ka pran swen tèt li ak fanmi li, epi pou l kopere avèk Leta pou sosyete a genyen yon sistèm sekirite sosyal. 10 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 38-1: ​ Tout anplwaye enstitisyon prive oswa enstitisyon piblik yo gen dwa pou yo gen ni yon salè ki jis, ni repo, ni konje peye anyèl e ni yon bonis. Atik 38-2: ​ Leta bay tout travayè garanti egalite kondisyon travay ak egalite konsènan salè kit travayè a se fi oswa gason, kit li se moun marye oswa pa marye e kèlkeswa kwayans ak opinyon moun nan. Atik 38-3: ​ Libète garanti dwa travayè yo genyen pou yo òganize yo nan sendika. Tout travayè sektè ni prive ni sektè piblik ka rantre nan Sendika ki la pou aktivite pwofesyonèl li yo, men travayè a ap fè sa sèlman pou l ka defann enterè travay li. Atik 38-4: ​ Sendika a pa ka angaje l nan aktivite politik, li pa dwe la pou pyès moun fè kòb e li pa dwe ap fè pwomosyon pou pyès relijyon. Atik 38-5: ​ Moun gen dwa fè grèv, men yo dwe respekte sa lwa peyi a di sou sa. Atik 38-6: ​ Lwa peyi a di ki laj yon moun dwe genyen pou li travay pou kòb. Genyen regleman espesifik ki reglemante travay timoun. Article 38.7: ​ Se Kòd Travay la ki reglemante travay kay moun. SEKSYON H: KONSÈNAN PWOPRIYETE Atik 39 : ​ Tout moun gen dwa pou yo genyen pwopriyete prive yo e Leta garanti dwa sa a. Lwa peyi a detèmine kondisyon jan moun vin genyen pwopriyete, sa yo fè avèk pwopriyete a epi sa yo pa ka fè avèk li. Atik 39-1: ​ Leta kapab mande nenpòt pwopriyetè pou li abandone pwopriyete li a pou Rezon Leta, men Leta ap peye pwopriyetè a. Moun nan ka resevwa nan men Leta tou prèv kote Leta fè depo yon valè kòb ki koresponn avèk pwopriyete selon lajistis epi selon ekspè nan domèn. Si Leta abandone pwojè ki te fè li pran pwopriyete a, y ap anile tou plan pou yo te pran pwopriyete moun nan e y ap bay pwopriyetè a pwopriyete l, san ranbousman kòb. Mezi sa a, sa vle di, ekspropriyasyon an, antre an vigè apati aplikasyon pwojè a. Atik 39-2: ​ Li entèdi pou Leta nasyonalize oswa konfiske pou rezon politik pyès byen moun genyen, ni byen mobilye ni byen imobilye. Sof nan ka refòm agrè, Leta ka retire byen yon moun nan men l sèlman lè gen yon jijman ki fin fèt nèt nan tribinal yo rele tribinal dwa komen an e si jijman sa a otorize Leta pou li retire dwa lejitim moun nan genyen sou pwopriyete l. Atik 39-3: ​ Pwopriyetè yo gen yon seri obligasyon konsènan pwopriyete yo. Yo pa gen dwa sèvi ak byen sa yo kont enterè pi fò moun nan peyi a. 11 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 39-4: ​ Moun ki se pwopriyetè tè dwe travay tè a pou li fè l bay rannman. Se pou li pran swen tè a yon jan pou dlo pa bwote tè a ale. Lalwa prevwa pinisyon pou moun ki neglije obligasyon sa a. Atik 39-5: ​ Pèsonn pa gen dwa pwopriyetè ni tè bò lanmè, ni tè kote ki gen sous dlo, ni tè rivyè, ni kote ki gen bouchi, ni kote ki gen tèt dlo, e ni kote ki gen richès natirèl tankou min ak karyè. Tout kote sa yo fèt pou itil tout Ayisyen. Se byen Leta yo ye. Atik 39-6: ​ Lwa peyi a di nan ki kondisyon moun ka fè rechèch sou richès ki anba tè epi jan moun ka eksplwate min yo ak karyè anba tè yo. Lwa peyi a di tou, ni moun ki se pwopriyetè tè a, ni moun ki nan biznis eksplwatasyon resous natirèl la, ni Leta Ayisyen, tout dwe jwenn yon pati ekitab nan pwofi resous natirèl yo bay. Atik 40 : ​ Nan moman ki genyen refòm agrè, lwa peyi a di jan Leta ka separe tè bay moun epi jan li ka mete kèk pati tè ansanm selon plan amenajman tèritwa a ak byennèt kominote ki konsène yo. Atik 41 : ​ Lwa peyi a pwoteje pwopriyete syantifik, pwopriyete literè ak pwopriyete atistik. Atik 42 : ​ Moun ki rete nan komin yo se yo menm dabò ki gen dwa travay tè Leta genyen nan kòmin nan. SEKSYON I: KONSÈNAN DWA POU ENFÒMASYON Atik 43 : ​ Leta dwe itilize radyo, jounal ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon an kreyòl ak an fransè, sou tout sa ki konsène vi peyi a. Sof nan ka sekirite nasyonal, Leta dwe bay enfòmasyon sou lwa, sou arete, sou dekrè, sou akò entènasyonal, sou trete epi sou konvansyon li siyen yo. Article 43-1 ​ Administrasyon piblik la gen obligasyon pou li fè sitwayen yo jwenn enfòmasyon ki nesesè pou yo byen konprann politik piblik ki an aplikasyon yo. SEKSYON J: KONSÈNAN DWA POU MOUN GEN SEKIRITE Atik 44 : ​ Yo pa gen dwa egzile oswa fòse okenn sitwayen Ayisyen kite peyi a, pou kèlkeswa rezon an. Yo pa gen dwa retire nasyonalite ni dwa lwa peyi a bay yon Ayisyen pou yon kòz politik. Atik 44-1: ​ Okenn Ayisyen pa bezwen viza pou kite peyi a oswa pou retounen nan peyi a. Atik 45 : ​ Yo pa gen dwa voye okenn sitwayen Ayisyen jije devan okenn lòt jij ki se pa jij konstitisyon an ak lalwa di ki dwe jije li, kit se yon sitwayen sivil, kit se yon sitwayen militè. 12 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 45-1: ​ Lè yo akize yon militè pou krim trayi peyi li, se tribinal yo rele tribinal dwa komen an ki dwe jije militè sa a. Atik 45-2: ​ Men ki kòz yon tribinal militè gen dwa jije: a)​ Koz kote militè a vyole regleman ki nan manyèl jistis militè a. b)​ Kòz kote ki gen konfli sou sèvis militè ant manm fòs Ame a. c)​ Nan moman lagè. Atik 45-3: ​ Se tribinal yo rele tribinal dwa komen an, ki jije tout konfli ant sivil ak militè, e lè yon militè nan sèvis fè yon zak kont yon sivil, tankou abi, vyolans epi krim. Atik 46 : ​ Se sèl nan ka lwa peyi a prevwa yo ka ni antre fè fouy lakay moun ni sezi papye moun. Atik 47 : ​ Yo pa dwe mete ansanm moun yo detni pwovizwaman ki ap tann jijman yo avèk moun yo gentan jije deja k ap pije pèn yo. Atik 47-1: ​ Moun ki nan prizon fèt pou yo jwenn menm respè ak trètmen moun merite selon sa lwa peyi a prevwa sou diyite tout moun. Atik 48 : ​ Se lwa peyi a sèlman ki gen dwa di ni ki pinisyon yo prevwa pou yon zak, ni nan ki ka ak nan ki kondisyon yo dwe aplike pinisyon sa a. Atik 49 : ​ Yo pa kapab fòse yon moun sèvi temwen kont pwòp tèt li lè gen krim, lè gen yon zak lajistis kondane kòm yon zak koreksyonèl oswa nan ka lapolis bay yon kontravansyon. Yo pa kapab fòse l temwaye nonplis kont ni paran l, ni fanmi pre l rive jiska katriyèm degre, e ni kont fanmi pa alyans li rive jiska dezyèm degre. Atik 50 : ​ Se sèlman nan ka lwa peyi a prevwa ak jan lwa di sa yo gen dwa fè yon moun leve lamen pou li sèmante. Atik 51 : ​ Leta dwe asire l genyen yon kès pansyon sivil retrèt ni pou anplwaye Leta ni pou anplwaye ki pa nan Leta. Kès sa a ap fèt avèk kontribisyon ni patwon ni anplwaye, selon sa lwa yo di sou sa. Lajan pansyon se yon dwa moun ki travay yo genyen, se pa yon favè yo fè yo. Atik 52 : ​ Tout moun lib pou yo ekri tout kalte lèt epi angaje yo nan tout kalte kominikasyon an sekrè e dwa moun nan genyen pou li fè sa envyolab. Se sèl lajistis ki ta gen dwa fè yon kontwòl si sa nesesè e nan ka kote lwa bay pèmisyon ak rezon pou sa, ak jan lwa prevwa sa kapab fèt. Atik 53 : ​ Yo dwe mete yon jiri sou pye, selon konstitisyon an ak lwa Peyi a, lè y ap fè jijman pou krim kote san koule ak lè gen deli politik. Atik 54 : ​ Lalwa pa ka gen efè retroaktif, sof nan zafè kriminèl lè li an favè akize a. Yo pa dwe itilize yon lwa pou yon jijman ki te fèt anvan lwa sa a parèt, sòf nan lwa penal, e ki ta an favè moun yo akize a. 13 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 CHAPIT III KONSÈNAN DEVWA SITWAYEN YO Atik 55 : ​ Avantaj yon moun genyen kòm sitwayen fè l gen obligasyon tou konsènan devwa sivik li. Chak dwa sitwayen an genyen mare avèk devwa li genyen kòm sitwayen. Atik 55-1: ​ Devwa sivik se tout obligasyon yon sitwayen genyen anvè Leta e anvè Patri li sou plan moral, politik, sosyal ak ekonomik. Men lis obligasyon yon sitwayen genyen: 1 ) Li dwe respekte konstitisyon an ak drapo peyi a; 2)​ Li dwe respekte lalwa; 3)​ Li dwe vote nan eleksyon, san yo pa fòse l; 4)​ Li dwe peye enpo l epi taks li; 5)​ Li dwe dakò pou li sèvi kòm manm jiri, nan tribinal; 6)​ Li dwe defann peyi l, si gen lagè; 7)​ Li dwe chèche edikasyon pou tèt li, epi chèche ogmante konesans li ofiramezi; 8)​ Li dwe respekte anviwònman an e byen pwoteje l; 9)​ Li dwe respekte epi montre l sansib anpil pou lajan Leta ak pou byen Leta; 10)​Li dwe respekte byen lòt moun; 11)​ Li dwe travay pou li kenbe lapè; 12)​Li dwe toujou prèt pou li bay kout men lè moun an danje; 13)​Li dwe respekte dwa ak libète lòt moun. Atik 55-2: ​ Lwa peyi a prevwa sanksyon pou sitwayen ki pa aplike obligasyon sa yo li genyen kòm sitwayen. Atik 55-3: ​ Leta dwe mete sou pye yon sèvis sivik obligatwa pou ni fi ni gason. Lwa peyi a bay jan sèvis sivik sa a dwe fonksyone. Atik 56: ​ Krim gwo trayizyon nasyonal se lè yon sitwayen sèvi avèk zam nan yon lame etranjè oswa sèvi yon nasyon etranjè kont Repiblik Ayiti, lè yon fonksyonè leta vòlè byen leta mete la pou li sèvi pou sèvis leta, oswa chak fwa yon moun ki plase pou li fè respekte Konstitisyon an vyole l ankò. Atik 56-1: ​ Moun ki komèt krim gwo trayizyon nasyonal ap jwenn pèn travay fòse pou tout tan e pèn sa a pa ka chanje. 14 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 TIT IV KONSÈNAN ETRANJE NAN PEYI A Atik 57 : ​ Lwa peyi a di nan ki kondisyon etranje gen dwa antre nan peyi a, e nan ki kondisyon yo gen dwa rete ladan l. Atik 58 : ​ Etranje ki sou teritwa Repiblik la benefisye menm pwoteksyon avèk sa yo bay Ayisyen yo, dapre lwa peyi a. Atik 58-1: ​ Yon etranje ka jwi ni dwa sivil li ni dwa ekonomik li ni dwa sosyal li nan peyi a, sof nan ka ki konsène regilasyon ki rezève pou Ayisyen dorijin parapò dwa sou pwopriyete imobilye, dwa sou pwofesyon moun nan egzèse, dwa sou biznis moun nan ap fè epi dwa nan kesyon enpòtasyon ak ekspòtasyon. Atik 59 : ​ Yon etranje ki rezide an Ayiti gen dwa pou li genyen yon kay pou li rete. Atik 59-1: ​ Men, yon etranje ki rezide an Ayiti pa gen dwa gen plis pase yon kay pou li rete nan yon awondisman. Li pa janm gen dwa rantre nan komès lwe kay. Poutan, konpayi etranje k ap fè pwomoyon pou byen imobilye benefisye yon estati espesyal e se lwa peyi a ki reglemante jan sa dwe fèt. Atik 59-2: ​ Etranje ak konpayi etranjè ki rete an Ayiti gen dwa gen pwopriyete ki pèmèt yo fè travay lwa peyi a pèmèt yo fè nan peyi a, pwopriyete pou antrepriz agrikòl, pwopriyete pou komès, pwopriyete pou endistri, pwopriyete pou relijyon, oswa pwopriyete pou pote moun sekou pwopriyete pou ede moun jwenn konesans. Atik 59-3: ​ Okenn etranje pa gen dwa gen pwopriyete ki rive sou fwontyè peyi a. Atik 59-4: ​ Dwa pwopriyete yo etranje genyen nan peyi a fini senk (5) ane apre etranje a pa rete nan peyi a ankò oswa si konpayi etranjè yo sispann fè travay Leta te pèmèt yo fè nan peyi a. Lwa peyi a di nan ki kondisyon transmisyon byen etranje yo ansanm ak likidasyon yo dwe fèt. Atik 59-5: ​ Lalwa ap pini ni moun ki pa obeyi regleman sa yo ni lòt moun ki nan konfyolo avèk yo pou sa. Atik 60 : ​ Yo ka mete yon etranje deyò nan teritwa Repiblik la lè li foure bouch li nan lavi politik peyi a. Lalwa regle nan ki kondisyon yo gen dwa mete yon etranje deyò nan peyi a. Atik 61 : ​ Refijye politik gen dwa jwenn azil politik nan peyi a. 15 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 TIT V KONSÈNAN SOUVERÈNTE NASYONAL LA Atik 62 : ​ Souverènte nasyonal la chita nan inivèsalite sitwayen yo, tout sitwayen gen responsablite nan souverènte nasyonal la. Sitwayen yo egzèse dwa souverènte yo dirèkteman nan ka sa yo: 1)​ Eleksyon Prezidan Repiblik la; 2)​ Eleksyon manm pouvwa lejislatif la; 3)​ Nan eleksyon manm tout lòt gwoup konstitisyon an ak lwa yo prevwa ki dwe sot nan eleksyon. Atik 63 : ​ Sitwayen yo delege egzèsis souverènte nasyonal la bay twa (3) pouvwa: a) Pouvwa Lejislatif la; b) Pouvwa Egzekitif la; c) Pouvwa Jidisyè a. Se Konstitisyon peyi a menm ki konsakre prensip separasyon twa (3) pouvwa yo. Atik 63-1: ​ Twa (3) pouvwa sa yo se fondasyon esansyèl òganizasyon Leta a ki se yon Leta civil. Atik 64 : ​ Chak pouvwa yo endepandan youn lòt, yo egzèse atribisyon yo egzèse separeman. Atik 64-1: ​ Okenn nan twa pouvwa sa yo pa janm gen dwa pase responsablite li pase pyès nan lòt de (2) yo pou okenn rezon. Youn pa gen dwa bay youn nan de (2) lòt yo fè ni yon pati nan travay li a ni tout travay pa li a an gwo. Chak pouvwa yo fèt pou yo rete nan wòl yo, jan Konstitisyon an ak lwa di sa dwe fèt. Atik 64-2: ​ Chak nan