Rapò Plan Devlopman Komin Bèdeyèn
Rezime — Yon plan devlopman komin pou komin Bèdeyèn nan depatman Nòdwès Ayiti a, ki devlope ak metòd patisipatif pou rezoud defi ekonomik, sosyal, gouvènans ak anviwònman yo. Plan an pwopoze 12 pwogram ak 50 pwojè sou senk ane ak yon bidjè total 440,236,125 goud.
Dekouve Enpotan
- Plis pase 70% popilasyon an fè agrikilti malgre resous dlo yo limite, sa prezante opòtinite devlopman enpòtan.
- Sèvis sosyal yo pa ase nan tout sektè yo ak sèlman 62 lekòl (2 segondè, 1 lise), 1 sant sante ak 3 kabann ak 4 dispansè.
- Enfrastrikti debaz yo tankou wout ak kouran prèske pa egziste nan tout komin nan.
- Plan devlopman sektè yo ki te fèt anvan yo (2005-2011) pa janm rive aplike nèt akoz mank lajan ak pwomosyon ki pa bon.
- Komin nan gen potansyèl pou devlopman ekonomik nan pèch, elvaj, pwodiksyon atizanal ak touris depi li nan yon kote bò lanmè.
Deskripsyon Konple
Dokiman sa prezante yon plan devlopman komin konplè pou komin Bèdeyèn nan depatman Nòdwès Ayiti a, ki prepare pa Ayiti Gouvènans epi prezante bay FAES nan me 2012. Plan an devlope ak metòd patisipatif, ki baze sou plan devlopman sektè ki te deja egziste nan kat seksyon kominal yo ki te orijinalman fèt pou 2005-2011 men ki pa janm rive ekzekite nèt akoz mank lajan ak pwomosyon ki pa bon pa otorite lokal yo.
Plan an adrese defi yo nan kat sektè prensipal: devlopman ekonomik, sèvis sosyal, gouvènans lokal ak jesyon anviwònman. Nan sektè ekonomik la, malgre lapli ak resous dlo yo limite, plis pase 70% popilasyon an fè agrikilti, sa prezante opòtinite pou devlopman agrikòl. Plan an tou identifye potansyèl nan pèch, elvaj (sitou elvaj kabrit), pwodiksyon atizanal, pwodiksyon sèl ak touris, depi komin nan nan yon kote bò lanmè epi gen ekspèryan ki deja egziste nan aktivite marin yo.
Pou sa ki konsèn sèvis sosyal yo, dyagnostik la revele sèvis ki pa ase nan tout sektè yo. Sistèm edikasyon an, malgre li gen 62 lekòl, li mank bon enstriksyon ak sèlman 2 lekòl segondè, 1 lise ak okenn lekòl pwofesyonèl. Enfrastrikti sante a limite menm jan an ak yon sant sante ak 3 kabann ak 4 dispansè. Enfrastrikti debaz yo tankou wout ak kouran prèske pa egziste, sa ki fè plan an priyorite amelyorasyon sektè sosyal yo ansanm ak devlopman ekonomik.
Plan an pwopoze 12 pwogram ki gen ladan yo 50 lide pwojè nan kat sektè yo, ak yon pri total estime 440,236,125 goud sou senk ane. Kominote lokal la ap kontribye 10% nan pri total la, sitou ak materyèl ak travay lokal, pandan rès 90% lan bezwen finans ekstèn. Responsablite aplikasyon an nan men otorite lokal yo ki gen ladan yo mè yo ak manb KASEK/ASEK yo, ki dwe kòlabore ak otorite santral yo pou yo jwenn lajan ak sipò teknik.
Teks Konple Dokiman an
Teks ki soti nan dokiman orijinal la pou endeksasyon.
REPIBLIK dAYITI DEPATMAN NÒDWÈS RAPÒ PLAN DEVLOPMAN KOMIN BÈDEYÈN Travay sa-a fèt pa : Ayiti Gouvènans Prezante bay : FAES ©Me 2012 Sa dokiman-an genyen ladan l Remèsiman .............................................................................................................................. 3 Abrevyasyon - Sig ................................................................................................................... 4 Rezime Plan-an ....................................................................................................................... 5 Résumé du Plan....................................................................................................................... 7 Entwodiksyon.......................................................................................................................... 9 1. Prezantasyon Metòd la ................................................................................................ 12 1.1. Preparasyon........................................................................................................... 12 1.2. Analize enfòmasyon pou monte Plan komin nan............................................... 13 1.3. Twazyèm Etap: Priyorisazyon............................................................................. 14 1.4. Dènye Etap: Valide Plan-an................................................................................. 14 2. Prezantasyon Komin nan ............................................................................................ 16 2.1. Kote bèdeyèn ye nan peyi-a.................................................................................. 16 2.2. Popilasyon Bèdeyèn .............................................................................................. 17 2.3. Klima...................................................................................................................... 18 2.4. Relyèf (monte desann) ......................................................................................... 19 2.5. Resous nan komin nan.......................................................................................... 20 2.6. Sèvis yo................................................................................................................... 21 3. Pwoblèm devlopman nan komin Bèdeyèn ................................................................. 27 3.1. Sektè ekonomik nan.............................................................................................. 27 3.2. Sektè sosyal la oubyen sèvis ................................................................................. 32 3.3. Kòman komin nan òganize epi jere..................................................................... 36 3.4. Anviwònman.......................................................................................................... 39 4. Vizyon ak direksyon Plan an ta dwe pran ................................................................. 43 4.1. Vizyon .................................................................................................................... 43 4.2. Direksyon enpòtan yo ........................................................................................... 43 4.3. Objektif prensipal................................................................................................. 43 4.4. Objektif sektè yo ................................................................................................... 44 5. Pwogram Senkan – Plan Envestisman an.................................................................. 50 5.1. Pwogram pou senkan (5 lane).............................................................................. 50 5.2. Kòman fisnansman Plan an ta dwe fèt................................................................ 69 6. Enstitisyon k ap pèmet Plan-an ekzite ....................................................................... 71 6.1. Kisa lalwa di sou kesyon ekzekisyon Plan-an?................................................... 71 6.2. Enstitisyon kap patisipe nan ekzekisyon Plan-an.............................................. 72 7. Swivi ak Evalyasyon Plan Devlopman-an.................................................................. 74 7.1. Enpòtans swivi ak evalyasyon Plan-an ............................................................... 74 7.2. Kad swivi ak evalyasyon Plan-an ........................................................................ 74 Konklizyon............................................................................................................................. 80 Liv ak Rapò ki te konsilte pou fè Travay la ....................................................................... 81 Anèks 1 : Lis Patisipan nan Atelye yo............................................................................. 82 Remèsiman Ayiti Gouvènans (AG) ap pwofite voye yon gwo kout chapo pou popilasyon Bèdeyèn ki te voye reprezantan yo vin patisipe nan anpil rankont pou travay sa rive fèt. San prezans yo dokiman sa pa tap kapab ekri paske se yo ki bay enfòmasyon ki ladan l. AG te sèlman la pou fasilite rankont yo nan plizyè atelye travay ki te fèt. Nou espere dokiman sa pral pèmèt yon bon van soufle (alemye) nan komin nan. N ap voye yon remèsiman espesyal pou otorite lokal yo ki te ban nou tout apui epi sipò yo nan reyalize travay sa. Nou vle di mèsi ak Eliques Cesaire, premye Majistra nan komin nan, ki te konprann enpòtans travay la epi ki te sipòte ekip Ayiti Gouvènans (AG) lan. Nou pap manke remèsye Ephèse Alcinord, youn nan Majistra an-aprè yo, ki te bay ekip la anpil sipò pou te rive fè travay sa-a. N ap di l mèsi ansanm ak tout fanmi li ki te bay yon pati nan ekip la kote pou yo te dòmi.Yo te pran anpil tan tou pou te patisipe nan rankont yo. N ap di yon gwo mèsi ak otorite legliz yo ki te mete yo disponib pou te ban nou enfòmasyon yo te genyen pou ekri dokiman sa. Respè byen ba pou Pè Rodolphe pou bon akèy li te ban nou epi toujou rete disponib pou te pataje ak nou tout enfòmasyon li genyen. Nou paka bliye plizyè pastè, non sèlman yo te mete lokal legliz disponib men yo te patisipe nan tout sa ki tap fèt yo epi sa te pèmèt tout rankont yo pase byen. N ap di mèsi ak Pastè Alcindor Petit-Homme ki ap pataje remèsiman an ak tout lòt pastè yo pou nou. N ap pwofite di mèsi tou ak ekip FAES ki nan biwo Jan-Rabèl ki te bay AG tout sipò nan reyalize travay sa. Konpliman pou tout moun ak enstitisyon ki te kole zepòl pou travay sa rive fèt epi ki ta vle chanje figi Bèdeyèn pou ta gen yon demen miyò pou pitit komin nan. Pou n fini n ap voye yon felisitasyon pou tout animatè / animatris k ap pote kole nan komin ak otorite lokal yo pou Plan sa kapab ekzekite kòmsadwa. Ekip Ayiti Gouvènans (AG) Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 3 Abrevyasyon - Sig ACDI : Agence canadienne de Développement internationale AG : Ayiti Gouvènans ASEK : Asanble Seksyon kominal BID : Banque Interaméricaine de Développement CDSC : Conseil de Développement de Section communale CTC : Centre Traitement de Choléra EDH : Electricité d’Haiti FAES : Fonds d’Asistance Economique et Sociale FIDA : Fonds Internationale de Développement agricole FFOM : Forces – Faiblesses – Opportunités - Ménaces GSB : Gwoupman Sante Bèt HACHO : Haitian American Community Help Organisation IHSI : Institut Haitien de Statistique et d’Informatique KASEK : Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal KDK : Konsèy Devlopman Kominal KDSK : Konsèy Devlopman Seksyon Kominal MARNDR : Ministè Agrikilti, Resous natirèl ak Devlopman riral MARP : Metòd Aktif Rechèch Patisipatif MENFP : Ministère de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle MSPP : Ministère de la Santé Publique et de la Population OCB : Organisation communautaire de base ONG : Organisation Non Gouvernementale PAIP : Programme d’Appui aux Initiatives Productives en milieu rural PDK : Plan Devlopman Kominal PDSK : Plan Devlopman Seksyon Kominal UE : Union Européenne UN : Nations-Unies (United Nations) Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 4 Rezime Plan-an Tout kat (4) seksyon kominal Bèdeyèn yo te deja genyen yon plan devlopman ki ta p ekzekite soti nan lane 2005 pou rive 2011. Plan seksyon yo pat rive ekzekite a san pou san nan senk lane ki sot pase yo. Gen plizyè rezon ki eksplike sa : otorite lokal yo pat fè demach ase pou te chache lajan pou ekzekite plan sa, yo te rete ap tann FAES pou vin bay lajan pou aktivite pwojè kapab fèt, yo pat byen fòme pou fè maketing plan an, elatriye. Kidonk, dokiman an te rete nan tiwa. Men, pat gen yon plan ki te fèt pou komin nan paske patko gen dyagnostik ki te fèt nan bouk Bèdeyèn. Rive fè dyagnostik nan bouk la se yon priyorite pou te kapab akouche plan sa. Anplis, gen 2 nan 4 Plan seksyon yo kite aktyalize ane sa (Rezèv ak Estè Dere), li te enpòtan pou n te gade jounen jodi-a nouvo bezwen popilasyon nan seksyon sa yo bay kòm priyorite poute te rantre yo nan Plan sa. Epi tou, gade fòs ak feblès ki soti nan dyagnostik la, sitou travay ki fèt nan bouk la, pou te kapab ekri dokiman sa. Se metòd kote tout moun ap patisipe ki te itilize pou fè travay sa. Se plis nan bouk Bèdeyèn ki te gen anpil brase lide pou te ranmase divès kalte enfòmasyon pou te mete nan Plan an paske travay sa te deja fèt 5 lane avan nan seksyon yo. Kidonk, ekip AG-a mete ansanm enfòmasyon enpòtan ki te nan 4 dokiman PDSK yo ; 2 te la deja epi 2 lòt yo ki vin aktyalize ane sa, plis enfòmasyon ki nan dyagnostik la pou bay PDK-a. Pou Doda’n ak Sitèn Remi se dokiman yo ki te itilize pou konplete enfòmasyon yo paske Plan yo patko gen 5 lane lè travay sa t ap fèt. Te gen 2 jou atelye ki te reyalize pou te kapab fè planifikasyon yo ansanm ak plizyè reprezantan popilasyon an apre enfòmasyon ki nan dokiman dyagnostik la te fin pare. Nouvo plan sa pase pran tout pwoblèm ak tout fòs komin Bèdeyèn genyen pou kapab jwenn solisyon k ap dire lontan. Nan tout sektè yo, li gade pwoblèm yo, kòz ak konsekans pwoblèm sa yo epi pwopoze solisyon. Nan sektè ekonomi an, li gade sa k dwe fèt nan divès kalte pwodiksyon (agrikòl, pèch, elvaj, atizana, sèl, elatriye) ak nan kesyon touris. Malgre komin nan pa gen anpil lapli oubyen dlo pou wouze tè, gen plis