twa (3) pouvwa yo gen tout responsablite pou aksyon pa yo. CHAPIT I KONSÈNAN KOLEKTIVITE TÈRITORYAL YO AK DESANTRALIZASYON Atik 65 : ​ kolektivite tèritoryal yo se kòmin yo avèk depatman yo. Atik 65-1: ​ Tout chèflye kòmin ansanm avèk tout seksyon kominal dezòmè vin monte nan ran kòmin nan lè peyi a adopte Konstitisyon sa a. 16 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 SEKSYON A: KONSÈNAN KÒMIN YO Atik 66 : ​ Kòmin yo se yo menm ki se pi piti antite tèritoryal pou administrasyon Leta a. Kòmin nan genyen pwòp otonomi administratif ak finansyè li. Li se yon Pèsòn Moral. Se lwa peyi a ki reglemante mòd administrasyon ak fonksyònman kòmin nan. Atik 66-1 : ​ Chak kòmin nan Repiblik la gen yon Majistra ki pase nan eleksyon pou yon peryòd senk (5) ane. Majistra kòmin nan kapab re-eli chak fwa l al nan eleksyon e pa gen limit sou konbyen fwa li ka re-eli. Atik 66-2: ​ Men ki kondisyon pou yon moun ranpli pou li vin Majistra yon kòmin: moun nan dwe: a) Se pou moun nan Ayisyen; b) Fòk li gen venteyen (21) ane oswa plis; c) Fòk li jwi dwa sivil ak politik li yo; d) Fòk li pa te janm kondane avèk yon pinisyon aflijan oswa yon pèn dezonoran; e) Fòk li ap viv nan kòmin nan pou omwen de (2) ane epi fòk li angaje l pou l rete la pandan tout dire manda li a; f) Fòk li pa te janm sijè yon desizyon debè si li te responsab lajan leta. Atik 66-3 : ​ Majistra a gen yon Asanble Minisipal ki eli pou ede l nan travay li. Asanble Minisipal sa a genyen gen omwen senk (5) manm, men li pa ka genyen plis pase onz (11) manm. Lwa peyi a va deside ki kantite manm yo ka ye dapre popilasyon minisipalite a. Atik 66-4: ​ Manm Asanble Minisipal yo eli pou senk (5) ane, dapre lalwa elektoral la. Moun ki an premye sou lis elektoral la vin tounen Prezidan Asanble Minisipal la epi li reprezante kòmin nan nan Asanble Depatmantal la ki prevwa nan atik 81.2 ki pi ba a. Atik 66-5: ​ Pou yon moun vin yon Manm Asanble Minisipal la, li dwe: a)​ Ayisyen; b)​ Gen venteyen (21) an oswa plis; c)​ Jwi dwa sivil ak politik li; d)​ Pa janm te kondane pou yon pinisyon aflijan oswa yon pèn dezonoran; e)​ Rete nan kòmin nan depi omwen de (2) ane epi angaje l pou li rete la pandan tout tan manda yo a; f)​ Pa te janm sijè yon desizyon debè si li te responsab lajan leta. 17 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 66-6 : ​ Nan sèl ka kote Majistra a ka jwenn revokasyon l se nan ka neglijans, detounman lajan, si l abandone fonksyon li, si l fè fwod nan administrasyon an epi si Kou Siperyè Kontwol Finansye ak Konfli Administratif la pwononse l sou sa legalman. Nan ka ta gen yon vakans nan pòs Majistra a, Gouvènè Depatman an ap nonme imedyatman yon moun ki pou kenbe epi mande Konsèy Elektoral la pou l fè eleksyon nan katreven dis (90) jou pou mete yon nouvo Majistra pou jere enterè kòmin nan pou rès manda a. Yo pa bezwen fè eleksyon pou ranplase Majistra a si vakans lan se nan dènye ane manda a li rive. Atik 66-7 : ​ Depi Majistra a kite administrasyon kòmin nan pou twa (3) mwa san li pa jistifye absans li a e Gouvènè a kapab konstate absans pwolonje a legalman, l ap konsidere Majistra a tankou yon moun ki abandone pòs li. Atik 66-8 : ​ Leta gen obligasyon pou l mete nan chak kòmin, estrikti espesifik pou fòmasyon sosyal, fòmasyon ekonomik, fòmasyon sivik ak fòmasyon kiltirèl popilasyon an. Atik 66-9 : ​ Majistra a dwe administre resous minisipal yo pou benefis eksklizif minisipalite a epi li gen pou li rann kont bay Asanble Minisipal la. Li dwe bay Gouvènè Depatman an rapò sou administrasyon l lan. Atik 66-10 : ​ Majistra a gen privilèj pou li chèche jwenn sèvis moun konpetan, daprè lwa ki fèt pou sa, pou li asire jesyon byen tè Leta ki nan minisipalite li a. Atik 66-11 : ​ Kòmin yo pa plase anba titèl Gouvènè a. Men, Gouvènè a ka mande tribinal administratif depatman an pou li anile desizyon administratif minisipal yo si li wè desizyon sa yo ilegal oswa si li jije yo pa an akò avèk enterè depatman an. Demand sa pa anpeche desizyon an kontinye aplike, sof nan ka desizyon ki konsène pwopriete tè ak libète piblik yo. Atik 66-12: ​ Se devan Konsèy Konstitisyonèl la yo ka fè rekou konsènan arete ak regleman minisipal yo. Atik 66-13 : ​ Minisipalite ki gen anpil moun yo ka mete ansanm pou yo fòme yon kominote komin. Atik 66-14: ​ Kominote komin nan responsab jesyon sèvis entèminisipal yo. Se Majistra kòmin yo nan gwoup kominal yo ki mete yo ansanm pou yo administre kominote a. Atik 66-15 : ​ Lwa peyi a reglemante jan yo dwe kreye kominote komin yo, jan yo dwe administre l e jan li dwe fonksyone. 18 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 SEKSYON C: KONSÈNAN AWONDISMAN YO Atik 67 : ​ Awondisman an se yon divizyon administratif ki ka genyen plizyè kòmin ladan l e li se kote yo ka pran desizyon konsènan ni Administrasyon Santral la ni Administrasyon Depatmantal. Se lwa peyi a ki regle fonksyònman Awondisman an kòm yon divizyon administratif. SEKSYON D: KONSÈNAN DEPATMAN YO Atik 68 : ​ Depatman an se pi gwo divizyon teritoryal la nan peyi a. Depatman an gen otonomi administratif ak finansyè. Li se yon Pèsòn Moral. Se lwa peyi a ki regle jan yo dwe jere depatman an avèk jan li dwe fonksyone. Atik 68-1 : ​ Anndan depatman yo genyen kòmin yo avèk awondisman yo. Atik 68-2: ​ Chak depatman gen yon gouvènè ki eli pou yon peryòd senk (5) ane. Li ka ale nan eleksyon pou li eli ankò e pa genyen limit sou konbyen fwa li ka ale nan eleksyon. Atik 68-3: ​ Men ki kondisyon pou yon moun ranpli pou li vin Gouvènè Depatmantal a) Se pou moun nan Ayisyen; b) Fòk li gen venn senk (25) ane oswa plis; (c) Fòk li jwi dwa sivil ak politik li yo; d) Fòk li pa te janm kondane avèk yon pinisyon aflijan oswa yon pèn dezonoran; e) Fòk li ap viv nan kòmin nan pou omwen de (2) ane epi fòk li angaje l pou l rete la pandan tout dire manda li a; f) Fòk li pa te janm sijè yon desizyon debè si li te responsab lajan Leta. Atik 68-4: ​ Gouvènè a gen yon Asanble Depatmantal ki ede l nan travay li. Asanble Depatmantal la fòme avèk yon reprezantan ki soti nan chak asanble kominal nan Depatman an. Atik 68-5: ​ Men moun ki kapab patisipe nan reyinyon Asanble Depatmantal e ki ka gen vòt konsiltatif: a) Palmantè ak Majistra yo ki eli nan depatman an; b)Reprezantan asosyasyon sosyo-pwofesyonèl oswa asosyasyon sendikal nan depatman an ki anrejistre nòmalman nan Biwo Gouvènè a; c) Direktè sèvis piblik yo nan depatman an. Atik 68-6 : ​ Gouvènè a dwe elabore plan devlopman depatman an, an kolaborasyon avèk administrasyon santral la. Atik 68-7 : ​ Lwa peyi a reglemante jan pou Biwo Gouvènè a ak Asanble Depatmantal la dwe òganize e jan yo dwe fonksyone. 19 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 68-8 : ​ Gouvènè a dwe administre resous finansyè depatman an pou benefis eksklizif depatman an epi li gen pou li rann kont bay Asanble Depatmantal la. Gouvènè a dwe bay Administrasyon Santral la rapò sou administrasyon l lan. Atik 68-9 : ​ Nan sèl ka kote Gouvènè Depatman an ka jwenn revokasyon l se nan ka neglijans, detounman lajan, si l abandone fonksyon li, si l fè fwod nan administrasyon an epi si Kou Siperyè Kontwol Finansye ak Konfli Administratif la pwononse l sou sa legalman. Nan ka ta gen yon vakans nan pòs Gouvènè Depatman an, Konsèy minis yo ap nome imedyatman yon moun ki pou kenbe epi mande Konsèy Elektoral la pou l fè eleksyon nan katreven dis (90) jou pou mete yon nouvo Gouvènè pou jere enterè depatman an pou rès manda a. Yo pa bezwen fè eleksyon pou ranplase Gouvènè a si vakans lan se nan dènye ane manda a li rive. Atik 68-10: ​ Depi Gouvènè a kite administrasyon an oswa tèritwa depatman an pou twa (3) mwa san li pa jistifye absans li a e Konsèy minis yo kapab konstate absans pwolonje a legalman, l ap konsidere Gouvènè a tankou yon moun ki abandone pòs li. Atik 68-11 : ​ Depatman yo pa plase anba titèl Administrasyon Santral la. Men, Administrasyon Santral la ka mande Kou Siperyè Kontwol Finansye ak Konfli Administratif pou li anile desizyon administratif depatman yo si li wè desizyon sa yo ilegal oswa si li jije yo pa an akò avèk enterè peyi a. Demand sa pa anpeche desizyon an kontinye aplike, sof nan ka desizyon an konsène pwopriete tè ak libète piblik yo. Atik 68-12: ​ Se devan Konsèy Konstitisyonèl la yo ka fè rekou konsènan arete ak regleman depatmantal yoa. SEKSYON F: KONSÈNAN KONSÈY ENTÈDEPARTMANTAL LA Atik 69 : ​ Se Asanble Gouvènè yo ki fòme Konsèy Entèdepatmantal la. Atik 69-1: ​ Konsèy Entèdepatmantal la ansanm avèk Pouvwa Egzekitif la etidye epi planifye pwojè desantralizasyon ak pwojè devlopman peyi a, ni sou sosyal, ni sou ekonomik, ni sou komèsyal, ni sou agrikòl ak endistriyèl. Atik 69-2: ​ Konsèy Entèdepatmantal la patisipe nan sesyon travay Konsèy Minis yo lè y ap diskite sou pwen sa yo ki mansyone nan atik anvan an. Atik 69-3: ​ Desantralizasyon an dwe mache avèk dekonsantrasyon sèvis piblik yo, avèk delegasyon pouvwa e avèk distribisyon endistri plizyè kote nan benefis depatman yo Atik 69-4: ​ Lwa peyi a di jan Konsèy Entèdepatmantal la dwe òganize ak jan li dwe fonksyone. 20 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 CHAPIT II KONSÈNAN POUVWA LEJISLATIF LA Atik 70 : ​ Genyen de (2) Chanm Reprezantatif ki egzèse Pouvwa Lejislatif la. Yon Chanm Depite ak yon Sena. Yo fòme Kò Lejislatif la. SEKSYON A - KONSÈNAN CHANM DEPITE YO Atik 71 : ​ Chanm Depite a se yon ògàn ki konpoze avèk manm ki pase nan eleksyon ak vòt dirèk sitwayen yo. Chanm Depite a ansanm avèk Sena Repiblik la gen responsablite Pouvwa Lejislatif la pou yo aji nan non sitwayen yo. Atik 72: ​ Chak awondisman se yon sikonskripsyon elektoral e chak eli yon (1) depite. Lwa peyi a fikse kantite depite yo nan nivo gwo zòn iben yo. Lwa elektoral la dwe ankouraje kandidati jèn moun ak kandidati fanm pou Chanm Depite a. Atik 72-1: ​ Eleksyon Depite a dwe fèt dènye dimanch mwa Oktòb sou senkyèm ane manda yo a. Depite yo eli avèk majorite absoli vòt yo ki soti nan asanble elektoral yo, dapre lwa elektoral la. Atik 72-2: ​ Nan moman eleksyon pou depite yo, , yo ka deklare gayan kandida ki gen plis vwa nan premye tou a menmsi li pa jwenn majorite absoli a si avantaj li genyen sou kandida ki imedyatman vin apre l la egal oswa plis pase vennsenk pou san (25%). Atik 72-3: ​ Lwa peyi a fikse kantite depite ki reprezante Ayisyen k ap viv aletranje yo. Lwa a di ki sikonskripsyon elektoral ki genyen epi jan yo dwe òganize eleksyon espesyal yo nan sikonskripsyon sa yo aletranje. Atik 73 : ​ Men ki kondisyon pou yon moun ranpli pou li vin Depite: 1) Se pou moun nan Ayisyen dorijin, fòk li pa janm renonse nasyonalite l e fòk li pa gen lòt nasyonalite nan moman enskripsyon pou eleksyon an; 2) Fòk li gen venteyen (21) ane oswa plis; 3) Fòk li jwi dwa sivil ak politik li yo e fòk li pa te janm kondane avèk yon pinisyon aflijan oswa yon pèn dezonoran pou yon krim dwa kòmen; 4) Fòk li ap viv nan sikonskripsyon an depi omwen de (2) ane youn dèyè lòt anvan dat eleksyon an; 5) Fòk li genyen yon pwopriyete oubyen yon pwofesyon oswa yon biznis nan sikonskripsyon an; 6) Fòk li pa te janm sijè yon desizyon debè si li te responsab lajan leta. Atik 74 : ​ Depite yo eli pou senk (5) ane epi yo ka re-eli ankò san pa gen limit sou kantite fwa yo ka eli. 21 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 74-1: ​ Depite yo antre an fonksyon dezyèm lendi mwa janvye apre eleksyon yo epi yo syeje pou de (2) sesyon pa ane. Dire manda Depite yo konstitiye yon lejislati. Nan ka kote eleksyon yo pa ka rive fèt e konfime anvan dezyèm lendi mwa janvye, Depite ki eli yo ap antre an fonksyon tousuit apre yo fin valide vòt yo. Nan sans sa a, manda senk (5) ane yo a ap konte apati dezyèm lendi mwa janvye ane yo te dwe antre an fonksyon regilyèman an. Atik 74-2: ​ Premye sesyon palmantè a dwe dewoule soti dezyèm lendi mwa janvye rive dezyèm lendi mwa me. Dezyèm sesyon an ap fèt soti nan dezyèm lendi mwa jen pou rive nan dezyèm lendi mwa septanm. Atik 74-3: ​ Tout Chanm Depite a an gwo dwe renouvle chak senk (5) ane. Atik 75 : ​ Anplis pouvwa Konstitisyon an ak lwa peyi a bay Chanm Depite a, Chanm nan gen privilèj pou l mobilize yon majorite 2/3 nan Depite yo pou y al devan Kou Siperyè Jistis la pou yo soumèt akizasyon kont Chèf Leta a, Premye Minis la, Minis yo, epi Sekretè Leta yo. SEKSYON B – KONSÈNAN SENA A Atik 76 : ​ Sena a se yon ògàn ki konpoze avèk manm ki pase nan eleksyon ak vòt dirèk sitwayen yo. Sena Repiblik la ansanm avèk Chanm Depite a gen responsablite pouvwa lejislatif la pou yo aji nan non sitwayen yo. Atik 76-1: ​ Se yon kantite de (2) senatè ki genyen pou chak depatman. Lwa elektoral la ankouraje kandidati jèn ak fanm pou Sena a. Atik 76-2: ​ Senatè Repiblik la eli nan eleksyon avèk majorite absoli vòt nan asanble primè ki fèt nan depatman jewografik yo, dapre kondisyon lwa elektoral la. Atik 76-3: ​ Genyen de (2) Senatè ki reprezante Ayisyen k ap viv aletranje yo. Lwa a di ki sikonskripsyon elektoral ki genyen epi jan yo dwe òganize eleksyon espesyal yo nan sikonskripsyon sa yo aletranje. Atik 76-4: ​ Nan moman eleksyon pou Senatè yo, yo ka deklare gayan kandida ki gen plis vwa nan premye tou a menmsi li pa jwenn majorite absoli a si avantaj li genyen sou kandida ki imedyatman vin apre l la egal oswa plis pase vennsenk pou san (25%). Atik 77 : ​ Senatè yo eli pou senk (5) ane epi yo ka re-eli ankò san pa gen limit sou kantite fwa yo ka eli. Senatè yo antre an fonksyon dezyèm lendi mwa janvye apre eleksyon yo. Nan ka kote eleksyon yo pa ka rive fèt e konfime anvan dezyèm lendi mwa janvye, Senatè yo ap antre an fonksyon tousuit apre yo fin valide vòt yo. Nan sans sa a, manda senk (5) ane yo a ap konte 22 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 apati dezyèm lendi mwa janvye ane yo te dwe antre an fonksyon regilyèman an. Atik 77-1: ​ Senatè yo syeje an pèmanans. Atik 77-2: ​ Sepandan, Sena a ka leve sesyon pou yo deside pa reyini pafwa, eksepte pandan sesyon lejislatif la. Lè Sena a pa an sesyon, li dwe kite yon komite pèmanan pou trete zafè kouran yo. Komite sa a pa ka pran okenn arete, sof pou konvokasyon Sena a. Si genyen ijans, Pouvwa Egzekitif la kapab konvoke Sena a tou anvan fen poz la. Atik 77-3: ​ Tout Sena a nèt dwe renouvle chak senk (5) ane. Atik 78 : ​ Men ki kondisyon pou yon moun ranpli pou li vin Senatè: 1) Se pou moun nan Ayisyen dorijin, fòk li pa janm renonse nasyonalite l e fòk li pa gen lòt nasyonalite nan moman enskripsyon pou eleksyon an; 2) Fòk li gen venn senk (25) ane oswa plis; 3) Fòk li jwi dwa sivil ak politik li yo e fòk li pa te janm kondane avèk yon pinisyon aflijan oswa yon pèn dezonoran pou yon krim dwa kòmen; 4) Fòk li ap viv nan depatman an depi omwen twa (3) ane youn dèyè lòt anvan dat eleksyon an. 5) Fòk li genyen yon pwopriyete oubyen yon pwofesyon oswa yon biznis nan depatman an. 6) Fòk li pa te janm sijè yon desizyon debè si li te responsab lajan leta. Atik 79:​ Anplis pouvwa Konstitisyon an bay Sena a kòm branch pouvwa lejislatif, Sena a genyen pouvwa pou li: a)pwopoze bay Pouvwa Ekzekitif la lis jij Kou Kasasyon yo selon prensip Konstitisyon an etabli; b) Sèvi kòm Kou Siperyè Jistis; c)Mete an aplikasyon tout atribisyon Konstitisyon an ak lwa peyi a ba yo kòm Sena Repiblik la. SEKSYON C- KONSÈNAN ASANBLE NASYONAL LA Atik 80: ​ Lè tou de (2) branch lejislatif yo reyini ansanm, yo vin tounen Asanble Nasyonal peyi a. Atik 80-1: ​ Asanble Nasyonal la reyini pou louvri ak fèmen chak sesyon epi nan tout lòt ka Konstitisyon an prevwa. Atik 80-2: ​ Pouvwa Asanble Nasyonal la limite nan fè travay konstitisyon an ba li fè, li pa gen dwa fè lòt travay Konstitisyon an pa ba li. 23 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 ​ Pouvwa Asanble Nasyonal la se: Atik 80-3: 1) Pou resevwa sèman konstitisyonèl Prezidan Repiblik la; 2) Pou ratifye nenpòt desizyon pou deklare lagè lè tout tantativ pou rekonsilyasyon echwe; 3) Pou apwouve oswa rejte trete ak konvansyon entènasyonal yo; 4) Pou modifye Konstitisyon an dapre pwosedi ki endike ladan l; 5) Pou ratifye desizyon Egzekitif la pou chanje plas Gouvènman an jan Atik 1-1 Konstitisyon an mande sa; 6) Pou deside si wi ou non, gouvènman an gen dwa deklare eta d syèj. Li dwe deside, ansanm ak gouvènman an, ki atik yo gen dwa pa aplike, nan konstitisyon an, epi pandan konbyen tan sa gen dwa fèt; 7) Pou kontribye nan fòmasyon Konsèy Elektoral la dapre Atik 174 Konstitisyon an; 8) Pou kontribye nan fòmasyon Konsèy elektoral la, dapre Atik 172-1 Konstitisyon an ; 9) Pou resevwa, nan ouvèti chak sesyon, rapò sou aktivite Gouvènman an. Atik 81 : ​ Se Prezidan Sena a ki dirije Asanble Nasyonal la, avèk èd Prezidan Chanm Depite a kòm Vis Prezidan. Sekretè chanm Sena a ak Sekretè Chanm Depite yo se Sekretè Asanble Nasyonal la. Atik 82 : Nan ka Prezidan Sena a gen yon anpèchman, Prezidan Chanm Depite a ap prezide Asanble Nasyonal la. Vis-Prezidan chanm Sena a ap vin Vis-Prezidan Asanble Nasyonal la. Atik 82-1: Nan ka de (2) Prezidan yo genyen anpèchman, se de (2) Vis Prezidan yo ki ap ranplase yo chak. Atik 82-2: ​ Tout moun gen dwa asiste reyinyon Asanble Nasyonal la. Men, yo gen dwa pa fè yo an piblik, depi senk (5) manm asanble a mande sa. Apre sa, pi fò manm nan asanble a va deside si yo dwe rekòmanse reyinyon an devan tout moun. Atik 83:​ Nan ka ijans, lè Kò Lejislatif la pa an sesyon, Pouvwa Egzekitif la ka konvoke Asanble Nasyonal la pou yon sesyon ekstwòdinè. Atik 84 : ​ Asanble Nasyonal la pa kapab fè okenn reyinyon ni pran desizyon ak rezolisyon san prezans pi fò manm chak de (2) Chanm yo pa la. Atik 85 : ​ Kò Lejislatif la genyen syèj li nan Pòtoprens. Men selon sikonstans yo, yo kapab transfere l menm kote ak gouvènman an, nan moman yo ta vin tabli gouvènman an yon lòt kote. 24 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 SEKSYON D: KONSÈNAN EGZÈSIS POUVWA LEJISLATIF LA Atik 86 :​ Sesyon Kò Lejislatif la kòmanse nan peryòd ouvèti travay Chanm Depite yo. Atik 87 :​ Ant sesyon òdinè yo ak nan ka ijans, Prezidan Repiblik la kapab reyini Kò Lejislatif la an sesyon ekstraòdinè. Atik 88 : Chèf pouvwa egzekitif la bay yon rapò sou mezi sa a nan yon mesaj. Atik 89 : Nan ka yon konvokasyon pou yon sesyon ekstraòdinè, Kò Lejislatif la pa kapab deside sou okenn lòt kòz ki pa genyen rapò ak rezon konvokasyon an. Atik 89-1: Sepandan, nenpòt senatè oswa depite kapab soulve kesyon ki genyen enterè jeneral nan Asanble kote li fè pati a. Atik 90 : ​ Chak Chanm verifye epi valide pouvwa manm li yo epi se menm Chanm sa yo ki gen dwa regle diskisyon ki leve sou sijè sa. Atik 91 : Manm chak Chanm yo fè sèman sa a pandan yo leve men yo: "Mwen sèmante pou mwen ranpli devwa mwen yo, pou mwen mentni epi pwoteje dwa Pèp la epi pou mwen fidèl ak Konstitisyon an." Atik 92 : ​ Seyans de (2) Chanm yo se reyinyon an piblik. Men Chanm yo kapab pa reyini an piblik, depi senk (5) manm nan Chanm yo mande sa. Epi answit majorite nan Chanm yo ap deside si reyinyon an ta dwe rekòmanse an piblik. Atik 93 :​ Pouvwa Lejislatif la gen dwa fè lwa sou tout kòz ki enterese sosyete a. Atik 93-1: ​ Inisyativ Lwa a ka soti nan nenpot nan de (2) Chanm yo oubyen nan pouvwa egzekitif la. Atik 93-2:​ Sepandan, inisyativ lwa bidjetè a, lwa konsènan baz, kantite ak metòd koleksyon taks ak kontribisyon yo, lwa ki genyen pou objektif kreye revni oswa ogmante revni ak depans Leta a, se responsablite pouvwa egzekitif la. Apre pouvwa egzekitif la fin prezante demann pou fè lwa sa yo, Chanm depite a gen pou l vote yo an premye. Atik 93-3: ​ Konsèy Konstitisyonèl la asire bon jan respè pou Atik 93-2. Atik 93-4:​ Si genyen yon dezakò ant de (2) Chanm yo konsènan lwa yo mansyone nan paragraf anvan an, chak Chanm ap prezante yon lis manm pou fòme yon komite palmantè ki gen menm kantite manm pou rezoud dezakò a. Atik 93-5:​ Si genyen yon dezakò sou nenpòt lòt lwa, de (2) Chanm yo ap ranvwaye travay la pou pwochen sesyon. Si, nan pwochen sesyon sa a, e menm nan ka renouvèlman chanm yo, lwa a prezante ankò, pa genyen yon akò ki rive jwenn, chak chanm ap prezante yon lis non pou fòme yon komisyon palmantè ki responsab pou ekri tèks final la. Tèks sa a pral soumèt bay de (2) Asanble yo, kòmanse avèk asanble ki te vote lalwa a okòmansman. Epi 25 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 si nouvo deliberasyon sa yo pa bay okenn rezilta, yo pral retire pwojè lwa a oswa pwopozisyon lwa a. Atik 93-6:​ Chanm Depite a ak Sena a pa kapab kraze pou okenn rezon oubyen ni ranvwaye sesyon yo, ni yo pa kapab pwolonje manda manm yo. Atik 94 :​ Chak Chanm, dwe nonmen anplwaye li yo, fikse disiplin li epi detèmine metòd li itilize pou egzèse pouvwa li yo dapre règleman li yo. Atik 95 :​ Chak Chanm kapab aplike sanksyon disiplinè sou manm li yo pou konduit ki pa kòrèk, ak yon desizyon ki pran nan yon majorite ki genyen de tyè (2/3), eksepte pou espilsyon. Atik 96 : ​ Depi yon tribinal kondane yon depite oubyen yon senatè pou yon zak li komèt, li p ap manm nan Kò Lejislatif la ankò. Atik 97: ​ Apre avantaj manm Kò Lejislatif la genyen dapre Lwa peyi a, yo pa kapab jwenn pyès lòt avantaj pyès jan. Atik 98 :​ Manm Kò Lejislatif yo gen iminite depi jou yo prete sèman jouk nan finisman manda, sof nan ka sa ki di nan atik 99 la. Atik 98-1 :​ Yo pa kapab pouswiv ni atake manm kò lejislatif yo nan okenn moman pou opinyon ak vòt yo eksprime nan egzèsis fonksyon yo. Atik 98-2:​ Yo pa kapab mete men sou yon manm nan Kò Lejislatif la pandan dire manda li. Atik 99 :​ Manm Kò Lejislatif yo, pandan manda yo, yo pa kapab arete yo, san otorizasyon Chanm kote yo manm, sof si yo pran l nan men k ap komèt zak ki merite kondanasyon avèk yon pinisyon aflijan oswa yon pèn dezonorana, alò y ap voye li nan Chanm depite oubyen Chanm sena a, si Chanm sa yo an fonksyon, sinon y ap tann lè y ap gen pwochen sesyon òdinè oubyen ekstraòdinè. Atik 99-1: ​ Menmsi lalwa pwoteje Depite ak Senatè yo pou yo pa ka mete men sou yo, depi gen prèv yo kapab pouswiv yo nan lajistis. Atik 99-2:​ Okenn nan de (2) Chanm yo pa kapab gen reyinyon, ni pran desizyon san prezans majorite manm li yo. Atik 100 :​ Kò Lejislatif la dwe pran tout aksyon ak majorite manm ki prezan yo, sof si Konstitisyon sa a prevwa otreman. Atik 101 : ​ Chak Chanm gen dwa pou mennen ankèt sou zafè ki prezante devan li. Atik 102 : ​ Chak pwojè lwa dwe vote atik pa atik. Atik 102-1: Pouvwa Egzekitif la kapab mande benefis ijans lan lè Kò Legislatif la ap vote sou yon pwojè lwa. Nan ka yo mande epi yo jwenn benefis ijans lan, yo dwe vote pwojè lwa a chapit pa chapit san okenn lòt aksyon. Atik 103 : ​ Chak Chanm gen dwa pou modifye epi divize atik ak amannman yo pwopoze yo. Amannman yon chanm vote kapab sèlman fè pati yon 26 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 pwojè lwa apre lòt chanm nan fin vote sou yo nan menm fòm nan ak nan menm tèm yo. Pa genyen okenn pwojè lwa ki vin tounen yon lwa toutotan toulede (2) Chanm yo pa vote sou li nan menm fòm nan. Atik 103-1: ​ Yo kapab retire nenpòt pwojè lwa ki nan diskisyon toutotan yo poko vote li. Atik 104 :​ Nenpòt lwa Kò Lejislatif la fè pase, li dwe voye li bay Prezidan Repiblik la tousuit. Prezidan Repiblik la gen dwa fè objeksyon kont li, an antye oubyen an pati, anvan li pibliye li. Atik 104-1: ​ Nan ka sa a, Prezidan Repiblik la ap retounen lwa a ak objeksyon li yo nan chanm kote yo te vote l la. Si chanm sa a modifye lwa a, li dwe retounen nan lòt chanm nan avèk objeksyon yo. Atik 104-2: ​ Si dezyèm chanm nan pase lwa ki modifye a, y ap voye li ankò bay Prezidan Repiblik la pou li pibliye li. Atik 104-3: ​ Si toulede (2) chanm yo rejte objeksyon yo, y ap retounen voye lwa a ankò bay Prezidan Repiblik la ki genyen obligasyon pou pibliye li. Atik 105 : ​ Dwa pou fè objeksyon an dwe egzèse nan uit (8) jou apati dat Prezidan Repiblik la resevwa lwa a. Atik 106 : ​ Si Prezidan Repiblik la pa mande okenn chanjman nan lwa a, anvan dèle ki make a fini, se pou yo pibliye lwa a, sòf si peryòd travay lachanm nan fini anvan dèle a bout. Nan ka sa a, yo ranvwaye lwa a pou pi ta. Lè pwochenn peryòd travay lachanm nan kòmanse, yo voye lwa a bay Prezidan Repiblik la, pou li kapab di si li pa dakò. Atik 107 :​ Yon pwojè lwa youn nan de (2) chanm yo rejte pa kapab prezante ankò nan menm sesyon an. Atik 108 :​ Apre Kò Lejislatif la fin vote nenpòt lwa oubyen nenpòt desizyon, yo kòmanse ekzekite yo yon fwa prezidan peyi a siyen yo epi fè yo parèt nan Jounal Ofisyèl Repiblik la. Atik 108-1:​ Yo bay lwa a yon nimewo, yo