pase 70 pousan moun ki fè agrikilti. Kidonk, gen anpil posiblite pou devlope agrikilti sitou nan seksyon kominal yo. Lapèch tou se youn nan aktivite ekonomik ki ta dwe pèmèt komin nan vanse pou pi devan paske komin nan genyen yon bon pati ladan l ki bò lanmè epi deja gen anpil moun ak anpil eksperyans ki itilize lanmè a pou fè pèch ak komès (transpò). Elvaj kabrit se youn nan pwodiksyon ki gen anpil enpòtans nan zòn nan. Li mache byen nan zòn sèk yo kote kabrit yo fè bayawonn pran anpil valè, bayawonn se yon plant ki byen vini nan zòn arid yo. Rezilta dyagnostik montre popilasyon pa jwenn bon sèvis nan okenn sektè. Nan sans sa, plan an bay anpil enpòtans pou amelyore kondisyon moun yo ap viv nan komin nan. Gen planifikasyon ki fèt nan sektè sosyal tankou nan zafè sante, edikasyon, transpò, lwazi, espò, elatriye. Nan sektè sa yo, se preske tout bagay ki merite fèt paske sèvis yo pa vin jwenn popilasyon an. Malgre nan edikasyon gen 62 lekòl, pifò nan yo pa rive bay timoun yo yon bon pen lenstriksyon. Nan lekòl sa yo, gen sèlman 2 lekòl segondè ak yon lise. Pou zafè lekòl pwofesyonèl pa gen sa ditou nan komin nan. Sitiyasyon an pa pi bon pou sektè sante a kote gen yon sant sante ak 3 kabann epi 4 Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 5 dispansè. Pou lòt enfrastrikti tankou wout, kouran, elatriye yo preske pa ekziste. Se poutèt sa, plan an pwopoze pou ta gen jefò ki fèt sou sektè sosyal yo apre baz ekonomik yo fin byen chita nan komin nan. Nan sa k gen pou wè ak jan komin nan ap dirije, gen solisyon ki pwopoze nan refleksyon ki te fèt yo. Apa konsèy Minisipal la, KASEK ak ASEK ki lage pou kont yo, leta pa prezan ditou. Pa gen ni biwo leta ki konstui ni moun ki la pou bay sèvis ki pi piti popilasyon an ta bezwen tankou lapolis, lajistis, eta sivil, elatriye. Pou senk lane k ap vini yo, Plan sa prevwa pou gen mwayen ki mete anplas pou komin nan ka byen dirije gras ak prezans biwo leta yo sitou lajistis ki pa la ditou. Pou fini, plan an gade kijan pwoblèm anviwonman an poze epi pwopoze kijan pou yo rezoud yo nan fè sansibilizasyon pou konbat move pratik k ap kraze anviwonman an ak mennen aksyon k ap remete eskanp figi anviwonman an kanpe. Konsa, gen pwopozisyon ki fèt pou fè travay konsèvasyon tè, fè sansibilizasyon ak mete pepinyè pou rebwaze seksyon kominal yo. Antou, plan genyen ladan l 12 pwogram ki soti nan kat (4) gran sektè aktivite ki se ekonomi, sèvis sosyal, gouvènans lokal ak anviwònman. Apre sa, gen 50 lide pwojè ki soti nan pwogram yo, pafwa pwojè sa yo konn sou plizyè seksyon ak nan bouk la, popilasyon te rive idantifye ki ta dwe pèmèt Bèdeyèn vanse pou pi devan nan 5 lane k ap vin yo. Kantite lajan plan sa ap koute monte kat san karant milyon de san trant sis mil sanven senk (440 236 125) goud antou. Dis (10) pousan nan lajan sa, se moun nan komin k ap bay li kòm patisipasyon kominotè. Li kapab bay sou fòm materyo ki nan zòn nan ak pote fòs kouraj yo alòske rès la dwe soti deyò. Se poutèt sa, aktè ki responsab chache lajan pou ekzekite plan an dwe jwe wòl yo byen bò kote tout enstitisyon ki konn bay lajan pou aktivite devlopman. Se yon gwo responsablite pou otorite lokal yo tankou majistra yo ak manb KASEK yo ki gen pou ekzekite plan an. Lalwa deja prevwa wòl kèk nan aktè sa yo dwe jwe nan ekzekisyon ak sipèvizyon aktivite k ap mennen nan komin nan. Konsa, li enpòtan pou responsab kolektivite teritoryal (Meri, Asanble kominal, KASEK, ASEK) travay nan tèt kole ak otorite santral yo ki dwe pote apui teknik ba yo pou yo rive chache lajan, mete kanpe ekip teknik epi fè ekzekisyon tout aksyon ki nan plan sa. Plan an prevwa tou kijan swivi ak evalyasyon aktivite yo ki ladan l lan dwe fèt. Poutèt sa, gen netòd ki bay sou kijan pou mezire avanse k ap fèt yo, tout tan plan an ap ekzekite pou kapab gade si objektif ki defini tounen reyalite tout bon vre. Se Asanble seksyon kominal yo ak Konsèy Kominal la k ap genyen pou jwe wòl sa ak konkou teknik lòt sèvis leta yo oubyen òganizasyon ki gen kapasite pou sa k ap travay nan komin nan. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 6 Résumé du Plan Un plan de développement quinquennal a été conçu et mis en œuvre au cours de la période 2005 à 2011 pour chacune des quatre (4) sections de la commune de Baie-de-Henne. Ces plans n’ont été que partiellement exécutés; plusieurs raisons expliquent cette situation dont l’inaction des élus locaux dans la recherche de fonds auprès de bailleurs pour le financement desdits plans et la mauvaise compréhension de leurs rôles par rapport à l’appui du FAES. Toutefois, le plan communal n’avait jamais vu le jour en raison du manque d’informations sur le bourg qui doit être inclus dans ce document. Donc, la réalisation du diagnostic au niveau du bourg est d’un grand intérêt pour l’aboutissement du plan communal. De plus, deux (2) des quatre (4) plans de développement des sections Réserve et Estère Dère ont été actualisés cette année, il était important d’inclure dans le plan communal les nouvelles priorités des ces sections. Il était également question d’analyser les forces et les faiblesses retenues dans le diagnostic, surtout les informations collectées au niveau du bourg, pour finaliser le processus de planification. Les méthodes d’animation participatives découlant du MARP ont été utilisées dans le processus de planification. Les ateliers participatifs ont été beaucoup plus tenus au niveau du bourg et dans les deux sections susmentionnées pour trouver un consensus de mise en commun des différentes actions planifiées. En ce qui concerne les sections Dos d’Âne et Citerne Rémy, les plans ont été utilisés pour compléter le travail car, la mise en œuvre de ces plans n’atteignait pas encore le délai imparti. Un atelier de travail de deux (2) jours a été organisé avec les différents acteurs au niveau du bourg et des sections Réserve et Estère Dere pour finaliser le processus de planification. Ce nouveau plan présente une analyse des forces et des faiblesses de la commune et propose des solutions durables. Dans différents domaines, il identifie les contraintes, les causes, les conséquences et les solutions qui pourront être apportées. Dans le secteur économique, il identifie les contraintes liées aux différents types de production de la commune : agriculture, élevage, pêche, artisanat, extraction de sel, etc. et propose des pistes d’intervention pouvant permettre d’améliorer les revenus des ménages. Malgré une faible pluviométrie et la disponibilité inadéquate des eaux de