enprime li nan yon bilten ki gen nimewo ak yon tit ki rele “Bilten Lwa ak Desizyon”. Atik 109 :​ Dat Lwa a se dat tou de (2) chanm yo vote li nèt. Atik 110 : ​ Yon moun pa kapab prezante an pesòn yon petisyon sou tribin Kò Lejislatif la. Nenpòt moun ki fè yon petisyon devan Pouvwa Lejislatif la dwe suiv regleman ki etabli yo. Atik 111 : ​ Se sèlman pouvwa lejislatif la ki genyen otorite pou esplike sans lwa yo, yon jan pou tout moun konnen se sa oubyen se pa sa. Yo bay esplikasyon sa yo sou fòm yon lwa. Atik 112 : ​ Chak manm Kò Lejislatif la resevwa yon alokasyon chak mwa apati dat li prete sèman an. 27 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 113 : ​ Yon manm nan Kò Lejislatif la pa genyen dwa touche nan okenn lòt fonksyon Leta peye, sof plas pwofesè. Atik 114 : ​ Nenpòt manm nan de (2) Chanm yo genyen dwa poze yon manm Gouvènman an oubyen tout Gouvènman an kesyon sou jan administrasyon peyi a ap mache. Sesyon kesyon sa a pa bay okenn vòt. Atik 115 : ​ Nan ka kote manm Palman an pèdi pouvwa oswa nan ka lanmò, demisyon, entèdiksyon jidisyè epi nan ka akseptasyon yon fonksyon ki pa konpatib ak fonksyon manm Kò Lejislatif la, yo pral asire ranplasman li nan sikonskripsyon elektoral li a pou tan ki rete a sèlman nan yon eleksyon pasyèl lè Konsèy Elektoral la konvoke Asanble Elektoral Prensipal la nan mwa kote pòs la vin vid. Atik 116 : ​ Eleksyon an dwe fèt nan yon peryòd trant (30) jou apre konvokasyon eleksyon primè, dapre Konstitisyon an. Atik 116-1: ​ Menm bagay la aplike si pa genyen eleksyon oubyen si Konsèy Elektoral la anile eleksyon yo a nan youn oubyen plizyè sikonskripsyon. Atik 116-2: ​ Sepandan, si plas la vin vid pandan dènye ane Lejislati a, pa genyen nesesite pou fè yon eleksyon pasyèl. SEKSYON E: KONSÈNAN MOUN KI PA KAPAB NAN PALMAN AN Atik 117 : ​ Men moun ki pa ka ale nan eleksyon pou vin manm Kò Lejislatif la : 1) Manadjè antrepriz ki okipe sèvis Leta oubyen moun ki genyen kontra ak Leta pou okipe sèvis Leta. 2) Reprezantan oubyen fonde pouvwa moun sa yo osinon konpayi ak sosyete ki fè menm mòd travay avèk moun sa yo. 3) Jij ak ofisye Ministè Piblik yo ki pa sispann fonksyon yo sis (6) mwa anvan dat ki fikse pou eleksyon yo; 4) Nenpòt moun konstitisyon sa a oubyen Lwa peyi a deklare sitiyasyon yo pa ale ak travay yon manm Lachanm. Atik 118 : ​ Manm pouvwa egzekitif la ak direktè jeneral Administrasyon Piblik la pa kapab eli kòm manm nan Kò Lejislatif la si yo pa demisyone omwen sis (6) mwa anvan dat eleksyon yo. CHAPIT III KONSÈNAN POUVWA EGZEKITIF LA 28 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 119 : ​ Prezidan Repiblik la egzèse Pouvwa Egzekitif la avèk èd Premye minis la, minis yo ak sekretè deta yo. SEKSYON A: KONSÈNAN ELEKSYON PREZIDAN REPIBLIK LA Atik 120 : ​ Prezidan Repiblik la eli ak vòt inivèsèl dirèk ak yon majorite absoli vòt yo, dapre lwa elektoral la. Si yo pa jwenn majorite sa a nan premye tou a, y ap fè yon dezyèm tou ant de (2) premye yo. Depi youn oubyen plizyè kandida ta retire kò yo, fòk genyen yon dezyèm tou ant de (2) premye kandida ki rete yo. Atik 120-1 : ​ Pandan eleksyon pou Prezidan an, yo ka deklare kandida ki gen plis vwa nan premye tou a kòm kandida ki genyen, menm si li pa jwenn majorite absoli a, si avantaj li genyen sou kandida ki vini imedyatman apre l la egal oswa plis pase vennsenk pou san (25%). Atik 120-2 : ​ Dire manda prezidansyèl la se senk (5) ane. Prezidan an sèlman kalifye pou re-eleksyon yon fwa. Prezidan Repiblik la pa kapab benefisye yon pwolongasyon manda. Li pa kapab kandida pou yon twazyèm manda nan okenn ka. Atik 120-3 : ​ Eleksyon prezidansyèl la ap dewoule dènye dimanch mwa septanm nan senkyèm ane manda prezidansyèl la. Prezidan eli a ap pran fonksyon 7 fevriye apre dat eleksyon li a. Atik 120-4: Si yon manda prezidansyèl fini epi pako gen yon nouvo prezidan ki eli, oswa pou tout lòt rezon, Konsèy Minis yo, jan atik 135 mande l la, ap ekzèse Pouvwa Egzekitif la epi mande konplete oswa dekrete eleksyon yo. Nan ka sa a, kou pwosesis elektoral la rive nan bout li, Prezidan eli a ap antre an fonksyon, epi manda li ap sanse kòmanse 7 fevriye nan ane kote yon nouvo prezidan te dwe prete sèman. Kominike sou pwoklamasyon rezilta eleksyon prezidansyèl la dwe raple dat manda prezidan eli a ap fini. Se yon manm Konsèy Elektoral la ki dwe li kominike sa a nan seremoni envestiti Prezidan an, anvan li prete sèman. Atik 121 : ​ Pou yon moun eli Prezidan Repiblik Ayiti, li dwe: 1) Ayisyen dorijin, li pa janm renonse nasyonalite Ayisyen li epi li pa genyen okenn lòt nasyonalite; 2) Gen trant (30) ane oubyen plis nan jou eleksyon an; 3) Jwi dwa sivil ak politik li epi li pa janm kondane pou yon pèn oswa pou yon krim dwa kòmen; 4) Pwopriyetè omwen yon kay an Ayiti epi li genyen yon rezidans abityèl nan peyi a; 5) Rete nan peyi a pandan senk (5) ane konsekitif anvan dat eleksyon yo; 29 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 6) Pa te janm genyen yon arè debè ki pran kont li si li te responsab lajan leta. Atik 122 : ​ Anvan Prezidan Repiblik la pran fonksyon, li fè sèman sa a devan Asanble Nasyonal la: «Mwen sèmante, devan Bondye ak devan Nasyon an, pou mwen obsève Konstitisyon an ak lwa Repiblik la fidèlman, pou mwen respekte epi fè respekte dwa pèp Ayisyen an, pou mwen travay pou grandè Patri a, pou mwen kenbe endepandans nasyonal la ak entegrite teritwa a.» SEKSYON B: KONSÈNAN POUVWA PREZIDAN REPIBLIK LA Atik 123 : ​ Prezidan Repiblik la se Chèf Leta. Li se Chèf Gouvènman an tou. Atik 124 : ​ Prezidan Repiblik la nonmen minis yo epi li mete fen nan fonksyon yo. Li ka nonmen Sekretè Leta pou yo lè li jije sa nesesè. Li resevwa demisyon endividyèl oswa kolektif manm Gouvènman li a, e li refòme gouvènman nan piblikasyon arete li pran pou sa. Atik 124-1 : ​ Li chwazi, pami minis ki genyen yon pòtfèy ministeryèl, yon Premye Minis pou asiste l nan kòdinasyon aksyon gouvènman an. Se non Premye Minis sa a ki vini anvan nan lis ki nan arete pou nominasyon Gouvènman an. Atik 124-2 : ​ Prezidan Repiblik la responsab tout dokiman li siyen oswa dokiman kote li ajoute siyati li avèk Premye Minis la epi Minis yo. Atik 125 : ​ Prezidan Repiblik la asire l li fè respekte epi egzekite Konstitisyon an, Lwa yo, epi angaje l pou enstitisyon yo rete estab. Li fè sa l konnen pou pouvwa piblik yo fonksyone kòmsadwa e pou genyen kontinuite nan Leta a. Atik 126 : ​ Prezidan Repiblik la genyen yon pouvwa reglemantè li ka delege bay minis yo an pati pou bezwen administrasyon yo. Atik 127 : ​ Prezidan Repiblik la se garan Endepandans Nasyonal la ak Entegrite Teritoryal la. Li responsab defans nasyonal la. Atik 127-1 : ​ Li negosye epi siyen tout trete, konvansyon ak akò entènasyonal yo epi soumèt yo bay Asanble Nasyonal pou ratifikasyon. Atik 127-2: ​ Li akredite anbasadè ak pèsonalite plenipotansyè òganizasyon entènasyonal yo voye. Se li menm tou ki akredite Anbasadè peyi zanmi voye yo. Atik 127-3 : ​ Li deklare lagè, negosye epi siyen trete lapè avèk apwobasyon Asanble Nasyonal la. 30 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 128 : ​ Prezidan Repiblik la nonmen, apre deliberasyon nan Konsèy Minis yo epi avèk apwobasyon Sena a, anbasadè, konsil jeneral ak konsèy administrasyon òganizasyon otonòm yo. Atik 129 : ​ Prezidan Repiblik la nonmen direktè jeneral Administrasyon Piblik la, nan Arète ki pran nan Konsèy Minis yo. Atik 130 : ​ Prezidan Repiblik la se Chèf Fòs Ame yo ak Lapolis Nasyonal la. Li asire kòmandman atravè yerachi militè lalwa etabli a. Atik 130-1: ​ Li fè mete So Repiblik la sou lwa yo epi li pwomilge yo nan delè Konstitisyon an mande a. Anvan peryòd sa a ekspire, li kapab egzèse dwa li pou fè objeksyon epi pou fè apèl pou kontradiksyon konstitisyonèl. Atik 130-2: ​ Li asire ekzekisyon desizyon jidisyè yo, jan lwa peyi a mande l la. Atik 131 : ​ Prezidan Repiblik la gen dwa pou li padone oswa grasye nenpòt kondane ki jwenn yon santans definitif, eksepte kondanasyon tribinal Gran Kou Jistis la. Atik 131-1 : ​ Li kapab akòde amnisti sèlman nan zafè politik epi dapre dispozisyon lalwa. Atik 132 : ​ Prezidan Repiblik la konvoke epi prezide reyinyon Konsèy Minis yo. Lè li absan oswa li gen anpèchman, li ka delege prezidans Konsèy Minis yo bay Premye Minis la jis avèk yon lòd ki gen siyati li. Si sa pa posib, l ap bay minis ki deziyen nan lòd yo nomen manm gouvènman an jwe wòl la. Arète sa a ap presize dire ak kondisyon pou minis la egzèse fonksyon yo delege ba li a. Atik 133 : ​ Prezidan Repiblik la se Chèf Administrasyon an. Li fè tout nominasyon, kit se nominasyon sivil kit se nominasyon militè, dapre Konstitisyon an. Atik 133-1: ​ Avèk yon arete ki soti ak siyati li sèlman, li ka delege bay Premye Minis la ak minis yo pouvwa pou yo nonmen sèten kategori fonksyonè dapre kondisyon ki fikse nan lwa sou Fonksyon Piblik la. Atik 134 : ​ Si Prezidan Repiblik la pa kapab egzèse fonksyon li yo pou yon ti tan, se Konsèy Minis yo anba direksyon Premye Minis la ki egzèse pouvwa egzekitif la toutotan anpechman an dire. Si sa pa posib, se minis ki vin apre a dapre lòd preseyans lan ki egzèse pouvwa egzekitif la pandan anpechman an. Atik 134-1 : ​ Yo pa kapab kòmanse oswa kontinye okenn pwosedi pou kesyone yon manm Gouvènman an pandan peryòd enkapasite tanporè Prezidan Repiblik la. Atik 135 : ​ Si Prezidan Repiblik la vin pa kapab kontiye travay li akoz demisyon, revokasyon, oswa lanmò; nan ka yon enkapasite fizik oswa mantal pèmanan ki byen etabli, oubyen pou nenpòt lòt rezon, Premye Minis la ap ranplase li epi li ap konvoke Konsèy Elektoral la pou òganizasyon 31 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 eleksyon nan san ven (120) jou pou eli yon nouvo Prezidan pou rès tan manda a. Men, si se nan dènye ane manda a Prezidan an vin pa kapab kontinye travay li, p ap genyen eleksyon pou ranplase l pou tan sa a. Konsèy Minis yo ap egzèse Pouvwa Egzekitif la jiska enstalasyon pwochen Prezidan ki eli a. . Atik 135-1: Nan ka Premye Minis la ta refize fòmèlman, minis yo ap egzèse fonksyon prezidansyèl la dapre lòd priyorite ki etabli nan lòd nominasyon an. Lòd priyorite sa a endispansab. Yo ka sèlman anile li pou sèl rezon ki konfò avèk Atik 121 an. Lòd priyorite sa a endispansab. Pèsonn pa gen gen dwa vyole li pou okenn rezon. Atik 135-2: ​ Nouvo prezidan an ap kontinye epi konplete manda Prezidan Repiblik la li ranplase a. Prezidan sa a sanse konplete yon manda prezidansyèl. Atik 136: ​ Prezidan Repiblik la pa genyen okenn lòt pouvwa apre prewogativ Konstitisyon an ba li. Atik 137: ​ Nan ka ta gen yon vid lejislatif, Egzekitif la pa gen dwa adopte yon ak ki gen fòs lalwa, sof si gen yon katastwòf natirèl, yon epidemi, yon gè oubyen pou respekte yon angajman entènasyonal. Li ka sèlman renouvle dènye bidjè Palman an te vote a epi jere zafè kouran yo jiskaske yon nouvo lejislati kòmanse. Atik 138​ Nan ouvèti premye sesyon lejislatif anyèl la, Prezidan Repiblik la, apati dezyèm ane manda li a, nan yon mesaj li voye bay Kò Lejislatif la, fè yon deklarasyon jeneral sou sitiyasyon an. Prezantasyon sa a pa pral soulve okenn deba. Atik 139: ​ Depi lè Prezidan Repiblik la prete sèman, l ap resevwa chak mwa yon salè ki soti nan trezò piblik. Atik 140: ​ Prezidan Repiblik la genyen rezidans ofisyèl li nan Palè Nasyonal. Sa kapab chanje si yo ta deplase syèj pouvwa egzekitf la. Atik 141: ​ Prezidan Repiblik la pa kapab patisipe nan chèche kontra ak Leta ni ak okenn lòt enstitisyon piblik. Atik 142: ​ Prezidan Repiblik la pa kapab genyen yon travay nan Palman, ni nan okenn lòt enstitisyon Leta, epi li pa ka ap ekzèse yon aktivite pwofesyonèl. SEKSYON C : KONSÈNAN GOUVÈNMAN AN 32 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 143 :​ Gouvènman an konpoze avèk Prezidan Repiblik la, Premye minis la, Minis yo avèk Sekretè Leta yo. Atik 144 : ​ Gouvènman an fikse epi kondui politik Nasyon an. Chak minis responsab pou fè domèn ki sou kont li a mache nan fason Konstitisyon an prevwa. SEKSYON D: KONSÈNAN KONSÈY MINIS YO AK KONSÈY RESTREN YO Atik 145 : ​ Konsèy Minis yo se branch sa a ki nan Gouvènman an ki reflechi pou rive nan desizyon yo pou peyi a. Se Prezidan Repiblik la ki alatèt li. Pou yon rezon oubyen yon lòt, Premye Minis la kapab ranplase li, jan atik 132 ki pi wo a prevwa li. Sekretè Leta yo avèk gwo Fonksyonè yo kapab patisipe nan Konsèy Minis yo pou yo pataje lide yo sou yon seri kesyon byen espesifik. Atik 145-1 : ​ Prezidan Repiblik la kapab reyini kèk Konsèy restren ki se yon Konsèy kote yon seri Minis ka reyini sou yon pwoblèm espesifik. Fòk Konsèy la konplè valide desizyon Konsèy restren an pran yo. Atik 145-2 : ​ Pwosè-vèbal diskisyon yo ak desizyon yo ki pran nan Konsèy yo dwe ekri nan dokiman ki fèt pou sa. Tout moun ki te nan reyinyon sa a dwe siyen anba dokiman an. Y ap siyen apre tout moun fin dakò sou sa ki nan dokiman an. Atik 145-3: ​ Tout diskisyon ki fèt nan Konsèy Minis yo dwe nan achiv. Yo pa bezwen pibliye yo. Atik 145-4: ​ Konsèy Minis yo dwe reflechi sou pwen sa yo : ​ a) Desizyon ki enpòtan sou politik jeneral peyi a; ​ b) Pwojè lwa yo ak tout regleman pou peyi a byen mache; c) Nominasyon nan djòb Leta yo jan Konstitisyon peyi a mande li. SEKSYON E: KONSÈNAN MINIS YO AK SEKRETÈ LETA YO Atik 146: ​ Kantite ministè yo pa kapab depase kenz (15). Atik 147 : ​ Pou yon moun ta vin Minis oubyen Sekretè Leta, li dwe : a)​ Ayisyen. Li pa gendwa genyen yon lòt nasyonalite nan moman nominasyon an. b)​ Kòrèk ak Direksyon Jeneral Enpo (DJE) nan peyi a; c)​ Genyen pou piti vensenk (25) lane ; d)​ Jwi tout libète li, san li pa te janm kondane avèk yon pèn aflijan oswa yon pèn dezonoran; 33 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 e)​ Pa te janm genyen yon arè debè ki pran kont li si li te responsab lajan leta. Atik 148 : ​ Minis yo genyen aksè nan de (2) Chanm Lejislatif yo yon jan pou yo soutni Pwojè lwa ak objeksyon Prezidan Repiblik la kapab fè. Yo kapab reponn tou envitasyon Manm Chanm yo kapab fè. Atik 149 : ​ Nan sa Minis yo genyen pou fè, yo pran desizyon nan mwayen regleman, instriksyon, sikilè, kominike ak avi. Atik 150 : ​ Tout desizyon Prezidan Repiblik la pran, Minis ki dwe fè suivi yo dwe siyen nan teks y ap pibliye a. Gen eksepsyon pou desizyon ki konsène sèten nominasyon oubyen pou yon Minis Prezidan Repiblik la revoke. Menm jan tou pou sa ki prevwa nan atik 132, 133 e 133-1 Konstitisyon sa a. Atik 151 : ​ Minis yo responsab tout sa yo siyen nan desizyon Prezidan Repipiblik la pran. Menm jan tou, yo responsab nan sa yo siyen ki pou lòt ministè. Yo pran responsabilite yo pou yo egzekite lwa yo nan branch Leta ki konsène yo. Atik 152 : ​ Moun ki manm gouvènman pa kapab Palmantè an menm tan. Nan ka sa a, fòk li chwazi yonn oubyen lòt . Moun ki nan Gouvènman an pa kapab nan yon lòt travay nan Leta, sof moun ki anseyan nan inivèsite. Atik 153 : ​ Lòd Prezidan Repiblik la, ekri oubyen vèbal, pa kapab fè Minis yo pa fè sa fonksyon yo a mande yo fè. Atik 154 : ​ Ni Minis yo ni Sekretè Leta yo touche chak mwa sa lwa Bidjetè peyi a fikse. Atik 155 : ​ Ni Minis yo ni Sekretè Leta yo pa kapab patisipe nan chèche kontra ak Leta ni ak okenn lòt enstitisyon piblik. Atik 156 : ​ Si yon Minis ta rive demisyone, l ap rete nan pòs li pou li likide afè kouran yo jouk sila k ap ranplase l la rive. Atik 157 : ​ Si yon Minis pa ta travay ankò pou nenpòt ki rezon, Prezidan Repiblik la dwe chwazi ranplasan li. Annatanndan, Prezidan Repiblik la ap bay yon lòt minis kenbe plas la pou yon bout tan. Men peryòd sa a pa kapab depase twa (3) mwa. CHAPIT IV KONSÈNAN POUVWA JIDSYÈ A Atik 158 : ​ Se Kou Kasasyon, Kou Apèl yo, tribinal premye enstans yo, tribinal depè yo epi lòt tribinal yo ki fòme Pouvwa Jidisyè a. Se lwa peyi a ki dwe fikse kantite yo, ki moun ki dwe ladann, jan li òganize, jan pou yo fonksyone epi ki teritwa yo dwe kouvri. 34 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 158-1 : ​ Se tribinal odinè yo ki dwe regle tout sa ki gen pou wè ak dwa sivil. Atik 158-2 : ​ Okenn tribinal ni okenn jiridiksyon pou rezoud konfli pa ka kreye si se pa Lalwa ki prevwa l. Okenn tribinal ekstraodinè pa ka kreye tou kèlkeswa non yo ba li. Atik 159: ​ Men ki dire manda jij yo: Jij Kou Kasasyon yo la pou tout tan. Jij Kou Apèl jwenn nominasyon yo pou dis (10) ane; Jij Tribinal Premye Enstans yo la pou sèt (7) ane; Jij Tribinal Depè yo la pou senk (5) ane; Prezidan an nome Ajan Ministè Piblik yo avèk Jij Enstriksyon yo pou senk (5) ane; Manda jij yo kòmanse lè yo fè yo leve men pou sèmante pou nouvo tach yo genyen pou yo al akonpli nan travay yo. Atik 160: ​ Se Prezidan Repiblik la ki nonmen Jij yo ki nan Kou Kasasyon. Sena a dwe bay dizon li. Se Konsèy Siperyè Pouvwa Jidsyè a ki pwopoze twa (3) moun apati jij ak ansyen jij Kou Apèl, ansyen manm Kou Konstitisyonèl la ak ansyen manm Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif. Tandiske pou Jij pou Kou Apèl yo epi Tribinal Premye Enstans ak Jij depè yo, se Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ki pwopoze yon lis. Atik 161: ​ Se Lalwa ki detèmine kondisyon pou yo ka chwazi yon moun kòm jij, nan nenpòt ki nivo. Leta dwe kreye yon lekòl pou fòme majistra yo. Atik 162: ​ Yo pa kapab ni revoke ni ranplase Jij yo nan Kou Kasasyon, Jij Kou Apèl Jij Tribinal Premye Enstans ak Jij Depè. Yo kapab jwenn revokayon yo sèlman si lajistis ta kondane yo pou move zak oswa yo ka kanpe yo nan travay yo si yo ta enkilpe. Nan sans sa a, yo pa kapab ale nan lòt fonksyon san konsantman yo, menm si se ta pwomosyon yo ta ba yo. Se sèl si yo pa kapab travay ankò, yo kapab mete fen nan fonksyon yo pandan dire manda yo. Article 162-1​ Se kòlèg Chèf jiridiksyon yo nan tout nivo ki eli yo. Atik 163 : ​ Kou Kasasyon an pa antre nan fon afè yo. Sepandan, nan tout lòt zafè sof sa ki gen jiri yo, si menm afè a avèk menm pati yo tounen yon dezyèm fwa, Kou a kapab jije l nan seksyon reyini. Atik 163-1: ​ Sepandan, lè se rekou kont desizyon òdonans refere oubyen yon òdonans jij enstriksyon, jijman apèl ki te bay sou òdonans sa yo oswa kont santans final tribinal depè yo oswa desizyon tribinal espesyal, Kou Kasasyon an, si l admèt rekou a, deside san ranwa. Atik 164: ​ Fonksyon jij yo pa konpatib avèk okenn lòt fonksyon kote yo ka touche yon salè. Sèl eksepsyon ki genyen se nan travay ansèyman. Atik 165: ​ Nan tribinal yo, odyans yo fèt an piblik. Men, yo kapab fèt san prezans piblik la si tribinal la deside sa nan enterè lòd piblik avèk bon mès. Atik 166: ​ Nan ka deli politik avèk deli nan travay laprès, odyans lan dwe piblik. 35 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 167 : ​ Tout arè oswa tout jijman dwe gen motif desizyon an e li dwe pwononse nan yon odyans piblik. Atik 167-1: ​ Yo pwononse epi egzekite desizyon yo nan non Repiblik Ayiti. Desizyon sa yo genyen yon lòd jidisyè ki otorize ajan Ministè Piblik avèk ajan Fòs Piblik yo egzekite desizyon an. Tout ak notè ki kapab egzekite pa fòs dwe redije nan menm fòm nan. Atik 168 : ​ Kou Kasasyon an pran desizyon sou konfli ant tribinal yo, dapre metòd lalwa reglemante a. Atik 168-1: ​ Li genyen jiridiksyon sou aksyon yo ak lalwa nan tout ka desizyon tribinal militè yo rann. Atik 169 : ​ Tribinal yo aplike arete yo ak regleman administrasyon piblik yo sèlman lè yo konfòm ak lalwa. Atik 170 : ​ Lalwa detèmine konpetans Kou yo ak Tribinal yo, epi li fikse règ pwosedi ki dwe suiv devan yo. Atik 170-1: ​ Li prevwa tou sanksyon disiplinè ki dwe aplike kont jij ak ofisye Ministè Piblik yo, anwetan jij Kou Kasasyon yo ki kapab jije sèlman devan Gran Kou Jistis la pou malvèsasyon. Atik 170-2 : ​ Administrasyon, kontwòl ak Desizyon Pouvwa Jidisyè a anba direksyon yon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè ki egzèse yon dwa siveyans ak disiplin sou majistra yo, epi ki genyen yon pouvwa jeneral pou li enfòme epi pran desizyon sou majistrati a. Lalwa fikse bon kondisyon òganizasyon ak fonksyònman Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a. CHAPIT V KONSÈNAN LAKOU SIPERYÈ JISTIS Atik 171 : ​ Sena a genyen otorite pou li tabli tèt li nan wòl Kou Siperyè Jistis. Se Prezidan Sena a ki dirije travay Kou sa a, epi Prezidan ak Visprezidan Kou Kasasyon asiste li respektivman kòm Visprezidan ak Sekretè, sof si genyen jij nan Kou Kasasyon oswa Ofisye Ministè Piblik nan menm Kou sa a ki enplike nan akizasyon an; nan ka sa a, Prezidan Sena a ap fè de (2) Senatè asiste li, kote se enkilpe a ki ap chwazi youn ladan yo, epi Senatè sa yo p ap genyen dwa pou yo delibere. Atik 171-1 : ​ Chanm Depite a, avèk yon majorite de tyè (2/3) nan manm li yo, pwononse akizasyon kont : (a) Prezidan Repiblik la pou krim gwo trayizon oswa nenpòt lòt krim oubyen deli li komèt nan egzèsis fonksyon li yo; (b) Premye Minis la, minis yo ak Sekretè Leta yo pou krim gwo trayizon ak malvèsasyon, oswa eksè pouvwa oswa nenpòt lòt krim oubyen deli yo komèt nan egzèsis fonksyon yo; 36 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 (c) Manm Konsèy Konstitisyonèl la, Konsèy Elektoral la, ak manm Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif pou fot grav yo komèt nan egzèsis fonksyon yo; d) Jij ak ofisye Ministè Piblik ki travay nan Kou Kasasyon yo pou malvèsasyon; e) Pwotektè Sitwayen an. Atik 171-2 : ​ Manm Kou Siperyè Jistis yo ap fè sèman sa a, youn pa youn, nan ouvèti odyans lan: “Mwen sèmante devan Bondye ak devan Nasyon an pou mwen jije san paspouki epi avèk fèmte ki karakterize yon moun ki onèt epi ki lib, dapre konsyans mwen epi ak tout konviksyon mwen.” Atik 171-3 : ​ Kou Siperyè Jistis la, nan yon vòt sekrè epi avèk majorite absoli, ap nonmen pami manm li yo yon Komisyon ki pou responsab ankèt la. Atik 171-4: ​ Desizyon an ap pran sou fòm yon dekrè, sou baz rapò Komisyon Ankèt la epi ak yon majorite de tyè (2/3) manm Kou Siperyè Jistis la. Atik 171-5 : ​ Kou Siperyè Jistis reyini sèlman avèk majorite de tyè (2/3) nan manm li yo pou pi piti. Atik 171-6 : ​ Li pa kapab pwononse okenn lòt sanksyon apa destitisyon, decheyans ak privasyon dwa pou egzèse okenn fonksyon piblik pandan senk (5) ane pou pi piti epi kenz (15) ane pou pi plis. Atik 171-7 : ​ Sepandan, yo kapab pousuiv kondane a devan tribinal òdinè yo, nan limit sa lalwa di, si genyen rezon pou aplike lòt sanksyon oubyen pou deside sou egzèsis aksyon sivil la. Atik 171-8 : ​ Depi Gran Kou Jistis la fin resevwa dosye a, li dwe syeje jouk tan li fin pwononse desizyon an. TIT VI KONSÈNAN ENSTITISYON ENDEPANDAN YO *** CHAPIT I KONSÈNAN KONSÈY KONTITISYONÈL LA Atik 172 : ​ Konsèy Konstitisyonèl la se yon ògàn ki responsab pou li egzèse kontwòl sou Konstitisyonalite lwa yo. Li se jij Konstitisyonalite konvansyon entènasyonal yo, lalwa, règleman yo epi dokiman administratif ak reglemantè pouvwa egzekitif la. Pa genyen okenn rekou sou desizyon li yo. 37 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 172-1 : ​ Konsèy Konstitisyonèl la genyen nèf (9) manm, Pouvwa Egzekitif la chwazi twa (3) ladan yo, Asanble Nasyonal la chwazi twa (3), epi Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a chwazi twa (3). Atik 172-2 : ​ Konsèy Konstitisyonèl la genyen ladan : a)​ Twa majistra ki genyen dis (10) ane eksperyans pou pi piti, Pouvwa Egzekitif la chwazi youn (1) ladan yo, Asanble Nasyonal la chwazi youn (1) epi Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a chwazi youn (1); b)​ Twa jiris wo nivo, pwofesè oswa avoka ki genyen dis (10) ane eksperyans pou pi piti, Pouvwa Egzekitif la chwazi youn (1) ladan yo, Asanble Nasyonal la chwazi youn (1) epi Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a chwazi youn (1); c)​ Twa pèsonalite ki genyen yon repitasyon pwofesyonèl ekselan epi ki genyen dis (10) ane eksperyans pou pi piti, Pouvwa Egzekitif la chwazi youn (1) ladan yo, Asanble Nasyonal la chwazi youn (1) epi Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a chwazi youn (1). Atik 172-3-1 : ​ Prezidan Repiblik la ap nonmen manm Konsèy Konstitisyonèl la avèk yon Arete li ap pran nan Konsèy Minis yo, an konfòmite avèk atik ki vin anvan an. Atik 172-4 : ​ Pou yon moun vin manm Konsèy Konstitisyonèl la, li dwe: a)​ Ayisyen dorijin epi li pa dwe genyen okenn lòt nasyonalite nan moman nominasyon an; b)​ Deja genyen laj trant (30) an akonpli nan jou nominasyon an; c)​ Jwi dwa sivil ak politik li epi fòk li pa te janm sibi yon kondanasyon lawonte ak dezonè pou krim dwa komen; d)​ Pwopriyetè yon kay an Ayiti oubyen egzèse yon metye oswa yon pwofesyon nan peyi a; e)​ Rete an Ayiti depi senk (5) ane dafile anvan dat nominasyon an; f)​ Pa te janm sijè yon desizyon debè si li te responsab lajan leta; g)​ Genyen bon repitasyon sou plan onètete ak moralite. Atik 172-5 :​ Manda manm Konsèy Konstitisyonèl la ap dire nèf (9) ane epi li pa renouvlab. Atik 172-6 : ​ Konsèy Konstitisyonèl la ap renouvle pa pòsyon yon tyè manm yo chak twa (3) zan. Atik 172-7 : ​ Manm Konsèy Konstitisyonèl la ap eli Prezidan Konsèy la pou yon peryòd twa (3) zan. Li genyen vòt desizif nan ka egalite oswa pataj. 