surface, l’agriculture occupe plus de 70% de la population active. En ce sens, il y a de forte possibilité d’augmenter la production agricole surtout au niveau des sections. La pêche est également une filière porteuse qui pourra être développée en raison du savoir-faire d’une bonne frange expérimentée de la population et d’une vingtaine de kilomètres de côtes. L’élevage caprin est considéré comme une des principales productions de la commune. Il valorise les zones sèches et arides caractérisées par une végétation dominée par le bayahonde. Les résultats du diagnostic communal montrent que le niveau de services, quel que soit le secteur considéré, est très faible ou inexistant. En ce sens, le plan met beaucoup d’emphase sur des interventions qui pourraient améliorer les conditions de vie de la population. Des interventions sont programmées dans le domaine social : santé, éducation, transport, loisir, etc. Il existe un nombre d’établissements scolaires assez important dans la commune (62); toutefois, le système est caractérisé par l’inadéquation de l’offre et le faible niveau de la qualité de l’enseignement. Seulement trois (3) de ces écoles détiennent le niveau du 3ecycle du fondamental. Aucune école Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 7 professionnelle ne fonctionne à l’échelle de la commune. La situation n’est pas différente dans le secteur de santé. Il y un (1) centre de santé avec trois (3) lits et quatre (4) dispensaires. Les autres infrastructures comme les routes sont en piètre état et l’électricité est inexistante. Dans ce sens, le plan envisage d’entreprendre des actions dans le domaine social, une fois des avancées sont entamées dans le domaine économique. En ce qui concerne la gouvernance locale, des interventions sont proposées en adéquation avec les besoins les plus prioritaires. Hormis le Conseil Municipal, les CASEC et les ASEC, les autres branches de l’appareil d’État sont absentes : pas de bureaux publics pour offrir un minimum de services comme tribunal de paix, la police, état civil, etc. Au cours du prochain quinquennat, le plan fait des provisions pour la construction de bureaux publics surtout pour le système judicaire qui est quasiment inopérant. En dernier lieu, les problèmes liés à l’environnement physique sont abordés et un programme de sensibilisation est proposé pour diminuer les effets négatifs sur l’environnement causés par de mauvaises pratiques. Des interventions de correction de ravines, de production et de mise en terre de plantules fruitières et forestières sont envisagées. Le plan contient un ensemble de 12 programmes issus de quatre (4) grands domaines, à savoir : économie, services sociaux, gouvernance local et environnement. Un total de 50 idées de projet a été tiré des 4 programmes; le plus souvent, ces idées de projet sont planifiées sur plusieurs sections à la fois et sur la ville de Baie-de-Henne. Elles sont toutes été priorisées par la population pour les cinq (5) prochaines années. Le plan nécessite la somme de Quatre Cent Quarante Millions Deux Cent Trente Six Mille Cent Vingt Cinq (440 236 125) gourdes pour sa mise en œuvre. Dix pour cent (10%) de ce montant seront apportés par les différentes communautés bénéficiaires sous forme de main d’œuvre et/ou de matériaux locaux alors que la différence doit être provenir de l’extérieur. Donc, il est impératif que les autorités locales chargées légalement de la mise en œuvre de ce plan se mettent au travail afin d’obtenir des fonds pour son exécution. Pour assurer le suivi et l’évaluation dudit plan, il est prévu un certain nombre d’indicateurs et de moyens de vérification. Ainsi, avec l’appui technique des services déconcentrés de l’État et d’autres institutions intervenant dans la commune, le Conseil communale et l’Assemblée de section sont appelés à jouer un rôle important dans le suivi et l’évaluation du plan. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 8 Entwodiksyon Mete kanpe yon Plan devlopeman anplas pou komin Bèdeyèn se yon lide ki nan manman Lwa peyi-a (Konstitisyon 1987 la ki amande nan lane 2012 la) ki bay komin yo dwa grandèt majè yo epi bay jarèt ak desantalizasyon an. Men Eli lokal yo pa gen mwayen lajan ak moun vre pou fè yon travay konsa. Se konsa FIDA/FAES nan pwogram PAIP la deside bay yon bourad ak dirijan komin nan epi pèmèt òganizasyon k ap travay ladan l gen yon dokiman k ap gide yo nan pwojè yo ta dwe reyalize pou mete li tout bon vre sou chimen developman. Pwogram PAIP la te mete sou pye depi lane 2002 epi l ap fini nan lane 2014. Objektif prensipal Pwogram sa-a se rive frennen mizè nan zòn andeyò yo. Pou sa fèt tout bon vre nan Komin Bèdeyèn fòk yon ansanm aktivite developman rive reyalize andedan komin nan. Dirijan yo sitou ak tout lòt gwoup oswa fòs òganize nan komin nan dwe gen kapasite pou yo asire wòl yo kòmsadwa jan manman lwa peyi (konstitisyon 1987 ki amande a) mande sa. Epi gen dekrè lwa 2006 ki bay plis presizyon sou zafè desantralizasyon ak sou wòl epi responsabilite eli lokal yo. Plan developman sa a rive reyalize gras ak tèt kole popilasyon an k ap viv andedan bouk Bèdeyèn ansanm ak sa ki nan kat seksyon kominal ki chita andedan komin nan. Ayiti Gouvènans (AG) ki se OPS jewografik Nòdwès pou FAES te fasilite travay la fèt epi FIDA/FAES ki te bay lajan pou pèmèt aktivite yo reyalize. Se nan mwa oktòk 2011, nan plizyè kote nan bouk la brase lide yo te fèt epi nan seksyon Rezèv ak Estè Dere tou paske reprezantan seksyon sa yo te mobilize nan peryòd sa pou te aktyalize plan devlopman seksyon yo. Nan moman sa, anpil moun, fanm tankou gason, jèn tankou granmoun, moun afè bon tankou malere, ki soti nan tout rakwen nan komin nan te mobilize epi patisipe nan brase lide ki te fèt yo. Brase lide yo te fèt sou bilan ansyen plan, sa vle di sa k te planifye pou te fèt, sa ki te rive fèt tout bon vre epi gade sa k toujou rete priyorite pou popilasyon an pou mete yo nan plan tounèf la. Analiz anpil pwoblèm te fèt ansanm ak popilasyon sou plizyè sektè epi gade kòz yo, konsekans yo sou moun k ap viv andedan komin nan epi pwopoze solisyon pou rezoud yo. Plan tounèf sa, genyen ladan li 7 chapit ki prezante konsa : ∙ Premye chapit la fè yon rale toukout sou komin Bèdeyèn, li bay yon ti rezime sou kote li ye nan depatman Nòdwès la, li bay kèk done sou popilasyon an, klima, elatriye; ∙ Dezyèm chapit la bay detay sou metòd ki te itilize pou te rive mete kanpe Plan tou nèf sa; ∙ Twazyèm lan analize pwoblèm popilasyon an ap fè fas chak jou epi pwopoze solisyon pou yo, gade kisa ki planifye nan ansyen Plan an, kisa ki te rive fèt tout bon vre ak kisa ki planifye pou fèt nan Plan tounèf la; ∙ Katriyèm lan chita sou vizyon, objektif plan an ak aktivite ki ta dwe reyalize pou objektif ak vizyon sa yo ka vin reyalite tout bon vre; ∙ Senkyèm lan prezante andetay pwogram ak lajan ki ta dwe jwenn pou reyalize sou senk lane pwojè ki andedan pwogram yo; Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 9 ∙ Sizyèm chapit la fè yon rale sou estrikti ki gen responsabilite pou pèmèt plan an byen ekzekite kòmsadwa nan chak seksyon kominal andedan komin nan; ∙ Setyèm lan prezante yon zouti kontwòl k ap pèmèt yo suiv ak evalye tout sa kap fèt nan Plan an pandan 5 lane kap vini yo. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 10 Chapit 1 : Metòd ki itilize pou reyalize Plan Devlopman Komin Bèdeyèn Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 11 1. Prezantasyon Metòd la Metòd ki te sèvi nan reyalize Plan Devlopman Komin Bèdeyèn lan soti nan yon dokiman FAES te fè soti sou planifikasyon patisipatif nan lane 2008. Apresa, gen reyinyon ki te fèt epi rapò ki te soti pou eksplike plis an detay metòd ki dwe itilize pou ranmase enfòmasyon yo nan tout rakwen andedan bouk la. Brase lide yo te plis fèt nan bouk la ak nan seksyon kominal Rezèv ak Estè Dere ki te nan pwosesis pou te aktyalize Plan yo ki te la depi lane 2005. Pou seksyon Doda’n ak Sitèn Remi se dokiman Plan yo te plis itilize pou te pran enfòmasyon pou konplete Plan komin nan. Pou eksplike metòd la pi byen, gen 4 etap prensipal n ap detaye piba-a nan dokiman-an, ki se : preparasyon ki te fèt avan travay planifikasyon an te kòmanse ; ranmase epi mete ansanm enfòmasyon ki soti nan 3 blòk ki te fòme yo ; fè priyorizasyon yo epi ekri dokiman an ; valide dokiman-an ak reprezantan popilasyon an epi pote yon dènye koreksyon. 1.1.Preparasyon Preparasyon-an se yon premye etap kote anpil aktivite te reyalize avan atelye yo te fèt ak reprezantan popilasyon an. Genyen anpil rankont ki fèt ak Eli lokal pou fè planifye atelye pou n te asire tout aktè yo ap la, fanm tankou gason. Yon lòt bò Ayiti Gouvènans (AG) te kenbe menm ekip ki te patisipe nan reyalize dyagnostik la pou te akonpaye popilasyon Bèdeyèn nan fè chwa sa li panse ki pi priyoritè pou li. Chak ekip yo te gen 4 moun nan yo; moun sa yo gen konesans nan divès kalte domèn tankou te gen agwonòm, doktè, jesyonè, avoka, elatriye. Chak ekip te genyen yon animatè /tris ki se moun komin nan. Avan travay la te kòmanse sou teren te gen 2 jounen fòmasyon ki te fèt nan biwo Ayiti Gouvènans pou fòme ekip la sou divès kalte teknik ki te gen pou itilize pou te pèmèt moun patisipe epi ranmase bon jan enfòmasyon. Rankont sa yo te pèmèt tout moun t ap mache sou menm pye. Lis moun ki te patisipe nan ekip yo prezante nan tablo piba-a: Tablo 1.1 : Moun ki te fòme ekip yo pou ranmase enfòmasyon yo Anwo Bouk (Ekip # 1) Nan mitan bouk la (Ekip # 2) Etzer Beaura, Agwonòm Michel Philemon, Agwonòm Isoinise Alusmel, Animatris Genel Louis Charles, Animatè Nan zòn Sid Bouk la (Ekip # 3) Anslot Janvier, Agwonòm Peterson Délicieux, Agwonòm Jhonson Beaubrun, Avoka Belonia Charleus, Enfimyè Marc Maso, Doktè Roseline Paul, Animatris Florida Joseph, Animatris Joana F. Compère, Animatris Yon lòt bò, se nan etap sa-a tou, ekip AG-a t ap chache wè kibò pou li jwenn dokiman tankou liv, rapò, kat ki te deja ekri sou komin nan ak seksyon kominal yo. Gen 4 plan seksyon ki te rasanble plis 2 nan yo ki te vin aktyalize epi dyagnostik kominal la. Se dokiman sa yo ki te pèmèt ekip yo rasanble enfòmasyon ansanm ak aktè lokal pou te demare brase lide yo sou planifikasyon. Reprezantan FAES nan depatman-an te ède ekip la jwenn tout ansyen dokiman dyagnostik ak ansyen PDSK yo. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 12 Pou te pèmèt travay la pi byen reyalize epi evite anyen pa bliye, gen yon gid ki te prepare pou te ède fasilitatè/animatris yo swiv dewoulman atelye yo pwen pa pwen epi san okenn sektè pa neglije. Gid sa te pèmèt atelye yo dewoule san tèt chaje. 1.2.Analize enfòmasyon pou monte Plan komin nan Li ta bon pou fè sonje dyagnostik la se yon etap ki fèt avan pou pwosesis planifikasyon an kòmanse. Kidonk, aktivite pou ranmase enfòmasyon pou monte plan an kòmanse depi nan dyagnostik la. Apre dyagnostik la te fin fèt, te gen tout enfòmasyon ki te la pou te kapab fè pwogramasyon an. Se te yon travay ki pat fasil ditou paske te gen anpil enfòmasyon ki te pou mete ansanm. Travay sa te fèt nan bouk Bèdeyèn ak 53 patisipan, te gen 12 fanm nan yo. Patisipan sa yo te soti nan tout seksyon yo, se te sitou moun ki manb Konsèy Devlopman Kominal la (KDK). Atelye sa ki te fèt pandan 2 jounen te pèmèt tout divès reprezantan yo mete ansanm sa yo panse ki se priyorite pou komin nan. ▪ Premye jounen-an se te yon atelye pou tout patisipan te mete yo dakò sou sa ki enfòmasyon ki kenbe pou komin nan. Brase lide yo ki te chita sou tout enfòmasyon ki te ranmase nan dyagnostik la, sa vle di tout sa ki te priyorite pou moun yo. Apre sa, gen enfòmasyon sou sa ki te planifye nan 4 dokiman plan seksyon yo (2 ki aktyalize ak 2 ansyen). Dyagnostik la te genyen tout enfòmasyon komin nan, sa vle di se ladan l ki te gen done pou te kapab fè planifikasyon pou bouk la. Fasilitatè/animatris te gen yon ti rezime nan chak dokiman sa yo epi te gen lekti pwen pa pwen sou tout sa ki te pwograme yo epi diskisyon te fèt sou yo pou te konnen kisa ki dwe kenbe epi kisa yo ta dwe retire. ▪ Dezyèm jounen yo se te yon atelye pou te ranje yon dènye fwa epi mete nan lòd divès kalte enfòmasyon ki dwe fè Plan-an. Te gen ti gwoup ki te fòme pou te fè refleksyon sa yo. Gwoup yo te fòme selon kote reprezantan te soti-a, sa vle di tout moun nan premye seksyon te ansanm. Objektif ti gwoup sa yo se te pou fè yon dènye brase lide sou sa ki te kenbe pou zòn pa yo epi pote kèk chanjman, si yo te jije sa nesesè. Apresa, tout travay la te mete ansanm pou te konnen ki lòd priyorite yo ki ta dwe respekte nan plan an. Pou sa te kapab fèt byen, gen vòt ki te oblije fèt nan anpil pwen kote ki te gen anpil diskisyon. Tankou sa te di pi wo, gen ti gwoup ki te travay sou priyorite yo. Imaj piba-a montre yon gwoup nan bouk Bèdeyèn ki ap reflechi sou lòd priyorite yo kenbe yo ta dwe ye nan dokiman an. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 13 Imaj 1: Atelye nan Bouk Bèdeyèn kote yon gwoup patisipan ap brase lide sou priyorite yo (AG, 2011) Anplis, te gen yon zouti yo rele FFOM ki te itilize tou. Li te pèmèt jwenn enfòmasyon pou te konprann fòs, feblès, opòtinite ak menas plizyè sektè. Pandan travay atelye yo tap fèt, gen enfòmasyon ki tap ranmase nan lekòl ak dispansè yo epi te gen yon mache ki te fèt nan sans Lès Wès (transèk) komin nan pou te rive pi byen konprann diferan detay andedan komin nan. 1.3.Twazyèm Etap: Priyorisazyon Aprè ekip AG-a te fin fè atelye pou mete enfòmasyon yo ansanm, yo te rantre nan biwo pou te kòmanse trete yo, analize epi byen ranje enfòmasyon yo nan tablo oubyen nan teks pou prepare dokiman-an. Ekip la te retounen apre sa nan Bouk Bèdeyèn pou anime yon lòt atelye ki pemèt aktè lokal yo diskite sou pwoblèm ak solisyon yo dekwa pou klase yo nan lòd (priyorize yo), sa vle di jan moun yo vle yo ranje yo epi prepare yon kalandrye ki gen lide pwojè yo. Gen enfòmasyon tou ki bay sou pwojè priyoritè ki pwograme pou fèt ak kantite lajan ki prevwa pou yo pandan 5 kan-an. Pou premye ane-a, genyen yon tablo ki prepare epi ki bay kalandrye pa trimès (3 mwa). Apre travay sa te fin fèt, ekip AG-a te gen tout Plan nan men, se sèlman li te rete pou byen ranje dokiman an. 1.4.Dènye Etap: Valide Plan-an Etap pou valide Plan-an vle di apre dokiman sa-a te fin ekri, ekip AG-a te retounen nan bouk la pou prezante li bay popilasyon-an pou yo te apwouve l oubyen pote kèk koreksyon yo te panse ki nesesè. Te genyen yon atelye pandan yon jounen ki te fèt nan bouk la pou fè prezantasyon sa. Atelye sa-a te bay posibilite ak manb KDK yo, OCB /OKB ak lòt reprezantan òganizasyon ka p travay nan komin nan pou tande epi byen konprann tout sa ki pwograme nan Plan-an. Se te yon dènye okasyon pou patisipan yo te fè kòmantè sou sa ki ta dwe chanje. Ekip AG-a te pran nòt sou tout sa ki te di yo pou pote kèk koresksyon nan dokiman final la. Apre sa, patisipan yo siyen yon pwosè vèbal ki montre tout bon vre yo te bay akò yo sou tout sa ki di nan plan an. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 14 Pati 2 : Prezantasyon Komin Bèdeyèn Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 15 2. Prezantasyon Komin nan 2.1.Kote bèdeyèn ye nan peyi-a Bèdeyèn se youn nan 10 komin depatman Nòdwès la. Li twouve l nan awondisman Mòl-Sen Nikola ki gen 4 komin. Li plase nan Sidwès depatman Nòdwès apeprè 58 kilomèt Nòdwès Vil Gonaiv epi 155 kilomèt ak kapital peyi-a ki se Pòtoprens. Pou plis presizyon, li trouve l nan pwen jewografik ant 19°40’ latitid Nò ak 73°12’ lonjitid Wès. Li gen yon altitid an mwayèn ki varye ant 20-97 mèt, sa vle di wotè komin nan parapò ak nivo lanmè-a Komin Bèdeyèn ye-a, li agoch Podepè ki se prensipal vil nan depatman-an ; li pi fasil pou moun nan komin fè ale vini Gonayiv pase pou yo ale Pòdepè paske wout yo pa bon. Menmsi wout Gonayiv la pa bon tou, men yo kapab ale nenpòt lè nan tan lapli. Komin nan limite nan Nò ak komin Jan-Rabèl, nan Sid ak lanmè karayib la, nan Lès ak komin Jan-Rabèl epi lanmè karayib la epi nan Lwès ak komin Mòl-Sen-Nikola epi Bonbadopolis. Premye imaj piba-a montre kibò depatman Nòdwès ye nan kat peyi dAyiti epi lòt imaj montre kibò Bèdeyèn ye nan depatman-an. Imaj 2: Kote depatman Nòdwès ye nan Repiblik dAyitii Imaj 3 : Kote komin Bèdeyèn lan ye nan depatman an Tankou sa montre nan dezyèm imaj la, Bèdeyèn twouve l nan Sidwès depatman Nòdwès la. Li gen yon sipèfisi 203.72 kilomèt kare oubyen 20 372 ekta tè. Menmsi komin nan gen anpil mòn, men relyèf la (monte desann yo) se plis plènn yo ye. Komin nan divize an kat (4) seksyon kominal : Sitèn Remi (1e seksyon), Doda’n (2e seksyon), Rezèv (3e seksyon) ak Estè Dere (4e seksyon). Jan yo separe komin nan, Bouk Bèdeyèn lan vin tonbe nan Estè Dere. Tablo piba-a bay enfòmasyon sou kijan abitasyon ak lokalite yo regwoupe andedan seksyon yo. Tablo 2.1 : Regwoupman abitasyon ak lokalite andedan seksyon yo Abitasyon 3 3 4 3 16 Seksyon kominal Localite 1eseksyon : Sitèn Remi 17 2eseksyon : Doda’n 21 3eseksyon : Rezèv 18 4eseksyon : Estè Dere 7 Komin nan 63 Kote done yo soti : IHSI, 2009. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 16 Jan dekoupaj la fèt la, bouk Bèdeyèn vin retwouve l andedan 4eseksyon-an (Estè Dere). Imaj piba-a montre ki kote 4 seksyon yo twouve yo andedan komin. Imaj 4 : Imaj sa-a montre kijan seksyon yo plase andedan komin Bèdeyèn 2.2.Popilasyon Bèdeyèn Dapre estimasyon IHSI nan lane 2009, popilasyon Bèdeyèn gen 12.735 gason (51%) ak 12.077 fanm (49%). Gen plis gason pase fanm k ap viv nan komin nan, men diferans lan pa anpil. Pa gen anpil moun ki kite komin nan se youn nan eksplikasyon ki fè gen plis gason pase fanm, sitou lè nou konnen se gason ki konn deplase pi plis pou ale lòt kote. Kantite moun nan komin ki gen laj plis pase 18 tan se apeprè 49% popilasyon an sa vle di popilasyon komin nan jèn pase gen plis moun ki geyen mwens ke 18 tan. Lè nou gade tou jan popilasyon regwoupe andedan komin nan, seksyon Rezèv se li ki pi enpòtan ak 59% popilasyon an, apre se Doda’n ak 17,1%, Estè Dere gen 9,5%, Bouk Bèdeyèn lan gen 8,8% epi Sitèn Remi gen 5,6%. Kalite tè pou fè jaden ki pa mal nan Rezèv ak Dodán epi wout (Answouj-Mawouj) ki travèse 2 seksyon sa yo se 2 nan kòz ki fè popilasyon rete plis nan zòn sa-yo. Preske tout moun nan komin Bèdeyèn ap viv nan seksyon kominal yo (andeyò), se sèlman 12% nan popilasyon ki rete nan Bouk la (lavil). Men espas kote moun yo ap viv nan Bouk la piti anpil, se sèlman 0.4% tè ki genyen nan komin nan. Sa vin fè tou, dansite popilasyon1nan Bouk la vin wo anpil. Li reprezante 2 990 moun k ap viv nan yon kilomèt kare tandiske li sèlman 122 pou komin nan. Tablo pi ba-a bay detay sou jan popilasyon regwoupe l andedan komin nan. 1 Dansite popilasyon an : se kantite moun k ap viv nan yon kantite tè (espas) nan yon kilomèt kare tè. Anpil fwa, dansite-a toujou wo nan vil yo paske gen anpil moun ki rete youn sou lòt. Kidonk, dansite a ap piti tout-o-tan kantite tè ki genyen an plis. Se sitiyasyon sa ki nan Bèdeyèn gen yon dansite pi piti pase lòt komin nan Nòdwès la. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 17 Tablo 2.2 : Popilasyon Bèdeyèn pa seksyon kominal selon seks ak zòn kote moun yo rete Seks Total Zòn moun yo rete Sipèfisi (km2) G F Lavil Andeyò 761 617 1.378 - 1.378 53,57 2.151 2.096 4.247 - 4.247 42,77 7.448 7.201 14.649 - 14.649 35,57 1.277 1.078 2.355 - 2.355 71,08 1.098 1.085 2.183 2.183 - 0,73 12.735 12.077 24.812 2.183 22.629 203,72 Seksyon kominal Dansite 1eSeksyon–Sitèn Remi 26 2eSeksyon-Doda’n 99 3eSeksyon–Rezèv 412 4eSeksyon-Estè Dere 33 Bouk Bèdeyèn 2.990 Antou (komin Bèdeyèn) 122 Kote done sa yo soti : IHSI, 2009. 