38 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 172-8 : ​ Sizanka ta vin genyen yon plas vid nan Konsèy Konstitisyonèl la, otorite ki nonmen an ap bay yon ranplasan pou tan ki rete a nan yon delè twa (3) mwa. Atik 172-9 : ​ Manm Konsèy Konstitisyonèl yo pa kapab ni transfere ni revoke pandan tout dire manda yo. Yo pa kapab sibi pousuit oswa arestasyon san otorizasyon Konsèy Konstitisyonèl la anwetan nan ka flagran deli. Nan ka sa a, ni Prezidan Konsèy Konstitisyonèl la ni Prezidan Kou Kasasyon an dwe okouran imedyatman, pa pi ta pase karantuit (48) èdtan. Atik 172-10 : ​ Nan ka manm Konsèy Konstitisyonèl la ta komèt yon fot grav nan egzèsis fonksyon yo, yo pral jije devan Lakou Siperyè Jistis la. Atik 172-11 : ​ Konsèy Konstitisyonèl la ap veye epi pran desizyon lè yo sezi li: a)​ Sou Konstitisyonalite lwa yo anvan yo pibliye yo; b)​ Sou Konstitisyonalite règleman enteryè Chanm Depite yo, Sena a ak Asanble Nasyonal la anvan aplikasyon yo; c)​ Sou Arete yo. Atik 172-12 :​ Pou menm rezon sa yo, Prezidan Repiblik la, Prezidan Sena a oswa Prezidan Chanm Depite a, oswa yon gwoup dis (10) senatè ou depite, kapab soumèt lwa yo, an jeneral, bay Konsèy Konstitisyonèl la, anvan piblikasyon yo. Atik 172-13 : ​ Lalwa ap detèmine modalite òganizasyon ak fonksyònman Konsèy Konstitisyonèl la, ansanm ak lòt antite ki otorize pou soumèt travay ba li. Atik 172-14 : ​ Konsèy Konstitisyonèl la dwe deside nan yon delè yon mwa, apre li fin resevwa yon tèks legal òdinè pou li travay. Delè sa a ap dire kenz jou pou tout lwa oswa lòt tèks ki regade dwa fondamantal ak libète piblik yo. Sepandan, si genyen ijans, sou demann Gouvènman an, yon tyè Sena a oswa yon tyè Chanm Depite yo, delè sa a ap dire sèlman uit jou. Nan menm ka sa yo, sezin Konsèy Konstitisyonèl la kanpe delè piblikasyon an. Atik 172-15 : ​ Konsèy Konstitisyonèl la responsab pou li pwononse li sou tout konfli ki opoze Pouvwa Egzekitif la ak Pouvwa Lejislatif la. Menm jan an tou, li pwononse li sou konfli atribisyon ant tribinal administratif yo, tribinal elektoral yo ak tribinal jidisyè yo. Atik 172-16 : ​ Lè genyen dout sou yon pwosedi k ap dewoule sou si li konstitisyonèl ou non, pati ki gen dout la dwe fè rekou bò kote Konsèy Konstitisyonèl la. Atik 172-17 :​ Si dispozisyon an deklare enkonstitisyonèl, Konsèy Konstitisyonèl la ap voye li nan Palman an, ki genyen dènye mo sou ka a. Nouvo dispozisyon an ap pibliye. 39 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 172-18 : ​ Depi yon dispozisyon deklare enkonstitisyonèl, li pa kapab ni pibliye, ni aplike. Atik 172-19: ​ Yon lwa òganik detèmine òganizasyon ak fonksyònman Konsèy Konstitisyonèl la, pwosedi ki aplike devan li, tankou delè pou soumèt kontestasyon yo, epitou iminite yo ak rejim disiplinè manm li yo. CHAPIT II : KONSÈNAN KONSÈY ELEKTORAL LA Atik 173 :​ Konsèy Elektoral la anchaje pou li òganize epi kontwole, nan yon endepandans total, tout operasyon elektoral sou tout teritwa Repiblik la pou jistan rezilta eleksyon yo pwoklame. Atik 173-1: ​ Se li menm tou ki elabore avanpwojè lwa Elektoral la epi li soumèt li bay Pouvwa Egzekitif la pou suivi nesesè yo. Atik 173-2: ​ Li asire lis elektoral yo toujou rete ajou. Atik 173-3: ​ Konsèy Elektoral la genyen nèf (9) Manm yo chwazi konsa: a)​ Pouvwa Egzekitif la chwazi twa (3); b)​ Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a chwazi twa (3); c)​ Asanble Nasyonal la chwazi twa (3). Atik 173-4 : ​ Pou yon moun vin manm Konsèy Elektoral la, fòk: a)​ li se Ayisyen dorijin epi li pa genyen okenn lòt nasyonalite nan moman nominasyon an; b)​ li genyen trant (30) an ki akonpli deja nan moman nominasyon an; c)​ li jwi dwa sivil ak politik li epi fòk li pa te janm sibi yon kondanasyon lawonte ak dezonè pou krim dwa komen; d)​ li pwopriyetè yon kay an Ayiti oubyen egzèse yon metye oswa yon pwofesyon nan peyi a; e)​ li te rete an Ayiti depi senk (5) ane dafile anvan dat nominasyon an; f)​ li pa te janm genyen yon arè debè ki pran kont li si li te responsab lajan leta. ; g)​ li genyen bon repitasyon sou plan onètete ak moralite. Atik 173-5 : ​ Dire manda manm Konsèy Elektoral la se nèf (9) ane epi li pa renouvlab. Atik 173-6 :​ Konsèy Elektoral la ap renouvle pa pòsyon yon tyè manm yo chak twa (3) zan. Atik 173-7 : ​ Manm Konsèy Elektoral la ap eli Prezidan Konsèy la pou yon peryòd twa (3) zan. Li genyen vòt desizif nan ka egalite oswa pataj. 40 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 173-8 :​ Sizanka ta vin genyen yon plas vid nan Konsèy Elektoral la, otorite ki nonmen an ap bay yon ranplasan pou tan ki rete a nan yon delè twa (3) mwa. Atik 173-9 :​ Manm Konsèy Elektoral yo pa kapab ni transfere ni revoke pandan tout dire manda yo a. Yo pa kapab sibi pousuit oswa arestasyon san otorizasyon Konsèy Elektoral la anwetan nan ka flagran deli. Nan ka sa a, ni Prezidan Konsèy Elektoral la ni Prezidan Kou Kasasyon an dwe okouran imedyatman, pa pi ta pase karant uit (48) èdtan. Atik 173-10 :​ Nan ka manm Konsèy Elektoral la ta komèt yon fot grav nan egzèsis fonksyon yo, yo pral jije devan Kou Siperyè Jistis la. Atik 173-11:​ Anvan yo pran fonksyon, manm Konsèy Elektoral yo ap fè sèman sa a devan Kou Kasasyon an: “Mwen sèmante pou m respekte Konstitisyon an ak dispozisyon lwa Elektoral la epi pou mwen akonpli travay mwen avèk diyite, endepandans, san paspouki epi ak patriyotis.” Atik 173-12 :​ Manm Konsèy Elektoral yo pa kapab okipe okenn fonksyon piblik, ni yo pa kapab kandida pou okenn fonksyon elektif pandan tout dire manda yo a. Sizanka nenpòt manm Konsèy la ta demisyone, li dwe tann twa (3) zan anvan li pou li kapab kandida pou yon fonksyon elektif. Atik 173-13: ​ Se Konsèy Elektoral la ki trete tout konfli ki soulve nan moman eleksyon kit se pou aplikasyon lwa elektoral la ki se sou vyolasyon lwa elektoral la, sof nan ka pousuit legal yo kapab pote kont yon moun devan tribinal ki la pou sa. Atik 173-14: ​ Yo kapab fè rekou bò kote Konsèy Konstitisyonèl la konsènan desizyon Konsèy Elektoral la sou rezilta eleksyon lejislatif yo ak eleksyon prezidansyèl yo. Nan ka sa a, Konsèy konstitisyonèl la dwe pwononse l sou desizyon ki an diskisyon yo tousuit san pèdi tan. Atik 173-15: ​ Lwa peyi a detèmine règ òganizasyon ak fonksyònman Konsèy Elektoral la. CHAPIT III : KONSÈNAN KOU SIPERYÈ KONT AK KONFLI ADMINISTRATIF Atik 174:​ Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif se yon enstitisyon endepandan ki anchaje kontwòl administratif ak jiridiksyonèl resèt ak depans Leta, verifikasyon kontabilite antrepriz Leta yo ak kolektivite teritoryal yo. Atik 174-1: ​ Lakou Siperyè Kont ak Konfli Administratif konnen tout konfli ki enplike Leta ak Kolektivite Teritoryal yo, Administrasyon piblik la ak fonksyonè piblik yo, sèvis piblik yo ak administre yo. Atik 174-2: ​ Konsèy Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif la se enstans rekou kont desizyon jiridiksyon finansye ak administratif rejyonal yo. Desizyon li yo pa kapab genyen okenn lòt rekou. 41 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 174-3: ​ Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif se sèl responsab pou delivre sètifika dechaj bay òdonatè ak kontab lajan leta yo, kèlkeswa enstitisyon kote yo sòti a. Lè enterese a fin soumèt demann dechaj la, li dwe jwenn sètifika a, si li kalifye, nan ane ki vini apre a pou pita, apati dat demann lan. Se menm bagay la pou yon desizyon debè nan ka enterese a pran refi pou dechaj la. Atik 174-4 : ​ Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif gen ladan: 1) Konsèy Tribinal la; 2) Seksyon Kontwòl Finansye a; 3) Seksyon Konfli Administratif la. Atik 174-5 : ​ Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif patisipe nan elaborasyon Bidjè Repiblik la epi yo konsilte li sou tout kesyon ki gen rapò ak lejislasyon sou Finans Piblik yo. Li gen dwa reyalize odit nan tout administrasyon piblik yo. Atik 174-6 : ​ Pou yon moun manm Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif, fòk li: a)​ se yon Ayisyen ki pa te janm renonse ak nasyonalite li; b)​ genyen laj trant (30) an pou pi piti; c)​ pa te janm genyen yon arè debè ki pran kont li si li te responsab lajan leta.; d)​ Genyen yon diplòm lisans nan dwa, nan administrasyon piblik, nan ekonomi oswa nan finans piblik, genyen tit kontab agreye oswa genyen yon diplòm inivèsitè mete sou yon eksperyans pètinan dis ane nan domèn ki genyen rapò ak misyon Lakou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif; e)​ genyen (10) ane eksperyans kòm kad siperyè nan yon Administrasyon piblik oswa prive; f)​ jwi dwa sivil ak politik li. Atik 174-7: ​ Kandida pou fonksyon sa a ap soumèt depo kandidati yo dirèkteman nan Biwo Sena Repiblik la. Sena a ap eli dis (10) manm Kou a, mwatye efektif ki eli a ap sòti nan anplwaye enstitisyon an ki ranpli kondisyon ki fikse nan Atik 174-6 ki pi wo a . Yo ap chwazi Prezidan an, Visprezidan an ak Pwokirè Jeneral nan Kou a pami yo pou tout dire manda Konsèy la. Atik 174-8: ​ Yo genyen yon (1) manda dis (10) ane e yo pa ka ni revoke yo ni ranplase yo. Atik 174-9: ​ Anvan yo pran fonksyon, manm Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif yo ap fè sèman sa a devan Prezidan Sena a: “Mwen sèmante pou mwen respekte Konstitisyon an ak lwa Repiblik la, pou m ranpli fonksyon mwen yo avèk rigè ak lwayote epi pou mwen konpòte m avèk diyite nan tout bagay.” 42 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 174-10 : ​ Manm Konsèy Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif kapab jije devan Lakou Siperyè Jistis la pou fòt grav yo ta komèt nan egzèsis fonksyon yo. Atik 174-11 : ​ Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif la ap voye chak ane bay Kò Lejislatif la, nan trant (30) jou ki vini apre ouvèti Premye Sesyon Lejislatif la, yon rapò konplè sou sitiyasyon finans peyi a ak sou efikasite depans piblik yo. Atik 174-12 : ​ Lalwa fikse òganizasyon Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif, estati manm li yo, ak mòd fonksyònman li. CHAPIT IV : KONSÈNAN OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN Atik 175 : ​ Genyen yon biwo ki kreye ki rele Ofis Pwoteksyon Sitwayen, ki gen pou objektif pwoteje tout moun kont tout fòm abi nan Administrasyon Piblik la. Atik 175-1: ​ Se yon sitwayen ki pote tit Pwotektè Sitwayen ki dirije biwo sa a. Chwa li fèt nan konsansis ant Prezidan Repiblik la, Prezidan Asanble Nasyonal la ak Prezidan Kou Kasasyon an. Yo nonmen li pou yon manda sèt (7) ane, ki pa renouvlab. Atik 175-2: ​ Entèvansyon li anfavè nenpòt moun ki pote plent lan gratis, kèlkeswa jiridiksyon an. Atik 175-3: ​ Nan egzèsis fonksyon li yo, li pral pote yon atansyon espesyal sou plent fanm yo depoze, sitou sila yo ki genyen rapò ak diskriminasyon epi agresyon yo kapab viktim, nan travay yo ak lòt kote. Atik 175-4: ​ Yon lwa tabli kondisyon règleman ak fonksyònman Ofis Pwoteksyon Sitwayen an. CHAPIT V : KONSÈNAN INITE LIT KONT KORIPSYON Atik 176 : ​ Genyen yon òganis endepandan ki kreye ki rele Inite Lit kont Koripsyon. Misyon li se travay pou konbat koripsyon ak tout manifestasyon li yo nan enstitisyon piblik yo. Atik 176-1: ​ Se yon Konsèy ki genyen twa (3) manm ki kòdone aktivite Inite Lit kont Koripsyon an, Prezidan Repiblik la chwazi youn (1), Asanble Nasyonal la chwazi youn, Lakou Kasasyon chwazi youn (1). Konsèy la nonmen pou sèt (7) ane, ki pa renouvlab. Atik 176-2: ​ Pou yo nonmen yon moun manm Konsèy Inite Lit kont Koripsyon an, fòk moun nan: 43 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 a)​ Ayisyen dorijin epi pa genyen okenn lòt nasyonalite nan moman nominasyon an; b)​ genyen trant (30) an deja nan jou li pran pòs la; c)​ jwi dwa sivil ak politik li epi fòk li pa te janm sibi yon kondanasyon lawonte ak dezonè pou krim dwa komen; d)​ genyen yon diplòm nan dwa oubyen li se yon kontab agreye oubyen li genyen yon diplòm Etid Siperyè nan Administrasyon Piblik, Ekonomi ak Finans Piblik; e)​ se pwopriyetè yon kay an Ayiti oubyen li egzèse yon metye oswa yon pwofesyon nan peyi a; f)​ rete an Ayiti pandan senk (5) ane dafile anvan dat nominasyon an; g)​ pa te janm genyen yon arè debè ki pran kont li si li te responsab lajan leta. ; h)​ genyen bon karaktè moral ak anpil entegrite. Atik 176-3: ​ Lalwa defini òganizasyon ak fonksyònman Inite Lit Kont Koripsyon an. TIT VII KONSÈNAN INIVÈSITE – AKADEMI – AK KILTI Atik 177 : ​ Ansèyman Siperyè a lib. Se Inivèsite Leta Ayiti ak inivèsite piblik depatmantal yo ki yo menm otonòm, Lekòl Siperyè Piblik yo ak Inivèsite Prive epi Lekòl Siperyè Prive Leta agreye yo ki dispanse Ansèyman Siperyè nan peyi a. Atik 178 : ​ Leta dwe finanse fonksyònman ak devlopman Inivèsite Leta Ayiti, Inivèsite Piblik Depatmantal yo ak Lekòl Piblik Ansèyman Siperyè yo. Fòk li konsidere òganizasyon ak plasman yo nan yon pèspektiv devlopman rejyonal. Atik 179 : ​ Inivèsite piblik ak prive ak enstitisyon edikasyon siperyè yo dwe bay yon fòmasyon akademik ak pratik ki adapte ak evolisyon epi bezwen devlopman nasyonal la. Atik 180 : ​ Kreyasyon sant rechèch dwe ankouraje. Atik 181 : ​ Genyen yon òganis piblik ki kreye pou reglemante epi kontwole kalite ansèyman siperyè ak rechèch syantifik la sou tout teritwa a. Enstitisyon sa a egzèse kontwòl li sou tout enstitisyon piblik ak prive ki ap travay nan de domèn sa yo. Chak ane, li pibliye yon rapò sou kalite fòmasyon an epi li tabli yon lis enstitisyon ki pèfòme byen. Lalwa detèmine non òganis sa a, li fikse metòd òganizasyon ak fonksyònman li. Atik 182 : ​ Yon lwa òganik reglemante kreyasyon, plasman ak fonksyònman inivèsite piblik ak prive, ak enstitisyon edikasyon siperyè nan peyi a. 44 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 183 : ​ Genyen yon Akademi ayisyen ki kreye avèk objektif pou reglemante, estandadize, anrichi lang kreyòl la, epi pèmèt li devlope sou plan kiltirèl ak syantifik nan yon fason ki ekilibre. Leta bay Akademi Kreyòl la resous ki nesesè pou li akonpli misyon li yo. Atik 183-1: ​ Genyen lòt kalite akademi ki kapab kreye. Atik 183-2: ​ Tit Manm Akademi an se yon tit onorifik sèlman. Atik 183-3: ​ Lalwa a detèmine mòd, òganizasyon ak fonksyònman akademi yo. Atik 184 : ​ Richès akeyolojik, istorik, kiltirèl ak folklorik peyi a ansanm ak richès achitektiral yo, ki se temwen grandè tan lontan nou an, fè pati Patrimwàn Nasyonal la. Konsa, moniman, vestij, sit ki te temwen gwo aksyon zansèt nou yo, sant renome kwayans afriken nou yo ak tout tras tan lontan yo anba pwoteksyon Leta a. Atik 184-1: ​ Lalwa detèmine kondisyon espesyal pwoteksyon sa a pou chak domèn. TIT VIII KONSÈNAN FINANS PIBLIK YO Atik 185 : ​ Finans Repiblik la genyen de (2) konpozan: finans nasyonal ak finans lokal. Genyen òganis ak mekanis ki anplas pou asire jesyon respektif yo. Egzekitif la dwe prevwa yon mòd konsiltasyon kolektivite teritoryal yo pou tout demach ki enterese finans lokal yo. Atik 186 : ​ Se sèl lalwa ki gen dwa tabli yon enpo pou benefis Leta. Pa genyen okenn chaj, okenn enpo, kit se depatmantal kit se minisipal, ki kapab tabli san konsantman kolektivite teritoryal yo. Atik 187 : ​ Pa kapab genyen okenn privilèj nan kesyon enpo. Pa kapab genyen okenn eksepsyon, okenn ogmantasyon, okenn rediksyon ni okenn sipresyon enpo san se pa lalwa ki fè li. Atik 188 : ​ Pa kapab genyen okenn pansyon, okenn gratifikasyon, okenn alokasyon, okenn sibvansyon Trezò Piblik la ap peye, sof si genyen yon lwa ki akòde avantaj sa yo. Ajisteman pansyon Leta peye yo pral ogmante selon rit ogmantasyon salè fonksyonè Leta yo. Atik 189 : ​ Li fòmèlman entèdi pou yon fonksyonè genyen plis pase yon fonksyon leta ap peye, eksepte pou anseyman, sou rezèv dispozisyon patikilye. Atik 190 : ​ Lalwa fikse pwosedi preparasyon ak ekzekisyon Bidjè a. Atik 191 : ​ Se lwa sou bidjè ak kontablite piblik yo ki gouvène ekzekisyon lwa finans lan epi e ki sèvis ki dwe asire sa. Palman an, Kou Siperyè Kont ak tout lòt enstitisyon lalwa prevwa yo asire kontwòl ak ekzekisyon lwa Finans lan. Atik 192 : ​ Se Bank Santral ki detèmine politik monetè a ansanm ak Ministè Finans. 45 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 193 : ​ Yon òganis piblik otonòm ki genyen pèsonalite legal ak otonomi finansyè ranpli fonksyon Bank Santral la. Se lalwa ki detèmine estati li. Atik 194 : ​ Bank Santral la genyen privilèj esklizif pou li emèt, avèk fòs liberatwa sou tout Teritwa Repiblik la, biyè lajan ki reprezante Inite Monetè a, lajan divizyonè a, selon tit, pwa, deskripsyon, kantite ak itilizasyon Lalwa fikse. Atik 195: ​ Bidjè a vote pou chak antite administratif dapre klasifikasyon lalwa tabli a. Atik 195-1: ​ Minis Finans lan jere kont jeneral resèt ak depans Repiblik la dapre yon prensip kontablite Lalwa tabli. Atik 195-2: ​ An konfòmite avèk dispozisyon kostitisyon an, Minis ki responsab Finans yo dwe soumèt Kont Jeneral ak Bidjè atik ki anvan an preskri yo, ansanm ak rapò Kou Siperyè Kont ak Kontwòl Administratif la, bay Chanm Depite a nan delè lalwa fikse a. Menm prensip la aplike pou bilan anyèl la ak operasyon Bank Santral la, ansanm ak tout lòt kont Leta yo. Atik 195-3: ​ Egzèsis administratif la kòmanse premye oktòb chak ane epi li fini trant (30) septanm ane apre a. Atik 196 : ​ Chak ane, Pouvwa Lejislatif la arete : (a) kont revni ak depans Leta pou ane ki sot pase a oswa ane anvan yo; (b) Bidjè Jeneral Leta a. Atik 196-1: ​ Sepandan, yo pa kapab entwodui okenn pwopozisyon oswa amannman nan Bidjè a nan moman yo ap vote li a san yo pa prevwa chemen ak mwayen ki koresponn yo. Atik 196-2: ​ Bidjè nasyonal la desantralize. Mwatye nan resèt fiskal trezò piblik nasyonal la pou pi piti dwe ale nan bidjè depatmantal yo, selon tay popilasyon chak depatman nan popilasyon ki ap viv sou teritwa nasyonal la. Menm jan an, mwatye nan lajan ki transfere nan bidjè depatmantal la, jan paragraf ki vini anvan an preskri li a, dwe ale nan bidjè kominal yo, selon tay popilasyon chak komin nan popilasyon depatmantal la. Atik 197 : ​ Egzamen ak likidasyon Kont Administrasyon Jeneral la ak nenpòt kontab lajan leta dwe fèt dapre metòd Lalwa tabli. Atik 198 : ​ Si Pouvwa Lejislatif la, pou nenpòt ki rezon, pa adopte Bidjè pou youn oubyen plizyè Depatman Ministeryèl alè anvan yo sispann sesyon yo, Bidjè Depatman konsène yo ap rete an vigè jiskaske yo vote epi adopte nouvo Bidjè a. Atik 198-1: ​ Nan ka kote se fòt Egzekitif la ki lakoz Bidjè Repiblik la pa vote, Prezidan Repiblik la dwe konvoke Pouvwa Lejislatif la nan Sesyon Ekstraòdinè imedyatman nan sèl objektif pou vote Bidjè Leta a. 46 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 199 : ​ Pou Òganis, Antrepriz Otonòm ak Antite Trezò Piblik la sibvansyone an totalite oswa an pati, genyen Bidjè Espesyal ak sistèm tretman ak salè Pouvwa Egzekitif la apwouve ki anplas pou gouvène yo. Atik 200 : ​ Pou kapab egzèse yon kontwòl serye ak pèmanan sou depans piblik yo, Kou Siperyè Kont ak Konfli Administratif prezante chak ane yon rapò sou jesyon òdonatè yo ak kontab lajan leta yo. Rapò sa a adrese bay Prezidan Repiblik la ak Prezidan de (2) Chanm Lejislatif yo. TIT IX KONSÈNAN FONKSYON PIBLIK LA Atik 201: ​ Administrasyon piblik ayisyen an se enstriman Leta itilize pou li reyalize misyon ak objektif li yo. Pou asire rantabilite li, Leta dwe jere avèk transparans epi efikasite. Atik 201-1: ​ Administrasyon piblik nasyonal la konpoze avèk administrasyon Leta a epi administrasyon kolektivite teritoryal yo. Atik 202 : ​ Fonksyonè ak anplwaye Leta yo dwe nan sèvis Leta sèlman. Yo oblije respekte san fay règ ak etik lalwa sou fonksyon piblik la. Atik 203 : ​ Lalwa fikse òganizasyon diferan estrikti administrasyon an epi li presize kondisyon fonksyònman yo. Atik 203-1: ​ Lalwa a reglemante Fonksyon piblik la sou baz konpetans, merit ak disiplin. Li garanti sekirite travay. Atik 203-2: ​ Fonksyon piblik la se yon karyè. Se sèlman pa mwayen konkou ak lòt kondisyon Konstitisyon an ak lalwa preskri yo kapab anplwaye fonksyonè piblik; konsa tou, yo pa kapab revoke yon fonksyonè piblik apa pou rezon espesifik lalwa detèmine. Se Depatman Kontansye Administratif la ki dwe pwononse revokasyon sa a. Atik 204 : ​ Fonksyonè ki fè karyè yo pa fè pati yon sèvis piblik espesifik, men yo fè pati Fonksyon Piblik la ki mete yo aladispozisyon divès Òganis Leta yo. Atik 205 : ​ Fonksyonè lalwa espesifye yo dwe deklare eta patrimwàn yo bay Grefye Tribinal Sivil la nan trant (30) jou apre yo fin pran fonksyon. Inite Lit kont Koripsyon an dwe pran tout mezi li jije ki nesesè pou li verifye si deklarasyon an egzat. Atik 206 : ​ Fonksyonè ak anplwaye Leta yo kapab asosye yo pou yo defann dwa yo nan kondisyon lalwa prevwa. Atik 207 : ​ Fonksyon ak Pòs politik yo pa bay aksè pou yon karyè administratif, tankou fonksyon Minis ak Sekretè Deta, Ofisye Ministè Piblik, Anbasadè, Sekretè Prive Prezidan Repiblik la, Manm Kabinè Minis, Direktè Jeneral yon Depatman Ministeryèl oswa Òganizasyon Otonòm ak Manm Konsèy Administrasyon. 47 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 208 : ​ Lalwa pini deli fiskal ak anrichisman nan move kondisyon. Fonksyonè ki konnen zak sa yo gen obligasyon pou rapòte yo bay Otorite Konpetan an. Atik 208-1 : ​ Yo kapab pwouve anrichisman nan move kondisyon avèk tout kalite prèv, an patikilye nan gade gwo eka ki ta kapab genyen ant mwayen fonksyonè a vin genyen depi lè li pran fonksyon ak total salè epi avantaj fonksyon li okipe a ba li dwa pou li resevwa antou. Atik 209 : ​ Fonksyonè ki koupab konsènan deli ki mansyone pi wo yo kapab sèlman benefisye delè preskripsyon ven ane a. Peryòd preskripsyon an ap kòmanse apati dat fonksyon li yo sispann oswa apati kòz ki ta anpeche yo pousuiv li. Atik 210 : ​ Leta gen devwa pou li evite gwo diferans salè nan administrasyon piblik la. TIT X CHAPIT I KONSÈNAN EKONOMI - PWODIKSYON NASYONAL - AK AGRIKILTI Atik 211 : ​ Libète ekonomik la garanti toutotan li pa antre nan konfli ak enterè sosyal la. Leta pwoteje antrepriz prive epi li asire devlòpman li nan kondisyon ki nesesè pou ogmante richès nasyonal la, yon fason pou li asire l plis moun posib jwenn benefis pa yo nan richès sa a. Article 211-1​ Leta ankouraje divèsifikasyon ekonomik. Article 211-2: ​ Leta ka pran kèk mezi patikilye pou ankouraje devlopman ti antrepriz ak antrepriz mwayen yo. konsa tou, li ka pran mezi patikilye pou enterese etranje vin envesti nan peyi a. Atik 212 : ​ Leta ankouraje fòmasyon koperativ pwodiksyon, transfòmasyon pwodui primè yo ak lespri antrepriz ni nan zòn riral yo ni nan vil yo, nan objektif pou ankouraje miltiplikasyon Kapital Nasyonal la pou asire pèmanans devlòpman an. Atik 213 : ​ Agrikilti ki se prensipal sous richès nasyonal la garanti byennèt popilasyon yo ak pwogrè sosyo-ekonomik Nasyon an. Atik 214 : ​ Leta kreye yon òganis espesyal ki rele ENstiti Nasyonal pou Refòm Agrè, pou òganize refòm estrikti fonsye yo epi aplike yon refòm agrè nan benefis sila yo ki ap travay latè tout bon vre yo. Enstiti sa a elabore yon politik agrikòl ki konsantre sou optimizasyon pwodiktivite a pa mwayen enstalasyon enfrastrikti ki vize pwoteksyon itilizasyon tè a. Atik 215 : ​ Lalwa detèmine pi piti ak pi gran sifas yon inite eksplwatasyon agrikòl debaz kapab genyen. Atik 216 : ​ Leta genyen obligasyon pou li mete an plas tout estrikti ki nesesè pou asire pwodiktivite maksimal tè a ak komèsyalizasyon pwodui ak danre 48 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 alimantè yo sou mache lokal la. Genyen inite ankadreman teknik ak finansye ki tabli pou ede kiltivatè yo nan nivo chak Komin. Atik 217 : ​ Ni Leta ni Kolektivite Tèritoryal yo pa kapab tabli monopòl si se pa nan enterè esklizif Sosyete a. Leta pa kapab pase monopòl sa a bay yon patikilye Atik 218 : ​ Depi peyi a pwodui yon danre agrikòl ak derive li nan yon kantite ki sifi pou popilasyon an itilize sou Teritwa Nasyonal la, enpòtasyon danre sa a entèdi, sòf si ta genyen yon pwoblèm majè. Atik 219 : ​ Leta kapab anchaje fonksyònman antrepriz pwodiksyon byen ak sèvis