2.3.Klima Komin nan gen 2 sezon lapli, pi gwo sezon lapli a se nan mwa dawout, septanm ak oktòb epi lòt la, pi piti, se nan mwa mas, avril ak me. Men, gen diferans nan seksyon yo, gen plis resanblans ant Rezèv ak Doda’n, 2 seksyon ki pa bò lanmè yo. Seksyon sa yo resevwa plis lapli epi yo toujou pi fre tou pase Sitèn Remi ak Estè Dere ki se 2 seksyon ki bò lanmè. Kidonk, kantite lapli a ki tonbe nan komin varye tou depan nan wotè ou ye nan seksyon an. Kapab gen 3 ka ki prezante andedan komin nan, n ap prezante konsa: ∙ Nan zòn ki nan mòn yo tankou nan platon Rezèv ak Doda’n oubyen sou Platon Lestè nan Estè Dere, kote ki gen yon wotè ant 800 ak 900 mèt piwo nivo lanmè-a, genyen 1 000 ak 1 200 milimèt lapli ki tonbe pandan yon lane. ∙ Nan zòn ki anba mòn yo tankou nan Mapou, Dipre, elatriye gen yon mwayèn 800 milimèt lapli ki tonbe chak ane. Tankou zòn Lasous (Estè Dere), Misyon Batis la (CAM) mezire lapli ki tonbe yo, li jwenn apeprè 800 milimèt pou lane. ∙ Nan zòn plènn sèch yo tankou depi Answouj pou rive nan bouk Bèdèyèn, elatriye genyen apeprè 650 milimèt lapli ki tonbe chak ane. Antou komin lam gen yon mwayèn 800 milimèt lapli ki tonbe chak ane. Men, kantite dlo ki soti nan tè ki pèdi nan lè se apeprè 1 200 milimèt; sa vle di gen defisi dlo 400 milimèt lapli ki fèt chak ane. Lòt pwen sou kesyon klima-a, lapli yo pa tonbe chak ane nan menm lè-a tankou sa te konn fèt lontan. Sitiyasyon sa gen gwo konsekans sou pwodiksyon agrikòl nan komin nan. Tout tan ou pi lwen bouk Bèdeyèn pou ale nan zòn ki pi lwen lanmè a, sa vle di nan zòn mòn pou ale Doda’n oubyen Rezèv, ou jwenn yon van ki pi imid, sa vle di lè-a gen plis dlo ladan l, li pi frèt. Lapli ki te konn tonbe nan mwa dawout yo pa vini souvan ankò, sa fèt pwodiksyon yo vin bese. ∙ Van Van soufle preske nan mwatye ane-a, yo kòmanse an oktòb pou fini jiska mwa avril. Sitou nan zòn ki ba yo, gen van yo rele alize ak nòde yo ki soufle anpil sou komin nan. Lè van alize vini ou pèdi nan imidite yo te genyen nan zòn ba yo epi yo vin vante ak plis fòs sa vle di vitès yo vin pi plis. Kòm komin nan gen yon plenn sèch ki anpil sa fè gen anpil van k ap soufle nan komin nan. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 18 ∙ Tanperati Menm jan pou lapli, pa gen anpil done ki ekziste sou tanperati pou tout komin nan. Gen Misyon Baptis CAM ki mezire tanperati nan zòn Lasous (Estè Dere), li jwenn tanperati varye ant 20-35 degre santigrad. Nan mwa jiyè-dawout li fè cho anpil, lè sa tanperati monte jiska 35 degre, tandiske li fè fre nan peryòd desanm ak fevriye, lè sa-a tanperati-a desann jiska 20 degre santigrad. Gen lòt dokiman, Ministè Agrikilti bay menm chif sa yo. 2.4.Relyèf (monte desann) Relyèf la se monte desann ki genyen nan jan fòm tè komin nan ye. Analiz chif pant yo montre gen apeprè 35 pousan tè nan komin nan ki gen yon pant dous (0-12 pousan), gen plis pase 55 pousan tè ki gen pant ki plizoumwen rèd (12-30 pousan) epi gen anviwon 10 pousan nan tè komin ki gen pant rèd (30-60 pousan). Imaj piba-a montre kijan pant yo ye nan kantite tè komin nan genyen. 9.8% (pant 30 ak 60%) 55.5% (pant 12 ak 30%) 2.2% (pant 0 ak 2%) 3.5% (pant 2 ak 5%) 29.0% (pant 5 ak 12%) Imaj 5: Pousantay pant nan komin Bèdeyèn (Kote sone sa yo soti : CNIGS) Si nou gade sou pant tè yo genyen, kantite tè nan komin nan ki kapab fè jaden se apeprè 30 pousan. Men gen anpil nan tè sa yo ki arid ki pa ka fè jaden. Kidonk, si nou kanpe sou relyèf la, enfòmasyon ki disponib yo montre komin nan gen yon kantite tè ki pa anpil ki kapab fè jaden, men plis nan tè sa yo te dwe gen forè nan yo. Imaj ki piba-a montre jan relyèf komin Bèdeyèn gen anpil monte desann. Gen anpil mòn, gòj ak platon tou. Imaj yo montre 2 pi gran gòj yo ki nan komin: youn se gòj Kalbasye ki nan Sitèn Remi (1e seksyon), se ladanl rivyè Èn soti epi dezyèm lan soti Doda’n pou vin bay Ti rivye ki pase nan 2 seksyon Rezèv ak Estè Dere. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 19 Imaj 6 : Kat ki montre monte desann yo nan komin nan 2.5.Resous nan komin nan Bèdeyèn gen divès kalte resous, nou kapab bay yon rezime sou kèk nan yo konsa : ∙ Resous tè: komin nan gen divès kalte tè, men gen anpil kote tou se wòch selman ki genyen. Kidonk, gen anpil tè nan komin nan ki pa kapab fè pwodisyon agrikol paske yo pa gen pwofondè pou rasin plant yo grandi. Gen anpil kote nan bafon yo ki vin gen bon tè ki fè plantasyon tankou bannann, legim elatriye. Pwofondè ak rannman tè yo makonnen anpil ak zafè ewozyon an. Tout tan pant lan pifò se konsa ewozyon vin pi prezan tou epi kouch tè-a vin pi piti paske anpil desann nan lanmè. Angwo tè yo pa kapab bay bon rannnman. ∙ Resous dlo : Bèdeyèn se youn nan komin depatman Nòdwès ki gen mwens resous dlo. Anplis dlo ki genyen yo pa rive tout kote; se konsa nan kèk lokalite ki anba mòn ki genyen epi gen lòt kote sitou nan plènn sèch ak nan mòn yo ou pa jwenn dlo ditou. Komin nan gen 3 rivyè ki bay dlo pandan tout lane-a : se Larivyè Èn /Yèn ki nan Sitèn Remi toupre bouk Bèdeyèn, Rivyè Mowo nan Estè Dere ak Jondèf, Djoublou ki nan Rezèv. Apre sa gen 4 ravin ki konn bay dlo lè lapli ap tonbe. Gen plizyè lòt ravin ki konn bay anpil dlo tou lè lapli ap tonbe ki nan tout rakwen nan komin nan tankou Motèt ki nan Estè Dere, plizyè nan Doda’n, nan Rezèv epi nan Sitèn Remi. Gen plis pase 15 sous nan komin nan, men anpil nan yo pa bay anpil dlo. Se seksyon Rezèv sitiyasyon dlo-a sanble pa pi mal ; se la ki gen plis sous nan komin nan. Nan Doda’n gen 2 ti sous yo pa gen anpil dlo (Nan Sab ak Dimèsi). Gen yon gwo ma Pwogram Nasyonal Lak Kolinè te fouye ki pèmèt moun yo jwenn dlo pou sèvi lakay yo ak pou bay zannimo. ∙ Resous pyebwa : Bèdeyèn se youn nan 10 komin depatman Nòdwès la ki genyen pi piti kantite pyebwa. Nan lane 1970 yo, te gen anpil pyebwa ki te koupe pou te voye vann lòtbò dlo tankou kanpèch, bwa chandèl, gayac, kajou, elatriye. Lòt rezon tou, popilasyon vin ogmante, fanmiy yo bezwen plis tè pou fè jaden, se konsa gen anpil pyebwa ki koupe pou jwenn plis espas pou mete jaden. Anplis, depi nan ane 80 yo, sitiyasyon ekonomik difisil pouse popilasyon nan koupe anpil bwa pou fè chabon, kounye-a pa gen bwa pou fè aktivite sa ankò ; anpil moun k ap fè chabon oblije ap fouye rasin bwa pou yo kapab fè chabon. Gen Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 20 zòn bò lanmè kote pyebwa pa vini byen, gen anpil wòch, se yon zòn preske dezè. Gen lòt kote tou ou jwenn pyebwa tankou anlè mòn Rezèv, Doda’n ak Estè Dere. ∙ Lòt