ki esansyèl pou Kominote a, nan sans pou asire tout bagay ap toujou kontinye menm si ta vin genyen menas sou egzistans etablisman sa yo. Antrepriz sa yo pral gwoupe nan yon sistèm jesyon entegre. CHAPIT II : KONSÈNAN ANVIWÒNMAN Atik 220 : ​ Anviwònman an se kad natirèl lavi popilasyon an, konsa tout pratik ki ta kapab deranje ekilib ekolojik la entèdi fòmèlman. Atik 220-1: ​ Toutotan pati teritwa ki kouvri ak forè a rete pi ba pase dis pou san (10%) teritwa nasyonal la, genyen mezi eksepsyonèl ki dwe pran pou divès travay fèt nan sans pou retabli ekilib ekolojik la. Atik 221 : ​ Leta òganize devlòpman sit natirèl yo nan sans pou mete yo anvalè, asire pwoteksyon yo epi rann yo aksesib pou tout moun. Atik 222 : ​ Pou pwoteje rezèv forè yo epi laji kouvèti vejetal la, Leta ankouraje devlòpman fòm enèji pwòp yo: solèy, van ak lòt ankò. Atik 223 : ​ Nan kad pwoteksyon anviwònman an ak edikasyon piblik, Leta gen obligasyon pou li kreye ak pran swen jaden botanik ak zowolojik nan kèk pwen nan Teritwa a. Atik 223-1: ​ Leta kapab, depi yo kapab demontre genyen yon nesesite pou sa, deklare yon zòn rezève pou itilite ekolojik. Atik 224 : ​ Lalwa detèmine kondisyon pwoteksyon yo pou fòn nan ak flò a. Li pini delenkan yo. Atik 225 : ​ Pèsonn pa gen dwa rantre dechè oswa lòt debri ki soti nan lòt peyi vin nan peyi a, kèlkeswa nati li. TIT XI KONSÈNAN LAFANMI 49 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 226 : ​ Leta pwoteje fanmi, baz fondamantal sosyete a. Atik 226-1 : ​ Li dwe tout fanmi menm kalite pwoteksyon, kit yo fonde nan maryaj kit yo pa fonde nan maryaj. Li dwe bay èd ak asistans pou matènite, anfans ak vyeyès. Atik 227 : ​ Lalwa asire pwoteksyon tout timoun. Chak timoun gen dwa pou li jwenn lanmou, afeksyon, konpreyansyon ak swen moral ak materyèl nan men papa li ak manman li. Atik 228 : ​ Genyen yon Kòd Lafanmi ki dwe elabore pou asire pwoteksyon ak respè dwa fanmi yo epi pou defini fòm rechèch patènite yo. Tribinal yo ak lòt enstitisyon Leta ki responsab pwoteksyon dwa sa yo dwe aksesib gratis nan nivo komin yo. TIT XII KONSÈNAN FÒS PIBLIK LA Atik 229 : ​ Fòs Piblik la konpoze ak de (2) kò diferan : Fòs Lame Ayiti yo ak Polis Nasyonal Ayisyen an. Atik 229-1: ​ Pa kapab gen okenn lòt Kò Ame ki pou egziste sou Teritwa Nasyonal la. Atik 229-2: ​ Chak Manm Fòs Piblik la, lè li ap angaje li, dwe prete sèman fidelite ak respè anvè Konstitisyon an ak drapo a. CHAPIT I KONSÈNAN FÒS LAME A Atik 230 : ​ Fòs Lame Ayiti yo konpoze avèk Fòs Atè yo, Fòs nan Lanmè yo, Fòs Anlè yo ak sèvis teknik yo. Fòs Lame Ayiti yo fòme pou garanti defans ak entegrite Teritwa Repiblik la. Atik 230-1: ​ Prezidan Repiblik la se Kòmandan an Chèf Fòs Lame Ayiti yo. Atik 230-2 : ​ Fòs Lame Ayiti yo pa nan politik. Manm li yo pa kapab fè pati okenn gwoupman oswa pati politik epi yo dwe obsève netralite ki pi rijid la. Atik 230-3: ​ Manm Fòs Lame yo egzèse dwa vòt yo annakò avèk Konstitisyon an. Atik 230-4 : ​ Fòs Lame Ayiti yo gen responsablite sa yo: 1. defann peyi a sizanka ta gen lagè; 2. pwoteje peyi a kont tout menas ki kapab soti deyò ; 3. lite kont teworis ak menas transnasyonal; 50 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 4. asire siveyans ni fwontyè atè yo, ni fwontyè sou lanmè yo, ni fwontyè anlè yo; 5. potekole ak Lapolis, sou demann rezonab Egzekitif la, nan ka kote Lapolis genyen difikilte pou li akonpli misyon li; 6. ede nasyon an lè genyen dezas natirèl; 7. anplis responsablite pwòp pa li yo, Fòs Lame yo kapab resevwa lòt kalite travay pou fè devlòpman. Atik 230-5 : ​ Militè ki nan sèvis aktif yo pa kapab jwenn nominasyon pou okenn fonksyon piblik, sòf pou yo egzèse yon espesyalite pandan yon ti bout tan. Atik 230-6: ​ Pou nenpòt militè ki nan sèvis aktif kapab kandida pou yon pòs elektif, li dwe pran retrèt li oswa demisyone de (2) ane anvan eleksyon yo. Atik 230-7: ​ Yon karyè militè se yon pwofesyon. Li yerachize. Règleman Fòs Lame Ayiti yo detèmine kondisyon angajman, grad, pwomosyon, revokasyon ak pou pran retrèt. Atik 230-8: ​ Yon militè kapab jije devan yon tribinal militè sèlman pou move zak ak krim li komèt pandan lagè, oubyen pou enfraksyon ki tonbe anba disiplin militè. Atik 230-9: ​ Militè yo ap kenbe pou tout lavi yo dènye grad yo te pran nan Fòs Lame Ayiti an. Se sèlman desizyon yon Tribinal Konpetan ki kapab fè yo pèdi grad sa a sou baz jijman souvren li. Atik 230-10: ​ Leta dwe akòde militè tout grad avantaj ki pou garanti sekirite materyèl yo nèt ale. Atik 230-11: Fòs Lame yo patisipe nan òganizasyon ak sipèvizyon Sèvis Sivik Miks Obligatwa, Atik 52-3 Konstitisyon an prevwa a. Sèvis militè a obligatwa pou tout Ayisyen ki genyen laj dizuit (18) an akonpli, pou pi piti. Lalwa fikse kijan rekritman an dwe fèt, konbyen tan sèvis la dwe dire, òganizasyon ak règ fonksyònman sèvis la. Atik 230-12: ​ Tout sitwayen gen dwa pou li defann tèt li ak zam, nan limit lakay li, men li pa gen dwa pote zam san otorizasyon fòmèl epi motive Chèf Lapolis la. Atik 230-13: ​ Si yon moun genyen yon zam ki kapab tire, li dwe deklare li bay lapolis. Atik 230-14: ​ Fòs Lame yo gen monopòl pou fabrikasyon, enpòtasyon, ekspòtasyon, itilizasyon ak posesyon zam lagè ak minisyon yo, ansanm ak materyèl lagè yo. CHAPIT II : KONSÈNAN POLIS NASYONAL AYISYEN AN 51 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 231 : ​ Lapolis Nasyonal Ayisyen se yon kò ame. Li fonksyone anba responsablite Ministè Jistis. ​ Li kreye pou garanti lòd piblik ak pwoteksyon lavi ak byen sitwayen yo. Atik 231-1 : ​ Prezidan Repiblik la se Kòmandan an Chèf Fòs Polis yo. Atik 231-2 : ​ Genyen yon (1) Akademi ak yon (1) Lekòl Lapolis ki kreye, Lalwa detèmine òganizasyon ak fonksyònman yo. Atik 231-3 : ​ Seksyon espesyalize yo, tankou Sèvis Ponpye, Sèvis Sikilasyon, Lapolis Woutye, Rechèch Kriminèl, Sèvis Nakotik ak Anti- Kontrebann, tout kreye nan lwa ki gouvène Òganizasyon, Fonksyònman ak Lokalizasyon Fòs Lapolis yo. Atik 231-4 : ​ Se ajan oswa oksilyè Lapolis Nasyonal Ayisyen an ki asire polis kominal la. Se yon ofisye lapolis ki dwe toujou asire kòmandman li. Atik 231-5 : ​ Lapolis, ki se oksilyè Lajistis, chèche enfraksyon, zak delenkans ak krim ki komèt yo, yon fason pou li idantifye otè zak sa yo epi arete yo, mennen yo devan lajistis. Atik 231-6 : ​ Ajan Fòs Piblik yo, nan egzèsis fonksyon yo, dwe pran responsablite sivil ak penal yo nan fòm ak kondisyon Konstitisyon an ak Lalwa prevwa. TIT XIII DISPOZISYON JENERAL Atik 232 :​ Chomaj nan Administrasyon Piblik ak Prive epi Komès ap obsève nan okazyon Jou Fèt Nasyonal yo ak Jou Fèt Legal yo. Atik 232-1: ​ Jou fèt nasyonal yo se: 1) Fèt Endepandans Nasyonal la, 1ye janvye; 2) Fèt Zansèt yo, 2 janvye; 3) Fèt Agrikilti ak Travay, 1ye me; 4) Fèt Drapo ak Inivèsite, 18 me; 5) Jounen Seremoni Bwa Kayiman, 14 out; 6) Komemorasyon Batay Vètyè ak jou Fòs Lame yo, 18 novanm. Atik 232-2: ​ Lalwa detèmine jou Fèt legal yo. Atik 233: ​ Asanble Nasyonal la pa kapab ratifye okenn Trete, Konvansyon oswa Akò entènasyonal ki genyen ladan atik ki kontrè ak Konstitisyon sa a. Atik 233-1: ​ Ratifikasyon Trete, Konvansyon ak Akò Entènasyonal yo ap fèt sou fòm Dekrè. 52 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 233-2: ​ Yon fwa yo fin apwouve epi ratifye Trete ak Akò Entènasyonal yo, nan fòm Konstitisyon an prevwa sa, yo vin fè pati Lejislasyon Peyi a epi yo anile tout lwa ki kontrè ak yo. Atik 234 : ​ Leta Ayisyen kapab antre nan yon Kominote Ekonomik Leta depi Akò Asosyasyon an ankouraje devlopman ekonomik ak sosyal Repiblik Ayiti, epi li pa genyen okenn règ ki kontrè ak Konstitisyon sa a. Atik 235 : ​ Pèsonn pa kapab deklare okenn kote oswa pati nan teritwa a anba eta syèj, sòf si ta genyen lagè sivil oswa anvayisman yon fòs etranje. Atik 235-1: ​ Dekrè kote Prezidan Repiblik la deklare eta syèj la dwe genyen siyati Premye Minis la ak pa tout minis yo tou, epi li dwe genyen konvokasyon Asanble Nasyonal la touswit pou deside sou opòtinite mezi a. Atik 235-2: ​ Asanble Nasyonal la, ansanm ak Pouvwa Egzekitif la, detèmine ki Garanti Konstitisyonèl ki kapab sispann nan pati Teritwa a ki anba eta syèj la. Atik 235-3: ​ Eta syèj la ekspire si li pa renouvle chak kenz (15) jou apre li fin antre an vigè, avèk yon vòt Asanble Nasyonal la. Atik 235-4:​ Asanble Nasyonal la syeje pandan tout dire eta syèj la. Atik 235-5 : ​ Trant (30) jou apre eleksyon li, Prezidan Repiblik la dwe depoze nan grèf Tribinal Premye Enstans kote li abite a, envantè notarye tout byen li yo, ni byen mèb ni byen imèb. Li ap fè menm bagay la lè manda li fini. Atik 235-6: ​ Minis yo ak Sekretè Leta yo genyen menm obligasyon sa a, trant (30) jou pou pi ta apre enstalasyon yo epi apre depa yo. Atik 235-7: ​ Lalwa tabli lis moun ki eli ak lòt fonksyonè piblik ki genyen obligasyon pou deklare patrimwàn yo; li tabli tou sanksyon ki aplike sizoka genyen vyolasyon dispozisyon sa yo. TIT XIV KONSÈNAN AMANNMAN KONSTITISYON AN Atik 236 : ​ Pouvwa Egzekitif la, apre avi Konsèy Konstitisyonèl la; oswa Pouvwa Lejislatif la, avèk yon majorite de tyè (2/3) nan chak de Chanm yo, genyen dwa pou yo deklare gen rezon pou amande Konstitisyon an, avèk rezon ki jistifye deklarasyon sa a. Atik 236-1 : ​ Deklarasyon sa a fèt nan kòmansman dènye Sesyon òdinè yon Lejislati epi li pibliye imedyatman nan tout Teritwa a. Anvan fen sesyon an, Asanble Nasyonal la ap reyini avèk tit Asanble Konstitiyan epi li ap deside sou amannman ki pwopoze a. 53 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Atik 236-2: ​ Asanble a pa kapab syeje ni delibere sou amannman an si de tyè (⅔) nan Manm nan chak de (2) Chanm yo pa prezan. Atik 236-3: ​ Asanble Nasyonal la pa kapab adopte okenn desizyon ki pa genyen yon majorite de tyè (2/3) nan vòt yo. Atik 236-4 : ​ Okenn amannman Konstitisyon an pa dwe febli karaktè demokratik ak repibliken Leta a. TIT XV DISPOZISYON TRANZITWA Atik 237 : ​ Annatandan yo aktyalize lwa sou limit teritoryal yo, limit teritoryal chèflye komin aktyèl yo ak limit seksyon kominal aktyèl yo detèmine limit tout komin Repiblik Ayiti yo. Atik 238 : ​ Annatandan Konsèy Elektoral ki prevwa nan Konstitisyon sa a enstale, Konsèy Elektoral Pwovizwa nèf (9) manm ki an fonksyon an gen responsablite pou li elabore epi egzekite pwojè dekrè elektoral la pou òganizasyon pwochen eleksyon yo. Atik 238-1: ​ Misyon Konsèy Elektoral Pwovizwa sa a fini jou Konsèy ki nonmen dapre Konstitisyon an pran fonksyon. Atik 238-2: ​ Annatandan yo mete Konsèy Konstitisyonèl la sou pye, pa genyen pyès rekou ki kapab fèt kont desizyon Konsèy Elektoral la. Atik 239 : ​ Nan premye konpozisyon Konsèy Konstitisyonèl la ak Konsèy Elektoral la respektivman, twa premye manm ki nonmen sou lis Pouvwa Egzekitif la, Asanble Nasyonal la ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ap la pou nèf (9) ane, twa dezyèm yo ap la pou sis (6) ane epi twa (3) dènye yo ap la pou twa (3) ane. TIT XVI DISPOZISYON FINAL Atik 240 : ​ Tout kòd lwa oswa manyèl jistis, tout lwa, tout dekrè-lwa, tout dekrè ak arete ki te deja an vigè ap kontinye rete an vigè depi yo pa genyen anyen ki depaman avèk Konstitisyon sa a. Pòtoprens, 21 me 2025 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti, Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la soumèt bay Nasyon an. 54 Avanpwojè Konstitisyon Repiblik Ayiti - Me 2025 Pou Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la : ​ ​ ​ ​ ​ ​ --------------------------------------------------Enex J. JEAN-CHARLES, Prezidan ​ ---------------------------------------- ​ ​ Gédéon CHARLES, Manm​​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ -------------------------------------------​​ ​ Norah A. JEAN-FRANÇOIS, Manm ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ -----------------------------------------​ ​ Kerlande MIBEL, Manm​ ​ ​​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ —--------------------------------------​ ​ Wideline PIERRE, Manm​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ ​ —------------------------------------------------------Edelyn DORISMOND, Manm —---------------------------------Franck LAUTURE, Manm ​ ​ —-------—-----------------------​ Amary Joseph NOEL, Manm ​ ​ ​ —--------------------------------Joram VIXAMAR, Manm 55