lanmè : Lanmè Bèdeyèn lan kapab fè pò pou bato akoste san pwoblèm, depi nan tan lakoloni, bato te toujou renmen vin nan pò Bèdeyèn lan paske menmsi gen van, yo pa t ap kraze. Nan imaj ki piba yo, premye foto montre bò lanmè nan bouk Bèdeyèn epi dezyèm lan montre pye latanye nan Dodàn. Foto sa yo bay yon apèsi sou kèk fòs / resous komin nan genyen ki kapab sèvi pou fè li vanse. Bèl plaj kapab fèt bò lanmè nan bouk la epi nan Gwo Rezen ki twouve l toupre vil Bèdeyèn, se yon plaj ki atire anpil moun chak ane sitou lè gen fèt patwonal nan mwa septanm. Kidonk, si yo byen ranje plaj sa yo sa kapab atire plis touris nan zòn nan. Menm jan tou, fèy pye latanye yo te kapab itilize pi byen nan kesyon atizana pou pèmèt atizan yo rantre plis lajan. Imaj 7 : Bò plaj nan bouk Bèdeyèn Imaj 8: Latanye nan seksyon Doda’n 2.6.Sèvis yo 2.6.1. Sante Genyen antou 6 etablisman sante pou ta bay popilasyon Bèdeyèn lan sèvis. Kat (4) nan yo se dispansè, lòt 2 yo ka konsidere tankou sant sante ak kabann : yonn ki nan Bouk la ki ap fonksyone epi yon lòt FAES te konstui nan lokalite Basen Adi nan 4eseksyon Estè Dere ki pa janm fonksyone. Pa gen lopital nan komin nan, kote popilasyon an ka jwenn divès kalte swen sante. Men ki kote etablisman sante sa yo ye andedan komin nan : ∙ Yon Sant sante ak 3 kabann ki nan Bouk Bèdeyèn – Sant sa-a se pi gwo etablisman sante ki genyen nan komin nan. Li gen antou 3 kabann pou malad epi li pa gen espas pou pran lòt. Li pa gen sèvis tankou sal akouchman, sal ijans ak sal travay pou pèsonel la, ki pou ta ba li pote bon mak fabrik yon sant sante ak kabann jan règleman MSPP yo mande sa. Se nan lane 1976 HACHO te konstui sant sa, epi nan lane 1996 UNOPS te agrandi l. Nan Sant sa, gen yon CTC ki te mete kanpe pou konbat maladi kolera-a. CTC sa-a gen yon enfimyè ak 6 oksilyè Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 21 k ap travay ladan l. Anplis, gen 4 kote yo mete sewòm oral pou moun yo pran se Vya, Pas Sèch, Petitans ak Tiparadi. ∙ Yon dispansè nan premye seksyon (Sitèn Remi) – Dispansè sa-a pase anpil tan nan kay ki pat fèt pou dispansè. Nouvo lokal la gen mwens ke yon ane depi li konstui gras ak lajan yon òganizasyon lokal te jwenn nan pwogram CARE/PRODEP la. Men, se Leta ki peye moun k ap travay ladan l. ∙ Yon dispansè nan lokalite Dipre, twazyèm seksyon (Rezèv) – Se mè nan legliz katolik, ki rete nan zòn nan, ki te fè konstriksyon dispansè sa. Se yon dispansè prive sa vle di se pa Leta k ap fè l mache. ∙ Yon dispansè nan lokalite Ti Rivyè, twazyèm seksyon (Rezèv) – Dispansè sa konstui depi plis pase 20 tan. Se yon dispansè piblik sa vle di se Leta ki peye moun k ap travay ladan l pou fè l mache. ∙ Yon dispansè nan lokalite Lasous, katriyèm seksyon (Estè Dere) – Se yon gwoup misyonè ameriken yo rele Christian Aid Ministry (CAM) ki te konstui dispansè sa epi se yo menm k ap fè l mache. Gen yon CTC ki te mete kanpe pou konbat maladi kolera. ∙ Yon sant sante nan lokalite Basen-Adi, katriyèm seksyon (Estè Dere) – Se FAES ki te konstui lokal sa depi plis pase 2 lane, men lokal la rete fèmen paske Leta pa janm nonmen moun pou fè sant sante sa-a mache. Presque 70 pousan moun k ap travay nan zafè lasante se matwòn yo ye. Ajan sante ak oksilyè reprezante 20 pousan nan kantite moun ki nan sistèm lan. Enfimyè yo se sèlman 3 ki pa reprezante anyen pou yon popilasyon ki gen preske 25 000 moun. Nan moman travay sa t ap fèt te gen yon jèn doktè ki te gen mwens ke 3 mwa nan bouk la, men nan ti pale ekip AG-a te fè ak li, li te parèt klè, li pa t ap rete pou anpil tan. Gen nan bouk la yon doktè ak yon enfimyè kiben ; men ki sou wout pou tounen nan peyi yo. 2.6.2. Dlo potab ak ijyèn Komin Bèdeyèn gen anpil pwoblèm dlo. Sitiyasyon sa sanble pi mal nan bouk la ak plizyè lokalite nan seksyon yo. Rezèv se ta seksyon kote ta gen yon alemye nan kèk lokalite, men pwoblèm la toujou rete konplike preske toupatou nan komin nan. Gen anpil moun ki rete nan bouk la tandiske pa gen dlo potab vre pou yo bwè. Gen anpil jefò ki fèt nan fouye pi atezyen men, anpil nan yo se dlo sale. Pa ekzanp gen yon Pè CARITAS Tchèk ki te fouye 4 pi, men se nan yon sèl yo rive jwenn dlo dous. Gen yon ti sistèm pi atezyen UNICEF te konstui nan lane 1993 nan lokalite Atdelis ki te konn bay popilasyon bouk la dlo. Sistèm sa ki te fonksyone ak enèji solèy gen ponp lan ki gate depi 2009. Depi lè sa-a, gen demach ki mennen, ponp lan te rive chanje plizyè fwa, men travay yo genlè pa byen fèt oubyen gen lòt pyès yo ta dwe mete pou li ta fonksyone. Dapre popilasyon an posiblite ki genyen se ta achte tout materyèl ki nesesè yo pou refè sistèm UNICEF te fè-a oubyen se mennen dlo sous Pecho-a nan bouk la. Konnye-a se yon pwi AICF te fouye nan lokalite Atdelis ki bay moun nan Bouk lan dlo. Ayiti Gouvènans ● Plan Devlopman komin Bèdeyèn 22 Pou zafè latrin, se apeprè 25 pousan fanmiy sèlman nan komin ki gen latrin. Sitiyasyon sa preske menm toupatou, men li sanble pi mal nan bouk Bèdeyèn kote ki gen plis moun k ap viv nan yon ti moso tè tou piti. Sitiyasyon sa gen gwo konsekans nan lavi moun nan komin nan. Anpil maladi moun yo trape nan zòn nan soti nan mikwòb ki genyen nan vye dlo y ap bwè ak nan watè / poupou. Anpil fwa sous kote moun yo pran dlo yo pa byen pwoteje, sa vle di : sous yo pa bare, zannimo antre epi soti jan yo vle ; pa gen pyebwa ki plante nan tèt sous yo pou diminye ewozyon ; epi, pa gen travay konsèvasyon sòl ki fèt pou pèmèt plis dlo rantre nan tè pou ogmante sous yo epi anpeche lavalas vin tonbe andedan yo. Gen ACF ki fè jèfò nan zafè asenisman nan komin nan. 2.6.3. Edikasyon Enfòmasyon ki ranmase nan komin Bèdeyèn montre sitiyasyon edikasyon nan komin sa ta sanble pi mal pase sa k ap pase nan tout depatman Nòdwès la. Komin Bèdeyèn gen antou 62 lekòl, nan yo gen 6 lekòl Leta (piblik), sa vle di Leta gen mwens pase 10 pousan lekòl epi sektè prive-a gen plis pase 90 pousan. Nan lekòl sa yo gen yon lise ak yon lekòl nasyonal nan bouk Bèdeyèn, yon lekòl nasyonal nan chak seksyon yo. Men, gen lekòl nasyonal Platon Lestè-a, nan katryèm seksyon-an, ki rive nan 9e ane fondamantal. Tout lekòl yo, Leta kou prive, resevwa apeprè 8 507 elèv, 51 pousan nan yo se tifi. Chif sa yo montre klè se sektè prive-a k ap menmen bak edikasyon nan komin Bèdeyèn. Leta pa menm prezan pou kontwole sa k pase vre andedan 62 lekòl sa yo paske pa gen enspeksyon eskolè andedan komin nan tankou gen sa nan plizyè komin nan peyi-a. Analiz chif yo ki soti nan IHSI sou popilasyon ki gen laj ant 6 ak 20 lane, montre gen apeprè 12